Kòmanse

1 Istwa 19

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Apre sa, Nakach, wa lavil Amon, mouri. Se pitit gason li ki moute wa nan plas li. 2 David di: -Se pou m' aji byen ak Anoun, pitit Nakach la, paske papa l' te boule byen avè m'. Se konsa, David voye mesaje al di Anoun jan sa te fè l' lapenn lè l' pran nouvèl lanmò papa l'. Mesaje David yo rive lakay Anoun nan peyi moun Amon yo pou konsole l'. 3 Men, chèf moun Amon yo di Anoun konsa: -Pa konprann se sèlman pou lanmò papa ou la kifè David voye mesaje sa yo bò kote ou pou konsole ou. Wete sa nan tèt ou. Li voye yo isit la pou yo wè jan lavil la ye, pou yo gade byen sa k'ap pase nan lavil la. Konsa, pita li ka vin pran lavil la nan men nou. 4 Sa Anoun fè lè sa a, li pran moun David te voye yo, li raze tout yon bò nan bab yo, li koupe anba rad yo ra dèyè yo, li voye yo tounen. 5 Mesye yo te wont anpil pou yo te tounen lakay yo konsa. Lè David vin konn sa ki te rive yo, li voye di yo rete lavil Jeriko, y'a tounen lakay yo lè bab yo va pouse ankò. 6 Wa Anoun ak moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo pran mil pyès ajan, yo voye chache sòlda, cha lagè, ak kavalye kay moun Aram yo lavil Narayim, lavil Maka ak lavil Zoba pou vin goumen pou yo. 7 Se konsa yo lwe sèvis tranndemil (032.000) cha lagè ki vin kanpe devan lavil Medeba ansanm ak wa lavil Maka a ak tout lame li a. Moun peyi Amon yo kite lavil yo, yo reyini ansanm pou pare pou batay la. 8 David vin konnen sa. Li voye Joab ak tout lame vanyan sòlda li yo al kontre yo. 9 Moun Amon yo soti, y' al pran pozisyon devan pòtay lavil la. Wa ki te vin ede yo bò pa yo pran pozisyon nan plenn lan. 10 Joab te wè lame lènmi yo te ka atake l' ni sou devan, ni sou dèyè. Sa l' fè, li chwazi pi bon sòlda nan lame pèp Izrayèl la, li mete yo an pozisyon devan lame moun Aram yo. 11 Lèfini, li mete Abichayi, frè l' la, alatèt rès lame a. Li fè yo pran pozisyon devan moun Amon yo. 12 Joab di Abichayi konsa: -Si nou wè moun Aram yo soti pou yo bat mwen, w'a vin ede m'. Konsa tou, si mwen wè moun Amon yo vle pi fò pase ou, m'a vin ede ou. 13 Mete gason sou nou. Kouraj! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm. 14 Joab ak sòlda ki te avè l' yo mache sou moun Aram yo. Moun Aram yo kouri pou li. 15 Lè moun peyi Amon yo wè moun Aram yo kouri ale, yo kouri tou pou Abichayi, frè Joab la, yo antre nan lavil la. Lè sa a, Joab tounen tounen l' lavil Jerizalèm. 16 Lè moun Aram yo wè moun Izrayèl yo te bat yo, yo voye yon mesaj bay moun Aram ki te lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo pare vin goumen pou yo. Yo reyini lavil Elam. Se Chofak, chèf lame Adadezè a, ki te alatèt yo. 17 Lè David vin konn sa, li sanble tout lame pèp Izrayèl la, li janbe lòt bò larivyè Jouden, li mache sou yo, li pran pozisyon devan yo. David ranje sòlda li yo pou li goumen ak moun Aram yo. Epi batay la konmanse. 18 Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sòlda ki te sou sètmil (07.000) cha lagè ak karantmil (040.000) sòlda ki te apye. Yo touye Chofak, chèf lame lènmi an. 19 Lè moun ki te avek Adadezè yo wè jan moun Izrayèl yo te bat yo, yo fè lapè ak David. Yo soumèt devan li. Se konsa, moun Aram yo pa t' vle vin pote moun Amon yo sekou ankò.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Istwa 19:1-3

Introduction

David sends a congratulatory message to Hanun, king of Ammon, 1Chr 19:1, 1Chr 19:2. He treats the messengers with great incivility, 1Chr 19:3, 1Chr 19:4. David is exasperated, but condoles with the degraded messengers, 1Chr 19:5. The Ammonites prepare for war, and hire thirty-two thousand chariots, and besiege Medeba, 1Chr 19:6, 1Chr 19:7. David sends Joab to attack them; he defeats the Syrians and Ammonites, 1Chr 19:8-15. The discomfited Syrians recruit their army, and invade David's territories beyond Jordan; he attacks them, kills Shophach their general, seven thousand charioteers, and forty thousand of their infantry, 1Chr 19:16-18. The Syrians abandon the Ammonites and make a separate peace with David, 1Chr 19:19.

Verse 1

Now it came to pass - See the same history, 2Sam 10:1 (note), etc., and the notes there.

1 Istwa 19:4-5

Verse 4

And cut off their garments in the midst - Usque ad eorum, pudenda. So the Targum, Jarchi, and others; leaving exposed what nature and decency require to be concealed. See on 2Sam 10:4 (note).

1 Istwa 19:6

Verse 6

Chariots and horsemen out of Mesopotamia - These are not mentioned in the parallel place in Samuel; probably they did not arrive till the Ammonites and their other allies were defeated by the Israelites in the first battle.

1 Istwa 19:7-12

Verse 7

Thirty and two thousand - The whole number mentioned in Samuel is, Syrians, of Beth-rehob, and of Zoba, twenty thousand; of King Maacah, one thousand; of Ish-tob, twelve thousand; in all thirty-three thousand. Of chariots or cavalry there is no mention. These could not have been the whole army.

1 Istwa 19:13-17

Verse 13

Be of good courage - See the note on 2Sam 10:12.

1 Istwa 19:18

Verse 18

Forty thousand footmen - See this number accounted for in the note on 2Sam 10:18 (note).

1 Istwa 19:19

Verse 19

They made peace with David, and became his servants - See on 2Sam 10:19 (note), and the concluding note in that place; and see for omissions in Chronicles, the preface to these books.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.