Kòmanse

Levitik 14

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2 -Men regleman w'a bay pou yo swiv lè y'ap fè sèvis pou moun ki geri apre yo te gen move maladi po. Jou pou yo rekonèt moun lan geri a, y'a mennen l' bay prèt la. 3 Prèt la va pran l', l'a soti ansanm avè l' lòt bò limit kan kote moun rete a. L'a egzaminen l' byen egzaminen, pou l' wè si malad la geri vre. 4 Prèt la va bay lòd pou yo pote pou moun ki te malad la de zwazo tou vivan epi ki bon pou moun k'ap fè sèvis pou Bondye, ansanm ak yon moso bwa sèd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izòp. 5 Apre sa, prèt la va bay lòd pou yo touye premye zwazo a anwo yon bòl an tè plen dlo fre. 6 L'a pran lòt zwazo a tou vivan ansanm ak bwa sèd la, moso twal kamwazi a ak ti branch izòp la, l'a plonje yo nan san zwazo yo te touye anwo dlo fre a. 7 Apre sa, l'a voye san an sèt fwa sou moun ki te gen move maladi po a epi l'a di moun lan nan kondisyon ankò pou fè sèvis Bondye. L'a lage zwazo vivan an pou l' vole al fè wout li nan bwa. 8 Moun ki te malad la va lave rad ki te sou li yo, l'a kale tèt li nèt, l'a benyen nan gwo dlo, epi l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Apre sa, l'a antre nan kan kote moun rete a, men li p'ap antre lakay li pandan sèt jou. 9 Sou setyèm jou a, l'a kale tèt li ankò, l'a koupe tout bab li, tout plim je l' ak tout plim ki sou tout rès kò li. L'a lave rad ki te sou li a, l'a lave kò l' nan gwo dlo. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. 10 Sou wityèm jou a, l'a pran de ti belye ki pa gen ankenn enfimite ak yon ti fenmèl mouton ki gen ennan epi ki pa gen ankenn enfimite. L'a pran tou de mamit farin melanje ak lwil oliv epi yon boutèy demi lit plen lwil oliv. 11 Prèt k'ap fè sèvis la va mennen moun lan ansanm ak ofrann li yo devan Seyè a, jouk nan papòt Tant Randevou a. 12 Rive la, prèt la va pran yonn nan ti belye yo, l'a ofri l' ansanm ak demi lit lwil la bay Seyè a pou peye pou sa moun lan te fè ki mal. L'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann espesyal pou Seyè a. 13 L'a touye ti mouton an kote yo konn touye bèt yo ofri pou mande padon an osinon pou boule nèt la, nan kote yo mete apa pou sèvis Bondye a. L'a fè sa konsa paske bèt moun yo ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la osinon pou mande Bondye padon an, se pou prèt la li ye. Se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a. 14 Apre sa, prèt la va pran ti gout nan san ti mouton an, l'a pase l' sou pwent tete zòrèy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li. 15 Prèt la va pran ti gout lwil nan boutèy la, l'a vide l' nan pla men gòch li. 16 L'a tranpe yon dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men gòch li a. Avèk dwèt la, l'a voye ti gout lwil sèt fwa devan lotèl Bondye a. 17 L'a pran ti gout nan lwil ki nan pla men gòch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zòrèy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li. 18 Lèfini, l'a vide rès lwil ki nan pla men l' lan sou tèt moun lan. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a. 19 Apre sa, prèt la va fè ofrann pou peye sa moun lan fè ki mal. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou moun ki te malad la. L'a touye bèt pou yo boule nèt la. 20 L'a mete l' sou lotèl la ansanm ak farin ble melanje ak lwil la. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande padon pou moun lan, epi moun lan va nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye. 21 Si moun lan pòv epi li pa gen anpil mwayen, l'a pote yon sèl ti mouton pou yo ofri pou peye pou sa moun lan te fè ki mal la. L'a pote twaka mamit farin sèlman melanje ak lwil oliv ak yon boutèy demi lit plen lwil. 22 L'a pote de ti toutrèl tou osinon de ti pijon, jan mwayen li va penmèt li, yonn pou sèvi ofrann pou mande padon, lòt la pou boule nèt pou Seyè a. 23 Sou wityèm jou a, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a, pou prèt la fè sèvis pou mete l' nan kondisyon pou li ka sèvi Seyè a ankò. 24 Prèt la va pran ti mouton li ofri pou peye pou sa moun lan fè ki mal la ansanm ak boutèy lwil la, l'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann. 25 Apre sa, l'a touye ti mouton an, l'a pran ti gout nan san li l'a mete sou pwent tete zòrèy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li. 26 Prèt la va vide ti gout lwil nan pla men gòch li, 27 l'a tranpe yon dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men gòch li a. Avèk dwèt la, l'a voye lwil la sèt fwa devan lotèl Seyè a. 28 Apre sa, l'a pran nan lwil ki nan men gòch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zòrèy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li a ak sou gwo zòtèy pye dwat li a. 29 Lèfini, l'a vide rès lwil ki nan pla men gòch li a sou tèt moun lan. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a. 30 Apre sa, l'a ofri toutrèl yo, osinon pijon yo, dapre sa mwayen moun lan te penmèt li, 31 yonn pou mande padon pou peche, lòt la pou yo boule nèt ansanm ak ofrann farin ble a. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande Bondye padon pou moun lan. 32 Men regleman pou yo swiv lè yon moun ki gen move maladi po pa gen dekwa pou l' ofri tou sa li te dwe ofri pou sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. 33 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo: 34 -Lè n'a fin antre nan peyi Kanaran an, peyi m'ap ban nou pou rele nou pa nou an, si mwen voye salpèt sou yonn nan kay kote nou rete yo, men sa pou nou fè. 35 Mèt kay la va al jwenn prèt la, l'a di l': Gen yon bagay tankou salpèt ki parèt sou miray kay mwen an. 36 Prèt la va bay lòd pou yo mete tou sa ki nan kay la deyò anvan li vin egzaminen kay la. Konsa, tou sa ki te nan kay la ka toujou sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Apre sa, prèt la va vini, l'a antre nan kay la pou egzaminen l'. 37 L'a egzaminen tout miray yo. Si li wè gen kèk kote ki manje nan miray la, epi ki gen ti koulè vèt osinon wouj, 38 prèt la va soti nan kay la, l'a fèmen l' akle pou sèt jou. 39 Sou setyèm jou a, prèt la va tounen, l'a egzaminen miray kay la ankò. Si li wè tach la gaye sou miray kay la, 40 prèt la va bay lòd pou yo wete wòch kote yo te jwenn salpèt la, y'a voye wòch yo jete yon kote andeyò lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye. 41 Apre sa, l'a fè yo grate tout anndan kay la, epi y'a jete tout vye kras mòtye yo te grate a andeyò lavil la, menm kote yo mete bagay ki pa ka sèvi nan sèvis Bondye. 42 Y'a pran lòt wòch ranplase wòch yo te wete yo epi y'a rekrepi kay la. 43 Si salpèt la parèt ankò apre yo fin wete wòch malad yo, apre yo fin grate kay la epi yo rekrepi l', 44 prèt la va tounen vin gade. Si li wè salpèt la gaye nan kay la, la konnen kay la gen yon move maladi sou miray li. Moun k'ap sèvi Bondye pa ka rete ladan l'. 45 Lè sa a, y'a demoli kay la nèt epi y'a pran wòch, bwa, mòtye ki te nan kay la, y'a voye yo jete andeyò lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye. 46 Tout moun ki te antre anndan kay la lè kay la te fèmen an p'ap nan kondisyon pou sèvi Bondye jouk aswè rive. 47 Tout moun ki te kouche osinon ki te manje anndan kay la va gen pou lave rad ki te sou yo. 48 Lè prèt la vin gade a, si li te jwenn salpèt la disparèt nèt apre yo te fin rekrepi kay la, prèt la va fè konnen kay la nan bon kondisyon ankò pou moun k'ap sèvi Bondye ka rete ladan l', paske salpèt la disparèt nèt. 49 Apre sa, prèt la va fè sèvis pou wete peche nan kay la. L'a pran de zwazo, kèk moso bwa sèd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izòp. 50 L'a touye yonn nan ti zwazo yo anwo yon bòl an tè plen dlo fre. 51 Apre sa, l'a pran bwa sèd la, ti branch izòp la, moso twal kamwazi a ansanm ak lòt zwazo ki vivan an, l'a plonje yo nan san premye zwazo a ki melanje ak dlo fre a. Apre sa, l'a voye san an sèt fwa sou kay la. 52 Se konsa prèt la va fè sèvis pou wete peche nan kay la, avèk san zwazo a, dlo fre a, zwazo vivan an, bwa sèd la, ti branch izòp la, epi moso twal kamwazi a. 53 Apre sa, l'a lage ti zwazo vivan an pou l' vole al fè wout li nan bwa andeyò lavil la. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou kay la epi kay la va nan bon kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye ka rete ladan l' ankò. 54 Men regleman pou nou swiv lè yon moun gen move maladi po osinon pyas, 55 lè kanni tonbe sou rad osinon lè salpèt parèt nan yon kay, 56 lè yon moun gen yon kote sou po l' ki anfle osinon lè li gen yon bouton ou ankò yon tach ki parèt sou po l'. 57 Se konsa n'a konnen lè yon bagay nan bon kondisyon osinon lè li pa nan bon kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye. Se tout regleman yo sa pou move maladi po.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Levitik 14:1-2

Introduction

Introduction to the sacrifices and ceremonies to be used in cleansing the leper, Lev 14:1-3. Two living birds, cedar-wood, scarlet, and hyssop, to be brought for him who was to be cleansed, Lev 14:4. One of the birds to be killed, Lev 14:5; and the living bird, with the cedar-wood, scarlet, and hyssop, to be dipped in the blood, and to be sprinkled on him who had been infected with the leprosy, Lev 14:6, Lev 14:7; after which he must wash his clothes, shave his head, eye brows, beard, etc., bathe himself, tarry abroad seven days, Lev 14:8, Lev 14:9; on the eighth day he must bring two he-lambs, one ewe lamb, a tenth deal of flour, and a log of oil, Lev 14:10; which the priest was to present as a trespass-offering, wave-offering, and sin-offering before the Lord, Lev 14:11-13. Afterwards he was to sprinkle both the blood and oil on the person to be cleansed, Lev 14:14-18. The atonement made by these offerings, Lev 14:19, Lev 14:20. If the person were poor, one lamb, with the flour and oil, two turtledoves, or two young pigeons, were only required, Lev 14:21, Lev 14:22. These to be presented, and the blood and oil applied as before, Lev 14:23-32. Laws and ordinances relative to houses infected by the leprosy, vv. 33-48. An atonement to be made in order to cleanse the house, similar to that made for the healed leper, Lev 14:49-53. A summary of this and the preceding chapter, relative to leprous persons, garments, and houses, Lev 14:54-56. The end for which these different laws were given, Lev 14:57.

Levitik 14:3

Verse 3

The priest shall go forth out of the camp - As the leper was separated from the people, and obliged, because of his uncleanness, to dwell without the camp, and could not be admitted till the priest had declared that he was clean; hence it was necessary that the priest should go out and inspect him, and, if healed, offer for him the sacrifices required, in order to his re-admission to the camp. As the priest alone had authority to declare a person clean or unclean, it was necessary that the healed person should show himself to the priest, that he might make a declaration that he was clean and fit for civil and religious society, without which, in no case, could he be admitted; hence, when Christ cleansed the lepers, Mat 8:2-4, he commanded them to go and show themselves to the priest, etc.

Levitik 14:4

Verse 4

Two birds alive and clean, etc. - Whether these birds were sparrows, or turtledoves, or pigeons, we know not; probably any kind of clean bird, or bird proper to be eaten, might be used on this occasion, though it is more likely that turtle-doves or pigeons were employed, because these appear to have been the only birds offered in sacrifice. Of the cedarwood, hyssop, clean bird, and scarlet wool or fillet, were made an aspergillum, or instrument to sprinkle with. The cedar-wood served for the handle, the hyssop and living bird were attached to it by means of the scarlet wool or crimson fillet. The bird was so bound to this handle as that its tail should be downwards, in order to be dipped into the blood of the bird that had been killed. The whole of this made an instrument for the sprinkling of this blood, and when this business was done, the living bird was let loose, and permitted to go whithersoever it would. In this ceremony, according to some rabbins, "the living bird signified that the dead flesh of the leper was restored to soundness; the cedar-wood, which is not easily corrupted, that he was healed of his putrefaction; the scarlet thread, wool, or fillet, that he was restored to his good complexion; and the hyssop, which was purgative and odoriferous, that the disease was completely removed, and the bad scent that accompanied it entirely gone." Ainsworth, Dodd, and others, have given many of these rabbinical conceits. Of all these purifications, and their accompanying circumstances, we may safely say, because authorized by the New Testament so to do, that they pointed out the purification of the soul through the atonement and Spirit of Christ; but to run analogies between the type and the thing typified is difficult, and precarious. The general meaning and design we sufficiently understand; the particulars are not readily ascertainable, and consequently of little importance; had they been otherwise, they would have been pointed out.

Levitik 14:5-6

Verse 5

Over running water - Literally, living, that is, spring water. The meaning appears to be this: Some water (about a quarter of a log, an eggshell and a half full, according to the rabbins) was taken from a spring, and put into a clean earthen vessel, and they killed the bird over this water, that the blood might drop into it; and in this blood and water mixed, they dipped the instrument before described, and sprinkled it seven times upon the person who was to be cleansed. The living or spring water was chosen because it was purer than what was taken from pits or wells, the latter being often in a putrid or corrupt state; for in a ceremony of purifying or cleansing, every thing must be as pure and perfect as possible.

Levitik 14:7

Verse 7

Shall let the living bird loose - The Jews teach that wild birds were employed on this occasion, no tame or domestic animal was used. Mr. Ainsworth piously conjectures that the living and dead birds were intended to represent the death and resurrection of Christ, by which an atonement was made to purify the soul from its spiritual leprosy. The bird let loose bears a near analogy to the scapegoat. See Leviticus 16.

Levitik 14:8-9

Verse 8

And shave off all his hair - That the water by which he was to be washed should reach every part of his body, that he might be cleansed from whatever defilement might remain on any part of the surface of his body. The Egyptian priests shaved the whole body every third day, to prevent all manner of defilement.

Levitik 14:10-11

Verse 10

Two he-lambs - One for a trespass-offering, Lev 14:12, the other for a burnt-offering, Lev 14:19, Lev 14:20.

One ewe-lamb - This was for a sin-offering Lev 14:19. Three tenth deals - Three parts of an ephah, or three omers; See all these measures explained in Exo 16:16 (note). The three tenth deals of flour were for a minchah, meat or gratitude-offering, Lev 14:20. The sin-offering was for his impurity; the trespass-offering for his transgression; and the gratitude-offering for his gracious cleansing. These constituted the offering which each was ordered to bring to the priest; see Mat 8:4.

Levitik 14:12-13

Verse 12

Wave-offering - See Exo 29:27, and Leviticus 7, where the reader will find an ample account of all the various offerings and sacrifices used among the Jews.

Levitik 14:14-20

Verse 14

Upon the tip of the right ear, etc. - See Clarke's note on Exo 29:20.

Levitik 14:21-33

Verse 21

And if he be poor - he shall take one lamb - There could be no cleansing without a sacrifice. On this ground the apostle has properly observed that all things under the law are purged with blood; and that without shedding of blood there is no remission. Even if the person be poor, he must provide one lamb; this could not be dispensed with: - so every soul to whom the word of Divine revelation comes, must bring that Lamb of God which takes away the sin of the world. There is no redemption but in his blood.

Levitik 14:34-44

Verse 34

When ye be come into the land - and I put the plague of leprosy - It was probably from this text that the leprosy has been generally considered to be a disease inflicted immediately by God himself; but it is well known that in Scripture God is frequently represented as doing what, in the course of his providence, he only permits or suffers to be done. It is supposed that the infection of the house, as well as of the person and the garments, proceeded from animalcula. See Clarke's note on Lev 13:47, and Lev 13:52 (note).

Levitik 14:45-52

Verse 45

He shall break down the house - "On the suspicion of a house being infected, the priest examined it, and ordered it to be shut up seven days; if he found the plague, or signs of the plague, (hollow streaks, greenish or reddish), were not spread, he commanded it to be shut up seven days more. On the thirteenth day he revisited it; and if he found the infected place dim, or gone away, he took out that part of the wall, carried it out to an unclean place, mended the wall, and caused the whole house to be new plastered. It was then shut up a third seven days, and he came on the nineteenth, and if he found that the plague was broken out anew, he ordered the house to be pulled down." See Ainsworth. From all this may we not learn a lesson of instruction? If the means made use of by God and his ministers for the conversion of a sinner be, through his willful obstinacy, rendered of no avail; if by his evil practices he trample under foot the blood of the covenant wherewith he might have been sanctified, and do despite to the Spirit of God; then God will pull down his house - dislodge his soul from its earthly tabernacle, consign the house, the body, to corruption, and the spirit to the perdition of ungodly men. Reader, see well how it stands with thy soul. God is not mocked: what a man soweth, that shall he reap.

Levitik 14:53-57

Verse 53

He shall let go the living bird - This might as well be called the scape-bird; as the goat, in Leviticus 16, is called the scape-goat. The rites are similar in both cases, and probably had nearly the same meaning. We have already taken occasion to observe (see the end of the preceding chapter at Lev 13:58 (note)) that the leprosy was strongly emblematical of sin; to which we may add here: -

1. That the leprosy was a disease generally acknowledged to be incurable by any human means; and therefore the Jews did not attempt to cure it. What is directed to be done here was not in order to cure the leper, but to declare him cured and fit for society. In like manner the contagion of sin, its guilt and its power, can only be removed by the hand of God; all means, without his especial influence, can be of no avail.

2. The body must be sprinkled and washed, and a sacrifice offered for the sin of the soul, before the leper could be declared to be clean. To cleanse the spiritual leper, the Lamb of God must be slain, and the sprinkling of his blood be applied. Without the shedding of this blood there is no remission.

3. When the leper was cleansed, he was obliged to show himself to the priest, whose province it was to pronounce him clean, and declare him fit for intercourse with civil and religious society. When a sinner is converted from the error of his ways, it is the business, as it is the prerogative, of the ministers of Christ, after having duly acquainted themselves with every circumstance, to declare the person converted from sin to holiness, to unite him with the people of God, and admit him to all the ordinances which belong to the faithful.

4. When the leper was cleansed, he was obliged by the law to offer a gift unto the Lord for his healing, as a proof of his gratitude, and an evidence of his obedience. When a sinner is restored to the Divine favor, he should offer continually the sacrifice of a grateful heart, and, in willing obedience, show forth the virtues of Him who has called him from darkness and wretchedness to marvelous light and happiness.

Reader, such was the leprosy, its destructive nature and consequences, and the means of removing it; such is the spiritual evil represented by it, such its consequences, and such the means by which alone it can be removed. The disease of sin, inflicted by the devil, can only be cured by the power of God.

1. Art thou a leper? Do the spots of this spiritual infection begin to appear on thee?

2. Art thou young, and only entering into the ways of the world and sin? Stop! bad habits are more easily conquered to-day than they will be tomorrow.

3. Art thou stricken in years, and rooted in transgression? How kind is thy Maker to have preserved thee alive so long! Turn from thy transgressions, humble thy soul before him, confess thine iniquity and implore forgiveness. Seek, and thou shalt find. Behold the Lamb of God, who taketh away the sin of the world!

4. Hast thou been cleansed, and hast not returned to give glory to God? hast not continued in the truth, serving thy Maker and Savior with a loving and obedient heart? How cutting is that word, Were there not Ten cleansed? but where are the Nine? Thou art probably one of them. Be confounded at thy ingratitude, and distressed for thy backsliding; and apply a second time for the healing efficacy of the great Atonement. Turn, thou backslider; for he is married unto thee, and will heal thy backslidings, and will love thee freely. Amen. So be it, Lord Jesus!

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.