Kòmanse

Levitik 23

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Men jou pou nou mande pèp la pou li reyini pou fè fèt pou Seyè a. Men lè pou nou fè fèt pou mwen. 3 Chak senmenn nou gen sis jou pou n' fè travay nou. Men, setyèm jou a se jou repo. Jou sa a, piga nou fè ankenn travay. Se jou n'a reyini pou n' fè sèvis pou Bondye. Jou repo a se pou Seyè a li ye. Nenpòt kote nou rete jou sa a, piga nou fè ankenn travay lakay nou. 4 Men jou pou nou fè fèt pou Seyè a, jou pou nou mande pèp la pou li reyini pou fè fèt pou Seyè a. Men dat pou nou reyini pèp la pou fèt yo: 5 N'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a chak lanne, nan katòzyèm jou premye mwa a. N'a konmanse fèt la lè solèy fin kouche. 6 Sou kenzyèm jou premye mwa a, n'a konmanse fèt pen san ledven yo. Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. 7 Premye jou a, n'a reyini tout pèp la pou n' fè sèvis pou Bondye. Nou p'ap fè ankenn gwo travay jou sa a. 8 Pandan sèt jou n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Sou setyèm jou a, n'a reyini tout pèp la ankò pou n' adore Seyè a. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn gwo travay non plis. 9 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 10 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo. Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an, lè n'a fin ranmase premye rekòt grenn nan jaden nou, n'a pran premye makout la, n'a pote l' bay prèt la. 11 Prèt la va balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann espesyal, pou Seyè a ka asepte resevwa nou. Prèt la va fè ofrann lan jou ki vini apre jou repo a. 12 Jou n'ap fè ofrann premye makout rekòt la, n'a pran yon ti belye ki pa gen ankenn enfimite epi ki poko gen ennan, n'a boule l' nèt pou Seyè a. 13 N'a ofri ansanm avè l' tou katòz ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv pou nou boule nan dife pou Seyè a. Bon sant ofrann lan va fè Seyè a plezi. N'a ofri tou yon boutèy ka diven pou yo vide pou Seyè a. 14 Piga nou pran nan grenn nou fèk rekòlte yo ni pou nou manje kri, ni pou nou griye, ni pou nou fè pen, toutotan nou pa pote ofrann premye grenn yo bay Seyè a. Se va yon regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase. 15 N'a konte sèt semèn antye, depi jou nou te pote premye makout rekòt la ofri bay Seyè a, apre jou repo a. 16 Wi, n'a konte senkant jou. Sa va mennen nou sou jou ki vini apre setyèm jou repo a. N'a fè yon lòt ofrann grenn jaden bay Seyè a. 17 Chak fanmi va soti lakay yo ak de gwo pen pou yo ofri bay Seyè a. Chak pen va fèt ak de liv farin kwit ak ledven. Y'a ofri yo bay Seyè a tankou ofrann premye grenn yo rekòlte. 18 Ansanm ak pen yo, pèp la va ofri sèt ti mouton ki poko gen ennan, yon jenn ti towo bèf ak de belye. Fòk tout bèt sa yo pa gen ankenn enfimite. Y'a boule yo nèt nan dife pou Seyè a, ansanm ak ofrann grenn jaden yo ak ofrann diven an. Bon sant ofrann sa a va fè Seyè a plezi. 19 N'a touye tou yon bouk ki va sèvi ofrann pou peye pou tou sa nou fè ki mal, ak de ti mouton ki poko gen ennan ki va sèvi ofrann pou di Bondye mèsi. 20 Prèt la va balanse pen yo ansanm ak de ti mouton yo tankou yon ofrann espesyal devan Seyè a. Ofrann sa yo se bagay ki apa nèt pou Seyè a. Se pou prèt yo yo ye. 21 Jou sa a, n'a reyini pèp la pou l' adore Bondye. Pesonn p'ap fè gwo travay. Sa se regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase. 22 Lè n'ap fè rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase grenn ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou ranmase grenn ki te tonbe atè. W'a kite yo pou moun peyi a ki pa genyen ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an! 23 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 24 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo: Premye jou setyèm mwa a va yon gwo jou repo pou nou. Jou sa a n'a kònen twonpèt pou fè moun yo chonje se jou pou yo reyini pou adore Bondye. 25 Piga nou fè gwo travay. N'a fè ofrann pou yo boule nan dife pou Seyè a. 26 Seyè a pale ak Moyiz, li di l': 27 -Dizyèm jou sètyèm mwa sa a, se gran jou padon an li ye. N'a reyini tout moun pou n' adore Bondye. N'a fè jèn epi n'a fè ofrann pou yo boule nan dife devan Seyè a. 28 Jou sa a, nou p'ap travay menm, paske se gran jou padon an, jou pou nou fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an, pou nou mande l' fè nou gras. 29 Si yon moun mete anyen nan bouch li jou sa a, y'ap wete l' nan mitan pèp li a. 30 Si yon moun travay jou sa a, se mwen menm, Seyè a, k'ap touye l'. 31 Nou pa pou fè anyen jou sa a. Sa se regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase. 32 Se va yon gwo jou repo, jou nou p'ap fè ankenn travay. Depi lè solèy kouche nan nevyèm jou mwa a jouk lè li kouche ankò dizyèm jou a, n'a rete san manje. 33 Seyè a pale ak Moyiz, li di l': 34 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: N'a fete fèt joupa yo pandan sèt jou. N'a konmanse sou kenzyèm jou setyèm mwa a. 35 Premye jou a, n'a reyini tout moun pou adore Bondye. Pesonn p'ap fè gwo travay jou sa a. 36 Chak jou, pandan sèt jou, n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Sou wityèm jou a, n'a reyini moun yo ankò pou adore Bondye, epi n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Se va yon jou pou adore Bondye. Jou sa a, piga nou fè gwo travay. 37 Men fèt pou nou fete pou Seyè a. Men jou n'a reyini tout moun pou yo fè sèvis pou Bondye. Men ofrann pou nou boule nan dife pou Seyè a, se ka bèt pou nou boule nèt, se ka ofrann grenn jaden, se ka bèt pou nou touye, se ka ofrann diven. Chak jou fèt gen ofrann pa li. 38 Apa tout jou repo Seyè yo, n'a fete fèt sa yo tou. Apa kado pou nou fè nòmalman, apa ofrann n'ap fè paske nou te fè ve, apa ofrann n'ap fè pou Seyè a paske nou te vle fè l', n'a fè ofrann sa yo. 39 Sou kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a fè fèt pou Seyè a pandan sèt jou, apre n'a fin rekòlte jaden nou yo. Premye jou a ak wityèm jou a va de gwo jou repo. 40 Premye jou a, n'a keyi pi bon fwi nan pye sitwon nou yo, n'a koupe fèy nan pye dat nou yo ak branch nan pye jasmen ak pye sikren, n'a fè kè nou kontan devan Seyè a, Bondye nou an, pandan sèt jou. 41 Chak lanne, pandan sèt jou nan setyèm mwa a, n'a fete fèt sa a pou mwen menm, Seyè a, Bondye nou an. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit. 42 Pandan sèt jou tout moun pèp Izrayèl yo va rete anba joupa. Wi, n'a rete anba joupa pandan sèt jou. 43 Konsa, pitit pitit nou yo va konnen mwen menm, Seyè a, mwen te fè pèp Izrayèl rete anba joupa lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip la. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an! 44 Se konsa Moyiz te bay moun pèp Izrayèl yo tout kalite fèt pou yo fete pou Seyè a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Levitik 23:2

Verse 2

These are my feasts - The original word מועד moad is properly applied to any solemn anniversary, by which great and important ecclesiastical, political, or providential facts were recorded; see Clarke on Gen 1:14 (note). Anniversaries of this kind were observed in all nations; and some of them, in consequence of scrupulously regular observation, became chronological epochs of the greatest importance in history: the Olympiads, for example.

Levitik 23:3-4

Verse 3

The seventh day is the Sabbath - This, because the first and greatest solemnity, is first mentioned. He who kept not this, in the most religious manner, was not capable of keeping any of the others. The religious observance of the Sabbath stands at the very threshold of all religion. See Clarke's note on Gen 2:3.

Levitik 23:5-10

Verse 5

The Lord's passover - See this largely explained in the notes on Exo 12:21-27 (note).

Levitik 23:11-13

Verse 11

He shalt wave the sheaf - He shall move it to and fro before the people, and thereby call their attention to the work of Divine Providence, and excite their gratitude to God for preserving to them the kindly fruits of the earth. See Clarke's note on Exo 29:27, and Exodus 7 at end.

Levitik 23:14

Verse 14

Ye shall eat neither bread, nor parched corn, nor green ears - It is right that God, the dispenser of every blessing, should be acknowledged as such, and the first-fruits of the field, etc., dedicated to him. Concerning the dedication of the first-fruits, see the note on Exo 22:29. Parched ears of corn and green ears, fried, still constitute a part, and not a disagreeable one, of the food of the Arabs now resident in the Holy Land. See Hasselquist.

Levitik 23:15-21

Verse 15

Ye shall count unto you - seven Sabbaths - That is, from the sixteenth of the first month to the sixth of the third month. These seven weeks, called here Sabbaths, were to be complete, i. e., the forty-nine days must be finished, and the next day, the fiftieth, is what, from the Septuagint, we call pentecost. See the note on Luk 6:1.

Levitik 23:22-23

Verse 22

Neither shalt thou gather any gleaning - See the note on Lev 19:9.

Levitik 23:24-27

Verse 24

A memorial of blowing of trumpets - This is generally called the feast of trumpets; and as it took place on the first day of the seventh month, Tisri, which answers to September, which month was the commencement of what was called the civil year, the feast probably had no other design than to celebrate the commencement of that year, if indeed such a distinction obtained among the ancient Jews. See the note on Exo 12:2. Some think creation began at this time.

Levitik 23:28-33

Verse 28

A day of atonement - See the note on Lev 16:2, etc., where this subject is largely explained.

Levitik 23:34-39

Verse 34

The feast of tabernacles - In this solemnity the people left their houses, and dwelt in booths or tents made of the branches of goodly trees and thick trees, (of what kind the text does not specify), together with palm-trees and willows of the brook, Lev 23:40. And in these they dwelt seven days, in commemoration of their forty years' sojourning and dwelling in tents in the wilderness while destitute of any fixed habitations. In imitation of this feast among the people of God, the Gentiles had their feasts of tents. Plutarch speaks particularly of feasts of this kind in honor of Bacchus, and thinks from the custom of the Jews in celebrating the feast of tabernacles, that they worshipped the god Bacchus, "because he had a feast exactly of the same kind called the feast of tabernacles, Σκηνη, which they celebrated in the time of vintage, bringing tables out into the open air furnished with all kinds of fruit, and sitting under tents made of vine branches and ivy." - Plut. Symp., lib. iv., Q. 6. According to Ovid the feast of Anna Perenna was celebrated much in the same way. Some remained in the open air, others formed to themselves tents and booths made of branches of trees, over which they spread garments, and kept the festival with great rejoicings. "Sub Jove pars durat; pauci tentoria ponunt;

Sunt, quibus e ramis frondea facta easa est.

Pars sibi pro rigidis calamos statuere columnis;

Desuper extentas imposuere togas."

Ovid, Fast., lib. ill.

Concerning this feast of tabernacles, see the note on Joh 7:37, Joh 7:38; and for the various feasts among the Jews, See the note on Exo 23:14.

Levitik 23:40-42

Verse 40

Boughs of goodly trees - The Jews and many critics imagine the citron-tree to be intended, and by boughs of thick tree the myrtle.

Levitik 23:43-44

Verse 43

That your generations may know, etc. - By the institution of this feast God had two great objects in view:

1. To perpetuate the wonderful display of his providence and grace in bringing them out of Egypt, and in preserving them in the wilderness.

2. To excite and maintain in them a spirit of gratitude and obedience, by leading them to consider deeply the greatness of the favors which they had received from his most merciful hands.

Signal displays of the mercy, kindness, and providential care of God should be particularly remembered. When we recollect that we deserve nothing at his hands, and that the debt of gratitude is all the debt we can pay, in it we should be cheerful, fervent, and frequent. An ungrateful heart is an unfeeling, unloving, unbelieving, and disobedient heart. Reader, pray to God that he may deliver thee from its influence and its curse.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.