Sòm 55
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (055:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman mizik akòd pou yo jwe mizik la. Se yon chante David. (055:2) Bondye, panche zòrèy ou bò kote m'! Koute m' non lè m'ap lapriyè! Piga ou vire do ban mwen lè m'ap rele nan pye ou! 2 (055:3) Pran ka mwen, koute m', reponn mwen non! Kè m' sere, m'ap plenn! 3 (055:4) Mwen boulvèse lè m' tande lènmi m' yo ap pale, lè m' tande mechan yo ap pale byen fò. Yo fè malè tonbe sou mwen. Yo move sou mwen, y'ap pèsekite m'. 4 (055:5) Mwen santi kè m' kase. Sezisman pran m' lè m' wè mwen fin mouri. 5 (055:6) Tout kò m' ap tranble tèlman mwen sezi. 6 (055:7) Mwen di konsa: -Pa pito m' te gen zèl tankou yon toutrèl! Mwen ta vole ale. Mwen ta jwenn kote pou m' pran repo. 7 (055:8) Mwen ta kouri pati ale byen lwen. Mwen t'aval rete pou kont mwen nan dezè a. 8 (055:9) Mwen ta prese jwenn yon kote pou m' kache pou gwo van an, pou gwo lapli a pa fè m' anyen. 9 (055:10) Seyè, mele yo. Fè yonn pa konprann sa lòt ap di. Paske, sa m' wè nan lavil la se chen manje chen, yonn ap goumen ak lòt. 10 (055:11) Lajounen kou lannwit se sa ase ou tande nan lavil la. Anndan lavil la menm, se mechanste, se malfezans. 11 (055:12) Kote ou pase se moun k'ap kraze brize. Nan tout lari se fè moun lenjistis, se twonpe moun. 12 (055:13) Si se te yon moun ki rayi m' ki t'ap pale m' mal, mwen ta reziyen m'. Si se te yon moun ki pa vle wè m' ki te leve dèyè mwen, mwen ta kache kò m' pou l' pa jwenn mwen. 13 (055:14) Men, se ou menm, kanmarad mwen, yon bon zanmi m' ki te konn tout ti zafè m'. 14 (055:15) Nou te konn fè ti koze nou ansanm. Nou te konn al lakay Bondye a ansanm ak foul moun yo. 15 (055:16) Se pou yo rete konsa, yo tonbe yo mouri. Se pou yo desann tou vivan kote mò yo ye a, paske mechanste a kaye lakay yo, li nan fon kè yo. 16 (055:17) Men, mwen rele Seyè a, Bondye mwen; l'a delivre mwen. 17 (055:18) Maten, midi, aswè, m'ap plenyen, m'ap plenn. L'a tande vwa mwen. 18 (055:19) L'a fè m' viv ak kè poze, l'a delivre m' nan batay m'ap mennen ak moun ki leve dèyè m' yo. Yo te mèt anpil. 19 (055:20) Bondye k'ap gouvènen depi tout tan an va koute m', l'a kraze lògèy yo. Paske, yo p'ap janm chanje, yo pa gen krentif pou Bondye. 20 (055:21) Moun ki leve men sou zanmi yo se moun ki trèt. 21 (055:22) Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa. 22 (055:23) Renmèt sò ou nan men Seyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe. 23 (055:24) Men ou menm, Bondye, w'ap fè bann ansasen sa yo ak bann vòlè sa yo desann anba tè. Yo p'ap wè mwatye nan lavi yo. Men, mwen menm, se nan ou m'ap mete tout konfyans mwen.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 55:1
PSALM 55
Psa 55:1-23. In great terror on account of enemies, and grieved by the treachery of a friend, the Psalmist offers an earnest prayer for relief. He mingles confident assurances of divine favor to himself with invocations and predictions of God's avenging judgments on the wicked. The tone suits David's experience, both in the times of Saul and Absalom, though perhaps neither was exclusively before his mind.
1. hide not thyself, &c.--(compare Psa 13:1; 27:9), withhold not help.
Sòm 55:2
2. The terms of the last clause express full indulgence of grief.
Sòm 55:3
3. oppression--literally, "persecution."
they ... iniquity--literally, "they make evil doings slide upon me."
Sòm 55:4-5
4-5. express great alarm.
Sòm 55:6
6. be at rest--literally, "dwell," that is, permanently.
Sòm 55:7-8
7-8. Even a wilderness is a safer place than exposure to such evils, terrible as storm and tempest.
Sòm 55:9
Sòm 55:10-11
10-11. which is described in detail (compare Psa 7:14-16).
Sòm 55:12-14
12-14. This description of treachery does not deny, but aggravates, the injury from enemies.
Sòm 55:15
Sòm 55:16-18
16-18. God answers his constant and repeated prayers.
Sòm 55:19
19. God hears the wicked in wrath.
abideth--or, "sitteth."
of old--enthroned as a sovereign.
Because ... no changes--Prosperity hardens them (Psa 73:5).
Sòm 55:20-21
Sòm 55:22
Sòm 55:23
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
