Kouplè 1
Lavi sa a gen pou l fini Tankou vye fèy ki fennen; E lanmò gen pou l vini, Pran Bondye Paske tan sa a ap pase Nanm nou bezwen delivre, Justis nou pa janm ase, Pran Bondye.
Kè
Pran Bondye, Pran Bondye, Pandan ou gen souf lavi a, Pran Bondye. Si ou tann twòp ap mize, Bon chans sa a va epuize E ou p ap kapab sove, Pran Bondye.
Kouplè 2
Lè w ap mache sou wout la Ou rive nan dènye bout, Ou sove kout ke kout, Pran Bondye Jezikri se sèl Sovè, Sèl Pitit Bondye nan syèl, Se li ki ofri lapè, Pran Bondye.
Kouplè 3
Vin aksepte Jezikri, Nanpwen lòt Sovè kon li, Li va ba ou le Sentespri, Pran Bondye Nan kè ou l a mete lajwa, Sou peche l a ba ou pouvwa, Nan Kris vin mete lafwa, Pran Bondye.
