Kè
Gade yon Bondye n ap sèvi Gade yon Bondye n ap louwe Li se Wa tout wa sou latè Li se Chèf tout chèf sou latè Bondye kontwole tout bagay (2 fwa)
Kouplè 1
Se Bondye k ape gouvène Tout nasyon koube devan li Kilès moun ki ka fè tèt di? Lè se Bondye ki deside
Kouplè 2
Wi Bondye fè tout sa li vle Li Pisan, wi li fò, li gran Pou tout tan ak tout tan gen tan Se Bondye k ape kòmande
