1 Istwa 26
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Men jan yo te separe travay la pou moun Levi ki t'ap sèvi tankou gad nan pòtay Tanp lan. Nan branch fanmi Kore a, te gen Mechelemya, pitit gason Kore a ki te yon pitit Ebyasaf. 2 Mechelemya te gen sèt pitit gason: Zakari pi gran an, Jedyayèl dezyèm lan, Zebadya twazyèm lan, Jatniyèl katriyèm lan. 3 Elam senkyèm lan, Joanan sizyèm lan ak Elioenayi setyèm lan. 4 Te gen Obèd-Edon tou. Bondye te beni l', li te ba li wit pitit gason: Chenaja premye a, Jeozabad dezyèm lan, Joa twazyèm lan, Saka katriyèm lan, Netaneyèl senkyèm lan. 5 Amiyèl sizyèm lan, Isaka setyèm lan ak Peoultayi wityèm lan. 6 Chemaja, premye pitit Obèd-Edon an, te gen sis pitit gason: Se yo ki te chèf nan branch fanmi yo paske yo te vanyan sòlda ak anpil ladrès. 7 Men non pitit Chemaja yo: Otni, Refayèl, Obèd, Elzabad, Eliyou ak Semakya. De dènye yo te vanyan sòlda. 8 Se tout fanmi Obèd-Edon an sa ansanm ak pitit yo ak frè yo. Yo tout te vanyan sòlda ak anpil ladrès pou fè travay yo. Te gen swasannde moun antou nan fanmi Obèd-Edon an. 9 Nan fanmi Mechelemya a, te gen antou dizwit gason, tout vanyan sòlda. 10 Nan branch fanmi Merari a te gen Oza ki te gen kat pitit gason: Se te Chimri ki te chèf fanmi an. Se pa li ki te premye pitit gason, men se papa l' ki te mete l' chèf fanmi an. 11 Ilkija dezyèm lan, Tebalya twazyèm lan, Zakari katriyèm lan. Sa te fè antou trèz frè ak pitit gason nan fanmi Oza a. 12 Travay gwoup moun sa yo se fè pòs nan pòtay Tanp lan. Yo te bay chak gwoup travay pa yo nan sèvis Tanp lan, tankou yo te fè l' pou lòt moun Levi yo. 13 Chak fanmi, gwo kou piti, piye pou yo konnen nan ki pòtay y'ap fè travay yo. 14 Chelemya soti pou pòtay ki bay sou solèy leve a. Pòtay nò a soti pou Zakari, pitit gason l' lan, ki te konn bay moun bon konsèy. 15 Pòtay sid la soti pou Obèd-Edon. Pitit gason l' yo te gen depo yo sou kont yo. 16 Pòtay solèy kouche a ak pòtay Chalechèt ki bay sou chemen ki moute a te sou kont Choupim ak Oza. Chak faksyonnè, yonn apre lòt, te gen lè sèvis pa yo. 17 Chak jou, te gen sis gad pou pòtay bò solèy leve a, kat gad pou pòtay nò a, kat gad pou pòtay sid la ak de gad pou chak depo yo. 18 Pou pòsyon kay ki bay sou solèy kouche a, te gen kat gad pou wout la ak de gad pou pòsyon kay la menm. 19 Men travay yo te bay moun fanmi Kore yo ak moun fanmi Merari yo. 20 Gen lòt moun Levi yo te mete reskonsab trezò Tanp lan ak depo kote yo mete tout bagay ki apa pou Bondye yo. 21 Layedan, yonn nan pitit Gèchon yo, te zansèt anpil fanmi. Yonn ladan yo te fanmi Jekiyèl yo. 22 Pitit Jekiyèl yo ak pitit frè l' yo, Zetam ak Joèl, te reskonsab trezò Tanp Seyè a. 23 Yo te bay pitit Amram yo, pitit Isa yo, pitit Ebwon yo ak pitit Ouzyèl yo travay pa yo tou. 24 Chebwèl, yonn nan fanmi Gèchòm, pitit gason Moyiz la, te premye reskonsab trezò Tanp lan. 25 Sou bò Elyezè, tonton li, li te fanmi ak Rekabya, pitit Elyezè a, ki te papa Jezaja. Jezaja sa a te papa Joram, Joram te papa Zikri, Zikri te papa Chelomit. 26 Se Chelomit sa a ansanm ak fanmi l' yo ki te reskonsab depo tout bagay wa David, chèf fanmi yo, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo ak tout lòt gwo chèf nan lame a te mete apa pou Seyè a. 27 Nan bagay yo te pran nan lagè, yo te mete kèk ladan yo apa pou fè Tanp lan pi bèl. 28 Te gen bagay Samyèl, pwofèt la, wa Sayil, pitit gason Kich la, Abnè, pitit Nè a, ak Joab, pitit Sewouya a, te mete apa pou sèvis Bondye. Tou sa te sou kont Chelomit ak fanmi l' yo. 29 Nan branch fanmi Jizeya a, te gen Kenanya ak pitit gason l' yo ki te reskonsab travay ki fèt an deyò Tanp lan pou pèp Izrayèl la. Se yo ki te kenbe tout papye konsekan yo, epi ki te rann jijman nan tribinal. 30 Nan branch fanmi Ebwon an, te gen Asabya ak fanmi l' yo, antou milsètsan (01700) vanyan gason ki te reskonsab enspekte zòn peyi Izrayèl ki te sou bò solèy kouche larivyè Jouden an, pou wè si tout bagay ki gen rapò ak sèvis Seyè a ansanm ak zafè wa a t'ap mache byen. 31 David te gen karantan depi li te wa, lè yo mennen yon ankèt nan branch fanmi Ebwon an. Lè sa a, yo jwenn te gen anpil vanyan sòlda nan fanmi sa a ki t'ap viv lavil Jazè nan zòn Galarad. Chèf fanmi Ebwon an te rele Jerija. 32 Nan fanmi an, te gen antou demilsètsan (02700) vanyan gason ki te chèf fanmi yo. Wa David te mete yo reskonsab branch fanmi Woubenn lan, branch fanmi Gad la ak mwatye nan branch fanmi Manase a ki t'ap viv lòt bò larivyè Jouden sou bò solèy leve, pou wè si tout bagay ki gen rapò ak sèvis Bondye ansanm ak zafè wa a t'ap mache byen.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Istwa 26:1-2
1Ch 26:1-12. Divisions of the Porters.
1-2. Concerning the divisions of the porters--There were four thousand (1Ch 23:6), all taken from the families of the Kohathites and Merarites (1Ch 26:14), divided into twenty-four courses--as the priests and musicians.
Meshelemiah the son of Kore, of the sons of Asaph--Seven sons of Meshelemiah are mentioned (1Ch 26:2), whereas eighteen are given (1Ch 26:9), but in this latter number his relatives are included.
1 Istwa 26:5
1 Istwa 26:6
6. mighty men of valour--The circumstance of physical strength is prominently noticed in this chapter, as the office of the porters required them not only to act as sentinels of the sacred edifice and its precious furniture against attacks of plunderers or popular insurrection--to be, in fact, a military guard--but, after the temple was built, to open and shut the gates, which were extraordinarily large and ponderous.
1 Istwa 26:10
10. Simri the chief ... though ... not the first-born--probably because the family entitled to the right of primogeniture had died out, or because there were none of the existing families which could claim that right.
1 Istwa 26:12
12. Among these were the divisions of the porters, even among the chief men--These were charged with the duty of superintending the watches, being heads of the twenty-four courses of porters.
1Ch 26:13-19. The Gates Assigned by Lot.
1 Istwa 26:13
13. they cast lots--Their departments of duty, such as the gates they should attend to, were allotted in the same manner as those of the other Levitical bodies, and the names of the chiefs or captains are given, with the respective gates assigned them.
1 Istwa 26:15
15. the house of Asuppim--or, "collections," probably a storehouse, where were kept the grain, wine, and other offerings for the sustenance of the priests.
1 Istwa 26:16
16. the gate Shallecheth--probably the rubbish gate, through which all the accumulated filth and sweepings of the temple and its courts were poured out.
by the causeway of the going up--probably the ascending road which was cast up or raised from the deep valley between Mount Zion and Moriah, for the royal egress to the place of worship (2Ch 9:4).
ward against ward--Some refer these words to Shuppim and Hosah, whose duty it was to watch both the western gate and the gate Shallecheth, which was opposite, while others take it as a general statement applicable to all the guards, and intended to intimate that they were posted at regular distances from each other, or that they all mounted and relieved guard at the same time in uniform order.
1 Istwa 26:17-19
17-19. Eastward were six Levites--because the gate there was the most frequented. There were four at the north gate; four at the south, at the storehouse which was adjoining the south, and which had two entrance gates, one leading in a southwesterly direction to the city, and the other direct west, two porters each. At the Parbar towards the west, there were six men posted--four at the causeway or ascent (1Ch 26:16), and two at Parbar, amounting to twenty-four in all, who were kept daily on guard.
1 Istwa 26:20
20. of the Levites, Ahijah--The heading of this section is altogether strange as it stands, for it looks as if the sacred historian were going to commence a new subject different from the preceding. Besides, "Ahijah, whose name occurs after" the Levites, is not mentioned in the previous lists. It is totally unknown and is introduced abruptly without further information; and lastly, Ahijah must have united in his own person those very offices of which the occupants are named in the verses that follow. The reading is incorrect. The Septuagint has this very suitable heading, "And their Levitical brethren over the treasures," &c. [Bertheau]. The names of those who had charge of the treasure chambers at their respective wards are given, with a general description of the precious things committed to their trust. Those treasures were immense, consisting of the accumulated spoils of Israelitish victories, as well as of voluntary contributions made by David and the representatives of the people.
1Ch 26:29-32. Officers and Judges.
1 Istwa 26:29
29. officers and judges--The word rendered "officers" is the term which signifies scribes or secretaries, so that the Levitical class here described were magistrates, who, attended by their clerks, exercised judicial functions; there were six thousand of them (1Ch 23:4), who probably acted like their brethren on the principle of rotation, and these were divided into three classes--one (1Ch 26:29) for the outward business over Israel; one (1Ch 26:30), consisting of seventeen hundred, for the west of Jordan "in all business of the Lord, and in the service of the king"; and the third (1Ch 26:31, 32), consisting of twenty-seven hundred, "rulers for every matter pertaining to God, and affairs of the king."
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
