Chant 77

Gen yon zanmi, yon bon zanmi

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Gen yon zanmi, yon bon zanmi Ki renmen m depi toutan. Li sove nanm mwen ak lanmou, Ak pisans li, li kenbe m. Pèsonn pa ka kase chenn nan. Li kenbe m ak lanmou li Mwen pou li menm, li pou mwen tou, Pou toutan e pou toutan.

Kè

Mwen pou li menm, li pou mwen tou Pou toutan e pou toutan. (2 liy, 2 fwa)

Kouplè 2

Gen yon zanmi, yon bon zanmi. Li te mouri pou sove m ; Li ban mwen, yon kado lavi, Kado sa a, se li menm menm. Tout sa m genyen, youn pa pou mwen, Yo tout se pou Zanmi m nan ; Kè mwen, lavi m, tout se pou li, Tout se pou li pou toutan.

Kouplè 3

Gen yon zanmi, yon bon zanmi, Li gen bon kè, li renmen m. Li se yon gid, yon konseye, Epi li konn defann mwen. Ki moun ki kapab separe m Avèk yon zanmi kon li? Ni nan lanmò ni nan lavi Mwen pou li nèt pou toutan.

Retour aux chants