Kouplè 1
Lè mwen sèl e dekouraje, Lè m pa gen moun pou mwen konfye m Mwen konnen Jezi, li toujou la pou l ede mwen. Lè Jezi la, tout tristès ale Nanm mwen poze Lespri m vin lib, Mwen konnen Jezi Li toujou la pou l ede mwen.
Kè
Se Jezi sèl ki ka konprann mwen Se Jezi sèl ki ka ede m E pwoteje m nan tout traka nan lavi sa a Se Jezi sèl ki kenbe men m Se Jezi sèl ki sekouri m Se Jezi sèl, wi li menm sèl Ki konn bezwen m.
Kouplè 2
Si ou bezwen li Jodi a, Ou mèt pwoche vin bò lakwa Mwen konnen Jezi, Li toujou la pou l ede ou Ou mèt pote pwoblèm ou ba li E li va rezoud tout pou ou Mwen konnen Jezi Li toujou la pou l ede ou.
