1 Istwa 20
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn soti al fè lagè, Joab pati ak pifò sòlda lame pèp Izrayèl la. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm. Joab pran lavil la, li kraze l'. 2 Estati Milkòm, zidòl moun Amon yo, te gen yon gwo kouwòn fèt an lò sou tèt li. Kouwòn lan te peze swasannkenz liv, li te gen yon gwo pyè koute chè ladan l'. David pran kouwòn lò ki te sou tèt zidòl la, li mete l' sou tèt pa l'. Lèfini, se pa de bagay li pa pran nan lavil la. 3 Li pran moun ki te rete nan lavil la, li mete yo fè travay ak goyin, wou ak rach. Li fè menm bagay la tou nan tout lòt lavil peyi Amon an. Apre sa, David tounen lavil Jerizalèm ak tout moun li yo. 4 Apre sa, lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun pèp Izrayèl yo bò lavil Gezè. Lè sa a, Sibekayi, yon moun lavil Ousa, touye Sipayi, yon moun nan ras Arafa yo. Yo fè moun Filisti yo soumèt devan yo. 5 Pandan yon lòt batay ak moun Filisti yo ankò, Elkanan, pitit gason Jayi, touye Lami, frè Golyat, yon moun lavil Gat. Frenn Lami an te gen yon manch menm gwosè ak yon gwo manch pilon. 6 Vin gen yon lòt batay ankò lavil Gat. Lè sa a, te gen yon sòlda bèl wotè ki te gen sis dwèt nan chak men, sis zòtèy nan chak pye. Se te yonn nan ras moun Arafa yo. 7 Li t'ap pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz. Jonatan, pitit gason Chimeya, frè David la, touye l'. 8 Kat sòlda peyi Filisti sa yo te soti nan ras moun Arafa yo, nan lavil Gat. David ak sòlda li yo touye yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Istwa 20:1
Introduction
Joab smites the city of Rabbah; and David puts the crown of its king upon his own head, and treats the people of the city with great rigour, 1Chr 20:1-3. First battle with the Philistines, 1Chr 20:4. Second battle with the Philistines, 1Chr 20:5. Third battle with the Philistines, 1Chr 20:6, 1Chr 20:7. In these battles three giants are slain, 1Chr 20:8.
Verse 1
After the year was expired, at the time that kings go out to battle - About the spring of the year; see the note on 2Sam 11:1.
After this verse the parallel place in Samuel relates the whole story of David and Bath-sheba, and the murder of Uriah, which the compiler of these books passes over as he designedly does almost every thing prejudicial to the character of David. All he states is, but David tarried at Jerusalem; and, while he thus tarried, and Joab conducted the war against the Ammonites, the awful transactions above referred to took place.
1 Istwa 20:2
Verse 2
David took the crown of their king - off his head - See 2Sam 12:30.
Precious stones in it - The Targum says, "And there was set in it a precious stone, worth a talent of gold; this was that magnetic stone that supported the woven gold in the air." What does he mean?
1 Istwa 20:3-4
Verse 3
He brought out the people - See this transaction particularly explained in the notes on the parallel places, 2Sam 12:30-31 (note).
1 Istwa 20:5
Verse 5
Elhanan the son of Jair - See the note on 2Sam 21:19. The Targum says, "David, the son of Jesse, a pious man, who rose at midnight to sing praises to God, slew Lachmi, the brother of Goliath, the same day on which he slew Goliath the Gittite, whose spear-staff was like a weaver's beam."
1 Istwa 20:6-7
Verse 6
Fingers and toes were four and twenty - See the note on 2Sam 21:20.
1 Istwa 20:8
Verse 8
These were born unto the giant in Gath - "These were born להרפא leharapha, to that Rapha in Gath, or to Arapha." So the Vulgate, Septuagint, and Chaldee.
The compiler of these books passes by also the incest of Amnon with his sister Tamar, and the rebellion of Absalom, and the awful consequences of all these. These should have preceded the fourth verse. These facts could not be unknown to him, for they were notorious to all; but he saw that they were already amply detailed in books which were accredited among the people, and the relations were such as no friend to piety and humanity could delight to repeat. On these grounds the reader will give him credit for the omission. See on 1Chr 20:1 (note).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
