Jou 246 sou 365

Ezekyèl 31–32

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Ezekyèl 31

1Nan premye jou twazyèm mwa onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 2-Nonm o! Pale ak farawon an, wa peyi Lejip la, ansanm ak tout pèp li a. Di yo. -Jan ou gen pouvwa sa a, Kisa mwen ta di ou sanble la a! 3Bon. Ou tankou yon pye sèd nan peyi Liban avèk gwo bèl branch li yo plen fèy ki bay gwo lonbraj, yon pyebwa byen wo ak tèt li pèdi nan nwaj yo. 4Lapli tonbe fè l' pouse Rivyè anba tè fè l' grandi. Gwo dlo pete nan tout rasin li yo. Yo fè kannal wouze tout pyebwa nan zòn lan. 5Paske li te jwenn anpil dlo, li te grandi, li vin pi wo pase tout lòt pyebwa yo. Branch li pran fòs, yo vin byen long. 6Tout kalite zwezo te vin fè nich nan branch li yo. Se anba branch li yo bèt nan bwa vin miba. Se nan lonbraj li anpil nasyon vin chita. 7Se te yon bèl pyebwa byen wo, ak branch li yo byen long. Rasin li yo te desann byen fon nan dlo anba tè a. 8Nan jaden Bondye a, pa t' gen pye sèd tankou l'. Okenn pye pichpen pa t' gen branch tankou pa l' yo. Okenn pye sikren pa t' gen ti branch konsa. Nan jaden Bondye a, pa t' gen bèl pyebwa tankou l'. 9Mwen te fè l' byen bèl ak anpil branch. Nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a, tout pyebwa te anvye sò l'. 10Koulye a, men sa Seyè sèl Mèt la di: Paske li te grandi byen wo a, paske tèt li te pèdi nan nwaj yo, li kite lògèy vire tèt li. 11Se poutèt sa, mwen voye l' jete, mwen lage l' nan men gwo chèf tout nasyon yo pou fè l' peye tout mechanste l' yo. 12Yon bann moun lòt nasyon vini. Mechan pase yo pa genyen. Yo koupe pyebwa a, yo lage l' atè. Ti branch li yo gaye sou tout mòn yo ak nan fon yo. Gwo branch li yo kase, yo tonbe nan tout ravin nan peyi a. Moun lòt nasyon ki t'ap viv nan lonbraj li yo, tout met deyò, yo kite l' pou kont li. 13Zwezo vini poze sou rès pyebwa ki atè a. Bèt nan bwa ap mache sou tout branch li yo. 14Konsa, depi jòdi a, yon pyebwa te mèt wouze byen wouze, li p'ap janm rive wotè sa a ankò. Li p'ap janm grandi pou tèt li rive pèdi nan nwaj yo ankò. Yon pyebwa te mèt byen wouze li p'ap rive wotè sa a ankò pou l'ap gonfle lestonmak li sou mwen. Tout pyebwa yo gen pou mouri tankou moun, yo gen pou yo desann al jwenn moun ki deja anba tè yo. 15Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Jou pyebwa a desann nan peyi kote mò yo ye a, m'ap fè dlo anba tè a kouvri l' nèt, pou tout moun ka nan lapenn. M'ap fè dlo larivyè yo sispann koule. M' p'ap kite ankenn dlo koule nan kannal. M'ap voye yon gwo fènwa sou mòn peyi Liban yo. Tout rakbwa nan zòn lan pral deperi poutèt li. 16Lè mwen voye l' jete nan peyi kote mò yo ye a, bri li fè lè l'ap tonbe a fè tout nasyon yo tranble. Tout pyebwa nan jaden Edenn, tout pi bèl pyebwa nan peyi Liban, pyebwa ki te byen wouze yo men ki te desann ale deja nan peyi kote mò yo ye a pral kontan tonbe li tonbe a. 17Y'ap desann ansanm avè l' nan peyi kote mò yo ye a pou y' al jwenn sa ki te mouri nan lagè anvan yo. Lè sa a, tout moun ki t'ap viv nan lonbraj li yo pral gaye nan mitan tout lòt nasyon yo. 18Nan tout pyebwa jaden Edenn yo, kilès ki te bèl, kilès ki te wo tankou ou? Men koulye a, tankou tout lòt pyebwa jaden an, ou pral desann ale nan peyi ki anba tè a. Ou pral jwenn moun ki pa pote mak kontra Bondye a, moun ki mouri nan lagè yo. Se sa k'ap rive farawon an ansanm ak tout pèp li a. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.

Ezekyèl 32

1Nan premye jou nan douzyèm mwa douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 2-Nonm o! Chante yon chante pou plenn sò farawon an, wa peyi Lejip la. Ba l' mesaj sa a pou mwen: Ou pran pòz lyon ou nan mitan lòt nasyon yo. Men pou di vre, ou tankou yon gwo kayiman k'ap benyen nan larivyè a. Ou leve tout fon dlo a ak pat ou yo, ou sal tout dlo a. 3Men sa Seyè sèl Mèt la voye di ou: Nan mitan anpil nasyon ki va sanble bò kote ou, m'ap voye privye mwen sou ou pou m' pran ou. 4M'ap voye ou jete atè, m'ap blayi ou nan mitan jaden yo. M'ap fè tout kalite zwezo ak bèt nan bwa vin manje plen vant yo ak kadav ou. 5Mwen pral kouvri tout mòn ak tout fon yo ak kadav ou k'ap dekonpoze. 6M'ap wouze tout peyi a ak san ou. M'ap vide san ou sou mòn yo, jouk ravin yo pral plen dlo kò ou. 7Lè m'ap disparèt ou a, m'ap kouvri syèl la, m'ap bouche zetwal yo. M'ap kache solèy la dèyè nwaj yo, lalin lan p'ap klere ankò. 8Poutèt ou, m'ap tenyen dènye limyè nan syèl la. Pral fènwa nèt sou tout latè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa. 9Anpil moun pral gen lespri yo boulvèse lè m' fè nouvèl jan ou fini an gaye nan tout nasyon yo, ata nan peyi ou menm ou pa janm konnen. 10M'ap fè anpil nasyon sezi wè sa k'ap rive ou la. Lè m'ap lonje nepe m' lan devan yo, wa yo pral tranble nan kanson yo. Jou w'ap tonbe a, yo tout pral tranble. Y'ap pè pou yo pa pèdi lavi yo tou. 11Men sa Seyè sèl Mèt la voye di wa peyi Lejip la: -Nepe wa Babilòn lan pral tonbe sou ou. 12Mwen pral fè sòlda peyi ki pi mechan an touye tout pèp ou a ak nepe yo. Yo pral ravaje tout bèl bagay ki te fè ou kontan nan peyi Lejip la. Yo pral touye dènye kras moun nan peyi a. 13M'ap touye tout bèt nou yo bò dlo a. p'ap rete yon grenn moun ni yon sèl bèt pou sal dlo yo ankò. 14M'ap kite dlo yo poze, m'ap fè larivyè yo koule tou dousman. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa. 15Lè m'a fè peyi Lejip la tounen yon dezè, lè m'a devaste tout bagay nan peyi a, lè m'a touye dènye moun ki rete nan peyi a, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 16Men chante y'a chante pou plenn sò peyi Lejip la. Medam lòt nasyon yo va chante l' lè y'ap kriye pou peyi Lejip ansanm ak tout pèp li a. Wi, se chante sa a y'a chante lè y'ap kriye pou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 17Nan kenzyèm jou premye mwa douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa: 18-Nonm o! Plenn sò tout moun peyi Lejip yo. Voye yo desann ansanm ak tout lòt moun gwo nasyon yo nan peyi kote mò yo ye a, anba tè kote moun ki deja mouri yo ye. 19Di yo konsa: -Nou konprann nou pi bèl pase tout moun? Enben, nou pral desann nan peyi kote mò yo ye a. Nou pral kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a. 20Moun peyi Lejip yo pral tonbe ansanm ak moun ki mouri nan lagè yo. Gen yon nepe ki pare pou touye yo tout. 21Sòlda ki te pi vanyan yo ansanm ak tout moun ki te pran pozisyon ak moun peyi Lejip yo pral resevwa yo nan peyi kote mò yo ye a. Yo pral di: Moun ki pa pote mak kontra Bondye a ap mouri nan lagè, yo desann isit la. Se la yo vin kouche! 22Peyi Lasiri a la avèk tonm tout sòlda li yo bò kote l'. Yo tout mouri nan lagè. 23Yo mete tonm yo anba nèt nan peyi kote mò yo ye a. Tout sòlda li yo mouri nan lagè. Tout tonm yo bò kote l'. Se yo menm ki te mache fè moun pè yo toupatou sou latè. 24Peyi Elam lan la tou avèk tonm tout sòlda li yo bò kote l'. Yo tout mouri nan lagè. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo desann konsa nan peyi kote mò yo ye a, yo menm ki te mache fè moun pè yo toupatou sou latè. Koulye a yo wont, y'ap peye mechanste yo, yo mouri ansanm ak moun ki desann nan twou san fon an. 25Wa peyi Elam lan kouche nan mitan moun pa l' yo ki mouri nan lagè. Tonm sòlda li yo bò kote l'. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo mouri konsa nan lagè. Sou latè, yo te mache fè tout moun pè yo. Koulye a yo wont, y'ap peye mechanste yo. Yo desann nan twou san fon an ansanm ak moun ki mouri nan lagè yo. 26Wa peyi Mechèk la ak wa peyi Toubal la tou, ansanm avèk tonm sòlda yo bò kote yo. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo mouri konsa nan lagè. Yon lè yo t'ap mache fè tout moun pè sou latè. 27Yo p'ap fè bèl lantèman pou yo tankou pou vanyan sòlda tan lontan yo, ki te desann nan peyi kote mò yo ye a ak tout zam yo sou yo, nepe yo anba tèt yo ak plak fè pwotèj yo anwo kadav yo. Paske yon lè yo t'ap mache fè tout moun pè yo sou latè. 28Se konsa moun peyi Lejip yo pral mouri tankou moun ki pa pote mak kontra Bondye a, y'ap antere yo ansanm ak moun ki te mouri nan lagè yo. 29Peyi Edon an la tou ansanm ak tout wa li yo ak chèf li yo. Yon lè yo te vanyan sòlda, men koulye a yo kouche nan peyi kote mò yo ye a ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a epi ki te mouri nan lagè. 30Tout chèf peyi nan nò yo la tou ansanm ak tout moun peyi Sidon yo. Yo te sitèlman gen fòs, yo te fè moun pè yo. Koulye a, yo desann nan twou san fon an. Yo pote wont mechanste yo anba tè a ak yo. Yo mete yo kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a, epi ki te mouri nan lagè yo. 31Se pral yon gwo konsolasyon pou wa peyi Lejip la ansanm ak sòlda li yo, lè y'a wè tout kantite moun ki te mouri nan lagè. Se Seyè sèl Mèt la menm ki di sa. 32Atout mwen te fè wa peyi Lejip la mache fè moun pè l' toupatou sou latè, y'ap touye l' ansanm ak tout sòlda li yo. Ni li ni sòlda li yo pral kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a epi ki mouri nan lagè yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain