Chant 14

Sòlda Jezikri debou, lè a rive

Réveillons-Nous · Créole

Kouplè 1

Sòlda Jezikri debou, lè a rive Sovè nou prale parèt, an nou leve PItit Bondye ap lite nan tout peyi Pou nou ranvèse wayòm movèzespri.

Kè

N ap reziste (2 fwa) Lannwit, lajounen toutan n ap reziste; N ap reziste (2 fwa) N ap konbat wayòm Satan n ap reziste.

Kouplè 2

Kont tout tantasyon Satan, n ap reziste. Kont tout atirans lajan, n ap reziste Kont lemonn avèk plezi, n ap reziste Kont tout movèzespri, n ap reziste.

Kouplè 3

Kont tout kalite peche, n ap reziste Kont tout move karaktè, n ap reziste Kont lògèy avèk gwo san, n ap reziste Kont tripotaj, medizans, n ap reziste

Kouplè 4

Kont Satan, kont maladi, n ap reziste Malgre tout sa n ap soufri, n ap reziste Nan lavi kòm nan lanmò, n ap reziste Andedan kòm andeyò, n ap reziste.

Kouplè 5

Malgre nou nan tout mizè, n ap reziste Malgre nou soufri grangou, n ap reziste Malgre kò nou touni, n ap reziste Malgre soufrans sou tè sa a, n ap reziste.

Kouplè 6

Zanmi nou mèt kite nou, n ap reziste Menm si fanmi kite nou, n ap reziste Yo te mèt kritike nou, n ap reziste Menm Jezi te konn soufri, n ap reziste.

Retour aux chants