Sòm 7
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (07:1) Plent David te pote bay Seyè a pou Kouch, moun laras Benjamen. (07:2) Seyè, Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Delivre m'. Pa kite m' tonbe nan men moun k'ap pèsekite m' yo. 2 (07:3) Si se pa sa, tankou lyon yo fè, y'ap pote m' ale, y'ap devore m' san pesonn p'ap ka pote m' sekou. 3 (07:4) Seyè, Bondye mwen, si m' te fè bagay sa yo vre, si m' te fè yon moun mal, 4 (07:5) si m' te aji mal ak moun ki te fè m' byen, si m' te pèsekite lènmi m' san rezon, 5 (07:6) ou mèt kite lènmi pousib mwen jouk li mete men sou mwen. Ou mèt kite l' mache sou mwen, ou mèt kite l' trennen non m' nan labou. 6 (07:7) Seyè, leve non! Mete ou ankòlè! Leve, pran pozisyon kont lènmi m' yo ki fin debòde. Leve non! vin pote m' sekou, paske se jistis ou m'ap chache. 7 (07:8) Sanble tout nasyon yo bò kote ou. Rete nan syèl la, gouvènen yo tout. 8 (07:9) Ou menm Seyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Seyè, fè m' jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan. 9 (07:10) Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo. 10 (07:11) Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat. 11 (07:12) Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo. 12 (07:13) Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l'ap pare banza li pou l' vize li. 13 (07:14) Bondye ap pare zam sa yo pou touye li. L'ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife. 14 (07:15) Gade jan mechan an gen move lide nan kè li! L'ap fè plan pou fè moun mal. L'ap plede bay manti. 15 (07:16) Li fouye yon gwo twou byen fon nan tè a. Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li. 16 (07:17) Se konsa, malè li te pare pou lòt moun, se sou li li tonbe. Se pwòp mechanste l' ki tounen kont li! 17 (07:18) Mwen menm, m'ap di Seyè a mèsi pou jistis li. M'ap fè lwanj Seyè a ki anwo nan syèl la.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 7:1-2
PSALM 7
Psa 7:1-17. Shiggaion--a plaintive song or elegy. Though obscure in details, this title seems to intimate that the occasion of this Psalm was some event in David's persecution by Saul. He prays for relief because he is innocent, and God will be glorified in his vindication. He thus passes to the celebration of God's righteous government, in defending the upright and punishing the wicked, whose malignant devices will result in their own ruin; and, confident of God's aid, he closes with rejoicing.
1-2. Though many enemies set upon him, one is singled out as prominent, and compared to a wild beast tearing his prey to pieces (compare 1Sa 20:1; 23:23; 26:19).
Sòm 7:3
3. if I have done this--that is, the crime charged in the "words of Cush" (compare 1Sa 24:9).
Sòm 7:4
4. If I have injured my friend.
yea, I have delivered, &c.--This makes a good sense, but interrupts the course of thought, and hence it is proposed to render, "if I have spoiled my enemy"--in either case (compare 1Sa 24:4-17; 31:8, 11).
Sòm 7:5
Sòm 7:6
Sòm 7:7
7. compass thee--as those seeking justice.
return thou on high--assume the judgment seat, to be honored as a just Ruler by them.
Sòm 7:8
8. Though not claiming innocence in general, he can confidently do so in this case, and in demanding from the Judge of all the earth a judgment, he virtually asks acquittal.
Sòm 7:9
Sòm 7:10
10. defence--literally, "shield" (Psa 5:12).
Sòm 7:11
11. judgeth--as in Psa 7:8.
the wicked--Though not expressed, they are implied, for they alone are left as objects of anger.
Sòm 7:12-13
12-13. They are here distinctly pointed out, though by changing the person, a very common mode of speech, one is selected as a representative of wicked men generally. The military figures are of obvious meaning.
Sòm 7:14
14. The first clause expresses the general idea that wicked men labor to do evil, the others carry out the figure fully.
Sòm 7:15-16
Sòm 7:17
17. his righteousness--(Psa 5:8). Thus illustrated in the defense of His servant and punishment of the wicked.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
