Jou 21 sou 365

Egzòd 17–20

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Egzòd 17

1Tout moun pèp Izrayèl yo pati, yo kite dezè Sin lan, dapre lòd Seyè a te ba yo. Yo fè wout la moso pa moso, jouk yo rive Refidim kote yo moute tant yo. Men, pa t' gen dlo la pou pèp la te bwè. 2Yo leve fè kont ak Moyiz. Yo di l': -Ban nou dlo pou nou bwè! Moyiz reponn yo: -Poukisa n'ap chache m' kont konsa? Pouki n'ap sonde Seyè a konsa? 3Men, pèp la te swaf dlo anpil, yo t'ap bougonnen sou do Moyiz. Yo di l': -Poukisa ou fè nou soti kite peyi Lejip la? Gen lè se pou te fè nou vin mouri swaf dlo isit la, avèk pitit nou yo ansanm ak tout bèt nou yo? 4Moyiz menm lapriyè nan pye Bondye. Li di l' konsa: -Kisa pou m' fè ak moun sa yo? Yo san lè touye m' ak kout ròch! 5Seyè a di Moyiz: -Pran kèk chèf fanmi pèp Izrayèl la avèk ou, pase devan pèp la. Kenbe baton ou te sèvi pou frape gwo la rivyè Nil lan nan men ou. Epi mache. 6Mwen menm, m'ap kanpe laba a, dwat devan ou, sou tèt gwo ròch Orèb la. W'a frape ròch la, dlo va soti ladan l'. Pèp la va bwè. Se sa menm Moyiz te fè devan chèf fanmi pèp Izrayèl la. 7Yo rele kote sa a Masa ak Meriba, paske pèp Izrayèl la t'ap chache kont, yo t'ap sonde Seyè a lè yo te mande: Eske Seyè a nan mitan nou, wi ou non? 8Antan pèp Izrayèl la Refidim, moun Amalèk yo vin pou goumen ak yo. 9Moyiz di Jozye konsa: -Chwazi kèk gason pou nou. Denmen w'a soti al goumen ak moun Amalèk yo. Mwen menm, m'a moute sou tèt ti mòn lan avèk baton Bondye te ban mwen an nan men mwen. 10Jozye fè tou sa Moyiz te di l' fè. Li soti al goumen ak moun Amalèk yo. Moyiz menm moute sou tèt ti mòn lan ansanm ak Arawon ak Our. 11Tout tan Moyiz te kenbe men l' yo leve anlè, se moun Izrayèl yo ki te pi fò. Men, kou Moyiz bese men l', se moun Amalèk yo ki te pi fò. 12Rive yon lè Moyiz te bouke, de bra l' t'ap fè l' mal. Arawon ak Our pran yon ròch, yo mete l' deyè Moyiz, yo fè Moyiz chita sou li. Yo chak pran yon bra Moyiz, yo kenbe yo anlè. Yo kenbe yo konsa jouk solèy kouche. 13Jozye menm te bat Amalèk ak moun li yo byen bat, li touye yo anba kout nepe. 14Apre sa, Seyè a di Moyiz: -Ekri sa nan liv rejis la pou moun yo pa janm bliye batay sa a. W'a di Jozye konsa m'ap efase non Amalèk sou latè pou yo pa janm chonje l' ankò. 15Moyiz bati yon lòtèl, li rele l': Seyè a se drapo m'. 16Apre sa li di: -Men mwen leve men m' devan fotèy Seyè a, Seyè a p'ap janm sispann goumen ak moun Amalèk yo.

Egzòd 18

1Jetwo te pran nouvèl tou sa Bondye te fè pou Moyiz ak pèp Izrayèl la, jan li te fè yo soti kite peyi Lejip. Jetwo sa a te prèt nan peyi Madyan. Se bòpè Moyiz li te ye. 2Anvan tout bagay sa yo te rive, Moyiz te voye Sefora, madanm li, al jwenn Jetwo, papa li. Koulye a, Jetwo mennen Sefora tounen bay Moyiz 3ansanm ak Gèchon ak Elyezè, de pitit gason Moyiz yo. Lè timoun sa yo t'ap fèt Moyiz te di: Se moun vini mwen ye nan yon peyi etranje. Se konsa li te rele yonn Gèchon. 4Moyiz te di tou: Se Bondye papa m' ki te pote m' sekou, ki te sove m' anba pèsekisyon farawon an. Se konsa li te rele lòt la Elyezè. 5Jetwo, bòpè Moyiz la, pran madanm Moyiz ak de pitit gason l' yo, li vin wè Moyiz nan dezè kote l' te moute tant li a, sou mòn Bondye a. 6Jetwo voye di Moyiz: -Se mwen menm, Jetwo, bòpè ou, k'ap vin wè ou ansanm ak madanm ou ak de pitit gason ou yo. 7Moyiz soti al kontre bòpè li, li bese tèt li jouk atè devan l' pou di li bonjou, epi li bo l'. Yonn mande lòt ki jan yo ye, epi yo antre anba tant Moyiz la. 8Moyiz rakonte bòpè l' tou sa Seyè a te fè farawon an ak moun peyi Lejip yo pase poutèt pitit Izrayèl yo. Li di l' tout tray yo te pase nan vwayaj la ak ki jan Seyè a te delivre yo. 9Jetwo te kontan anpil lè l' tande tout bèl bagay Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la, jan l' te delivre yo anba men moun peyi Lejip yo. 10Jetwo di: -Lwanj pou Seyè a ki delivre ou anba men moun peyi Lejip yo ak anba men farawon an! Lwanj pou Seyè a ki wete pèp li a anba esklavaj moun peyi Lejip yo! 11Koulye a mwen konnen Seyè a gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, paske gade jan Bondye delivre pèp Izrayèl la anba moun peyi Lejip yo ki pa t' vle wè yo! 12Apre sa, Jetwo, bòpè Moyiz la, ofri bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Seyè a. Arawon ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la te vin manje ak bòpè Moyiz la nan manje yo t'ap manje devan Bondye a. 13Nan denmen, Moyiz te chita pou rann jijman sou tout bagay ki pase nan mitan pèp la. Depi maten jouk aswè, moun t'ap pase devan Moyiz. 14Lè Jetwo, bòpè Moyiz la, wè kalite travay di sa a Moyiz t'ap fè pou kò l' pou pèp la, li di l' konsa: -Kisa w'ap fè konsa ak pèp la? Poukisa pou pèp la kanpe devan ou depi maten jouk aswè, epi se ou menm ki chita la pou kont ou ap rann jijman? 15Moyiz reponn bòpè l' konsa: -Se sa pou m' fè paske pèp la vin kote m' pou yo ka konnen sa Bondye vle yo fè nan tout sikonstans. 16Lè yo gen kont, yo vin jwenn mwen, mwen regle sa pou yo, mwen fè yo konnen volonte Bondye ak sa Bondye mande yo pou yo fè. 17Bòpè Moyiz la di l' konsa: -Jan w'ap fè l' la pa bon. 18W'ap fin kraze kouraj ou ansanm ak kouraj pèp la ki la avè ou. Paske chay la twòp pou ou. Ou pa ka pote l' pou kont ou. 19Bon. Koute sa m'ap di ou: se yon konsèy m'ap ba ou pou Bondye ka ede ou. Se ou menm ki va prezante pou pèp la devan Bondye. W'a mete tout pwoblèm yo devan Bondye. 20W'a moutre yo lòd Bondye, Seyè a, bay ansanm ak sa li mande yo pou yo fè. W'a fè yo konnen jan pou yo viv ak sa yo dwe fè. 21Men, w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun. 22Moun sa yo va toujou la pou sèvi jij pou pèp la. Lè y'a gen gwo zafè, y'a pote yo devan ou. Men lòt ti zafè, y'a regle sa yo menm. Konsa, chay la va pi lejè pou ou, paske y'a ede ou pote l'. 23Si ou fè sa, Bondye va dirije ou. W'a kapab fè travay ou, epitou, tout pèp la va tounen lakay li ak kè poze. 24Moyiz koute konsèy bòpè l' la vre. Li fè tou sa Jetwo te di l' fè yo. 25Moyiz chwazi nan mitan pèp Izrayèl la kèk nèg ki kapab dirije pèp la, li mete yo chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun. 26Yo te toujou la pou rann jistis pou pèp la. Yo te pote gwo zafè yo devan Moyiz. Men ti ka piti yo, yo te regle sa yo menm. 27Apre sa, Moyiz kite bòpè l' la pati. Epi Jetwo tounen tounen l' nan peyi l'.

Egzòd 19

1Moun Izrayèl yo te gen de mwa depi yo te soti kite peyi Lejip la. Premye jou twazyèm mwa a, yo rive nan dezè Sinayi a. 2Lè yo kite Refidim, yo rive nan dezè Sinayi a. Se la yo moute tant yo, anfas mòn lan. 3Moyiz moute sou mòn lan, l' al bò kote Bondye. Seyè a rete sou tèt mòn lan, li rele Moyiz, li di l': -Men sa pou ou di moun fanmi Jakòb yo, men sa pou ou fè pèp Izrayèl la konnen: 4Seyè a pale, li voye di nou konsa: Nou wè sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Nou wè ki jan mwen te pote nou tankou malfini pote pitit li yo sou do li, mwen fè nou vin jwenn mwen. 5Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre. 6Men nou menm, n'ap vini yon nasyon moun k'ap sèvi m' tankou prèt, yon pèp k'ap viv apa pou mwen. Wi, se sa pou ou di moun Izrayèl yo. 7Moyiz ale, li fè sanble tout chèf fanmi pèp la, li rapòte yo tou sa Seyè a te ba li lòd di yo. 8Tout pèp la reponn ansanm, yo di: -N'a fè tou sa Seyè a di nou fè. Apre sa, Moyiz al rapòte bay Seyè a repons pèp la. 9Seyè a di Moyiz: -M'ap vin jwenn ou nan yon gwo nwaj byen pwès. Konsa pèp la va tande lè m'ap pale avè ou, y'a toujou kwè nan ou. Moyiz rakonte Seyè a sa pèp la te reponn. 10Seyè a di Moyiz: -Ale bò kote pèp la. Fè yo pran jounen jòdi a ak jounen denmen an pou yo mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se pou yo lave rad yo. 11Se pou yo pare pou twazyèm jou a. Paske, sou twa jou mwen menm, Seyè a, m'ap desann sou mòn Sinayi a pou tout moun ka wè m'. 12W'a mete yon limit toutalantou mòn lan pou pèp la pa depase. W'a avèti yo pou yo pa moute sou mòn lan, ni pou pesonn pa menm pwoche bò pye mòn lan. Nenpòt moun ki va mete pye sou mòn lan, se pou yo touye l'. 13y'a kalonnen l' kout ròch osinon y'a pèse l' ak kout flèch jouk li mouri, san pesonn p'ap bezwen manyen li ak men yo. Kit se yon moun, kit se yon bèt, se pou yo touye l'. Lè y'a tande kòn lan kònen, se lè sa a y'a moute sou mòn lan. 14Moyiz desann soti sou mòn lan, l' al bò kote pèp la. Li fè yo mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Yo lave rad yo. 15Apre sa, Moyiz di yo: -Pare nou pou apre denmen. Pa kouche ak ankenn fanm. 16Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loraj t'ap gwonde sou mòn lan. Te gen zèklè ak yon gwo nwaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t'ap kònen byen fò. Tout moun t'ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè. 17Moyiz fè pèp la soti kote yo te moute tant yo a pou y al kontre Bondye. Yo rete nan pye mòn lan. 18Tout mòn Sinayi a te kouvri nèt ak lafimen, paske Seyè a te desann sou li nan mitan yon gwo dife. Lafimen t'ap moute tankou nan yon fou lacho. Tout mòn lan t'ap tranble avèk fòs. 19Twonpèt la t'ap kònen pi fò toujou. Moyiz t'ap pale, Bondye t'ap reponn li byen fò avèk yon bri ou ta di yon bri loraj. 20Seyè a desann sou mòn Sinayi a, sou tèt mòn lan menm. Li rele Moyiz sou tèt mòn lan. Moyiz moute al jwenn li. 21Seyè a di Moyiz konsa: -Desann, avèti pèp la pou yo pa depase limit la, paske yo ka pran kouri vin gade mwen. Lè sa a, anpil ladan yo ta kapab mouri. 22Ata prèt yo ki ka pwoche bò kote m', se pou yo mete tèt yo nan kondisyon pou sa tou. Si se pa sa, mwen ka touye yo. 23Moyiz di Seyè a: -Pèp la p'ap kapab moute sou mòn Sinayi a, paske se ou menm ki defann yo moute, lè ou te di: Trase yon limit toutalantou mòn lan, mete l' apa pou mwen. 24Lè sa a Seyè a di Moyiz: -Desann non. Epi tounen ansanm ak Arawon. Men pa kite prèt yo ak pèp la depase limit ou te ba yo a pou yo kouri vin kote m'. Si yo fè sa, m'ap touye yo. 25Moyiz desann bò kote pèp la, li di yo tout bagay.

Egzòd 20

1Bondye pran pale, li di: 2-Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te esklav la. 3Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm sèlman. 4Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a. 5Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa. 6Men, lè yon moun renmen m', lè li fè sa m' mande l' fè, m'ap moutre l' jan mwen renmen l' tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon. 7Piga nou sèvi mal ak non Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a p'ap manke pa pini moun ki sèvi mal avèk non li. 8Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou mwen. 9N'a travay sis jou. Lè sa yo n'a fè tou sa nou gen pou fè. 10Men, setyèm jou a, se jou repo pou nou mete apa pou Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni moun k'ap travay lakay nou, ni bèt nou yo, ni etranje ki lakay nou. 11Paske, Seyè a te pran sis jou pou l' fè syèl la, latè a ak lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Apre sa, sou setyèm jou a, li pran repo. Se poutèt sa, Seyè a beni jou repo a, li mete l' apa pou li. 12Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an. 13Piga nou touye moun. 14Piga nou fè adiltè. 15Piga nou pran sa ki pa pou nou. 16Piga nou bay manti sou frè parèy nou. 17Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou ankenn lòt bagay ki pou frè parèy nou. 18Lè pèp la tande bri loraj la ak son twonpèt la, lè yo wè kout zèklè sou kout zèklè, ak mòn lan ki t'ap pouse lafimen, yo tranble sitèlman yo te pè. Yo ret kanpe byen lwen. 19Yo di Moyiz konsa: -Pito se ou menm ki pale ak nou, n'a koute sa w'ap di. Men, si se Bondye ki pou pale avèk nou, n'a mouri. 20Moyiz di pèp la: -Nou pa bezwen pè. Bondye vini pou wè kote nou ye avèk li. Li vle pou nou toujou gen krentif pou li, pou nou pa lage kò nou nan fè peche. 21Men pèp la rete kanpe byen lwen. Sèl Moyiz te pwoche kote nwaj nwa a kote Bondye te ye a. 22Seyè a di Moyiz: -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Nou wè ki jan mwen ret nan syèl la pou m' pale ak nou. 23Piga n al fè lòt bondye an ajan osinon an lò pou nou sèvi yo ansanm avè m'. 24N'a bati yon lòtèl an tè pou mwen. Se sou li n'a ofri bèt n'a touye pou boule nèt yo ak bèt n'a touye pou di mèsi. Se sou li n'a ofri mouton ak bèf nou yo. Chak kote m'a di nou pou nou fè sèvis pou mwen, m'a vin jwenn nou la, m'a beni nou. 25Si nou fe yon lòtèl ak ròch pou mwen, pa travay ròch n'a pran pou fè l' la. Paske lè ou travay yon ròch ak sizo, li pa ka sèvi pou mwen ankò. 26Piga nou sèvi ak macheskalye pou nou moute sou lòtèl mwen pou moun pa wè anba rad nou.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain