1 Istwa 18
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Apre sa, David atake moun Filisti yo ankò. Li bat yo byen bat. Se konsa li pran lavil Gat ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo, nan men moun Filisti yo. 2 Lèfini, li bat moun peyi Moab yo. Moun Moab yo soumèt devan David. Li fè yo peye taks ba li chak lè. 3 Apre sa, li bat Adadezè, wa peyi Zoba a, ki t'ap mache pran zòn ki sou anwo larivyè Lefrat la. 4 David pran mil (01.000) cha lagè, sèt mil (07.000) kavalye nan lame wa Adadezè a, li fè yo prizonye ansanm ak venmil (020.000) sòlda ki t'ap mache apye. Lè li fin wete kont chwal pou san (0100) cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo. 5 Moun Siri lavil Damas yo voye yon lame pou pote Adadezè, wa peyi Zoba a, konkou. David atake yo, li bat yo tou. Li touye venndemil (022.000) sòlda. 6 Apre sa, David mete moun pa l' pou gouvènen peyi Damas la. Moun Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye taks chak lè. Se konsa Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase. 7 David sezi tout gwo plak pwotèj an lò chèf lame wa Adadezè yo, li pote yo lavil Jerizalèm. 8 Li pran yon gwo kantite kwiv li te jwenn lavil Tiba ak lavil Koun ki te pou Adadezè. Se ak kwiv sa yo Salomon te fè gwo basen lan, poto won yo ak lòt veso an kwiv pou Tanp lan. 9 Lè Towou, wa lavil Amat la, tande jan David te kraze tout lame Adadezè a, 10 li voye pitit li, Adouram al wè David pou di l' bonjou, epi pou fe l' konpliman deske li te bat Adadezè, paske Towou te toutan ap fè lagè ak Adadezè. Adouram te pote kado fèt an lò, an ajan ak an kwiv bay David. 11 Wa David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sèvis Seyè a, ansanm ak tout lò ak tout ajan li te pran lakay moun lòt nasyon li te fè soumèt devan li, ki vle di moun peyi Edon, moun peyi Moab, moun peyi Amon, moun peyi Filisti ak moun peyi Amalèk. 12 Apre sa, Abichayi, pitit gason Sewouja a, touye dizwitmil (018.000) moun peyi Edon nan Fon Sèl la. 13 Li mete kèk ganizon sòlda nan teritwa Edon an. Tout moun Edon yo soumèt devan David. Se konsa, Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase. 14 David t'ap gouvènen tout pèp Izrayèl la. Li te fè tout moun jistis san patipri. Li te fè tout afè l' dwat. 15 Joab, pitit gason Sewouya a, te kòmandan chèf lame a. Jozafa, pitit gason Akiloud la, te reskonsab achiv yo. 16 Zadòk, pitit gason Akitoub, ak Akimelèk, pitit gason Abyata a, te prèt. Chaoucha te sekretè. 17 Benaja, pitit gason Jeojada a, te chèf keretyen yo ak pelesyen yo ki te gad pèsonèl wa a. Pitit gason David yo menm te gwo chèf apre wa a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Istwa 18:1
Introduction
David smites the Philistines, and takes Gath, 1Chr 18:1. Reduces the Moabites, 1Chr 18:2. Vanquishes Hadarezer, king of Zobah, 1Chr 18:3, 1Chr 18:4. Overcomes the Syrians of Damascus, and takes several of their cities, 1Chr 18:5-8. Tou, king of Hamath, congratulates him on his victory, and sends him vessels of silver, gold, and brass, 1Chr 18:9, 1Chr 18:10. Those and the different spoils he had taken from the conquered nations, he dedicates to God, 1Chr 18:11. Abishai defeats the Edomites, 1Chr 18:12, 1Chr 18:13. David reigns over all Israel, 1Chr 18:14. His officers, 1Chr 18:15-17.
Verse 1
David - took Gath and her towns - See the comparison between this chapter and 2Sam 8:1 (note), etc., in the notes on the latter.
1 Istwa 18:2-8
Verse 2
Brought gifts - Were laid under tribute.
1 Istwa 18:9-11
Verse 9
Tou king of Hamath - Called Toi in 2Sam 8:9.
1 Istwa 18:12-14
Verse 12
Abishai - slew of the Edomites - This victory is attributed to David, 2Sam 8:13. He sent Abishai against them, and he defeated them: this is with great propriety attributed to David as commander-in-chief; qui facit per alterum, facit per se.
1 Istwa 18:15
Verse 15
Joab - was over the host - General-in-chief.
Jehoshaphat - recorder - The king's remembrancer, or historiographer royal.
1 Istwa 18:16
Verse 16
Zadok - and Abimelech - priests - Both high priests; one at Gibeon, and the other at Jerusalem, as we have seen 1Chr 16:39.
Shavsha was scribe - Called Seraiah, 2Sam 8:17.
1 Istwa 18:17
Verse 17
Cherethites and the Pelethites - See the note on 2Sam 8:18.
The Targum says, "Benaiah was over the great Sanhedrin and the small Sanhedrin, and consulted Urim and Thummim. And at his command the archers and slingers went to battle."
The sons of David - These were the highest in authority.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
