Jeremi 40
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale ak Jeremi ankò apre Neboucharadan, chèf lagad la, te lage l' lavil Rama. Yo te fè Jeremi prizonye ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm ak moun peyi Jida yo. Yo te mete l' nan chenn ansanm ak tout moun yo t'ap depòte lavil Babilòn. 2 Chèf lagad la pran Jeremi sou kote, li di l' konsa: -Seyè a, Bondye ou la, te di li t'ap fè malè sa a tonbe sou peyi a. 3 Koulye a sa li te di li t'ap fè a, li fè l'. Sa ki lakòz? Se paske pèp ou a te antò devan Seyè a, yo pa t' vle koute l'. 4 Atòkile, m'ap wete chenn ki nan ponyèt ou yo, m'ap lage ou. Si ou vle vini ak mwen lavil Babilòn, ou mèt vini, m'a pran swen ou. Men, si ou pa vle tou, ou pa blije vini. Tout peyi a devan ou, ou mèt ale kote ou vle. 5 Lè Neboucharadan wè Jeremi pa reponn, li di l' ankò: -Tounen al jwenn Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, lavil Mispa. Se li menm wa Babilòn lan mete pou gouvènen tout lavil nan peyi Jida yo. W'a rete avè l' nan mitan pèp la. Ou gen dwa tou ale kote ou vle nan peyi a. Lèfini, li bay Jeremi yon kado ansanm ak kèk pwovizyon pou l' manje, epi li voye l' ale. 6 Jeremi al jwenn Gedalya, pitit Akikam lan, lavil Mispa. Li rete la avè l' ansanm ak moun yo te kite nan peyi a. 7 Te gen yon rès lame peyi Jida a ki te andeyò lavil Jerizalèm. Chèf yo ansanm ak sòlda yo vin konnen wa Babilòn lan te mete Gedalya, pitit Akikam lan, chèf sou tout peyi a. Wa a te kite tout moun yo pa t' depòte yo sou kont li, tout moun pòv yo, fanm kou gason, granmoun kou timoun. 8 Se konsa, Izmayèl, pitit Netanya, Jokanan ak Jonatan, pitit Karejak, Seraya, pitit Tannoumèt, pitit Efayi yo, moun lavil Netofa, ansanm ak Jezanya, pitit Makat, yo moute lavil Mispa, y' al jwenn Gedalya ansanm ak tout sòlda yo. 9 Gedalya di yo konsa: -Mwen ban nou pawòl mwen, nou pa bezwen pè soumèt nou devan moun Babilòn yo. Rete nan peyi a. Sèvi wa Babilòn lan. Tout bagay va mache byen pou nou. 10 Mwen menm, m'ap rete isit lavil Mispa. Konsa, m'a pale pou nou ak moun Babilòn yo lè y'a vini. Nou menm, nou mèt al fè rekòt rezen, lòt fwi ak lwil. Mete yo nan depo. Nou mèt rete nan lavil kote n'a ye yo. 11 Konsa tou, tout jwif ki te nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon ak nan tout lòt peyi vin konnen wa Babilòn lan te penmèt kèk jwif rete nan peyi Jida, li te mete Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, chèf sou yo tout. 12 Yo kite peyi kote yo te gaye yo, yo tounen nan peyi Jida, yo vin jwenn Gedalya lavil Mispa. Yo fè yon bèl rekòt rezen ak lòt fwi an kantite. 13 Yon jou, Jokanan, pitit Karejak, ansanm ak tout lòt chèf lame ki te andeyò yo vin jwenn Gedalya lavil Mispa. 14 Yo di l' konsa: -Ou pa konnen Baalis, wa peyi Amon an, voye Izmayèl, pitit Netanya a, pou touye ou? Men Gedalya pa t' vle kwè yo. 15 Lè sa a, Jokanan al jwenn Gedalya an kachèt lavil Mispa, li di l' konsa: -Eske ou vle m' al touye Izmayèl pou ou? Pesonn p'ap konn anyen. Poukisa pou ou kite l' ansasinen ou? Si li touye ou, sa pral lakòz tout jwif ki te sanble bò kote ou yo pral gaye ankò. Sa pral lakòz ti ponyen moun ki rete nan peyi Jida a rive disparèt. 16 Men, Gedalya reponn: -Pa fè sa, monchè! Sa w'ap di sou Izmayèl la pa vre!
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jeremi 40:1
Introduction
This and the four following chapters contain a distinct account of what passed in the land of Judah from the taking of Jerusalem to the retreat of the remnant of the people to Egypt; together with the prophecies of Jeremiah concerning that place, whither he himself accompanied them. In this chapter we have an account of the enlargement of Jeremiah by Nebuzar-adan, the captain of the guard, who advises him to put himself under the jurisdiction of Gedaliah, the son of Ahikam, whom the king of Babylon had made governor over the land of Judea, Jer 40:1-5. The prophet and many of the dispersed Jews repair to Gedaliah, Jer 40:6-12. Johanan acquaints the governor of a conspiracy against him, but is not believed, Jer 40:13-16.
Verse 1
The word that came to Jeremiah - This and the four following chapters contain a particular account of what passed in the land of Judea from the taking of the city to the retreat of the people into Egypt, and the prophecies of Jeremiah concerning them there.
Had let him go from Ramah - This has embarrassed most of the commentators. Dr. Blayney has thrown much light upon it by his translation and note: - "The word that came to Jeremiah from Jehovah, after that Nebu-Zaradan captain of the guards had taken him, and let him go from Ramah: for he had been bound with chains among all the captives of Jerusalem and Judah, who were carried away captive to Babylon." "Had Taken Him, and Let Him Go. - Most interpreters have understood בקחתו אתו bekachto otho of Nebuchadnezzar's having first taken Jeremiah as a captive unto Ramah. But if the order of the sentence be well observed, as well as the more common use of the verb לקח lakach, it will, I think, rather appear that those words relate to his taking or having him brought to him, in order to give him his discharge."
Jeremi 40:2-3
Verse 2
The Lord thy God hath pronounced - I know that thou art a true prophet, for what thou hast predicted from thy God is come to pass.
Jeremi 40:4
Verse 4
Come; and I will look well unto thee - Thou art now at full liberty to do as thou pleasest; either to come to Babylon or to stay in thy own land.
Jeremi 40:5-7
Verse 5
Go back also to Gedaliah - If thou wilt stay in thy own land, thou hadst best put thyself under the protection of thy countryman Gedaliah, whom the King of Babylon has made governor of the land.
Jeremi 40:8-13
Verse 8
Ishmael the son of Nethaniah - This is he who afterwards murdered Gedaliah. He had been employed to do this by Baalis, king of the Ammonites, with whom he appears to have taken refuge during the siege. See Jer 40:14.
Jeremi 40:14-15
Verse 14
But Gedaliah the son of Ahikam believed then not - The account given of this man proves him to have been a person of uncommon greatness of soul. Conscious of his own integrity and benevolence, he took the portrait of others from his own mind; and therefore believed evil of no man, because he felt none towards any in his own breast. He may be reproached for being too credulous and confident: but any thing of this kind that may be justly charged against him serves only to show the greatness of his mind. A little soul is ever suspicious, and ready to believe the worst of every person and thing. A great mind acts always on the contrary.
Jeremi 40:16
Verse 16
Thou shalt not do this thing - He cannot be so base.
Thou speakest falsely of Ishmael - He thought it quite possible that the man who was capable of becoming an assassin was capable of telling a lie; and therefore he would not credit what he said. Had he been a little more distrustful, he would have saved his own life. The next chapter shows that Johanan's information was too true. So noble Gedaliah lost his life by not believing that evil of others of which he himself was incapable.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
