Chant 13

Kretyen, Letènèl konnen Satan genyen pisans

Réveillons-Nous · Créole

Kouplè 1

Kretyen, Letènèl konnen Satan genyen pisans Li fè nou nan prezans li, Lave nou toulejou Priye veye jou e nwi, Satan pa nan dòmi. Jezi la toulejou Si n konfye n nan li sèl.

Kè

Jezi sove nou, li delivre nou, Jezi la, li avèk nou, li pa pi lwen. (2 fwa)

Kouplè 2

Lè m te chita nan Legliz, M te di m ansyen; M te mete baryè Pou levanjil pa preche, Kris konnen moun li chwazi Pou preche levanjil Fòk mwen preche levanjil, Jezi ban mwen pisans.

Kouplè 3

Levanjil ki pou preche Pou kè yo konvèti Fòk se pas an ak lachè Lògèy, filozofi. Obeyisans nan lafwa Ak pisans Sentespri Sentespri la toutan E li va ede nou.

Kouplè 4

Lè m t ap chwazi relijyon M te chaje ak lògèy, Moun pa t pale avèk mwen Pou m pat bay repons, Lè Jezi rantre nan kè mwen. Mwen vin chanje konplètman. Kris fè m konnen l pran chay mwen Se pou m rete kote l.

Retour aux chants