Chant 71

Mwen konnen yon Non

Melodies Joyeuses · Créole

Kouplè 1

Mwen konnen yon Non, Yon non mèveye, zanj yo te vin pòte ban nou. Syèl la t ap klere lè yo te pale. Non sa a ki si bèl, si dou.

Kè

Non sa a ki si gran, Non mèveye sa a. K delivre nou nan peche. Ala yon bèl non! Ala yon gran non! Se Jezikri sovè nou an.

Kouplè 2

Mwen renmen Non sa a, Non mèveye sa a. Ki pi bèl pase tout lòt non. Depi m te konnen lanmou li pou mwen, Mwen te ba Li tout lavi m. (That Beautiful Name) (Tabernacle Hymns No.3, No.217)

Retour aux chants