Kouplè 1
M ape swiv ou, O bon Sovè mwen, Nenpòt kote ou prale, Tout kote ou vle kondwi mwen Pran devan m ape mache
Kè
Bon Sovè mwen, m ape swiv ou, Ou kite mouri pou mwen Menm si tout lòt moun ta nye ou. Men Senyè konte sou mwen.
Kouplè 2
Chemen an te mèt difisil, San limyè e san tras, Depi ou la, l ap vini fasil, M ap swiv tras ou, e m ap mache.
Kouplè 3
Si mwen fèb, si mwen akable, Si lapenn anvayi kè mwen M ape swiv ou ankò san twouble Wi Senyè konte sou mwen.
Kouplè 4
Si ou Mennen m nan gran jouden an Gwo kouran p ap fè mwen pè, Paske ou traverse l anvan m Bon Jezi, m ap swiv ou an pè.
