Jou 20 sou 365

Egzòd 14–16

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Egzòd 14

1Bondye pale ak Moyiz, li di l': 2-Pale ak pèp Izrayèl la, di yo: Tounen dèyè, moute tant nou devan Pyakiròt, ant Migdòl ak lanmè a, anfas Baalsefon. N'a moute tant nou devan kote sa a, bò lanmè a. 3Farawon an pral mete nan tèt li pèp Izrayèl la pèdi nan peyi a, yo pa konn kote pou yo fè nan dezè a. 4M'ap fè farawon an fè tèt di ankò, l'a rapouswiv nou. Men, m'ap bat ni farawon an ni tout lame li yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Konsa, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun pèp Izrayèl yo fè jan Bondye te di yo a. 5Farawon an, wa Lejip la, resevwa rapò. Yo vin di l' pèp la sove ale. Lè sa a, farawon an ak moun pa l' yo chanje lide. Yo di: -Sa nou fè la a? Nou kite yo ale? Yo sove kite travay yo t'ap fè pou nou an? 6Farawon an fè pare cha lagè li. Li pran sòlda li yo ak li. 7Li pran sisan (0600) cha nan sa ki te pi bon yo. Tout lòt cha yo te ale tou. Yo tout te gen sòlda ame sou yo. 8Seyè a te fèmen kè farawon an, wa Lejip la. Farawon an pran rapouswiv moun pèp Izrayèl yo ki te soti kite peyi a devan je tout moun san pesonn pa t' di yo anyen. 9Men apre sa, moun peyi Lejip yo pran kouri dèyè yo ak tout chwal yo, tout cha lagè farawon yo, tout kavalye yo. Tout lame yo te dèyè pèp Izrayèl la. Yo jwenn yo kote yo te moute tant yo a, bò lanmè a, toupre Pyakiròt anfas Baalsefon. 10Antan farawon an t'ap pwoche, moun Izrayèl yo leve je yo, yo wè moun peyi Lejip yo ki t'ap rapouswiv yo. Yo te pè anpil. Yo pran rele nan pye Seyè a. 11Yo di Moyiz konsa: -Eske se paske pa gen kote pou antere moun nan peyi Lejip la kifè ou mennen nou vin mouri isit la nan dezè a? Kisa ou fè nou konsa lè ou te fè nou soti kite Lejip la? 12Eske nou pa t' di ou sa lè nou te Lejip toujou? Nou te di ou: Kite nou travay pou moun peyi Lejip yo, pa vre! Pito nou travay pou moun peyi Lejip yo pase pou nou mouri nan dezè a. 13Moyiz reponn pèp la: -Nou pa bezwen pè. Pran kouraj. Louvri je nou pou nou wè jan Seyè a pral delivre nou jòdi a. Moun peyi Lejip sa yo nou wè jòdi a, nou p'ap janm wè yo ankò. 14Seyè a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou. 15Seyè a di Moyiz: -Poukisa w'ap rele konsa nan zòrèy mwen? Di moun pèp Izrayèl yo pou yo leve mache. 16Ou menm, leve baton ou lan. Lonje men ou sou lanmè a, fann li de bò. Konsa, moun pèp Izrayèl yo va mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. 17M'ap fè moun peyi Lejip yo fè tèt di pi rèd. Y'ap antre dèyè moun pèp Izrayèl yo nan mitan lanmè a. Mwen pral bat farawon an ansanm ak tout lame l' a, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. 18Lè m'a bat farawon an ansanm ak tout cha li yo ak kavalye li yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. 19Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nwaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo. 20Li rete nan mitan ant moun peyi Lejip yo ak moun pèp Izrayèl yo. Nwaj la te tou nwa yon bò. Sou lòt bò a, li t'ap klere tout lannwit. Konsa, de lame yo pa t' ka pwoche yonn sou lòt pandan tout lannwit lan. 21Moyiz lonje men l' sou lanmè a. Seyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò. 22Moun pèp Izrayèl yo antre sou tè sèk la, nan mitan lanmè a. Dlo a te kanpe de bò tankou yon miray sou bò dwat yo ak sou bò gòch yo. 23Moun peyi Lejip yo pran rapouswiv yo. Yo antre dèyè yo nan mitan lanmè a ak tout chwal farawon yo, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo. 24Lè devanjou rive, Seyè a rete nan dife a ak nan nwaj la, li voye je l' sou lame peyi Lejip la, li lage yon sèl dezòd nan mitan yo. 25Li bloke wou cha yo. Sa te difisil anpil pou cha yo te vanse. Lè sa a, moun peyi Lejip yo di konsa: -Ann kouri kite moun Izrayèl yo an repo. Paske, Seyè a ap goumen pou yo kont nou. 26Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou lanmè a ankò. Dlo a ap tounen nan plas li, l'ap kouvri moun peyi Lejip yo ansanm ak tout cha yo ak kavalye yo. 27Se konsa, lè jou pral kase, Moyiz lonje men l' sou lanmè a, dlo a tounen nan plas li. Lè moun peyi Lejip yo wè dlo a ap vini sou yo, yo t'ap chache sove poul yo. Yo pran kouri. Men, Seyè a voye yo jete nan lanmè a. 28Dlo a tounen nan plas li, li kouvri cha yo, kavalye yo ak tout lame farawon an. Wi, li kouvri tout moun ki t'ap kouri dèyè moun pèp Izrayèl yo nan lanmè a. Pa gen yonn ki chape. 29Men, moun Izrayèl yo menm te mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. Dlo a te kanpe tankou yon miray sou bò dwat ak sou bò gòch yo. 30Sè jou sa a Seyè a te delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Lejip yo. Moun pèp Izrayèl yo te wè kadav moun peyi Lejip yo sou tout bò lanmè a. 31Yo wè sa Seyè a te fè moun peyi Lejip yo pase ak fòs ponyèt pa li. Pèp Izrayèl la vin gen krentif pou Seyè a. Yo mete konfyans yo nan Seyè a ak nan Moyiz, sèvitè l' la.

Egzòd 15

1Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M'ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè. 2Seyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa. 3Seyè a, se yon vanyan sòlda. Se Seyè yo rele l'. 4Li voye cha farawon yo ansanm ak tout lame l' a jete nan lanmè. Li fè pi bon sòlda li yo mouri neye nan lanmè Wouj la. 5Lanm lanmè a kouvri yo. Yo fè fon tankou ròch. 6Seyè, fòs bra dwat ou se kokenn zafè! Seyè, fòs bra dwat ou kraze lènmi an! 7Jan ou gen anpil pouvwa sa a, Seyè! Ou kraze moun k'ap goumen avè ou yo. Ou fè yon sèl kòlè, ou boule yo tankou dife nan pay. 8Nan kolè ou, ou soufle. Souf ou fè dlo a ranmase kò l'. Lanm yo kanpe dwat tankou yon miray. Dlo a vin di nan mitan lanmè a. 9Lènmi an te di: M'ap kouri dèyè yo, m'ap pran yo. M'ap separe tout richès yo, m'ap pran tou sa m' vle. M'ap rale nepe mwen, avèk fòs ponyèt mwen, m'ap disparèt yo. 10Ou annik fè yon ti van leve, lanmè a kouvri yo. Lanmè a te move, yo desann nan fon tankou plon. 11Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou? 12Ou annik lonje men dwat ou, tè a vale yo tou vivan. 13Paske ou gen bon kè, ou mennen pèp ou delivre a, avèk fòs ponyèt ou, ou mennen yo nan peyi ki apa pou ou a. 14Lòt pèp yo pran nouvèl sa ki pase, yo pran tranble tèlman yo pè. Yon sèl vant fè mal pran moun Filisti yo. 15Ata chèf peyi Edon yo te pè anpil. Vanyan gason peyi Moab yo pran tranble. Tout moun nan peyi Kanaran pèdi kouraj. 16Yon sèl kè kase, yon sèl sezisman pran yo. Avèk fòs ponyèt ou, ou fè yo rete rèd san yo pa kapab fè anyen. Ou fè yo rete konsa jouk pèp ou a fin pase, Seyè, wi, jouk pèp ou delivre a fin pase! 17Wa mennen yo, w'a plante yo sou mòn ki pou ou a, Seyè, sou mòn kote ou pare pou kay ou a, kay ou bati pou ou a, Seyè. 18Seyè a ap gouvènen pou tout tan. 19Chwal farawon yo ansanm ak tout cha ak kavalye yo te tonbe nan lanmè. Seyè a fè dlo a tounen nan plas li. Dlo a kouvri yo tout. Men, moun pèp Izrayèl yo menm te mache nan fon lanmè a tankou sou tè sèk. 20Miryam, sè Arawon an, te yon pwofèt. Li pran yon tanbouren nan men l', tout medam yo t'ap mache dèyè l', yo t'ap bat tanbouren, yo t'ap danse. 21Miryam t'ap chante pou yo, li t'ap di moun pèp Izrayèl yo: Annou chante pou Seyè a! Paske li genyen yon bèl batay! Li voye chwal yo jete nan fon lanmè ak tout kavalye yo sou yo. 22Moyiz fè moun Izrayèl yo pati kite bò lanmè Wouj la. Yo mete tèt yo sou bò dezè Chou a. Yo t'ap mache depi twa jou nan dezè a san yo pa jwenn gout dlo pou yo bwè. 23Yo rive yon kote ki rele Mara. Men, yo pa t' kapab bwè dlo ki te la a, paske li te twò anmè. Se poutèt sa yo rele kote a Mara. 24Pèp la pran bougonnen sou do Moyiz nan dezè a. Yo mande l': -Atò, kisa pou nou bwè koulye a? 25Moyiz rele Seyè a, li lapriyè nan pye l'. Seyè a moutre l' yon kalite pyebwa. Moyiz lage branch bwa a nan dlo a, dlo a vin dous. Se la Seyè a te ba yo lòd ak regleman pou yo swiv. Se la li t'ap chache sonde yo. 26Li di yo: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Si nou koute m' lè m' pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Seyè a, k'ap geri nou. 27Apre sa, yo rive Elim, yon kote ki te gen douz sous dlo ak swasanndis pye dat. Yo rete la, yo moute tant yo bò dlo a.

Egzòd 16

1Apre sa, tout moun pèp Izrayèl yo pati kite Elim, yo rive nan dezè yo rele Sin lan, ant Elim ak mòn Sinayi. Lè yo rive la, yo te gen yon mwa kenz jou depi yo te pati kite Lejip. 2Yo tout pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon nan dezè a. 3Yo t'ap di yo: -Poukisa Seyè a pa t' tou touye nou nan peyi Lejip la? Lè sa a, nou te konn chita devan bòl vyann nou, nou te konn manje pen plen vant nou. Men, ou menm ak Arawon, nou mennen nou nan dezè sa a pou fè tout kantite moun sa yo mouri grangou. 4Seyè a di Moyiz konsa: -Mwen pral fè pen tonbe soti nan syèl la pou nou tankou grenn lapli. Pèp la va soti chak jou pou l' ranmase mezi li bezwen pou jounen an. Konsa, m'a gade pou m' wè si wi ou non yo vle mache sou lòd mwen vre. 5Chak sizyèm jou nan senmenn lan, y'a ranmase de fwa lavalè sa yo konn ranmase lòt jou yo, y'a pare mete la. 6Moyiz ak Arawon di tout moun pèp Izrayèl yo: -Aswè a n'a konnen se Seyè a ki te fè nou pati kite peyi Lejip. 7Denmen maten, n'a wè ki kalite pouvwa Seyè a genyen. Li tande jan n'ap bougonnen sou do li. Paske mwen menm ak Arawon, kisa nou ye pou se sou nou n'ap bougonnen konsa? Se sou Bondye n'ap bougonnen. 8Apre sa, Moyiz di yo: -Se Seyè a k'ap ban nou vyann pou nou manje chak swa. Se li k'ap ban nou kantite pen nou bezwen chak maten, paske Seyè a tande tout bougonnen n'ap bougonnen sou li a. Nou menm, kisa nou ye? Se pa sou nou n'ap bougonnen, men se sou Seyè a n'ap bougonnen. 9Lè sa a Moyiz di Arawon: -Men sa pou ou di tout moun pèp Izrayèl yo: Pwoche vin devan Seyè a paske li tande jan n'ap plenyen an. 10Pandan Arawon t'ap pale ak tout moun pèp Izrayèl yo, yo vire tèt yo bò dezè a, yo wè pouvwa Bondye a parèt nan nwaj la. 11Seyè a di Moyiz: 12-Mwen tande jan moun pèp Izrayèl yo ap plenyen. Men sa pou ou di yo: Aswè a, anvan li fin fè nwa, n'a gen vyann pou nou manje. Denmen maten, n'a gen pen kantite nou bezwen. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye nou. 13Nan aswè, zòtolan vini, yo kouvri tout kote yo te moute tant yo a. Nan maten, te gen yon kouch lawouze toutalantou kote pèp la te moute tant yo a. 14Lè lawouze a disparèt, li kite yon kwout tou blan atè nan dezè a. Kwout la te fen, li te plen ti grenn tankou sèl, li te kouvri tout atè a. 15Lè moun pèp Izrayèl yo wè sa, yo pa t' konn sa l' te ye. Yonn t'ap di lòt: -Sa sa ye sa? Moyiz di yo: -Sa a, se pen Seyè a ban nou pou nou manje. 16Men lòd Seyè a ban nou: Se pou chak moun ranmase mezi yo bezwen pou kantite moun ki lakay yo. N'a ranmase twa ti mamit edmi pou chak moun. 17Moun pèp Izrayèl yo fè sa Moyiz te di yo fè a. Gen moun ki te ranmase plis, gen lòt ki te ranmase pi piti. 18Men, lè yo mezire, sa ki te ranmase plis yo pa t' gen twòp, sa ki te ranmase pi piti yo pa t' manke anyen. Konsa, chak moun te ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje. 19Moyiz di yo: -Piga pesonn sere anyen pou denmen. 20Men gen moun ki pa t' koute Moyiz. Yo sere ti gout pou denmen maten. Nan denmen yo jwenn li plen vè, li te gate. Moyiz te fache sou moun sa yo. 21Chak maten yo ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje. Men, kou solèy la konmanse cho, bagay la te fonn. 22Sizyèm jou nan senmenn lan, yo te ranmase de fwa lavalè sa yo te konn ranmase chak jou a. Yo te ranmase sèt ti mamit pou chak moun. Tout chèf fanmi ki te alatèt pèp la vin di Moyiz sa. 23Moyiz reponn yo: -Men lòd Seyè a te bay: Denmen se jou repo, se jou repo ki apa pou Seyè a. Kwit sa nou gen pou nou kwit. Bouyi sa nou gen pou nou bouyi. N'a sere rès la pou denmen. 24Jan Moyiz te ba yo lòd la, yo sere rès la pou denmen. Li pa t' gate, vè pa t' tonbe ladan l'. 25Moyiz di yo: -Nou mèt manje rès la jòdi a, paske jòdi a se jou repo yo mete apa pou Seyè a. Jòdi a nou p'ap jwenn anyen deyò a. 26Pandan sis premye jou senmenn lan n'a jwenn pou n' ranmase. Men setyèm jou a, jou repo a, nou p'ap jwenn anyen pou nou ranmase. 27Setyèm jou a, gen kek moun nan pèp la ki te soti al ranmase manje, men yo pa jwenn anyen. 28Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Kilè n'a sispann dezobeyi lòd ak kòmandman mwen yo? 29Konprann sa byen, se mwen menm, Seyè a, ki te ban nou jou repo sa a. Se poutèt sa, sou sizyèm jou nan senmenn lan, mwen ban nou manje valè pou de jou. Nan setyèm jou senmenn lan, se pou tout moun rete kote yo ye a. Piga pesonn mete tèt deyò. 30Se konsa, lè setyèm jou a rive, pèp la pa fè ankenn travay. 31Pèp Izrayèl la rele manje a laman. Li te gen fòm grenn pitimi. Li te tou blan, li te gen menm gou ak gato ki fèt ak siwo myèl. 32Moyiz di yo: -Men lòd Seyè a ban nou. Se pou nou sere twa ti mamit edmi plen laman pou pitit pitit nou yo. Konsa y'a wè ki kalite manje mwen te konn ban nou nan dezè a, lè mwen te fè nou soti kite peyi Lejip la. 33Apre sa Moyiz di Arawon: -Pran yon ti ja, mete twa ti mamit edmi laman ladan l'. Mete l' devan Seyè a pou l' ka rete pou pitit pitit nou yo. 34Arawon fè sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Li mete ti ja a devan Bwat Kontra a, li sere l' la. 35Moun pèp Izrayèl yo pase karantan ap manje laman, jouk jou yo rive nan yon peyi kote yo jwenn moun rete. Kifè yo manje laman jouk yo rive sou fwontyè peyi Kanaran. 36Twa ti mamit edmi, se valè twaka yon gwo mamit. Trannsenk ti mamit fè yon gwo bidon.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain