Kouplè 1
Lè nou nan dezè a Lè nou gade syèl la N ap sonje gen lòt kay Papa n al prepare; Si nou fè volonte l, L ap ban nou yon kouwòn.
Kè
Satan patisipe prèske nan tout bagay; Si Jezi pa te la, di mwen sa mwen ta fè (bis 2 liy)
Kouplè 2
Mwen santi m vle ale Se pase m ap pase Mwen pa moun isiba Vwayajè wout mwen long; Peyi m se nan syèl la; Si Bondye ede mwen.
Kouplè 3
Kamyon an trè chaje; Gen lè l pra l chavire Bato a pra l koule; Jezi se vòl dirèk Se nan li mwen konfye m Se li menm k ap sove m
Kouplè 4
N ap priye, Satan la; N ap mache Satan la N ap dòmi Satan la N ap jene Satan la Nan misyon Satan la Satan nan tout bagay
Kouplè 5
N ap jwaye, Satan la: N ap preche, satna la, Nan legliz, Satan la; Nou vire, santan la Nou tounen, Satan la. Satan nan tout bagay.
