Jou 247 sou 365

Ezekyèl 33–35

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Ezekyèl 33

1Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa: 2-Nonm o! Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo konsa: Lè m'ap voye lènmi atake yon peyi, moun peyi a va chwazi yonn nan yo, y'a mete l' faksyonnè pou veye peyi a. 3Lè faksyonnè a va wè lènmi ap pwoche, l'a bay yon kout klewon pou avèti moun yo. 4Si yon moun tande klewon an, men li pa okipe l', kifè lènmi an rive, li touye l', se djòb pa moun sa a, l'ap pote reskonsablite lanmò li. 5Li tande kout klewon an pati, men li pa okipe sa, kifè sa lakòz li mouri. Paske si li te koute avètisman an, li ta ka pa mouri. 6Men, si faksyonnè a wè lènmi ap vini epi li pa bay kout klewon an pou avèti moun yo, lènmi an ap vini, l'ap touye moun. Moun yo ap mouri akòz peche yo fè, se vre. Men, se faksyonnè a k'ap pote reskonsablite lanmò yo. 7Koulye a, nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou veye pou pèp Izrayèl la. Lè w'a tande mesaj m'a ba ou a, w'a avèti yo pou mwen. 8Si mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, epi ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche l' yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li. 9Men, si ou avèti mechan an, lèfini li pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche l' yo, men ou menm w'ap sove lavi pa ou. 10Seyè a pale avè m', li di m' ankò: -Nonm o! W'a fè moun pèp Izrayèl yo chonje jan yo t'ap plede repete: Peche nou yo ak fòt nou yo ap peze lou sou nou. Se fini y'ap fini ak nou! Nou pa ka viv nan kondisyon sa a ankò! 11Enben, ou menm w'a di yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale! Men sa mwen di: Mwen pa pran ankenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun pèp Izrayèl yo, sispann fè sa nou pa dwe fè. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmò n'ap chache konsa? 12Ou menm, nonm o! Men sa w'a di moun ou yo: Yon moun te mèt bon kou l' bon, li te mèt mache dwat kou l' mache dwat, jou li fè sa ki mal, li gen pou l' peye sa. Jou mechan an va sispann fè sa ki mal, yo p'ap pini l' pou sa li te konn fè a. Konsa tou, lè yon moun ki t'ap mache dwat pran fè sa ki mal, yo p'ap gade sou jan l' te konn mache dwat la pou yo pa fè l' peye sa l' fè a. 13Wi, mwen deklare tout moun k'ap mache dwat yo gen pou viv. Men, si yo tanmen mete nan tèt yo, paske yo te konn mache dwat la yo gen dwa fè sa ki mal, mwen p'ap chonje jan yo te konn mache dwat la menm. Y'ap mouri paske yo fè sa yo pa t' dwe fè. 14Konsa tou, m' avèti tout mechan yo yo gen pou mouri. Men, si yon mechan sispann fè sa ki mal, epi li tanmen mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen, 15si pa egzanp, li renmèt garanti yo te ba li pou lajan li te prete, si l' renmèt sa li te vòlò a, osinon si li sispann fè sa ki mal pou li mache dapre lòd mwen k'ap bay lavi a, li p'ap mouri, se viv pou li viv. 16M'ap padonnen tout peche li te fè yo. L'ap viv paske l'ap mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen. 17Moun ou yo ap plede di: Sa Bondye ap fè a pa bon. Men, se sa yo menm y'ap fè a ki pa bon. 18Lè moun k'ap mache dwat la sispann fè sa ki byen pou l' lage kò l' nan fè sa ki mal, l'ap mouri poutèt sa. 19Konsa tou, lè mechan an sispann fè mechanste pou li mache dwat, pou li fè sa ki byen, l'ap sove lavi l' poutèt sa. 20Nou di sa Bondye sèl Mèt la ap fè a pa bon. Enben, m'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Nou tande, moun pèp Izrayèl yo! 21Nan senkyèm jou, dizyèm mwa, douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, yon moun ki te resi chape kò l' soti lavil Jerizalèm vin pote nouvèl ban mwen, li di m' lavil la tonbe nan men lènmi. 22Lavèy jou sa a, nan aswè, mwen te santi pouvwa Seyè a chita sou mwen avèk fòs. Nan maten, lè moun lan rive, Seyè a demare lang mwen pou m' te ka pale. Mwen pa t' bèbè ankò. 23Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 24-Nonm o! Rès moun k'ap viv nan lavil yo fin kraze nan peyi Izrayèl la ap plede di: Abraram te pou kont li. Yo te ba li tout peyi a pou li. Nou menm nou anpil. Konsa, tout peyi a ap rete pou nou. 25Men sa pou ou di yo: Seyè sèl Mèt la pale, li voye di nou: N'ap manje vyann ak tout san li ladan l'. N'ap fè sèvis pou zidòl, n'ap mete san moun deyò, epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou? 26Nou met konfyans nou nan nepe nou. N'ap fè yon bann bagay ki derespektan. Tout gason marye ap kouche ak madanm frè parèy yo. Epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou? 27W'a pale ak yo, w'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale: Rès moun k'ap viv nan lavil kraze yo pral mouri nan lagè. Moun k'ap viv andeyò yo, se bèt nan bwa ki pral manje yo. Moun ki al kache kò yo nan mòn, nan twou wòch, se maladi ki pral fini ak yo. 28M'ap fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l'. Fòs pouvwa ki te fè l' ap gonfle sou moun lan pral kraze. Mòn peyi Izrayèl yo pral tounen savann. Pesonn p'ap ka vwayaje pase ladan yo. 29Lè m'a pini pèp la pou tout bagay derespektan yo fè yo, lè m'a fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l', lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 30Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Tout pèp la sou do ou lè yo kontre yonn ak lòt bò miray lavil la, nan papòt lakay yo. Yonn ap di lòt: Ann al tande ki mesaj Seyè a voye ban nou fwa sa a! 31Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen. 32Pou yo, ou pa anyen pase yon mizisyen ki gen bèl vwa, k'ap chante bèl ti chante swa, ki konn jwe mizik byen. Y'ap koute tou sa w'ap di yo, men yo p'ap fè sa ou di yo fè. 33Men, lè sa ou di ki gen pou rive a rive vre, paske l'ap rive vre, se lè sa a y'a rekonèt te gen yon pwofèt nan mitan yo.

Ezekyèl 34

1Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 2-Nonm o! Bay mesaj sa a sou tout chèf ki reskonsab pèp Izrayèl la. Bay yo mesaj la, di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo te swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen. 3Nou bwè lèt mouton yo, nou pran lenn sou do yo pou fè rad mete sou nou, nou touye sa ki pi gra yo pou nou manje. Men, nou pa janm swen mouton yo. 4Nou pa bay sa ki mèg yo manje pou yo pran fòs. Nou pa swen sa ki malad yo. Nou pa mete renmèd sou sa ki blese yo. Nou pa fè sa ki te soti nan bann yo tounen nan plas yo. Nou pa al chache sa ki te pèdi yo. Lekontrè, nou sèvi ak pozisyon chèf nou an pou n' kraze yo, pou n' maltrete yo. 5Paske mouton yo te san gadò, yo gaye nan raje yo, bèt nan bwa touye yo. 6Se konsa mouton yo gaye sou gwo mòn yo ak sou ti mòn yo. Mouton yo gaye toupatou sou latè. Pesonn pa okipe yo, pesonn pa chache kote yo ye. 7Se poutèt sa, nou menm gadò ki reskonsab pèp Izrayèl la, koute sa Seyè a voye di nou. 8Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale. Bèt nan bwa atake mouton m' yo, yo devore yo, paske yo te san gadò. Gadò m' yo pa fè anyen pou mouton m' yo. Se tèt pa yo ase yo konnen. Yo pa swen mouton m' yo. 9Konsa, nou menm gadò pèp la, koute pawòl mwen menm, Seyè a, m'ap di nou. 10Wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di nou: M'ap leve dèyè nou! M'ap wete mouton yo nan men nou. Mwen p'ap kite nou reskonsab mouton m' yo ankò. Konsa nou p'ap rete chita ap angrese tèt nou ase sou do mouton m' yo. Wi, m'ap wete mouton m' yo anba dan nou. Nou p'ap ka pwofite sou yo ankò. 11Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Se mwen menm menm ki pral chache mouton m' yo pou m' swen yo. 12Menm jan yon gadò mache swen mouton l' yo ki te gaye, konsa m'ap mache sanble tout mouton m' yo, m'ap pran yo tout kote yo te gaye yo depi jou fènwa a, jou gwo malè a, m'ap fè yo tounen. 13M'ap fè yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo, m'ap sanble yo, m'ap mennen yo tounen nan pwòp peyi pa yo. M'ap mennen yo vin manje sou tout mòn peyi Izrayèl yo, nan fon yo, tout kote moun ka rete nan peyi a. 14M'ap kite yo manje nan bon jaden zèb. Sou tout mòn byen wo nan peyi Izrayèl la, yo pral jwenn kote pou yo rete san danje. Se la yo pral poze kò yo, yo pral jwenn kont zèb vèt yo sou tout mòn peyi Izrayèl yo. 15Se mwen menm ki pral okipe mouton m' yo. Se mwen menm k'ap jwenn yon kote pou yo poze. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. 16Sa ki pèdi yo, m'ap chache yo. Sa ki te soti nan bann yo, m'ap fè yo tounen nan plas yo. Sa ki blese yo, m'ap mete renmèd pou yo. Sa ki malad yo, m'ap geri yo. Men, sa ki gra yo, sa ki byen gwo yo, m'ap touye yo. M'ap swen mouton m' yo jan m' dwe fè l' la. 17Pou nou menm, mouton m' yo, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen voye di nou. Mwen pral jije nou chak. M'ap mete bon yo yon bò, move yo yon bò, belye mouton yo yon bò, bouk kabrit yo yon bò. 18Genyen nan mitan nou, se yo ase ki pou manje pi bon zèb yo. Men, sa pa kont yo toujou. Se pou yo pilonnen anba pye yo sa ki pa manje yo. Se yo ase ki pou bwè bèl dlo fre. Men sa pa kont yo toujou, fòk yo sal rès dlo a ak pye yo. 19Konsa, rès mouton m' yo blije manje zèb lòt yo te pilonnen anba pye yo. Yo blije bwè rès dlo lòt yo te sal ak pye yo. 20Se konsa, koulye a, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen voye di nou: Mwen pral jije mouton gra yo ak mouton mèg yo. 21Nou pouse mouton ki san fòs yo sou kote, nou ba yo kou ak dèyè nou, ak pòtray nou, ak kòn nou jouk nou mete yo deyò, nou fè yo kite bann lan. 22Men, m'ap vin sove mouton m' yo, m' p'ap kite nou fè piyay sou do yo ankò. Se mwen menm k'ap jij nan mitan nou. 23M'ap ba yo yon wa k'ap tankou David, sèvitè m' lan. Se li menm ki pral okipe yo, k'ap mennen yo manje. Se li menm k'ap gadò yo. 24Se mwen menm, Seyè a, k'ap Bondye yo. Se yon wa, tankou David sèvitè m' lan, ki va sèl chèf nan mitan yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. 25M'ap pase ak yo yon kontra k'ap garanti yo kè poze, m'ap fè tout bèt nan bwa disparèt nan peyi a. Konsa mouton m' yo va rete san pwoblèm nan savann yo, y'a dòmi nan rakbwa yo. 26M'ap fè yo rete tout bò ti mòn ki apa pou mwen an. M'ap beni yo, m'ap ba yo bèl lapli lè pou lapli tonbe. 27Pyebwa nan jaden yo va donnen, jaden yo va bay bèl rekòt, tout moun pral viv ak kè poze nan peyi yo a. Lè m'a wete chenn lan nan kou yo, lè m'a delivre yo anba men moun ki te fè yo tounen esklav, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 28Moun lòt nasyon p'ap piye yo ankò. Bèt nan bwa p'ap devore yo ankò nan peyi a. Yo pral rete lakay yo san danje. Pesonn p'ap vin chache yo kont. 29M'ap ba yo bon venn tè nan jaden yo. Moun p'ap mouri grangou nan peyi a ankò. Lòt nasyon yo p'ap pase yo nan betiz ankò. 30Tout moun va konnen se mwen menm Seyè a, Bondye yo a, ki kanpe la avèk yo. Yo menm, moun fanmi Izrayèl yo, se pèp pa m' lan menm yo ye. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. 31Nou menm, moun, se mouton mwen nou ye, bann mouton m'ap okipe yo. Mwen menm, se Bondye nou mwen ye. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.

Ezekyèl 35

1Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 2-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon mòn Seyi, bay moun Edon yo mesaj mwen ba ou pou yo a. 3W'a di yo men sa Seyè sèl Mèt la voye di nou: Nou menm moun peyi Seyi, m'ap leve dèyè nou tou! Mwen pral lonje men m' sou nou pou m' pini nou. M'ap fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l'. 4M'ap fè tout lavil nou yo tounen mazi. M'ap fè peyi a rete san pesonn ladan l'. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 5Nou pa janm sispann rayi moun Izrayèl yo. Lè malè lagè tonbe sou yo, lè yo t'ap resevwa dènye chatiman pou peche yo a, nou lage yo nan men lènmi yo. 6Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: m'ap fè nou benyen nan dlo kò nou, nou p'ap ka chape. Wi, nou te mete san yo deyò, san an gen pou pousib nou. 7M'ap fè mòn Seyi yo, peyi Edon an, tounen yon dezè kote moun pa rete. M'ap touye dènye moun k'ap ale vini nan peyi nou an. 8Mwen pral kouvri mòn nou yo ak kadav. Ti mòn nou yo, fon nou yo ak ravin nou yo pral kouvri ak kadav moun yo touye nan lagè. 9M'ap fè peyi nou an tounen dezè pou toutan. p'ap gen yon moun nan lavil nou yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 10Nou te di konsa ni nasyon Izrayèl la, ni nasyon Jida a ansanm ak tout peyi yo a, se pou nou yo ye, nou pral pran yo pou nou, malgre se mwen menm ki te Bondye yo a. 11Enben! Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: Jan nou te move sou yo! Jan nou te rayi sò yo! Jan nou pa t' vle wè yo! M'ap fè nou peye pou tou sa. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm k'ap pini nou pou tou sa nou te fè yo. 12Wi, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, mwen te tande jan nou t'ap pase mòn peyi Izrayèl yo nan betiz, lè n'ap plede di: Yo tounen yon dezè, yo ban nou yo pou n' ka devore yo. 13Mwen te tande ak zòrèy mwen jan nou te derespekte m', jan nou pa t' manke pale m' mal. 14Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Tout moun sou latè pral kontan lè m'a fè peyi nou an tounen yon dezè 15menm jan nou te kontan wè peyi moun Izrayèl yo, peyi moun ki rele m' pa m' yo, tounen yon dezè. Tout mòn Seyi yo, wi, tout peyi Edon an, pral tounen dezè. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain