Kòmanse

Lik 20

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Yon jou konsa, Jezi te nan tanp lan; li t'ap moutre pèp la anpil bagay; li t'ap anonse yo bon nouvèl la. Chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo vin rive. 2 Yo di li: Manyè di nou ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Wi, kilès ki ba ou otorite pou fè yo? 3 Jezi reponn yo: Mwen pral poze nou yon keksyon, mwen menm tou. 4 Di mwen kilès ki te voye Jan Batis batize moun: Bondye osinon lèzòm? 5 Men, yonn t'ap di lòt: Si nou reponn se Bondye ki voye l', la mande nou poukisa nou pa t' kwè li. 6 Si nou reponn se lèzòm ki voye l', tout pèp la va touye nou ak kout wòch, paske yo tout te gen konviksyon Jan Batis te yon pwofèt. 7 Lè sa a yo reponn li: Nou pa konn ki moun ki te voye l' batize. 8 Jezi di yo: Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou avèk ki otorite m'ap fè bagay sa yo. 9 Apre sa, Jezi pran rakonte pèp la parabòl sa a: Vwala, se te yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Li antann li avèk kèk moun pou okipe jaden an pou li. Apre sa, li kite peyi a, li al fè lontan deyò. 10 Lè sezon rekòt la rive, li voye yon domestik kote moun ki t'ap pran swen jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l' nan rekòt rezen an nan men yo. Men, kiltivatè yo bat domestik la byen bat, epi yo voye l' tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l' anyen. 11 Mèt jaden an voye yon lòt domestik kote yo ankò. Men, yo bat li byen bat, yo joure l' byen joure, epi yo voye l' tounen san yo pa ba l' anyen. 12 Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik. Fwa sa a, yo blese l', yo mete l' deyò. 13 Lè sa a, mèt jaden an di: Kisa pou m' fè? Bon, mwen pral voye pitit gason mwen renmen anpil la. Omwens y'a gen respè pou li. 14 Men, lè kiltivatè yo wè pitit mèt jaden an, yonn di lòt: Men eritye a! Ann touye l', konsa jaden an va rete pou nou. 15 Yo jete l' deyò jaden an, yo touye li. Atò, kisa mèt jaden an pral fè yo? 16 L'ap vini, l'ap fè touye tout kiltivatè yo, epi l'ap bay lòt moun jaden rezen an. Lè pèp la tande sa, yo di: Mande Bondye padon! 17 Men, Jezi gade yo, li mande yo: Ki sans nou bay pawòl sa ki ekri a: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. 18 Tout moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren yo. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou yon moun, li gen pou l' kraze moun lan an miyèt moso. 19 Menm lè a, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache mete men sou li, paske yo te byen konnen se pou yo Jezi te bay parabòl sa a. Men, yo te pè pèp la. 20 Yo pran veye Jezi. Yo voye espyon dèyè li. Espyon yo pran pòz moun debyen yo, pou wè si yo te ka pran yon pawòl nan bouch li pou akize li. Konsa, yo ta kapab lage l' nan men gouvènè a ki te gen pouvwa ak tout otorite. 21 Espyon yo poze l' keksyon sa a: Mèt, nou konnen ou se moun serye. Tou sa ou di ak tou sa ou moutre nou se verite. Ou pa gade sou figi moun, men ou moutre chemen Bondye a jan li ye a. 22 Manyè di nou: Eske lalwa nou an pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non? 23 Men, Jezi wè se nan pèlen yo te vle pran li. Li di yo: 24 Moutre m' yon pyès lajan. Pòtre ki moun ak non ki moun ki sou pyès lajan an? Yo reponn li: Se pòtre Seza ak non Seza. 25 Lè sa a li di yo: Enben, bay Seza sak pou Seza, bay Bondye sak pou Bondye. 26 Yo pa t' kapab jwenn anyen ki mal nan sa l' t'ap di devan pèp la. Okontrè, pawòl sa a te fè yo pi sezi ankò. Yo fèmen bouch yo san di yon mo. 27 Sadiseyen yo se yon gwoup jwif ki di moun mouri pa leve ankò. Gen kèk ladan yo ki vin bò kot Jezi ak yon keksyon. Yo di l' konsa: 28 Mèt, Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Lè yon nonm marye mouri san kite pitit, si l' gen yon frè, frè a gen pou l' marye avèk madanm defen an pou l' sa fè pitit pou frè l' ki mouri a. 29 Se konsa, te gen sèt frè. Premye a marye, li mouri san l' pa kite pitit. 30 Dezyèm lan marye ak vèv la. Apre sa, twazyèm lan marye avè l' tou. 31 Konsa konsa, sèt frè yo marye ak fanm lan yonn apre lòt, epi yo tout yo mouri san kite pitit. 32 Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri poutèt pa l' tou. 33 Lè mò yo va gen pou yo leve, fanm sa a ki te madanm tout sèt frè yo, madanm kilès nan yo li pral ye la a menm? 34 Jezi reponn yo: Isit sou latè, fanm ak gason nan marye. 35 Men, fanm ak gason ki merite pou yo leve soti vivan nan lanmò pou yo ka patisipe nan lavi k'ap vini an, moun sa yo pa nan marye ankò. 36 Yo pa ka mouri ankò, se tankou zanj Bondye yo ye, yo se pitit Bondye, paske yo leve soti vivan nan lanmò. 37 Wi, moun mouri gen pou yo leve. Se Moyiz menm ki moutre nou sa, lè bò ti touf bwa a, li te rele Bondye: Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb. 38 Bondye se Bondye moun vivan li ye, li pa Bondye moun mouri, paske pou li tout moun vivan. 39 Lè sa a, kèk dirèktè lalwa pran lapawòl, yo di: Mèt, ou byen pale. 40 Apre sa, yo pa t' gen odas poze l' ankenn lòt keksyon. 41 Jezi di yo: Ki jan yo fè di Kris la se pitit pitit David li ye? 42 Men, sa David menm te di nan liv Sòm yo: Bondye Mèt la te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, 43 jouk tan mwen fè lènmi yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou. 44 Si David rele Kris la Seyè, ki jan pou Kris la ta ka pitit pitit li? 45 Lè sa a, tout pèp la t'ap koute Jezi. Li di disip li yo: 46 Pran prekosyon nou avèk dirèktè lalwa yo. Yo renmen pwonmennen avèk rad long yo; yo renmen moun bese tèt yo jouk atè pou di yo bonjou sou plas piblik; lè y' al nan sinagòg, yo toujou ap chache pou yo chita kote pou tout moun ka wè yo; nan resepsyon yo chache pi bon plas la. 47 Se piye y'ap piye pòv vèv yo, anmenmtan y'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Chatiman moun sa yo pral pi rèd.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Lik 20:1

Introduction

The question concerning the authority of Christ, and the baptism of John, Luk 20:1-8. The parable of the vine-yard let out to wicked husbandmen, Luk 20:9-18. The chief priests and scribes are offended, and lay snares for him, Luk 20:19, Luk 20:20. The question about tribute, Luk 20:21-26. The question about the resurrection of the dead, and our Lord's answer, Luk 20:27-40. How Christ is the son of David, Luk 20:41-44. He warns his disciples against the hypocrisy of the scribes, whose condemnation he points out, Luk 20:45-47.

Verse 1

One of those days - Supposed to have been one of the four last days of his life, mentioned Luk 19:47, probably Tuesday before the passover.

Lik 20:2-8

Verse 2

By what authority, etc. - See the note on Mat 21:23-27 (note).

Lik 20:9

Verse 9

A certain man planted a vineyard, etc. - See this parable largely explained, Mat 21:33-46 (note). See also on Mar 12:4-9 (note).

Lik 20:10-15

Verse 10

That they should give him of the fruit - The Hindoo corn-merchants, that have lent money to husbandmen, send persons in harvest-time to collect their share of the produce of the ground.

Lik 20:16-17

Verse 16

God forbid - Or, Let it not be, μη γενοιτο. Our phrase, God forbid, answers pretty well to the meaning of the Greek, but it is no translation.

Lik 20:18-19

Verse 18

Grind him to powder - See on Mat 21:44 (note).

Lik 20:20-21

Verse 20

They watched him - Παρατηρησαντες, Insidiously watching. See on Luk 14:1 (note).

Spies - Εγκαθετους, from εν, in, and καθιημι, I let down, to set in ambush. One who crouches in some secret place to spy, listen, catch, or hurt. Hesychius explains the word by ενεδρευοντες, those who lie in wait, or in ambush, to surprise and slay. Josephus uses the word to signify a person bribed for a particular purpose. See War, b. ii. c. ii. s. 5, and b. vi. c. v. s. 2. No doubt the persons mentioned in the text were men of the basest principles, and were hired by the malicious Pharisees to do what they attempted in vain to perform.

Lik 20:22-28

Verse 22

Is it lawful for us to give tribute unto Caesar - See this insidious but important question considered at large on Mat 22:16-22 (note).

Lik 20:29-33

Verse 29

There were therefore seven brethren - See on Mat 22:23-33 (note).

Lik 20:34-35

Verse 34

The children of this world - Men and women in their present state of mortality and probation; procreation being necessary to restore the waste made by death, and to keep up the population of the earth.

Lik 20:36-37

Verse 36

Equal unto the angels - Who neither marry nor die. See the Jewish testimonies to the resurrection of the human body quoted at length on 1Cor 15:42 (note).

Lik 20:38-39

Verse 38

All live unto him - There is a remarkable passage in Josephus's account of the Maccabees, chap. xvi., which proves that the best informed Jews believed that the souls of righteous men were in the presence of God in a state of happiness. "They who lose their lives for the sake of God, Live unto God, as do Abraham, Isaac, and Jacob, and the rest of the patriarchs." And one not less remarkable in Shemoth Rabba, fol. 159. "Rabbi Abbin saith, The Lord said unto Moses, Find me out ten righteous persons among the people, and I will not destroy thy people. Then said Moses, Behold, here am I, Aaron, Eleazar, Ithamar, Phineas, Caleb, and Joshua; but God said, Here are but seven, where are the other three? When Moses knew not what to do, he said, O Eternal God, do those live that are dead! Yes, saith God. Then said Moses, If those that are dead do live, remember Abraham, Isaac, and Jacob." So the resurrection of the dead, and the immortality and immateriality of the soul, were not strange or unknown doctrines among the Jews.

Lik 20:40

Verse 40

They durst not ask - Or, did not venture to ask any other question, for fear of being again confounded, as they had already been.

Lik 20:41-42

Verse 41

How say they - See the note on Mat 22:42-46 (note).

Lik 20:43-45

Verse 43

Thy footstool - Literally, the footstool of thy feet. They shall not only be so far humbled that the feet may be set on them; but they shall be actually subjected, and put completely under that Christ whom they now despise, and are about to crucify.

Lik 20:46-47

Verse 46

Beware of the scribes - Take heed that ye be not seduced by those who should show you the way of salvation. See on Mat 23:4-14 (note).

1. How it can be supposed that the ancient Jewish Church had no distinct notion of the resurrection of the dead is to me truly surprising. The justice of God, so peculiarly conspicuous under the old covenant, might have led the people to infer that there must be a resurrection of the dead, if even the passage to which our Lord refers had not made a part of their law. As the body makes a part of the man, justice requires that not only they who are martyrs for the testimony of God, but also all those who have devoted their lives to his service, and died in his yoke, should have their bodies raised again. The justice of God is as much concerned in the resurrection of the dead, as either his power or mercy. To be freed from earthly incumbrances, earthly passions, bodily infirmities, sickness; and death, to be brought into a state of conscious existence, with a refined body and a sublime soul, both immortal, and both ineffably happy - how glorious the privilege! But of this, who shall be counted worthy in that day? Only those who have washed their robes, and made them white in the blood of the Lamb, and who, by patient continuing in well doing, have sought for glory and honor and immortality.

2. A bad example, supported by the authority, reputation, and majesty of religion, is a very subtle poison, from which it is very difficult for men to preserve themselves. It is a great misfortune for any people to be obliged to beware of those very persons who ought to be their rule and pattern. This is a reflection of pious Father Quesnel; and, while we admire its depth, we may justly lament that the evil he refers to should be so prevalent as to render the observation, and the caution on which it is founded, so necessary. But let no man imagine that bad and immoral ministers are to be found among one class of persons only. They are to be found in the branches as well as in the root: in the different sects and parties as well as in the mother or national Churches, from which the others have separated. On either hand there is little room for glorying. - Professors and ministers may change, but the truth of the Lord abideth for ever!

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.