Chant 24

Chak Fwa Mwen Fè Yon Bagay

Réveillons-Nous · Créole

Kouplè 1

Chak fwa mwen fè yon bagay, Mwen pa t pou fè, Chak fwa mwen di yon bagay, Mwen pa t pou di, Kite m di ou sa mwen fè, E nanm mwen va beni Mwen kache yon kote pou m priye.

Kè

Men wi mwen kache (2 fwa) Mwen mande sovè mwen Pou li dirije m; Men wi mwen kache, (2 fwa) Mwen kache yon kote Pou m priye.

Kouplè 2

Frè e sè nan Senyè a Mete nou prè, An nou priye pou nou kapab reveye, Jezikri fè nou pwomès Fòk li jwenn nou prepare Apòt la di nou priye toutan.

Kouplè 3

Chak fwa mwen fin lapriyè Mwen vin pi fèm Paske sentespri Bondye Pale nan kè m Nan Galat 5 vèsè 25 Moun k ap viv selon lespri, Se pou yo mache selon lespri.

Kouplè 4

Nan Bib la nou jwenn moun Ki te konn priye Pami yo nou jwenn Moyiz ak Danyèl Nan 1 Tesalonisyen chapit 5 vèsè 17 Apòt Pòl di nou priye toutan.

Retour aux chants