Levitik 13
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa: 2 -Si yon moun wè yon kote sou po kò l' anfle, ou ankò si li wè yon bouton osinon yon tach parèt sou po l' ki ta vle sanble konmansman yon move maladi po ki ka kontaminen lòt moun, y'a mennen l' bay Arawon, prèt la, ou ankò bay yonn nan pitit li yo ki prèt tou. 3 Prèt la va egzaminen kote ki malad la. Si pwal yo vin tou blan, epi si maladi a fouye po a ti kras, l'a konnen se yon move maladi po ki ka kontaminen lòt moun. Lè prèt la va wè sa, l'a fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. 4 Men, si kote po a anfle a vin tou blan san li pa fouye, si pwal yo pa vin blan, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pandan sèt jou. 5 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an rete menm jan an, li pa laji sou po a, prèt la va fèmen moun lan pou kont li pou sèt jou ankò. 6 Apre sa, prèt la va egzaminen l' ankò. Si bouton an cheche, si li pa laji kò l' sou po a, prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Se yon bouton ase li te genyen. Lè sa a, moun lan va lave rad li, epi l'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye. 7 Men si bouton an vin pi laj sou po a, apre prèt la te fin di moun lan bon lè li te wè l' la, se pou moun lan parèt devan prèt la ankò. 8 Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an vin pi laj sou po a, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen! 9 Lè yon moun va gen yon move maladi po sou li, y'a mennen l' bay prèt la. 10 Prèt la va egzaminen l'. Si li wè yon bouton blan sou po a ki fè pwal yo vin blan tou, si bouton an plen postim, 11 se va yon move maladi po ki chita sou li. Prèt la va fè konnen nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Li p'ap bezwen fèmen l' yon kote pou kont li, paske se bagay ki klè, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. 12 Men, si maladi a gaye sou tout kò l', si li kouvri ak bouton depi nan tèt jouk nan pye, kifè kote prèt la voye je l' li wè se bouton, 13 prèt la va egzaminen l' ankò. Si maladi a kouvri tout kò l', prèt la va di moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Depi tout kò l' vin tou blan, li nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 14 Men, jou yon bouton pete, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 15 Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè yon bouton pete, l'a fè konnen nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Depi bouton an pete se yon move maladi po li genyen, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 16 Men, lè bouton an va konmanse geri, po a konmanse vin blan ankò, moun lan va tounen al jwenn prèt la. 17 Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an vin tou blan, prèt la va fè konnen nonm lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 18 Si yon moun gen yon apse ki geri, 19 men kote apse a te ye a vin anfle, ou ankò yon ti bouton wouj anba po a vin parèt, se pou l' al wè prèt la. 20 Prèt la va egzaminen l'. Si bouton an gen lè yon ti jan pi fon pase rès po a, epi si pwal ki ladan l' yo vin tou blan, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po k'ap parèt sou mak apse a. 21 Men, lè prèt la egzaminen l', si li wè pwal ki ladan l' yo pa blan, si bouton an pa pi fon pase rès po a, si li konmanse chanje koulè, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pou sèt jou. 22 Si bouton an gaye sou tout kò l', prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen. 23 Men, si bouton an rete jan l' te ye a, y'a konnen se mak apse a ase li ye. Prèt la va fè konnen moun lan pa gen anyen, li toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 24 Ou ankò, lè yon moun boule nan dife, si lè li konmanse geri, po a vin yon ti jan wouj e blan, 25 prèt la va egzaminen l'. Si li wè pwal yo vin blan, epi si tach la gen lè pi fon pase rès po a, y'a konnen se yon move maladi po k'ap devlope sou boule a. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen. 26 Men, si lè prèt la egzaminen l' li pa jwenn pwal blan ladan l', epi tach la pa pi fon pase rès po a, men li ta vle chanje koulè, prèt la va fèmen l' yon kote pou kont li pou sèt jou. 27 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè tach la ap gaye, l'a konnen se yon move maladi po li genyen. Lè sa a, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. 28 Men, si tach la rete jan l' te ye a, si li pa gaye sou po a, si se koulè a ase ki chanje, l'a konnen se mak boule a ase li ye. Prèt la va fè konnen moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, paske se boule a k'ap geri. 29 Lè yon gason osinon yon fanm gen yon kote nan cheve l' osinon nan bab li ki fè yon plak, 30 prèt la va egzaminen plak la. Si li gen lè pi fon pase rès po a, si li gen cheve yon ti jan jòn, fin fen ladan l', l'a konnen se pyas moun lan genyen. Se yon move maladi po ki parèt nan cheve l' osinon nan bab li. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 31 Men, lè prèt la egzaminen plak pyas la, si li wè gen lè li pa pi fon pase rès po a, epi cheve ki ladan l' yo yon ti jan jòn, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pou sèt jou. 32 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen malenng lan ankò. Si pyas la gaye, si cheve ki ladan l' yo pa vin jòn, si li gen lè pa pi fon pase rès po a, 33 moun lan va koupe tout cheve nan tèt li san l' pa manyen pyas la. Apre sa, prèt la va fèmen l' yon kote pou kont li pou sèt jou ankò. 34 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si pyas la pa laji sou po a, si li pa fouye po a, prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Moun lan menm va lave rad sou li, epi l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. 35 Men, si apre prèt la te fin di moun lan nan bon kondisyon an, pyas la gaye tout bon vre sou po a, 36 prèt la va egzaminen l' ankò. Si pyas la gaye vre sou po a, li pa bezwen chache wè si li gen cheve jòn ankò. L'a tou konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 37 Men si li wè pyas la rete jan l' te ye a, epi cheve nwa ap pouse sou li, l'a tou konnen pyas la geri, epi prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 38 Lè yon gason osinon yon fanm gen ti tach blan ki parèt sou po l', 39 prèt la va egzaminen l'. Si tach yo yon ti koulè blan sal, l'a konnen se yon ti gratèl ki parèt sou po a, moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 40 Lè yon nonm pèdi tout cheve nan tèt li, li chòv. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 41 Konsa tou, lè yon moun pèdi cheve sou tout devan tèt li, li demi chòv. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 42 Men, si kote l' chòv la yon ti tach koulè wouj-blan parèt, se ka yon move maladi po k'ap leve sou kò l'. 43 Lè sa a, prèt la va egzaminen l'. Si plak la gen yon ti koulè wouj-blan tankou lè moun gen move maladi po sou kò yo, 44 l'a konnen se yon moun ki gen move maladi po. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, akòz move maladi po ki parèt sou tèt li a. 45 Lè yon moun gen yon move maladi po, l'a mete vye rad chire sou li. L'a kite tèt li san penyen, l'a kouvri figi l' depi anba nen l' desann, epi kote l' pase la pran rele: Men moun malad! Men moun malad! 46 Pandan tout tan maladi a va sou li, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon moun ki gen move maladi po li ye. L'a rete yon kote pou kont li, nan yon kay andeyò limit kote moun rete. 47 Lè yon rad fèt an lenn nèt osinon an twal fen blan nèt bay mak tankou li ta vle kanni, 48 ou ankò lè nan yon moso twal, fil dwat yo osinon fil travè yo, kit yo fèt an lenn ou ankò an kenaf, bay mak tankou yo ta vle kanni, ou ankò lè yon moso po osinon yon bagay fèt an po bay mak tankou li ta vle kanni, 49 si kote ki vle kanni an gen yon ti koulè vèt osinon wouj, sa vle di se kanni l'ap kanni. Se pou nou pote l' moutre prèt la. 50 Prèt la va pran l', l'a egzaminen l' epi l'a fèmen bagay ki vle kanni an yon kote pou sèt jou. 51 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè kanni an gaye sou twal la, osinon li mache nan fil dwat yo osinon nan fil travè yo, oswa sou po a, osinon sou bagay fèt ak po, sa vle di se kanni l'ap kanni vre. Moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi avè l' ankò. 52 Prèt la va boule bagay ki kanni an, paske se yon move maladi k'ap manje tout rad la. Se pou yo boule l' nan dife. 53 Men, si lè prèt la egzaminen l', li jwenn kanni an pa gaye nan twal la osinon nan po a, 54 prèt la va bay lòd pou yo lave l'. Apre sa, l'a fèmen l' ankò yon kote pou sèt jou. 55 Sou setyèm jou a, l'a egzaminen l' ankò. Si li wè kote ki te vle kanni an rete menm jan an, menm si li pa gaye sou rès twal la, bagay la pa nan bon kondisyon, moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi avè l'. Se pou yo boule l' nan dife, kanni an te mèt sou lanvè ou sou landrèt li. 56 Men, si lè prèt la ap egzaminen l' dezyèm fwa a, li wè kanni an te pèdi koulè, fwa sa a, l'a chire kote ki te kanni nan twal la osinon nan po a. Ou ankò, l'a wete fil dwat ou fil travè ki te kanni nan twal la. 57 Si apre sa, kanni an parèt ankò epi li konmanse gaye nan rès rad la, mèt rad la va boule l'. 58 Si apre yo lave yon rad, kanni an disparèt, y'a lave l' yon dezyèm fwa. Se lè sa a rad la va nan bon kondisyon, moun k'ap sèvi Bondye ka sèvi avè l'. 59 Men regleman pou nou swiv lè yon rad fèt an lenn osinon an twal fen blan bay mak tankou li ta vle kanni, ou ankò lè nan yon moso twal, fil dwat osinon fil travè yo, kit yo fèt an lenn ou ankò an kenaf, bay mak tankou li ta vle kanni, ou ankò lè yon moso po osinon nenpòt bagay ki fèt an po bay mak tankou li ta vle kanni. Se konsa n'a konnen si moun k'ap sèvi Bondye ka sèvi osinon pa ka sèvi ak yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Levitik 13:1
Introduction
Laws relative to the leprosy. It is to be known by a rising in the flesh, a scab, or a bright spot, Lev 13:1, Lev 13:2. When the priest sees these signs he shall pronounce the man unclean, infected with the leprosy, and unfit for society, Lev 13:3. Dubious or equivocal signs of this disorder, and how the person is to be treated in whom they appear, Lev 13:4-8. In what state of this disorder the priest may pronounce a man clean or unclean, Lev 13:9-13. Of the raw flesh, the sign of the unclean leprosy, Lev 13:14, Lev 13:15. Of the white flesh, the sign of the leprosy called clean, Lev 13:16, Lev 13:17. Of the leprosy which succeeds a boil, Lev 13:18-20. Equivocal marks relative to this kind of leprosy, Lev 13:21, Lev 13:22. Of the burning boil, Lev 13:23. Of the leprosy arising out of the burning boil, Lev 13:24, Lev 13:25. Equivocal marks relative to this kind of leprosy, Lev 13:26-28. Of the plague on the head or in the beard, Lev 13:29. Of the scall, and how it is to be treated, Lev 13:30-37. Of the plague of the bright white spots, Lev 13:38, Lev 13:39. Of the bald head, Lev 13:40, Lev 13:41. Of the white reddish sore in the bald head, Lev 13:42-44. The leper shall rend his clothes, put a patch on his upper lip, and cry unclean, Lev 13:45. He shall be obliged to avoid society, and live by himself without the camp, Lev 13:46. Of the garments infected by the leprosy, and the signs of this infection, Lev 13:47-52. Equivocal marks relative to this infection, and how the garment is to be treated, by washing or by burning, Lev 13:53-58. Conclusion relative to the foregoing particulars, Lev 13:59.
Levitik 13:2
Verse 2
The plague of leprosy - This dreadful disorder has its name leprosy, from the Greek λεποα, from λεπις, a scale, because in this disease the body was often covered with thin white scales, so as to give it the appearance of snow. Hence it is said of the hand of Moses, Exo 4:6, that it was leprous as snow; and of Miriam, Num 12:10, that she became leprous, as white as snow; and of Gehazi, 2Kgs 5:27, that, being judicially struck with the disease of Naaman, he went out from Elisha's presence a leper as white as snow. See Clarke's note on Exo 4:6. In Hebrew this disease is termed צרעת tsaraath, from צרע mor tsara, to smite or strike; but the root in Arabic signifies to cast down or prostrate, and in Ethiopian, to cause to cease, because, says Stockius, "it prostrates the strength of man, and obliges him to cease from all work and labor." There were three signs by which the leprosy was known.
1. A bright spot.
2. A rising (enamelling) of the surface.
3. A scab; the enamelled place producing a variety of layers, or stratum super stratum, of these scales.
The account given by Mr. Maundrell of the appearance of several persons whom he saw infected with this disorder in Palestine, will serve to show, in the clearest light, its horrible nature and tendency. "When I was in the Holy Land," says he, in his letter to the Rev. Mr. Osborn, Fellow of Exeter College, "I saw several that labored under Gehazi's distemper; particularly at Sichem, (now Naplosu), there were no less than ten that came begging to us at one time. Their manner is to come with small buckets in their hands, to receive the alms of the charitable; their touch being still held infectious, or at least unclean. The distemper, as I saw it on them, was quite different from what I have seen it in England; for it not only defiles the whole surface of the body with a foul scurf, but also deforms the joints of the body, particularly those of the wrists and ankles, making them swell with a gouty scrofulous substance, very loathsome to look on. I thought their legs like those of old battered horses, such as are often seen in drays in England. The whole distemper, indeed, as it there appeared, was so noisome, that it might well pass for the utmost corruption of the human body on this side the grave. And certainly the inspired penman could not have found out a fitter emblem, whereby to express the uncleanness and odiousness of vice." - Maundrell's Travels. Letters at the end. The reader will do well to collate this account with that given from Dr. Mead; see the note on Exo 4:6 (note).
Levitik 13:3-12
Verse 3
The priest shall - pronounce him unclean - וטמא אתו vetimme otho; literally, shall pollute him, i. e., in the Hebrew idiom, shall declare or pronounce him polluted; and in Lev 13:23, it is said, the priest shall pronounce him clean, וטהרו הכהן vetiharo haccohen, the priest shall cleanse him, i. e., declare him clean. In this phrase we have the proper meaning of Mat 16:19 : Whatsoever ye bind on earth, shall be bound in heaven; and whatsoever ye loose on earth shall be loosed in heaven. By which our Lord intimates that the disciples, from having the keys, i. e., the true knowledge of the doctrine, of the kingdom of heaven, should, from particular evidences, be at all times able to distinguish between the clean and the unclean, the sincere and the hypocrite; and pronounce a judgment as infallible as the priest did in the case of the leprosy, from the tokens already specified. And as this binding and loosing, or pronouncing fit or unfit for fellowship with the members of Christ, must in the case of the disciples be always according to the doctrine of the kingdom of heaven, the sentence should be considered as proceeding immediately from thence, and consequently as Divinely ratified. The priest polluted or cleansed, i. e., declared the man clean or unclean, according to signs well known and infallible. The disciples or ministers of Christ bind or loose, declare to be fit or unfit for Church fellowship, according to unequivocal evidences of innocence or guilt. In the former case, the priest declared the person fit or unfit for civil society; in the latter, the ministers of Christ declare the person against whom the suspicion of guilt is laid, fit or unfit for continued association with the Church of God. The office was the same in both, a declaration of the truth, not from any power that they possessed of cleansing or polluting, of binding or of loosing, but by the knowledge they gained from the infallible signs and evidences produced on the respective cases.
Levitik 13:13-17
Verse 13
If the leprosy have covered all his flesh, he shall pronounce him clean - Why is it that the partial leper was pronounced unclean, and the person totally covered with the disease clean? This was probably owing to a different species or stage of the disease; the partial disease was contagious, the total not contagious. That there are two different species or degrees of the same disease described here, is sufficiently evident. In one, the body was all covered with a white enamelled scurf; in the other, there was a quick raw flesh in the risings. On this account the one might be deemed unclean, i. e., contagious, the other not; for contact with the quick raw flesh would be more likely to communicate the disease than the touch of the hard dry scurf. The ichor proceeding from the former, when brought into contact with the flesh of another, would soon be taken into the constitution by means of the absorbent vessels; but where the whole surface was perfectly dry, the absorbent vessels of another person coming in contact with the diseased man could imbibe nothing, and therefore there was comparatively no danger of infection. Hence that species or stage of the disease that exhibited the quick raw rising was capable of conveying the infection for the reasons already assigned, when the other was not. Dr. Mead thus accounts for the circumstance mentioned in the text. See on Lev 13:18 (note). As the leprosy infected bodies, clothes, and even the walls of houses, is it not rational to suppose that it was occasioned by a species of animalcula or vermin burrowing under the skin? Of this opinion there are some learned supporters.
Levitik 13:18-28
Verse 18
In the skin thereof, was a boil - Scheuchzer supposes this and the following verse to speak of phlegmonic, erysipelatous, gangrenous, and phagedenic ulcers, all of which were subjected to the examination of the priest, to see whether they were infectious, or whether the leprosy might not take its origin from them. A person with any sore or disposition to contagion was more likely to catch the infection by contact with the diseased person, than he was whose skin was whole and sound, and his habit good.
Levitik 13:29-32
Verse 29
A plague upon the head or the beard - This refers to a disease in which, according to the Jews, the hair either on the head or the chin dropped out by the roots.
Levitik 13:33-44
Verse 33
The scall shall he not shave - Lest the place should be irritated and inflamed, and assume in consequence other appearances besides those of a leprous infection; in which case the priest might not be able to form an accurate judgment.
Levitik 13:45-46
Verse 45
His clothes shall be rent, etc. - The leprous person is required to be as one that mourned for the dead, or for some great and public calamity. He was to have his clothes rent in token of extreme sorrow; his head was to be made bare, the ordinary bonnet or turban being omitted; and he was to have a covering upon his upper lip, his jaws being tied up With a linen cloth, after the same manner in which the Jews bind up the dead, which custom is still observed among the Jews in Barbary on funeral occasions: a custom which, from Eze 24:17, we learn had prevailed very anciently among the Jews in Palestine. He was also to cry, Unclean, unclean, in order to prevent any person from coming near him, lest the contagion might be thus communicated and diffused through society; and hence the Targumist render it, Be not ye made unclean! Be not ye made unclean! A caution to others not to come near him.
Levitik 13:47-51
Verse 47
The garment also - The whole account here seems to intimate that the garment was fretted by this contagion; and hence it is likely that it was occasioned by a species of small animals, which we know to be the cause of the itch; these, by breeding in the garments, must necessarily multiply their kind, and fret the garments, i. e., corrode a, portion of the finer parts, after the manner of moths, for their nourishment. See Lev 13:52 (note).
Levitik 13:52-53
Verse 52
He shall therefore burn that garment - There being scarcely any means of radically curing the infection. It is well known that the garments infected by the psora, or itch animal, have been known to communicate the disease even six or seven years after the first infection. This has been also experienced by the sorters of rags at some paper mills.
Levitik 13:54-57
Verse 54
He shall shut it up seven days more - To give time for the spreading of the contagion, if it did exist there; that there might be the most unequivocal marks and proofs that the garment was or was not infected.
Levitik 13:58-59
Verse 58
It shall be washed the second time - According to the Jews the first washing was to put away the plague, the second to cleanse it. Both among Jews and Gentiles the leprosy has been considered as a most expressive emblem of sin, the properties and circumstances of the one pointing out those of the other. The similitude or parallel has been usually run in the following manner: -
1. The leprosy began with a spot, a simple hidden infection being the cause.
2. This spot was very conspicuous, and argued the source whence it proceeded.
3. It was of a diffusive nature, soon spreading over the whole body.
4. It communicated its infectious nature, not only to the whole of the person's body, but also to his clothes and habitation.
5. It rendered the infected person loathsome, unfit for and dangerous to society because of its infectious nature.
6. The person infected was obliged to be separated from society, both religious and civil; to dwell by himself without the camp or city, and hold commerce with none.
7. He was obliged to proclaim his own uncleanness, publicly acknowledge his defilement, and, sensible of his plague, continue humbled and abased before God and man.
How expressive all these are of the nature of sin and the state of a sinner, a spiritual mind will at once perceive.
1. The original infection or corruption of nature is the grand hidden cause, source, and spring of all transgression.
2. Iniquity is a seed that has its growth, gradual increase, and perfection. As the various powers of the mind are developed, so it diffuses itself, infecting every passion and appetite through their whole extent and operation.
3. As it spreads in the mind, so it diffuses itself through the life; every action partaking of its influence, till the whole conduct becomes a tissue of transgression, because every imagination of the thoughts of a sinner's heart is only evil continually, Genesis 6. This is the natural state of man.
4. As a sinner is infected, so is he infectious; by his precept and example he spreads the infernal contagion wherever he goes; joining with the multitude to do evil, strengthening and being strengthened in the ways of sin and death, and becoming especially a snare and a curse to his own household.
5. That a sinner is abominable in the sight of God and of all good men, that he is unfit for the society of the righteous, and that he cannot, as such, be admitted into the kingdom of God, needs no proof.
6. It is owing to the universality of the evil that sinners are not expelled from society as the most dangerous of all monsters, and obliged to live without having any commerce with their fellow creatures. Ten lepers could associate together, because partaking of the same infection: and civil society is generally maintained, because composed of a leprous community.
7. He that wishes to be saved from his sins must humble himself before God and man, sensible of his own sore and the plague of his heart; confess his transgressions; look to God for a cure, from whom alone it can be received; and bring that Sacrifice by which alone the guilt can be taken away, and his soul be purified from all unrighteousness. See the conclusion of the following chapter at Lev 14:53 (note).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
