Kòmanse

1 Istwa 21

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Yon jou, Satan move sou pèp Izrayèl la, li pouse David al konte konbe moun ki nan pèp Izrayèl la. 2 Wa a pale ak Joab ansanm ak lòt chèf yo, li di yo konsa: -Ale nan tout branch fanmi Izrayèl yo, depi lavil Bètcheba nan sid jouk lavil Dann nan nò. Konte dènye moun ki nan pèp la. Lèfini, fè m' yon rapò pou m' ka konnen konbe moun ki gen nan peyi a. 3 Men Joab di wa a konsa: -Monwa, mwen mande Seyè a pou li fè pèp Izrayèl la vin san fwa pi plis pase jan li ye koulye a. Lèfini, monwa, ou konnen yo tout la ap sèvi ou. Men poukisa, monwa, ou vle fè sa? Poukisa ou vle pòte pèp Izrayèl la fè sa ki mal? 4 Men, wa a pa t' soti pou li chanje lòd li te bay la. Konsa, Joab pati, li vwayaje nan tout peyi a. Apre sa, li tounen lavil Jerizalèm. 5 Joab renmèt wa a rapò ki bay kantite moun ki te gen antou nan tout peyi a. Se konsa yo te jwenn yon milyon sanmil (01.100.000) gason ki konn sèvi ak nepe nan peyi Izrayèl la ak katsanswasanndimil (0470.000) nan peyi Jida a. 6 Men Joab pa t' konte moun ni nan branch fanmi Levi a, ni nan branch fanmi Benjamen an, paske lòd wa a te bay la pa t' antre nan santiman l' menm. 7 Men, sa David te fè a pa t' fè Bondye plezi. Bondye pini pèp Izrayèl la. 8 Lè sa a, David di Bondye: -Sa m' fè la a, se yon gwo peche. Koulye a, tanpri, padonnen m'. Pa bliye se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou. 9 Seyè a pale ak pwofèt Gad, konseye David la, li di l' konsa: 10 -Ale pale ak David. W'a di l' men mesaj Seyè a voye ba ou. Li mete twa chatiman devan ou. Ou menm, w'a chwazi yonn ladan yo. Sa w'a chwazi a, se sa l'a fè ou. 11 Se konsa Gad al jwenn David lakay li, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Kisa ou vle? 12 Twa lanne grangou nan tout peyi a, twa mwa ap kouri devan lènmi k'ap pousib ou ak sòlda yo, osinon twa jou ap sibi chatiman Seyè a ak yon epidemi nan tout peyi a, pou zanj Seyè a menm ap mache touye moun nan tout peyi Izrayèl la? Al kalkile sou sa pou fe m' konnen ki repons pou m' pote bay moun ki voye m' lan. 13 David reponn: -M' nan gwo tèt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Seyè a ki pini m', paske li gen bon kè! 14 Se konsa, Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la. Li touye swasanndimil (070.000) moun nan pèp Izrayèl la. 15 Seyè a te voye zanj li sou lavil Jerizalèm pou detwi l'. Lè zanj lan konmanse fè travay li, Seyè a wè sa, li fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! Kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre glasi Onan an, moun lavil Jebis la. 16 David voye je l', li wè zanj Seyè a kanpe nan lè a, san pye l' pa touche tè, bra l' lonje sou lavil Jerizalèm ak yon nepe nan men l'. Lè sa a, David ak chèf fanmi yo, rad sak yo sou yo, bese tèt yo jouk atè. 17 David pale ak Seyè a, li di l' konsa: -Se mwen menm ki te mande pou yo konte moun yo. Se mwen menm ki antò. Se mwen menm ki fè sa ki mal. Kisa moun sa yo fè? Se mouton yo ye. Tanpri, Seyè, Bondye mwen, pa voye ankenn malè sou pèp la. Se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini. 18 Zanj Seyè a te bay pwofèt Gad lòd pou l' te al mande David pou l' moute lakay Onan, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Seyè a nan mitan glasi a. 19 David koute sa Gad te di l' la, li moute lakay Onan jan Seyè a te ba li lòd la. 20 Onan menm t'ap bat ble ansanm ak kat pitit gason l' yo ki te la avè l' sou glasi a. Lè yo wè zanj lan, pitit li yo kouri al kache. 21 Onan vire tèt li, li wè David ki t'ap vini. Li kite glasi a, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk fwon li touche tè. 22 David di Onan konsa: -Vann mwen anplasman glasi a pou m' bati yon lotèl pou Seyè a. Ban mwen li pou pri li vo. Konsa, epidemi k'ap fini ak pèp la va sispann. 23 Onan di David konsa: -Monwa, ou mèt pran l' pou fè sa ou vle avè l'. Men m'ap bay bèf sa yo pou ou boule nèt sou lotèl la. Men jouk bèf yo ak bwa kabwa yo pou fè dife, ak ble pou sèvi ofrann grenn jaden an. M'ap ba ou tout bagay sa yo. 24 Men wa David reponn Onan, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye ou sa yo vo. M' pa ka ofri Seyè a sa ki pou ou. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri bay Seyè a. 25 Se konsa David bay Onan swasant pyès lò pou anplasman glasi a. 26 Lèfini, li bati yon lotèl pou Seyè a, li fè ofrann bèt boule pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Li lapriyè nan pye Seyè a. Seyè a reponn li, li voye dife soti nan syèl la pou boule ofrann ki sou lotèl la. 27 Lè sa a, Seyè a bay zanj li a lòd pou li mete nepe li nan djenn li ankò. 28 Lè David wè Seyè a te reponn lapriyè li te fè nan pye l' sou glasi Onan, moun lavil Jebis la, li ofri bèt pou touye sou lotèl la. 29 Men lè sa a, Tant Randevou Moyiz te fè moute pou Seyè a nan dezè a ansanm ak lotèl pou boule ofrann bèt yo te sou mòn Gabawon toujou, kote yo te mete apa pou Seyè a. 30 Men, David pa t' ka ale la pou adore Seyè a, paske li te pè nepe zanj Seyè a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Istwa 21:1-4

Introduction

David is tempted by Satan to take the numbers of the people of Israel and Judah, 1Chr 21:1, 1Chr 21:2. Joab remonstrates, but the king is determined, and Joab pleads in vain, 1Chr 21:3, 1Chr 21:4. He returns, and delivers in the number to the king, but reckons not Levi and Benjamin, 1Chr 21:5. The Lord is displeased, and sends Gad to offer David his choice of three great national calamities; famine, war, or pestilence, 1Chr 21:6-12. David submits himself to God, and a pestilence is sent, which destroys seventy thousand, 1Chr 21:13, 1Chr 21:14. At David's intercession the destroying angel is restrained at the threshing-floor of Ornan, 1Chr 21:15-17. He buys the piece of ground, builds an altar to the Lord and offers sacrifices, and the plague is stayed, 1Chr 21:18-30.

Verse 1

And Satan stood up against Israel - See the notes on the parallel place, 2Sam 24:1 (note), etc.

1 Istwa 21:5

Verse 5

All they of Israel were a thousand thousand - Judah was four hundred threescore and ten thousand - In the parallel place, 2Sam 24:9 (note), the men of Israel are reckoned eight hundred thousand, and the men of Judah five hundred thousand.

1 Istwa 21:6-11

Verse 6

Levi and Benjamin counted he not - The rabbins give the following reason for this: Joab, seeing that this would bring down destruction upon the people, purposed to save two tribes. Should David ask, Why have you not numbered the Levites? Joab purposed to say, Because the Levites are not reckoned among the children of Israel. Should he ask, Why have you not numbered Benjamin? he would answer, Benjamin has been already sufficiently punished, on account of the treatment of the woman at Gibeah: if, therefore, this tribe were to be again punished, who would remain?

1 Istwa 21:12

Verse 12

Three days - the pestilence in the land - In 2Sam 24:13 (note), seven years of famine are mentioned.

1 Istwa 21:13-14

Verse 13

David said - I am in a great strait - The Targum reasons thus: "And David said to Gad, If I choose famine, the Israelites may say, The granaries of David are full of corn; neither doth he care should the people of Israel die with hunger. And if I choose war, and fly before an enemy, the Israelites may say, David is a strong and warlike man, and he cares not though the people of Israel should fall by the sword. I am brought into a great strait; I will deliver myself now into the Hand of the Word of the Lord, ביד מימרא דיי beyad meymera dayai, for his mercies are many; but into the hands of the children of men I will not deliver myself."

1 Istwa 21:15-19

Verse 15

And God sent an angel - Thus the Targum: "And the Word of the Lord sent the angel of death against Jerusalem to destroy it; and he beheld the ashes of the binding of Isaac at the foot of the altar, and he remembered his covenant with Abraham, which he made in the Mount of Worship; and the house of the upper sanctuary, where are the souls of the righteous, and the image of Jacob fixed on the throne of glory; and he turned in his Word from the evil which he designed to do unto them; and he said to the destroying angel, Cease; take Abishai their chief from among them, and cease from smiting the rest of the people. And the angel which was sent from the presence of the Lord stood at the threshing-floor of Araunah the Jebusite.

1 Istwa 21:20-23

Verse 20

Ornan turned back, and saw the angel - The Septuagint say, And Orna turned, και ειδε τον βασιλεα, and saw the King. The Syriac and Arabic say, David saw the angel; and do not mention Ornan in this place. Houbigant translates the same reading המלך hammalech, the king, for המלעך hammalach, the angel, and vindicates his version from the parallel place, 2Sam 24:20, where it is said, he saw David: but there is no word of his seeing the angel. But the seeing David is mentioned in 1Chr 21:21; though Houbigant supposes that the 20th verse refers to his seeing the king while he was at a distance; the 21st, to his seeing him when he came into the threshing-floor. In the first instance he and his sons were afraid when they saw the king coming, and this caused them to hide themselves; but when he came into the threshing-floor, they were obliged to appear before him. One of Kennicott's MSS. has המלך the king, instead of המלאך the angel. Some learned men contend for the former reading.

1 Istwa 21:24-25

Verse 24

For the full price - That is, six hundred shekels full weight of pure gold.

1 Istwa 21:26-29

Verse 26

He answered him - by fire - In answer to David's prayers, God, to show that he had accepted him, and was now pacified towards him and the people, sent fire from heaven and consumed the offerings.

1 Istwa 21:30

Verse 30

Because of the sword of the angel - This is given as a reason why David built an altar in the threshing-floor of Ornan: he was afraid to go to Gibeon, because of the sword of the destroying angel, or he was afraid of delaying the offerings so long as his going thither would require, lest the destroying angel should in the mean while exterminate the people; therefore he hastily built an altar in that place, and on it made the requisite offerings, and by the fire from heaven God showed that he had accepted his act and his devotion. Such interventions as these must necessarily maintain in the minds of the people a full persuasion of the truth and Divine origin of their religion.

For a more circumstantial account of these transactions, see the notes on 2Sam 24:1, Ac., in which several difficulties of the text are removed.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.