Kouplè 1
Lemonn antye pèdi nan tenèb peche Sèl limyè lemonn se Jezi! Kon solèy midi Levanjil la briye; Sèl limyè lemonn se Jezi!
Kè
Vin jwenn Jezi, l a ba ou limyè; Limyè a dous, li bèl se Jezi! Mwen te avèg, kounye a mwen wè. Sèl limyè lemonn se Jezi!
Kouplè 2
Moun ki gen Jezi nan kè yo, gen limyè; Sèl limyè lemonn se Jezi! Si ou swiv Jezi chak jou, w a gen limyè; Sèl limyè lemonn se Jezi!
Kouplè 3
Moun k ape viv nan peche, yo nan tenèb; Sèl limyè lemonn se Jezi! Pa konte sou tradisyon yo, sa twò fèb; Sèl limyè lemonn se Jezi!
Kouplè 4
Sèl limyè ki va nan Syèl la, se Jezi; Sèl limyè lemonn se Jezi! Limyè n a gen nan vil lò a se Jezi; Sèl limyè lemonn se Jezi.
