Kouplè 1
Mwen tande bri a kouri Menm senkant fwa deja Jodi a zòrèy mwen tande l Se sa k fè m kwè se vre Golyat kanpe devan m Ala yon gwo gason! Chak mo k soti nan bouch li Te fè cheve m sekwe.
Kè
Wi, Golyat, ou gwo nèg vre Men w ap pèdi batay la Lè piti ki devan ou la Kanpe nan non Bondye Ni pisans, fòs ak ladrès Se Bondye ki bay yo. Jodi a monche Golyat Ti zwazo pral bwè san w.
Kouplè 2
Tout pèp la te reyini Je yo tout te sou mwen Lè Golyat t ape pwoche Li panse l t ap kraze m Je li te fè zeklè Misye fache tout bon Menm lè epe l anlè M konnen m t ap gen viktwa.
Kouplè 3
Wi, mwen kraze Golyat vre Avèk yon ti grenn wòch Pisans Bondye a fè m Disparèt gwo nèg sa a Peche yo se Golyat Lè yo vin sou wout mwen Mwen rele Bondye Wa tout wa a Mwen gen viktwa sou yo.
