Chant 58

Tande Kri mwen yo

L'Ombre du Réveil · Créole

Kouplè 1

Tande Kri mwen yo Senyè tande Lè m kriye Nan doulè mwen ye a M ap rele nan pye ou.

Kè

E lè kè m kase tout bon vre Kondwi m sou wòch la Kote m pa ka rive Ki pi wo pase mwen.

Kouplè 2

Se ou ki pwoteje m Se ou ki defans mwen Kache mwen byen wo Pou ènmi m yo pa wè m

Kouplè 3

Ou se boukliye m Ou se epe Lespri Lè peche kanpe la Ban m fòs pou m reziste.

Retour aux chants