Lik 19
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Jezi antre Jeriko, li t'ap travèse lavil la. 2 Te gen yon nonm nan lavil la yo rele Zache. Li te chèf pèseptè kontribisyon yo, se te yon nonm rich. 3 Li t'ap chache wè ki moun Jezi ye. Men, li te yon nonm ti tay. Akòz foul moun yo, li pa t' kapab rive wè li. 4 Li pran kouri devan; li moute sou yon pye sikomò pou l' wè Jezi ki te gen pou l' te pase bò la. 5 Lè Jezi rive la, li leve je l' anlè, li di l': Zache, fè vit desann. Fòk mwen fè ladesant lakay ou jòdi a. 6 Zache prese desann, li resevwa Jezi ak kè kontan. 7 Lè yo wè sa, tout moun pran babye, yo t'ap di: Men nonm lan fè ladesant kay yon nonm ki plen peche. 8 Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: Koute, Mèt. Mwen pral bay pòv mwatye tout byen mwen genyen. Si mwen te twonpe yon moun pou m' pran lajan l', mwen pral rann li kat fwa lavalè. 9 Jezi di li: Jòdi a, kay sa a delivre paske nonm sa a se yon pitit Abraram li ye tou. 10 Moun Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l' delivre yo. 11 Apre sa, Jezi rakonte yon parabòl pou moun ki te fèk tande pawòl sa yo. Paske li te toupre lavil Jerizalèm lan, yo te kwè gouvènman Bondye ki Wa a tapral parèt touswit. 12 Men sa l' di yo: Vwala, se te yon nonm gran fanmi ki te al nan yon peyi byen lwen. Li te al fè yo ba l' otorite pou l' wa, apre sa pou l' te tounen lakay li ankò. 13 Anvan li ale, li rele dis nan domestik li yo, li ba yo chak yon pyès lò, li di yo: Fè lajan an travay jouk mwen tounen. 14 Men, pwòp moun peyi l' yo te rayi li. Yo voye kèk mesaje dèyè l' pou di: Nou pa vle nonm sa a pou wa nou. 15 Malgre sa, yo bay nonm lan otorite pou l' wa, epi l' tounen nan peyi li. Lè sa a, li fè rele domestik li te bay lajan yo pou yo vin kote l': li te bezwen konnen ki benefis yo chak te fè. 16 Premye a vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte dis pyès ankò. 17 Wa a di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik. M'ap mete ou gouvènen dis vil, paske ou te fè ti travay sa a byen. 18 Dezyèm lan vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte senk lòt pyès. 19 Wa a di l': Ou menm, m'ap mete ou gouvènen senk vil. 20 Yon lòt vini, li di: Monwa, men pyès lò ou la. Mwen te sere l' nan yon mouchwa. 21 Mwen te pè ou, paske ou se yon nonm ki di: ou pran sa ki pa pou ou, ou rekòlte sa ou pa simen. 22 Wa a reponn: Gade jan ou se yon move domestik! M'ap jije ou ak pawòl ki sot nan bouch ou. Ou te konnen m' se yon nonm ki di, mwen pran sa ki pa pou mwen, mwen rekòlte sa m' pa simen, 23 poukisa ou pa t' mete lajan m' labank; lè m' ta tounen, mwen ta wete l' ak yon enterè. 24 Li di moun ki te la yo: Wete lajan an nan men li. Bay nonm ki gen dis pyès yo li. 25 Yo di l': Men, monwa, li gen dis pyès deja. 26 Mwen di nou: Moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò; men moun ki pa gen anyen menm lan, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te genyen an. 27 Kanta lènmi m' yo ki pa t' vle mwen pou wa yo, mennen yo isit, touye yo la devan je mwen. 28 Apre Jezi fin pale konsa, li pran mache devan yo pou li al Jerizalèm. 29 Lè Jezi rive toupre Betfaje ak Betani, bò ti mòn Oliv la, li pran de nan disip li yo, li voye yo devan, 30 li di yo konsa: Ale nan bouk ki devan nou an. Lè n'a rive, n'a jwenn yon jenn ti bourik mare; pesonn pa kò janm moute sou li. Lage l', mennen l' ban mwen. 31 Nenpòt moun ki mande nou: Poukisa n'ap lage l'? N'a reponn: Se Mèt la ki bezwen li. 32 De disip yo ale; yo jwenn tout bagay jan Jezi te di yo a. 33 Pandan y'ap lage ti bourik la, mèt li di yo: Poukisa n'ap lage ti bourik la? 34 Yo reponn: Se Mèt la ki bezwen li. 35 Apre sa, yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo mete rad yo sou do ti bourik la, yo fè Jezi moute sou li. 36 Pandan Jezi t'ap vanse sou bourik la, moun yo tann rad yo atè sou tout chemen an. 37 Lè l' rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Oliv la, yon sèl kontantman pran tout foul moun ki t'ap swiv li yo; yo pran fè lwanj Bondye byen fò pou tout mirak yo te wè. 38 Yo t'ap di: benediksyon pou Wa ki vini nan non Mèt la! Kè poze pou tout moun nan syèl la! Lwanj pou Bondye! 39 Te gen kèk farizyen nan mitan foul la. Yo di Jezi konsa: Mèt, manyè fè disip ou yo pe bouch yo non. 40 Jezi reponn: M'ap di nou sa: si yo pe bouch yo, wòch yo va pran rele. 41 Lè Jezi rive toupre lavil la, li wè l', li pran kriye sou li, 42 li di: Si sèlman, jòdi a ou te kapab konprann, ou menm tou, bagay ki pou fè kè ou poze? Men, koulye a, yo kache; ou pa kapab wè yo! 43 Gen yon tan k'ap vin sou ou: lè sa a, lènmi ou yo va sènen ou toupatou, y'a fèmen ou nèt, y'a kwense ou sou tout bò. 44 Y'a detwi ou nèt ansanm ak tout moun ki nan mitan ou yo. Yo p'ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pa t' rekonèt jou Bondye te vin pote ou sekou a. 45 Jezi antre nan tanp lan, li pran chase tout moun ki t'ap vann yo. 46 Li di yo: Men sa ki ekri: Se pou kay mwen an yon kay kote moun vin lapriyè nan pye m'; men, nou menm, nou fè l' tounen kachèt vòlè. 47 Chak jou, Jezi te nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf pèp la t'ap chache ki jan pou yo touye li. 48 Men, yo pa t' kapab jwenn yon jan pou yo te fè sa, paske tout pèp la t'ap koute sa l' t'ap di san yo pa pèdi yon mo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Lik 19:2-4
Lu 19:1-10. Zaccheus the Publican.
The name is Jewish.
2-4. chief among the publicans--farming a considerable district, with others under him.
rich--Ill-gotten riches some of it certainly was. (See on Lu 19:8.)
Lik 19:5-6
5-6. looked up,--in the full knowledge of who was in the tree, and preparatory to addressing him.
Zaccheus--whom he had never seen in the flesh, nor probably heard of. "He calleth His own sheep by name and leadeth them out" (Joh 10:3).
make haste, and come down--to which he literally responded--"he made haste and came down."
for to-day, &c.--Our Lord invites Himself, and in "royal" style, which waits not for invitations, but as the honor is done to the subject, not the sovereign, announces the purpose of royalty to partake of the subject's hospitalities. Manifestly our Lord speaks as knowing how the privilege would be appreciated.
to-day ... abide--(Compare Joh 1:39), probably over night.
Lik 19:7
7. to be guest--or lodge: something more than "eating with" such (Lu 15:2).
a sinner--that was one but a minute ago, but now is not. This mighty change, however, was all unknown to them. But they shall know it presently. "Sinner" would refer both to his office, vile in the eyes of a Jew, and to his character, which it is evident was not good.
Lik 19:8-10
8-10. stood--before all.
said unto the Lord, Behold, Lord--Mark how frequently Luke uses this title, and always where lordly authority, dignity, or power is intended.
if I have--that is, "so far as I have," for evidently the "if" is so used (as in Php 4:8).
taken by false accusation--defrauded, overcharged (Lu 3:12, 13).
fourfold--The Roman law required this; the Jewish law, but the principal and a fifth more (Nu 5:7). There was no demand made for either; but, as if to revenge himself on his hitherto reigning sin (see on Joh 20:28), and to testify the change he had experienced, besides surrendering the half of his fair gains to the poor, he voluntarily determines to give up all that was ill-gotten, quadrupled. He gratefully addressed this to the "Lord," to whom he owed the wonderful change.
Lik 19:12
12. a far country--said to put down the notion that He was just on His way to set up His kingdom, and to inaugurate it by His personal presence.
to receive ... a kingdom--be invested with royalty; as when Herod went to Rome and was there made king; a striking expression of what our Lord went away for and received, "sitting down at the right hand of the Majesty on high."
to return--at His second coming.
Lik 19:13
13. Occupy--"negotiate," "do business," with the resources entrusted.
Lik 19:14
14. his citizens--His proper subjects; meaning the Jews, who expressly repudiating our Lord's claims said, "We have no king but Cæsar" (Joh 19:15). In Christendom, these correspond to infidel rejecters of Christianity, as distinguished from professed Christians.
Lik 19:15-26
15-26. (See on Mt 25:19-29.)
ten ... five cities--different degrees of future gracious reward, proportioned to the measure of present fidelity.
Lik 19:27
27. bring hither, &c.--(Compare 1Sa 15:32, 33). Referring to the awful destruction of Jerusalem, but pointing to the final destruction of all that are found in open rebellion against Christ.
Lu 19:28-44. Christ's Triumphant Entry into Jerusalem and Tears over It.
(See on Mt 21:1-11.)
Lik 19:29-38
29-38. Bethphage--"house of figs," a village which with Bethany lay along the further side of Mount Olivet, east of Jerusalem.
Lik 19:40
40. the stones, &c.--Hitherto the Lord had discouraged all demonstrations in His favor; latterly He had begun an opposite course; on this one occasion He seems to yield His whole soul to the wide and deep acclaim with a mysterious satisfaction, regarding it as so necessary a part of the regal dignity in which as Messiah He for this last time entered the city, that if not offered by the vast multitude, it would have been wrung out of the stones rather than be withheld (Ha 2:11).
Lik 19:41-44
41-44. when beheld ... wept--Compare La 3:51, "Mine eye affecteth mine heart"; the heart again affecting the eye. Under this sympathetic law of the relation of mind and body, Jesus, in His beautiful, tender humanity, was constituted even as we. What a contrast to the immediately preceding profound joy! He yielded Himself alike freely to both. (See on Mt 23:37.)
Lik 19:45-46
Lu 19:45-48. Second Cleansing of the Temple and Subsequent Teaching.
45-46. As the first cleansing was on His first visit to Jerusalem (Joh 2:13-22), so this second cleansing was on His last.
den of thieves--banded together for plunder, reckless of principle. The mild term "house of merchandise," used on the former occasion, was now unsuitable.
Lik 19:47
47. sought--continued seeking, that is, daily, as He taught.
Lik 19:48
48. were very attentive to hear him--hung upon His words.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
