Chant 38

Mwen fè li Senyè konplètman sou lavi m

HC RL · Créole

Kouplè 1

Lè m te vin jwenn Jezi, Malgre tout peche m, La menm li sove mwen, E li padone m; Atò, li vin mèt mwen, Lafwa mwen vin fèm, Kè mwen ranpli ak jwa Lè m fè Li Senyè m.

Kè

Mwen fè li Senyè konplètman sou lavi m; E m a mache avèk Li tout lè. Se yon privilèj, sèvi li jan li vle, Mwen kouwone Li Senyè.

Kouplè 2

Kounye a mwen bay Kris tou sa m posede, Nanpwen sakrifis Jezi pa merite; M ap dispoze tan, fòs ak kapasite Lè mwen ba Li tout, Atò, mwen ka chante.

Kouplè 3

Èske m pa dwe renmen l? Pou mwen Li mouri ! Èske m pa dwe sèvi l? Se mwen l afranchi! Èske m pa dwe obeyi tout sa Li di? Men mwen, Senyè Jezi, Pran mwen nèt, tanpi!

Retour aux chants