Jou 103 sou 365

1 Wa 10–12

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

1 Wa 10

1Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye ak jan sa te sèvi yon lwanj pou Seyè a. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l' sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil. 2Se konsa, li rive lavil Jerizalèm avèk yon pakèt moun ak anpil chamo chaje fèy santi bon, bèl pyè koute chè ak kantite lò. Lè li rive devan Salomon, li mande l' tout kalite keksyon li te fè lide mande l'. 3Salomon menm reponn tout keksyon l' yo. pa t' gen anyen ki te twò difisil ni pou li reponn ni pou li esplike. 4Larenn peyi Saba a wè jan Salomon te gen anpil bon konprann. Li wè palè li te bati a. 5Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li ak kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l' bweson, ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl tèlman li te sezi. 6Li di wa Salomon konsa: -Sa m' te tande nan peyi m' sou ou ak sou bon konprann ou an, se te vre! 7Men, mwen pa t' vle kwè toutotan mwen pa t' vini wè ak je pa mwen. Men, sa m' te tande a se pa mwatye sa m' wè a. Bon konprann ou ak richès ou pi plis pase sa yo te di m' lan. 8Ala bèl chans madanm ou yo genyen! Ala bèl chans moun k'ap travay avè ou yo genyen! Yo toujou la devan ou ap tande pawòl bon konprann k'ap soti nan bouch ou! 9Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la pou tout tan, li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen san patipri. 10Larenn lan fè wa a kado senk tòn lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Wa a pa janm resevwa nan lavi li kantite fèy santi bon larenn Saba te ba li lè sa a. 11Batiman Iram yo ki te al chache lò nan peyi Ofi, te pote soti nan menm peyi sa a yon gwo kantite bwa koray ak anpil bèl pyè koute chè. 12Salomon sèvi ak bwa koray la pou fè balistrad nan tanp lan ak nan palè a. Li fè gita ak bandjo pou mizisyen yo ak bwa sa a tou. Se te pi bon kalite bwa koray yo te janm fè antre nan peyi Izrayèl. Depi lè sa a yo pa janm wè sa ankò. 13Wa Salomon te bay larenn peyi Saba a tou sa li te mande l', san konte lòt kado li menm, wa Salomon, li te vle ba li. Apre sa, larenn lan tounen nan peyi Saba ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. 14Chak lanne wa Salomon te resevwa vennsenk tòn lò, 15san konte lajan li resevwa nan men moun k'ap fè trafik, nan men moun k'ap fè komès, nan men wa peyi Arabi yo ak nan men gouvènè pèp Izrayèl yo. 16Salomon te fè fè desan (0200) gwo plak pwotèj an fè. Lèfini, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze kenz liv. 17Li fè fè tou twasan ti plak pwotèj an fè, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze kat liv. Li mete tout plak pwotèj sa yo nan Salon Rakbwa peyi Liban an. 18Li fè fè yon gwo fotèy ak kòn elefan. Li fè kouvri l' ak pi bon kalite lò ki genyen. 19Pou rive bò fotèy la, se pou ou te moute sis mach eskalye. Dèyè fotèy la te gen pòtre yon gwo tèt towo. Sou kote manch yo sou chak bò, te gen pòtre yon lyon. 20Te gen douz lyon sou macheskalye yo, de sou chak mach, nan de pwent yo. Pa t' gen ankenn lòt peyi ki te gen fotèy pou w'a parèy ak fotèy sa a. 21Tout gode wa Salomon te sèvi pou l' bwè te fèt an lò. Tout bagay ki te sèvi nan Salon Rakbwa peyi Liban an te fèt ak bon lò. Yo pa t' sèvi ak ajan menm, paske nan tan Salomon ajan pa t' vo anyen. 22Li te gen kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje toupatou sou lanmè ansanm ak batiman Iram yo. Chak twazan, batiman yo tounen, yo pote lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak. 23Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo, li te gen plis bon konprann pase yo tout. 24Tout moun toupatou te vle vin wè l' pou tande pawòl bon konprann Bondye te mete nan bouch li. 25Chak moun ki te vini te pote kado pou li: bagay fèt an ajan ak an lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lanne se te konsa. 26Salomon te sanble mil katsan (01.400) cha lagè ak douzmil (012.000) chwal pou sòlda kavalye yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati tout espre pou yo. Rès yo, li mete yo bò kote l' lavil Jerizalèm. 27Pandan tout rèy wa a, ajan te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa ki nan plenn peyi Jida yo. 28Chwal Salomon yo te soti nan peyi Lejip ak nan peyi Silisi. Wa a te gen moun pa l' ki te konn al achte chwal yo pou li la. 29Chak cha lagè achte nan peyi Lejip te koute sisan (0600) pyès ajan, chak chwal te koute sansenkant (0150) pyès ajan. Se menm moun sa yo ki te konn al achte chwal pou revann wa peyi Et yo ak wa peyi Siri yo.

1 Wa 11

1Salomon te renmen ak anpil fanm ki moun lòt nasyon. San konte pitit fi wa peyi Lejip la, li te gen fanm ki soti nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon, nan peyi Sidon ak nan peyi Et. 2Li te marye ak anpil fanm ki soti nan lòt nasyon, atout Seyè a te bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pa janm marye ak moun sa yo, pou yo pa janm kite yo mele ak yo, paske moun sa yo va pran tèt yo pou fè yo sèvi bondye pa yo. Men, Salomon te sitèlman renmen yo, li marye ak yo. 3Salomon te marye ak sètsan (0700) madanm ki soti nan fanmi gwo chèf, lèfini li te gen twasan (0300) fanm kay. Medam sa yo fè l' vire do bay Bondye. 4Lè Salomon konmanse granmoun, medam yo pran tèt li, yo fè l' al sèvi lòt bondye. Li pa sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li ankò, jan David, papa l', te fè l' la. 5Li pran sèvi Astate, bondye peyi Sidon an, ak Milkòm, vye zidòl degoutan peyi Amon an. 6Salomon tanmen fè sa ki mal devan Seyè a. Li pa sèvi l' ak tout kè li jan David, papa l', te fè a. 7Sou mòn ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, li bati de tanp, yonn kote yo fè sèvis pou Kemòch, vye zidòl degoutan peyi Moab la, ak yonn kote yo fè sèvis pou Molòk, vye zidòl degoutan peyi Amon an. 8Se konsa li bati lòt tanp kote pou medam lòt nasyon li te marye yo al boule lansan ak ofri bèt pou touye pou bondye pa yo. 9Seyè a move sou Salomon paske Salomon te vire do bay Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Atout Seyè a te parèt de fwa devan Salomon, 10atout li te ba li lòd pou li pa sèvi bondye lòt nasyon yo, Salomon pa t' koute Seyè a, li pa swiv lòd li yo. 11Seyè a di Salomon konsa: -Gade sa ou fè! Ou pa respekte kontra mwen te pase avè ou la, ou pa fè sa m' te ba ou lòd fè. M'ap wete baton kòmandman an nan men ou, m'ap mete yonn nan chèf ou yo nan plas ou. 12Men, poutèt David, papa ou, mwen p'ap fè sa nan vivan ou. Se nan men pitit gason ou lan m'ap wete gouvènman an. 13Men, mwen p'ap wete tout peyi a nèt anba lòd li. Poutèt David, sèvitè m' lan, poutèt lavil Jerizalèm mwen chwazi pou rele m' pa m' lan, m'ap kite yon branch fanmi pou li. 14Se konsa, Seyè a fè Adad, yon moun nan fanmi wa Edon an, leve dèyè Salomon. 15Men istwa Adad: Lontan sa, nan tan David t'ap fè lagè ak peyi Edon, Joab, kòmandan lame li a, te moute nan peyi Edon al antere kadav sòlda pèp Izrayèl yo ki te mouri nan lagè a. Lèfini, yo touye dènye gason ki te nan peyi a. 16Joab rete sis mwa nan peyi a ansanm ak tout lame a jouk yo fin touye dènye gason ladan l'. 17Lè sa a, Adad te timoun. Li te rive chape kò l' ansanm ak kèk lòt moun peyi Edon ki t'ap travay kay papa l'. Y' ale nan peyi Lejip. 18Yo kite lavil Madyan, yo pase lavil Paran. Antan yo la, yo pran kèk gason avèk yo, yo desann peyi Lejip bò kote wa peyi a. Farawon an ba li yon kay pou l' rete ak yon pòsyon tè pou l' travay. Lèfini li ba li manje. 19Adad sitèlman vin bon zanmi farawon an, farawon an pran bèlsè li, sè larenn Takpènès, li bay Adad li pou madanm. 20Madan Adad fè yon pitit gason yo te rele Genoubat. Larenn Takpenès fè elve Genoubat nan palè a kote li grandi ansanm ak tout pitit wa yo. 21Lè nouvèl lanmò David ak lanmò Joab rive nan peyi Lejip, tonbe nan zòrèy Adad, Adad di farawon an konsa: -Kite m' tounen nan peyi m'. 22Farawon an mande l': -Poukisa? Eske ou janm manke anyen isit lakay mwen kifè ou vle tounen lakay ou? Adad reponn li: -Mwen gen tou sa m' bezwen. Men se pou ou kite m' ale. Se konsa Adad tounen nan peyi l'. 23Bondye fè yon lòt moun leve dèyè Salomon ankò. Se te Rezon, pitit gason Elyada, ki te kouri kite lakay mèt li, Adadezè, wa peyi Soba a. 24Rezon sanble yon bann gason avè l'. Se konsa li vin chèf yon bann bandi. Lè sa a, David te bat Adadezè, li touye tout moun peyi Siri ki t'ap mache avèk Adadezè. Se konsa Rezon desann lavil Damas. Li vin chèf lavil Damas. 25Pandan tout rèy wa Salomon, Rezon pa t' vle wè pèp Izrayèl la. Mete sou mechanste Adad t'ap fè pèp Izrayèl la, Rezon pa t' vle wè pèp Izrayèl la menm. Rezon te vin wa nan peyi Siri. 26Yon lòt moun ki te bay Salomon do ankò, se te Jewoboram, yonn nan moun ki t'ap sèvi avèk Salomon yo. Jewoboram te pitit Nebat, yon nonm lavil Zereda nan peyi Efrayim. Manman l' te yon vèv yo te rele Sewa. 27Men rezon ki te pote Jewoboram bay Salomon do. Salomon t'ap fè yo ranbleye teras ki bay sou solèy leve lavil Jerizalèm lan. Li t'ap fè repare miray Lavil David, papa l'. 28Jewoboram te yon vanyan gason, lèfini li te konn sa li vle. Lè Salomon wè jan jenn gason an te travay rèd, li mete l' reskonsab travay kòve nan pòsyon tè ki pou fanmi pitit Jozèf yo. 29Yon jou, Jewoboram te fèk kite lavil Jerizalèm, li kontre sou wout li ak Akija, pwofèt lavil Silo a. Akija te gen yon rad tou nèf sou li. De mesye yo te pou kont yo sou wout la nan mitan jaden yo. 30Akija wete rad nèf ki te sou li a, li chire l' fè douz moso. 31Lèfini, li di Jewoboam: -Pran dis moso pou ou, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Mwen pral wete kòmandman peyi a nan men Salomon, m'ap ba ou dis branch fanmi pou ou. 32Salomon pral rete ak yon sèl branch fanmi. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m' lan, poutèt lavil Jerizalèm mwen te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou rele m' pa m' lan. 33Salomon vire do ban mwen, l' al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Moab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l', te fè l' la. 34Men, mwen pa t' wete gouvènman tout peyi a nan men l'. M'ap kite l' gouvènen konsa jouk li mouri. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m' lan, yon nonm mwen te chwazi, yon nonm ki te mache sou lòd ak kòmandman mwen yo. 35Men, m'ap wete gouvènman tout peyi a nan men pitit gason l' lan. M'ap ba ou dis branch fanmi pou gouvènen. 36M'ap kite yon sèl branch fanmi pou pitit li a. Konsa, David, sèvitè m' lan, va toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm, lavil mwen te chwazi pou m' rete a. 37Ou menm, mwen pran ou, m'ap mete ou wa sou tout peyi Izrayèl la. Konsa, w'a chèf sou tout peyi ou vle a. 38Si ou fè tou sa mwen mande ou fè, si ou mache sou lòd mwen, si ou fè sa ki dwat devan je m', si ou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen yo tankou David, sèvitè m' lan, te fè l' la, m'ap toujou kanpe la avè ou. Lèfini, tankou mwen te fè sa pou David, m'ap fè ou toujou gen yon moun nan fanmi ou k'ap wa apre ou. M'ap ba ou peyi Izrayèl la pou ou. 39Se konsa m'ap pini moun fanmi David yo. Men, se p'ap pou tout tan. 40Se poutèt sa Salomon te soti pou l' touye Jewoboam. Men, Jewoboram leve, li kouri ale nan peyi Lejip, bò Chichak, wa peyi a. Li rete la jouk Salomon mouri. 41Se nan liv istwa Salomon an nou jwenn tout lòt bagay Salomon te fè yo ak jan li te gen bon konprann. 42Salomon te wa lavil Jerizalèm, li te gouvènen tout pèp Izrayèl la pandan karantan. 43Lè li mouri, yo antere l' nan lavil David, papa l'. Se Woboram, pitit li, ki moute nan plas li sou fotèy la.

1 Wa 12

1Woboram moute lavil Sichèm kote tout pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa. 2Lè Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te nan peyi Lejip kote li te al kache pou Salomon an, pran nouvèl la, li kite peyi Lejip, li tounen nan peyi l'. 3Moun branch fanmi ki nan nò peyi a voye chache l'. Yo tout ansanm, y' al jwenn Woboram, yo di l' konsa: 4-Salomon, papa ou, te di anpil ak nou, li te peze nou anpil. Koulye a, fè yon leve men pou nou. Kite nou viv yon ti jan pi alèz, n'a sèvi ou nèt ale. 5Woboram di yo: -Tounen nan twa jou. Lè sa a, m'a ban nou repons. Epi pèp la al fè wout li. 6Woboram menm al jwenn chèf fanmi ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l', lè l' t'ap viv, li mande yo: -Kisa pou m' reponn pèp la? Ki konsèy nou ban mwen? 7Yo reponn li: -Si jòdi a ou fè pèp la wè se sèvi ou vle sèvi l', si ou asepte fè sa yo mande ou la, si ou pale byen ak yo, y'ap toujou sèvi ou. 8Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, l' al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l' yo, lèfini ki te toujou la avè l', li mande yo konsèy. 9Li di yo: -Ki konsèy nou ta ban mwen? Kisa pou m' reponn pèp la k'ap mande m' pou m' fè yon leve men pou yo? 10Jenn gason kanmarad li yo reponn li: -Men sa w'a di moun sa yo k'ap plenyen ba ou pou papa ou ki t'ap peze yo, epi k'ap mande ou fè yon leve men pou yo. W'a di yo: Si papa m' te di ak nou, mwen menm m'ap pi di pase l'. 11Wi, w'a di yo: Papa m' t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm m'ap mete sou chay la ankò. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m' bat nou. 12Twa jou apre vre, Jewoboram tounen ansanm ak tout pèp Izrayèl la vin jwenn wa Woboram jan li te di yo a. 13Wa a pa koute konsèy granmoun yo, li pale di ak pèp la. 14Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l' konsèy fè a. Li di yo: -Papa m' t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm m'ap mete sou chay n'ap pote deja a. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m' bat nou. 15Se konsa wa a pa t' asepte fè sa pèp la te mande l' la. Sa se travay Seyè a menm ki te vle pou sa li te voye Akija, pwofèt Silo a, al di Jewoboram, pitit Nebat la, rive vre. 16Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a. Yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a. Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl yo vire do al lakay yo. 17Yo kite Woboram pou li gouvènen sèlman sou moun ki rete nan pòsyon tè branch fanmi Jida a. 18Apre sa, wa Woboram voye Adoram ki te reskonsab travay kòve yo bò kote moun Izrayèl yo. Men moun Izrayèl yo kalonnen li wòch jouk li mouri. Lè sa a, wa Woboram prese moute sou cha li, li kouri ale lavil Jerizalèm. 19Depi lè sa a, moun pèp Izrayèl yo vire do bay moun fanmi David yo jouk jounen jòdi a. 20Lè moun peyi Izrayèl yo vin konnen Jewoboram te tounen soti peyi Lejip, yo voye chache l' pou l' vin nan yon reyinyon. Yo fè msye wa sou tout peyi Izrayèl la. Se moun branch fanmi Jida yo ase ki te kenbe fèm ak fanmi David la. 21Lè Woboram rive lavil Jerizalèm, li sanble sankatrevenmil (0180.000) sòlda nan pi bon sòlda ki te nan branch fanmi Jida ak nan branch fanmi Benjamen pou l' al goumen ak moun peyi Izrayèl yo, pou l' mete yo anba lòd li ankò. 22Men, Bondye pale ak Chemaya, pwofèt li a, li di l' konsa: 23-Pale ak Woboram, pitit Salomon an, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun ki fè pati branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen. Di yo: 24Men mesaj mwen menm Seyè a, mwen voye ba yo: Pa konprann pou n' al atake moun peyi Izrayèl yo. Se fanmi nou yo ye. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen, se mwen ki vle l' konsa. Moun yo koute lòd Seyè a vre, yo tout al lakay yo jan Seyè a te di yo a. 25Jewoboram ranfòse miray ranpa lavil Sichèm nan mòn peyi Efrayim. Se la l' al rete pou yon tan. Apre sa, li kite Sichèm, l' al ranfòse miray ranpa lavil Penwèl. 26Lèfini, Jewoboram di nan kè li: -Jan sa ye koulye a, gouvènman an pral tounen nan men moun fanmi David yo ankò. 27Paske, si pèp la gen pou moute lavil Jerizalèm chak lè pou touye bèt pou Seyè a nan Tanp lan, rive yon lè, y'ap tounen al jwenn Woboram, wa peyi Jida a. Lè sa a, y'a touye m' pou y' al jwenn li ankò. 28Lè li fin fè lide sa a, li fè de estati towo an lò, epi li di pèp la: -Nou moute kont nou koulye a lavil Jerizalèm pou fè sèvis. Nou menm moun pèp Izrayèl, men bondye pa nou, bondye ki te fè nou soti kite peyi Lejip. 29Li mete yonn nan estati towo yo lavil Betèl, li mete lòt la lavil Dann. 30Se konsa pèp la rive fè sa ki mal. Y' al fè sèvis pou zidòl yo lavil Betèl ak lavil Dann. 31Jewoboram al bati lòt kay zidòl sou tèt kèk mòn. Li chwazi kèk gason nan pèp la ki pa t' nan branch fanmi Levi yo pou sèvi prèt. 32Jewoboram chwazi kenzyèm jou nan wityèm mwa a pou yon jou fèt, tankou fèt yo fè nan peyi Jida a. Sou lotèl lavil Betèl la, li touye bèt pou estati towo li te fè fè yo. Lèfini, se la lavil Betèl ankò li mete prèt ki pou sèvi nan lòt kote li te bati pou fè sèvis yo. 33Se konsa, sou kenzyèm jou wityèm mwa a, jou li menm li te chwazi a, li moute lavil Betèl, l' al touye bèt sou lotèl la pou fete fèt li menm li te fè lide fete pou pèp Izrayèl la.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain