1 Istwa 17

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Wa David te byen chita nan palè li. Yon jou li fè rele pwofèt Natan, li di l' konsa: -Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Seyè a se anba yon kay twal li ye. 2 Natan reponn li: -Tou sa ou gen lide fè, ou mèt fè l' paske Seyè a kanpe la avèk ou. 3 Men, menm jou lannwit sa a, Bondye pale ak Natan. Li di l' konsa: 4 -Ale di David, sèvitè m' lan, men sa mwen menm Seyè a, mwen voye di l': Se pa ou menm ki pral bati yon tanp pou m' rete. 5 Depi jou mwen te fè moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen pa janm rete nan yon kay. Tout kote m' pase, se anba yon tant twal mwen toujou ye. 6 Nan tout deplasman mwen ansanm ak moun Izrayèl yo, mwen pa janm mande yonn nan chèf mwen te chwazi pou gouvènen pèp mwen an poukisa yo pa bati yon kay ak bwa sèd pou mwen. 7 Koulye a, men sa w'a di David, sèvitè m' lan: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp Izrayèl la, pèp mwen an. 8 Kote ou pase, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè. 9 Lèfini, mwen pare yon kote pou pèp Izrayèl mwen an. Mwen pral tabli yo la pou yo ka viv san yo pa bezwen pè anyen ankò. Mechan p'ap vin maltrete yo ankò jan yo te konn fè l' anvan an, 10 lè mwen te mete jij chèf yo pou gouvènen pèp Izrayèl mwen an. M'ap delivre ou anba men tout lènmi ou yo. Mwen te fè ou konnen m'ap ba ou pitit ak pitit pitit. 11 Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm. 12 Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen, m'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan. 13 M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Mwen p'ap lage l' jan mwen te lage moun ki te wa anvan ou lan. 14 M'ap mete l' chèf lakay mwen ak nan gouvènman mwen an pou tout tan. M'ap fè gouvènman fanmi li an kanpe fèm pou tout tan. 15 Natan rakonte David tou sa Bondye te fè l' konnen nan vizyon an. 16 Aprè sa, wa David ale nan Tanp lan, li chita devan Seyè a, li di l' konsa: -Seyè Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye? Kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tout sa ou deja fè pou nou? 17 Men, ou wè sa pa kont toujou, Bondye sèl Mèt la! Kifè koulye a w'ap fè konnen sa ki pral rive fanmi mwen denmen nan lanne k'ap vini yo. Ou trete m' tankou yon grannèg, Seyè sèl Mèt la. 18 Kisa mwen menm David, mwen ka di ou, Seyè, apre sa pou bèl bagay ou fè pou mwen yo? Ou konnen ki moun mwen ye, mwen menm k'ap sèvi ou la. 19 Se paske ou te fè pwomès la, paske ou te vle l' konsa, Seyè, kifè ou te fè tout bèl bagay sa yo pou ou te fè m' konnen yo. 20 Seyè, Bondye mwen, pa gen tankou ou. Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa. 21 Pa gen lòt nasyon sou latè tankou pèp Izrayèl la. Se ou menm ki delivre yo pou yo te ka tounen yon pèp ki rele ou pa ou. Se pou yo ase ou fè sa! Toupatou sou latè y'ap nonmen non ou pou gwo mirak ak bèl bagay ou fè pou yo. Ou mete lòt nasyon deyò pou fè plas pou pèp ou a, pèp ou te delivre anba pouvwa pèp peyi Lejip la. 22 Ou fè pèp Izrayèl la tounen pèp pa ou pou tout tan, ou menm ou tounen Bondye yo. 23 Koulye a, Seyè, Bondye, se pou ou kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la ansanm ak fanmi li an. Se pou ou fè sa ou di w'ap fè a. 24 Kenbe pwomès ou pou tout moun rekonèt jan ou gen pouvwa, pou yo di: Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la vre. Se yon Bondye pou pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan devan ou. 25 Se ou menm, Bondye mwen, ki te fè m' konnen tou sa. Ou te di m', mwen menm sèvitè ou la, w'ap ban mwen yon fanmi, lèfini w'ap fè baton gouvènman an toujou rete nan men fanmi mwen. Se poutèt sa mwen gen kouraj fè lapriyè sa a nan pye ou. 26 Koulye a, Seyè, se ou ki Bondye, se ou ki pwomèt sèvitè ou la bèl bagay sa yo. 27 Tanpri, beni tout fanmi mwen apre mwen, pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Seyè, se ou ki bay benediksyon. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Istwa 17:1

1Ch 17:1-10. David Forbidden to Build God a House.

1. as David sat in his house--The details of this chapter were given in nearly similar terms (2Sa 7:1-29). The date was towards the latter end of David's reign, for it is expressly said in the former book to have been at the cessation of all his wars. But as to narrate the preparations for the removal of the ark and the erection of the temple was the principal object of the historian, the exact chronology is not followed.

1 Istwa 17:5

5. I ... have gone from tent to tent, and from one tabernacle to another--The literal rendering is, "I was walking in a tent and in a dwelling." The evident intention (as we may see from 1Ch 17:6) was to lay stress upon the fact that God was a Mithhatlek (a travelling God) and went from one place to another with His tent and His entire dwelling (the dwelling included not merely the tent, but the fore-courts with the altar of burnt offerings, &c.) [Bertheau].

1 Istwa 17:6

6. spake I a word to any of the judges--In 2Sa 7:7 it is "any of the tribes" of Israel. Both are included. But the judges "who were commanded to feed the people," form the more suitable antithesis to David.

Why have ye not built me an house of cedars?--that is, a solid and magnificent temple.

1 Istwa 17:7

7. Thus saith the Lord of hosts, I took thee from the sheepcote--a round tower of rude construction, high walled, but open at the top, in which sheep are often enclosed at night to protect them from wild beasts. The meaning is, I elevated you to the throne from a humble condition solely by an act of divine grace, and not from any antecedent merits of your own (see on 1Sa 16:11), and I enabled you to acquire renown, equal or superior to any other monarch. Your reign will ever be afterwards regarded as the best and brightest era in the history of Israel, for it will secure to the nation a settled inheritance of prosperity and peace, without any of the oppressions or disorders that afflicted them in early times.

1 Istwa 17:9-10

9-10. at the beginning, and since the time that I commanded judges--that is, including the whole period from Joshua to Saul.

I tell thee that the Lord will build thee an house--This was the language of Nathan himself, who was specially directed to assure David, not only of personal blessing and prosperity, but of a continuous line of royal descendants.

1 Istwa 17:11

11. I will raise up thy seed--(See on 2Sa 7:12).

1 Istwa 17:13

13. I will not take my mercy away from him, as I took it from him that was before thee--My procedure in dealing with him will be different from My disposal of Saul. Should his misconduct call for personal chastisement, I shall spare his family. If I see it necessary to withdraw My favor and help for a time, it will be a corrective discipline only to reform and restore, not to destroy. (On this passage some have founded an argument for Solomon's repentance and return to God).

1 Istwa 17:14

14. I will settle him in my house--over My people Israel.

and in my kingdom for ever--God here asserts His right of supreme sovereignty in Israel. David and Solomon, with their successors, were only the vicegerents whom He nominated, or, in His providence, permitted.

his throne shall be established for evermore--The posterity of David inherited the throne in a long succession--but not always. In such a connection as this, the phrase "for evermore" is employed in a restricted sense (see on La 3:31). We naturally expect the prophet to revert to David before concluding, after having spoken (1Ch 17:12) of the building of Solomon's temple. The promise that his house should be blessed was intended as a compensation for the disappointment of his wish to build the temple, and hence this assurance is appropriately repeated at the conclusion of the prophet's address [Bertheau].

1 Istwa 17:15

15. According to all ... this vision--The revelation of the divine will was made to the prophet in a dream.

1 Istwa 17:16

16. David the king ... sat before the Lord, and said--(See on 2Sa 7:18).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.