Chant 72

M konfye m nan Bondye tout kote mwen ye

Melodies Joyeuses · Créole

Kouplè 1

M konfye m nan Bondye tout kote mwen ye. Ni sou latè, ni sou lanmè twouble; Nan tout traka, nan lavi sa a Papa m nan syèl la ape veye mwen.

Kè

M konfye m nan li, Mwen konnen L ap pran swen mwen, Nan dezè a, ou nan move chemen, Lanmè pouse m, Bondye kenbe m Papa m nan syèl la ape veye mwen.

Kouplè 2

Li gade flè nan jaden toupatou, Li pran swen zwazo k ap chante pou nou, jiska lafen, L ap sonje mwen, Papa m nan syèl la ape veye mwen.

Kouplè 3

Wout la ka di, nyaj yo kouvri mwen, Bèje a gade mouton l jouk lafen Apre monn sa a, n a wè syèl la, Papa m nan syèl la ape veye mwen. (My father Watches Over Me) (Favorites No.2, No.89) 72 MJC / P 239, 79 HCRLC / P 270, 40 RNC / P 344

Retour aux chants