Jou 104 sou 365
1 Wa 13–15
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
1 Wa 13
1Lè sa a, Seyè a bay yonn nan pwofèt li yo ki te nan peyi Jida lòd pou li moute lavil Betèl. Lè li rive lavil Betèl, Jewoboram te kanpe bò lotèl la ap boule lansan. 2Dapre lòd Seyè a te ba li a, pwofèt la pale byen fò, li bay mesaj sa a sou lotèl la: -Ou menm lotèl! Wi, ou menm lotèl! Men sa Seyè a di: Nan fanmi David la, gen yon timoun ki pral fèt, y'ap rele l' Jozyas. L'ap vini, l'ap pran tout prèt k'ap sèvi nan kay zidòl yo, prèt k'ap boule lansan sou ou yo, l'ap touye yo sou ou. Lèfini, sou ou ankò y'a boule zosman moun. 3Menm jou sa a pwofèt la bay yon siy, li di konsa: -Lotèl sa a pral fann de bò. Sann dife ki sou li a pral gaye tout atè a. Lè n'a wè sa, n'a konnen se Seyè a menm ki pale nan bouch mwen. 4Lè Jewoboram tande pawòl pwofèt la te di sou lotèl Betèl la, li lonje men l' anwo lotèl la sou pwofèt la, li di: -Pran msye! Men, men li te lonje sou pwofèt la rete tou rèd, li pa t' ka fè yon mouvman avè l' ankò. 5Lamenm, lotèl la rete konsa, li fann de bò, epi sann dife ki te sou li a gaye tout atè a, jan pwofèt la te di sa nan non Seyè a. 6wa Jewoboram pran lapawòl ankò, li di pwofèt Bondye a konsa: -Tanpri, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou mwen. Mande l' pou l' geri men m'. Pwofèt la lapriyè Seyè a vre, epi men wa a geri, li vin jan li te ye anvan an. 7Apre sa, wa a di pwofèt la konsa: -Ann al lakay avè m'. W'a manje. Lèfini, m'a fè ou kado kichòy. 8Pwofèt la reponn: -Ou ta mèt ban mwen mwatye nan tout richès ou yo, mwen p'ap mete pwent pye m' lakay ou. Mwen p'ap manje pen, ni mwen p'ap bwè dlo isit la. 9Paske, Seyè a te ban mwen lòd pou m' pa ni manje ni bwè anyen, lèfini pou m' pa pran menm chemen mwen te vini an pou m' tounen lakay mwen. 10Se konsa li pran yon lòt wout pou l' tounen lakay li, li pa pran menm chemen li te pran lè li t'ap vini lavil Betèl la. 11Nan tan sa a, te gen yon pwofèt ki te rete lavil Betèl. Li te granmoun anpil. Pitit gason l' yo vin rakonte l' tou sa pwofèt Bondye a te fè jou sa a lavil Betèl, ak tou sa li te di wa Jewoboram. 12Pwofèt la mande yo ki wout yo wè l' pran. Pitit gason l' yo moutre l' chemen pwofèt Bondye ki te soti peyi Jida a te pran. 13Li di pitit gason l' yo sele bourik li pou li. Yo sele bourik li a, li moute sou li, 14li pati dèyè pwofèt Bondye a. Li jwenn li chita anba yon pye chenn. Li mande l': -Se ou menm pwofèt Bondye ki soti peyi Jida a? Nonm lan reponn: -Se mwen wi! 15Li di l' konsa: -Ann al lakay avè m'. W'a manje kichòy! 16Men pwofèt peyi Jida a di l': -Non, m' pa ka tounen avè ou, ni m' pa ka al lakay ou. Lèfini, m' p'ap manje, m' p'ap bwè anyen avè ou isit la. 17Paske Seyè a te ban m' lòd pou m' pa t' ni manje ni bwè anyen avè ou isit la, lèfini pou m' pa pran menm chemen mwen te pase pou m' vini an pou m' tounen. 18Lè sa a pwofèt lavil Betèl la di l': -Mwen menm tou, mwen se yon pwofèt tankou ou. Se Seyè a menm ki te voye yonn nan zanj li yo vin di m' pou m' fè ou tounen lakay ansanm avè m', lèfini pou m' ba ou manje, pou m' ba ou bwè! Men se manti pwofèt lavil Betèl la t'ap ba li. 19Se konsa pwofèt peyi Jida a tounen lakay pwofèt Betèl la, li manje, li bwè avè l'. 20Yo te chita bò tab la toujou lè Seyè a pale ak pwofèt Betèl la 21ki pale byen move ak pwofèt peyi Jida a. Li di l' byen fò: -Seyè a di ou ou pa koute lòd li te ba ou, ou pa fè sa li te mande ou fè a. 22Okontrè, ou tounen, ou manje, ou bwè yon kote li te ba ou lòd pa fè sa. Se poutèt sa w'ap mouri, lèfini, ou p'ap antere nan kavo fanmi ou. 23Lè yo fin manje, pwofèt lavil Betèl la sele bourik pwofèt peyi Jida a pou li. 24Pwofèt peyi Jida a pati. Li kontre ak yon lyon sou chemen li, lyon an touye l'. Kadav li te blayi atè a nan mitan chimen an. Bourik la ak lyon an te rete la bò kote l'. 25Moun ki t'ap pase bò la wè kadav la atè nan chimen an ansanm ak lyon an bò kote l'. Yo antre lavil Betèl kote pwofèt granmoun lan te rete a, yo rakonte sa yo wè. 26Lè pwofèt la tande sa, li di: -Se pwofèt ki te dezobeyi lòd Seyè a te ba li a. Konsa, Seyè a voye yon lyon atake l'. Lyon an kraze l', li touye l' jan Seyè a te di l' l'ap fè l' la. 27Li di pitit gason l' yo. -Sele bourik la pou mwen! Yo sele bourik msye. 28Msye pati, li jwenn kadav pwofèt peyi Jida a lonje atè a nan chimen an, bourik la ak lyon an kanpe bò kote l' toujou. Lyon an pa t' manje kadav la, ni li pa t' fè bourik la anyen. 29Pwofèt lavil Betèl l'a ranmase kadav l'a, li mete l' sou bourik la, li pote l' tounen lavil Betèl. Li pran lapenn pou li. Lèfini, li antere l'. 30Li mete kadav la nan kavo pwòp fanmi l'. Li menm ansanm ak pitit gason li yo kriye pou li, yo t'ap di: -Woy, frè mwen! Ou al kite m' vre? 31Apre lantèman an, pwofèt la pale ak pitit gason l' yo. Li di yo: -Lè m'a mouri, n'a antere m' nan kavo sa a, n'a mete kadav mwen kole kole ak kadav pa l' la. 32Pawòl Seyè a te ba li lòd di sou lotèl lavil Betèl la ak sou lòt kote y'ap fè sèvis nan lavil Samari yo gen pou rive vre. 33Apre tout bagay sa yo, Jewoboram, wa peyi Izrayèl la, donnen pi rèd nan vye bagay li t'ap fè yo. Li t'ap chwazi moun nan pèp la toujou pou sèvi prèt nan tanp li te bati pou zidòl yo. Depi yon moun te vle prèt, li te ba l' pouvwa a pou li te sèvi prèt nan tanp zidòl yo. 34Se konsa, tout fanmi Jewoboram lan lage kò yo nan fè sa ki mal. Se poutèt sa, tout fanmi sa a fini, li disparèt nèt sou latè.
1 Wa 14
1Lè sa a, Abija, pitit gason wa Jewoboram lan, tonbe malad. 2Jewoboram di madanm li: -Abiye ou yon jan pou pesonn pa rekonèt se madanm mwen ou ye, pati ale lavil Silo. Se la pwofèt Akija rete; se li ki te di m' mwen tapral gouvènen pèp Izrayèl la. 3W'a pran dis pen, kèk gato ak yon bokal siwo myèl pou fè l' kado, ou v al lakay li. Sèten, l'a fè ou konnen sa ki pou rive pitit gason nou an. 4Se konsa madan Jewoboram ale lakay Akija lavil Silo. Akija te granmoun anpil, li pa t' wè nan je l' ankò. 5Seyè a te fè Akija konnen madan Jewoboram ap vin wè li pou pitit gason l' lan ki malad. Li te di l': -Lè madan Jewoboram vini, l'ap fè tèt li pase pou yon lòt moun. Ou menm, w'a di l' sa m'a mete nan bouch ou pou di l'. Lè madan Jewoboram rive, li fè tèt li pase pou yon lòt moun vre. 6Men, lè Akija tande l' bri pye l' ap vini nan papòt la, li di l': -Antre non, madan Jewoboram. Poukisa w'ap fè tèt ou pase pou lòt moun konsa? Tout jan, mwen gen move nouvèl pou ou. 7Ale di Jewoboram men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la voye di l': Mwen te chwazi ou nan mitan pèp la, mwen mete ou chèf sou pèp mwen an, pèp Izrayèl la. 8Mwen wete baton kòmandman nan men moun fanmi David yo, mwen ba ou li. Men, ou pa t' tankou David. sèvitè m' lan, ki te toujou koute lòd mwen te ba li, ki te mache ak kè kontan nan chemen mwen te ba li, ki te fè sa ki pou fè m' plezi ase. 9Ou fè pi mal pase sa ki te chèf anvan ou yo. Ou sèvi lòt bondye, ou fè estati an kwiv pou yo, ou voye m' jete, ou fè m' fache. 10Se poutèt sa, Jewoboram, mwen pral fè malè tonbe sou fanmi ou. Mwen pral touye dènye gason nan fanmi ou, timoun kou granmoun. M'ap disparèt fanmi ou nèt nan peyi Izrayèl, y'ap bale yo voye jete tankou yo jete poupou. 11Chen pral manje kadav moun nan fanmi ou ki va mouri nan lavil. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò. Se Seyè a menm ki di sa. 12Ou menm pou tèt pa ou, madan Jewoboram, leve non, tounen lakay ou. Rive w'a rive lavil la, pitit la ap mouri. 13Tout moun peyi Izrayèl yo va pran lapenn pou li, y'a antere l'. Nan tout fanmi Jewoboram lan, se li menm ase y'ap antere paske, nan tout fanmi an, se li menm ase ki te yon ti jan bon nan je Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 14Seyè a pral mete yon lòt wa pou gouvènen pèp Izrayèl la. Se li menm ki pral disparèt fanmi Jewoboram lan. Se pou jòdi a wi sa m'ap di la a. Se pou koulye a menm. 15Seyè a pral pini pèp Izrayèl la. Yo pral tranble tankou pye wozo k'ap tranble bò kouran dlo. Li pral dechouke pèp Izrayèl la nan bon peyi li te bay zansèt yo a, li pral gaye yo lòt bò larivyè Lefrat, paske yo fè Seyè a fache lè yo fè estati pou zidòl Astate a. 16Seyè a pral lage pèp Izrayèl la paske Jewoboram te fè anpil peche, lèfini li te pote pèp Izrayèl fè sa ki mal tou. 17Madan Jewoboram pati, li tounen lavil Tisra. Lè li fè sa l'ap antre lakay li, pitit la mouri. 18Moun pèp Izrayèl yo pran lapenn pou pitit la, yo antere l', jan Seyè a te di sa nan bouch pwofèt Akija a. 19Tout lòt bagay wa Jewoboram te fè yo, istwa lagè li te fè ak jan li te gouvènen peyi a, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 20Jewoboram te wa pandan venndezan. Lè li mouri, yo antere l'. Se Nadab, pitit gason l' lan, ki moute sou fotèy la nan plas li. 21Woboram, pitit gason Salomon an, te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disetan lavil Jerizalèm, lavil Seyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl la pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama. 22Moun peyi Jida yo fè sa ki mal nan je Seyè a. Yo fè pi mal pase zansèt yo. Se konsa yo te lakòz kolè Seyè a tonbe sou yo. 23Yo menm tou, yo bati kay pou fè sèvis pou zidòl, yo fè gwo moniman wòch ak estati pou Astate sou tèt mòn anba gwo pyebwa. 24Sa ki pi rèd toujou, te gen fanm ak gason nan tout kote sa yo ap fè jennès nan sèvis pou zidòl. Moun peyi Jida yo te lage kò yo nan fè tout vye malpwòpte pèp Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou pèp Izrayèl la. 25Woboram te gen senkan depi li te wa lè Chichak, wa peyi Lejip la, atake lavil Jerizalèm. 26Li pran tout trezò ki te nan tanp lan ak nan palè wa a, ata gwo plak pwotèj an lò Salomon te fè fè yo. 27Wa Woboram fè fè gwo plak pwotèj an kwiv pou mete nan plas yo. Lèfini, li renmèt yo nan men chèf gad ki t'ap fè pòs nan pòtay kay wa a. 28Chak fwa wa a t'ap antre nan Tanp lan, chèf gad yo pran gwo plak pwotèj yo pote yo vini. Lè l' ale, yo pote yo tounen nan sal gad la. 29Tout lòt bagay wa Woboram te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 30Pandan tout tan sa a se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboran. 31Lè Woboram mouri, yo antere l' nan tonm fanmi an nan lavil David la. Manman l' te rele Nama, se te moun lavil Amon. Se Abijam, pitit gason Woboram lan, ki moute sou fotèy la nan plas papa l'.
1 Wa 15
1Jewoboram te gen dizwitan depi li te wa peyi Izrayèl la, lè Abijam moute wa nan peyi Jida. 2Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twazan. Manman l' te rele Maka, se te pitit fi Absalon. 3Abijam te lage kò l' nan fè menm bagay ak papa l'. Li pa t' sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li jan David, zansèt li a, te fè. 4Men poutèt David, Seyè a, Bondye li a, te bay Abijam yon pitit gason pou te toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm apre li. Konsa lavil Jerizalèm va toujou rete kanpe. 5Seyè a te fè sa paske David te toujou fè sa ki dwat devan Seyè a. Pandan tout lavi li, li pa t' janm dezobeyi ankenn lòd Seyè a, si ou wete zafè Ouri, moun peyi Et la. 6Pandan tout rèy Woboram lan, se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram. 7Toutan te gen lagè tou ant Abijam ak Jewoboram. Tout lòt bagay Abijam te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 8Lè Abijam mouri, yo antere l' nan lavil David la, Se Asa, pitit gason l' lan, ki moute sou fotèy la nan plas li. 9Wa Jewoboram t'ap mache sou ventan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl, lè Asa moute wa nan peyi Jida. 10Li gouvènen pandan karanteyennan lavil Jerizalèm. Maka, pitit fi Absalon an, te grann li. 11Asa te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou David, zansèt li. 12Li netwaye peyi a, li mete tout gason ak tout fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo deyò nan peyi a. Li wete tout vye zidòl chèf ki te la anvan l' yo te fè. 13Li menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon manman larenn yo te ba li nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Astate. Asa kraze estati a, li fè boule l' nan fon Sedwon an. 14Malgre li pa t' rive fè disparèt tout kay zidòl yo, limenm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan tout lavi li. 15Li mete nan Tanp lan tou sa papa l' te bay pou sèvis Bondye ansanm ak tout bagay an lò ak an ajan limenm li te bay pou Bondye. 16Pandan tout tan yo t'ap gouvènen chak moun bò pa yo, se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida, ak Bacha, wa peyi Izrayèl. 17wa Bacha anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l' sòlda pa l' pou anpeche moun pase antre soti nan peyi Jida. 18Lè wa Asa wè sa, li pran tout rès bagay an lò ak bagay an ajan ki te rete nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo nan men kèk moun pa l', li voye yo lavil Damas bò kote Bennadad, wa peyi Siri, pitit gason Tabrimon, pitit pitit Ezyon, ak mesaj sa a: 19-Annou pase kontra yonn ak lòt tankou zansèt nou yo te fè l' la. Men mwen voye bagay an lò ak bagay an ajan sa yo fè ou kado. Koulye a, kase kontra ou pase ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, konsa la blije wete sòlda li yo nan peyi mwen an. 20wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te voye di l' la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Iyon, lavil Dann, lavil Abèl-bèt Maka, tout zòn ki toupre letan Galile a, ak tout pòsyon tè branch fanmi Neftali a. 21Lè Bacha vin konn sa, li wete tout sòlda ki te plen lavil Rama a, l' ale lavil Tizra. 22Lè sa a, wa Asa fè rele dènye moun nan peyi Jida a pou wete wòch ak bwa wa Bacha te fè anpile pou ranfòse miray ranpa lavil Rama. Wa Asa sèvi ak materyo sa yo pou ranfòse miray ranpa lavil Mispa ak lavil Geba nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo. 23Tout lòt istwa sou sa wa Asa te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, sou lavil li te bati yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Men, lè l' konmanse granmoun, yon maladi nan pye rann li enfim. 24Lè Asa mouri, yo antere l' nan tonm fanmi li nan lavil David la. Se Jozafa, pitit li, ki moute sou fotèy la nan plas li. 25Wa Asa te gen dezan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Nadad, pitit gason Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan dezan ase. 26Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Tankou papa l', li pa t' mache dwat devan Bondye, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. 27Bacha, pitit gason Akija, nan branch fanmi Isaka a, moute yon konplo pou touye Nadab. Lè sa a, Nadab ak lame Izrayèl la t'ap sènen lavil Gibetou nan peyi Filisti. Se la Bacha touye Nadab. 28Sa rive nan twazyèm lanne rèy wa Asa nan peyi Jida. Se konsa Bacha moute wa peyi Izrayèl nan plas Nadab. 29Rive li rive wa, li touye dènye moun nan fanmi Jewoboram lan. Konsa, dapre pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Akija, moun lavil Silo, sèvitè Bondye a, li touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan, li pa kite yonn chape. 30Sa te rive konsa paske Jewoboram te fè sa ki mal, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa li te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache sou li. 31Tout lòt bagay Nadab te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 32Se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida a, ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, pandan tout tan yo t'ap gouvènen, chak moun bò pa yo. 33Wa Asa t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Bacha, pitit gason Akija, moute wa nan peyi Izrayèl. 34Li gouvènen pandan vennkatran nan lavil Tiza. Li te fè sa ki mal devan Seyè a. Tankou Jewoboram, li pa t' mache dwat devan Bondye. Li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
