Levitik 24
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2 -Bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo fè ou jwenn bon lwil fèt ak grenn oliv kraze pou gwo lanp sèt branch ki nan Tant Randevou a, pou lanp yo toujou ka rete limen. 3 Chak aswè, Arawon va limen yo, l'a veye pou yo toujou rete limen jouk denmen maten devan Seyè a, sou deyò rido ki devan Bwat Kontra a nan Tant Randevou a. Sa se yon regleman pou yo kenbe pou tout tan, de pitit an pitit. 4 Arawon va pran swen tout ti lanp ki sou gwo lanp sèt branch an lò a. L'a veye pou yo toujou rete limen devan Seyè a. 5 W'a pran vennkat liv farin frans, w'a fè douz pen. Chak pen va fèt ak de liv farin. 6 W'a mete pen yo sou de ran sou tab lò ki devan Seyè a, sis pen nan chak ran. 7 Apre sa, w'a pran lansan bon kalite, w'a mete sou chak ran pen yo. Se lansan sa a w'a ofri nan dife bay Seyè a tankou si se te pen yo menm ou te ofri. 8 Se pou moun pèp Izrayèl yo pote pen chak jou repo, pou yo ofri bay Seyè a. Se bagay pou yo toujou fè dapre kontra Bondye a ki p'ap janm kase. 9 Se pou Arawon ak pitit gason l' yo pen yo va ye. Y'a manje yo yon kote ki apa pou Seyè a, paske se yon pòsyon ki apa nèt pou Bondye nan manje yo ofri pou boule nan dife pou Seyè a. Se yon regleman ki la pou tout tan tout tan. 10 Vwala te gen yon nonm, manman l' te moun pèp Izrayèl, men papa l' te moun peyi Lejip. Msye vin rive nan mitan pèp la, epi li pete yon kont nan kan an avèk yon moun pèp Izrayèl la. 11 Manman nonm lan te rele Chelomit. Se te pitit fi Dibri, yon moun nan branch fanmi Dann lan. Pandan yo t'ap joure a, nonm lan nonmen non Bondye mal. Nan koze a, li derespekte Bondye. Se konsa yo pran l' mennen bay Moyiz. 12 Yo mete msye yon kote ak moun pou veye l', pandan Moyiz menm t'ap tann Seyè a vin di l' sa pou l' fè. 13 Seyè a di Moyiz konsa: 14 -Mennen nonm lan lòt bò limit kan an. Fè tout moun ki te tande l' lè li t'ap derespekte Bondye a mete men yo sou tèt li. Konsa, y'a ba l' pote reskonsablite sa l' fè a, epi tout pèp la va kalonnen msye wòch jouk li mouri. 15 Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon moun derespekte Bondye, se pou l' peye pou sa l' fè a. 16 Se pou yo touye l'. Wi, si yon moun peyi a osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou derespekte Bondye, se pou yo touye l'. Tout moun nan peyi a va kalonnen l' wòch jouk li mouri. 17 Depi yon moun touye yon lòt, se pou yo touye l' tou. 18 Si yon moun touye yon bèt ki pa pou li, se pou l' renmèt li. Prensip la vle kou pou kou, lavi pou lavi. 19 Si ou fè yon moun menm peyi avè ou mal, se pou yo fè ou menm bagay la tou. 20 Si ou kase yon zo nan kò l', y'a kase yon zo nan kò pa ou tou. Si ou pete yon grenn je l', y'a pete yon grenn je pa ou tou. Si ou kase yon dan nan bouch li, y'a kase yon dan nan bouch pa ou tou. Sa ou fè lòt la, se sa y'a fè ou tou. 21 Si ou touye yon bèt ki pa pou ou, se pou ou renmèt li. Men, si se yon moun ou touye, y'ap touye ou tou. 22 Menm jijman sa a va pou tout moun k'ap viv nan peyi a, kit se yon moun peyi a ki menm ras avè ou, kit se yon moun lòt nasyon, paske se mwen menm Seyè a ki Bondye nou an. 23 Moyiz pale ak moun pèp Izrayèl yo, epi yo pran nonm ki te nonmen non Bondye a mal la, yo mennen l' andeyò lòt bò limit kote tout moun rete a, epi yo kalonnen l' wòch jouk yo touye l'. Se konsa moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Levitik 24:2
Le 24:1-23. Oil for the Lamps.
2. Command the children of Israel--This is the repetition of a law previously given (Ex 27:20, 21).
pure oil olive beaten--or cold-drawn, which is always of great purity.
Levitik 24:3-4
3-4. Aaron shall order it from the evening unto the morning--The daily presence of the priests was necessary to superintend the cleaning and trimming.
Levitik 24:5-9
5-9. take fine flour, and bake twelve cakes--for the showbread, as previously appointed (Ex 25:30). Those cakes were baked by the Levites, the flour being furnished by the people (1Ch 9:32; 23:29), oil, wine, and salt being the other ingredients (Le 2:13).
two tenth deals--that is, of an ephah--thirteen and a half pounds weight each; and on each row or pile of cakes some frankincense was strewed, which, being burnt, led to the showbread being called "an offering made by fire." Every Sabbath a fresh supply was furnished; hot loaves were placed on the altar instead of the stale ones, which, having lain a week, were removed, and eaten only by the priests, except in cases of necessity (1Sa 21:3-6; also Lu 6:3, 4).
Levitik 24:10
10. the son of an Israelitish woman, &c.--This passage narrates the enactment of a new law, with a detail of the circumstances which gave rise to it. The "mixed multitude" [Ex 12:38] that accompanied the Israelites in their exodus from Egypt creates a presumption that marriage connections of the kind described were not infrequent. And it was most natural, in the relative circumstances of the two people, that the father should be an Egyptian and the mother an Israelite.
Levitik 24:11
11. And the Israelitish woman's son blasphemed the name of the Lord--A youth of this half-blood, having quarrelled with an Israelite [Le 24:10], vented his rage in some horrid form of impiety. It was a common practice among the Egyptians to curse their idols when disappointed in obtaining the object of their petitions. The Egyptian mind of this youth thought the greatest insult to his opponent was to blaspheme the object of his religious reverence. He spoke disrespectfully of One who sustained the double character of the King as well as the God of the Hebrew people; as the offense was a new one, he was put in ward till the mind of the Lord was ascertained as to his disposal.
Levitik 24:14
14. Bring forth him that hath cursed without the camp--All executions took place without the camp; and this arrangement probably originated in the idea that, as the Israelites were to be "a holy people" [De 7:6; 14:2, 21; 26:19; 28:9], all flagrant offenders should be thrust out of their society.
let all that heard him lay their hands upon his head, &c.--The imposition of hands formed a public and solemn testimony against the crime, and at the same time made the punishment legal.
Levitik 24:16
16. as well the stranger, as he that is born in the land, when he blasphemeth the name of the Lord, shall be put to death--Although strangers were not obliged to be circumcised, yet by joining the Israelitish camp, they became amenable to the law, especially that which related to blasphemy.
Levitik 24:17-22
17-22. he that killeth any man shall surely be put to death--These verses contain a repetition of some other laws, relating to offenses of a social nature, the penalties for which were to be inflicted, not by the hand of private parties, but through the medium of the judges before whom the cause was brought.
Levitik 24:23
23. the children of Israel did as the Lord's commanded--The chapter closes with the execution of Shelomith's son [Le 24:14]--and stoning having afterwards become the established punishment in all cases of blasphemy, it illustrates the fate of Stephen, who suffered under a false imputation of that crime [Ac 7:58, 59].
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
