Chant 38

Bondye domine sou tout sa ki egziste

Les Cantiques de Beraca · Créole

Kouplè 1

Bondye domine sou tout sa ki egziste Anyen pa ka chape devan li Anpil fwa nou menm Konprann Bondye ap dòmi Epi se lè sa a li pral pale

Kè

Tout wa yo kòmanse tranble Tout chèf yo kouri al kache Lè Bondye di se twòp atò Kilès ki ka di li pa dakò? (2 fwa)

Kouplè 2

Bondye gen tout pouvwa Wi Bondye mèvèye Pou sa li fè tout moun ebranle Men poutan lèzom derefize aksepte Se Bondye sèl pou yo glorifye

Retour aux chants