Jeremi 4

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm pèp Izrayèl, si nou vle chanje vre, se tounen pou nou tounen vin jwenn mwen. Si nou wete vye zidòl nou yo devan je m', si nou sispann lage kò nou nan raje, 2 si nou pran non mwen, non mwen menm Bondye vivan an, pou fè sèman, si nou pa bay manti, si nou pa fè lenjistis, si nou fè sa ki dwat, lè sa a, tout nasyon yo va mande m' pou beni yo, y'a fè lwanj mwen. 3 Men sa Seyè a di moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo: Fè bwa nèf. Pa plante nan pikan. 4 Nou menm ki pote mak kontra m' lan nan kò nou, kenbe kontra nou fè avè m' lan. Louvri kè nou ban mwen, nou menm moun peyi Jida ak moun Jerizalèm. Si nou pa fè sa, m'ap fè kòlè. Tankou yon dife, m'ap boule nou, poutèt tout move bagay nou fè yo. Lè sa a, pesonn p'ap ka sove nou anba men m'. 5 Mache pale tout moun nan peyi Jida a. Fè moun Jerizalèm yo konn sa. Avèti yo! Kònen twonpèt nan tout peyi a. Rele byen fò. Di yo pou yo sanble, pou yo kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo. 6 Ba yo direksyon mòn Siyon an! Kouri al kache! Pa mize sou wout! Mwen menm, Seyè a, m' ap fè yon malè soti nan nò. Li pral fè gwo dega. 7 Tankou yon lyon ki soti nan kachèt li anba raje, moun ki pral detwi nasyon yo derape. Li kite lakay li, l'ap vin devaste peyi Jida a. L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo. 8 Se poutèt sa, mete rad sak sou nou! Kriye! Plenn sò nou! Paske se pa ti move Seyè a move, li p'ap fè pa nou! 9 Seyè a di konsa: -Jou sa a, wa a ansanm ak chèf li yo ap pèdi kouraj. Prèt yo pral sezi, pwofèt yo p'ap konn sa pou yo di. 10 Lè sa a, mwen di: Aaa! Seyè, Bondye! Ou twonpe moun lavil Jerizalèm yo nèt. Ou te di yo yo pa t'ap gen pwoblèm menm, epi se yon nepe ou voye pou touye yo. 11 Yon jou ap vini. Lè sa a, y'a di pèp lavil Jerizalèm lan: Men yon van byen cho k'ap soufle soti nan dezè a. L'ap desann sou moun pèp Jida yo. Se pa yon ti van pou vannen, ni pou netwaye grenn. 12 Men se yon gwo van m'ap fè soti laba a. Koulye a se mwen menm, Seyè a, ki pral ba yo santans yo. 13 Gade! Men lènmi yo ap vini tankou nwaj nan syèl la. Cha lagè yo tankou yon van siklòn. Chwal yo pi rapid pase malfini. Zafè nou pa bon! Y'ap fini ak nou! 14 Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou? 15 Depi lavil Dann y'ap bay nouvèl la. Depi sou mòn Efrayim lan y'ap anonse malè a. 16 Y'ap avèti tout nasyon yo. Y'ap fè lavil Jerizalèm konnen sa k'ap rive l'. Lènmi ap soti nan yon peyi byen lwen. Y'ap rele byen fò, y'ap kouri sou lavil Jida yo. 17 Yo pral sènen lavil Jerizalèm tankou moun k'ap veye jaden, paske moun li yo te refize obeyi Seyè a. Se Seyè a menm ki di sa. 18 Jida, se lenkondite ou ak move lajisman ou ki lakòz tou sa. Se mechanste ou ki fè sa rive ou. Sa pa dous menm! Li frape ou nan kè. 19 Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m' ap fè m' mal! Kè mwen ap bat byen fò. M' pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo. 20 Y'ap anonse malè sou malè! Y'ap fini ak tout peyi a. Nou rete konsa, nou wè yo kraze tout tant nou yo. Yo demoli tout kay andeyò nou yo. 21 Kilè m'a wè bout batay la? Kilè m'a sispann tande twonpèt lagè a? 22 Seyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m'! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen. 23 Mwen gade tè a: Pa yon pyebwa! Anyen menm! Mwen gade syèl la: Pa yon ti limyè! 24 Mwen gade mòn yo, yo t'ap tranble! Mwen gade ti bit yo, yo t'ap balanse adwat agoch! 25 Mwen gade, m' pa wè yon moun. Tout zwazo yo met deyò. 26 Bèl jaden yo tounen dezè. Tout lavil yo boule ratè. Se travay Seyè a, paske Seyè a move anpil. 27 Men sa Seyè a di: Se pou tout tè a tounen dezè. Men, mwen p'ap fin detwi l' nèt. 28 Tè a nan lapenn. Syèl la tou nwa. Seyè a pale, li p'ap tounen sou sa li di. Li fin pran desizyon l', li p'ap chanje lide. 29 Lè yo tande bri kavalye yo ak mesye k'ap tire flèch yo, tout moun nan lavil la pran kouri. Gen ki kouri al kache nan bwa. Gen ki kouri moute nan wòch yo. Tout lavil yo san moun ladan yo. Pa gen yon moun ki rete la ankò. 30 Ou menm, lavil Jerizalèm, ou fini! Kisa ou ka fè? W'ap mete bèl rad wouj sou ou? W'ap mete tout bijou ou yo? W'ap pentire po je ou? Ou mèt fè ou bèl, sa p'ap sèvi ou anyen. Se meprize moun ki te renmen ou yo ap meprize ou! Yo soti pou yo touye ou. 31 Mwen tande yon rèl, tankou rèl fanm ki gen tranche, rèl fanm k'ap fè premye pitit li. Se rèl moun lavil Jerizalèm yo k'ap chache pran souf. Y'ap lonje men yo. Y'ap rele: -Anmwe! Nou pa kapab ankò! Men y'ap fin touye nou.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jeremi 4:1

Jr 4:1-31. Continuation of Address to the Ten Tribes of Israel. (Jr 4:1, 2). The Prophet Turns Again to Judah, to Whom He Had Originally Been Sent (Jr 4:3-31).

1. return ... return--play on words. "If thou wouldest return to thy land (thou must first), return (by conversion and repentance) to Me."

not remove--no longer be an unsettled wanderer in a strange land. So Cain (Ge 4:12, 14).

Jeremi 4:2

2. And thou--rather, "And if (carried on from Jr 4:1) thou shalt swear, 'Jehovah liveth,' in truth, &c.", that is, if thou shalt worship Him (for we swear by the God whom we worship; compare De 6:13; 10:20; Is 19:18; Am 8:14) in sincerity, &c.

and the nations--Rather, this is apodosis to the "if"; then shall the nations bless themselves in (by) Him" (Is 65:16). The conversion of the nations will be the consequence of Israel's conversion (Psa 102:13, 15; Ro 11:12, 15).

Jeremi 4:3

3. Transition to Judah. Supply mentally. All which (the foregoing declaration as to Israel) applies to Judah.

and Jerusalem--that is, and especially the men of Jerusalem, as being the most prominent in Judea.

Break ... fallow ground--that is, Repent of your idolatry, and so be prepared to serve the Lord in truth (Ho 10:12; Mt 13:7). The unhumbled heart is like ground which may be improved, being let out to us for that purpose, but which is as yet fallow, overgrown with weeds, its natural product.

Jeremi 4:5

5. cry, gather together--rather, "cry fully" that is, loudly. The Jews are warned to take measures against the impending Chaldean invasion (compare Jr 8:14).

Jeremi 4:6

6. Zion--The standard toward Zion intimated that the people of the surrounding country were to fly to it, as being the strongest of their fortresses.

Jeremi 4:7

7. lion--Nebuchadnezzar and the Chaldeans (Jr 2:15; 5:6; Da 7:14).

his thicket--lair; Babylon.

destroyer of the Gentiles--rather, "the nations" (Jr 25:9).

Jeremi 4:8

8. Nothing is left to the Jews but to bewail their desperate condition.

anger ... not turned back--(Is 9:12, 17, 21).

Jeremi 4:9

9. heart--The wisdom of the most leading men will be utterly at a loss to devise means of relief.

Jeremi 4:10

10. thou hast ... deceived--God, having even the false prophets in His hands, is here said to do that which for inscrutable purposes He permits them to do (Ex 9:12; 2Th 2:11; compare Jr 8:15; which passage shows that the dupes of error were self-prepared for it, and that God's predestination did not destroy their moral freedom as voluntary agents). The false prophets foretold "peace," and the Jews believed them; God overruled this to His purposes (Jr 5:12; 14:13; Eze 14:9).

soul--rather, "reacheth to the life."

Jeremi 4:11

11. dry wind--the simoom, terrific and destructive, blowing from the southeast across the sandy deserts east of Palestine. Image of the invading Babylonian army (Ho 13:15). Babylon in its turn shall be visited by a similar "destroying wind" (Jr 51:1).

of ... high places--that is, that sweeps over the high places.

daughter--that is, the children of my people.

not to fan--a very different wind from those ordinary winds employed for fanning the grain in the open air.

Jeremi 4:12

12. full ... from those places--rather, "a wind fuller (that is, more impetuous) than those winds" (which fan the corn) (Jr 4:11) [Rosenmuller].

unto me--"for Me," as My instrument for executing My purpose.

sentence--judgments against them (Jr 1:16).

Jeremi 4:13

13. clouds--continuing the metaphor in Jr 4:11:12. Clouds of sand and dust accompany the simoom, and after rapid gyrations ascend like a pillar.

eagles--(De 28:49; Ha 1:8).

Woe unto us--The people are graphically presented before us, without it being formally so stated, bursting out in these exclamations.

Jeremi 4:14

14. Only one means of deliverance is left to the Jews--a thorough repentance.

vain thoughts--namely, projects for deliverance, such as enlisting the Egyptians on their side. Gesenius translates, "How long wilt thou harbor vain thoughts?"

Jeremi 4:15

15. For ... from Dan--The connection is: There is danger in delay; for the voice of a messenger announces the approach of the Chaldean enemy from Dan, the northern frontier of Palestine (Jr 8:16; compare Jr 4:6; Jr 1:14).

Mount Ephraim--which borders closely on Judah; so that the foe is coming nearer and nearer. Dan and Beth-el in Ephraim were the two places where Jeroboam set up the idolatrous calves (1Ki 12:29); just retribution.

Jeremi 4:16

16. The neighboring foreign "nations" are summoned to witness Jehovah's judgments on His rebel people (Jr 6:18, 19).

watchers--that is, besiegers (compare 2Sa 11:16); observed or watched, that is, besieged.

their voice--the war shout.

Jeremi 4:17

17. keepers of a field--metaphor from those who watch a field, to frighten away the wild beasts.

Jeremi 4:18

18. (Jr 2:17, 19; Psa 107:17).

this is thy wickedness--that is, the fruit of thy wickedness.

Jeremi 4:19

19. The prophet suddenly assumes the language of the Jewish state personified, lamenting its affliction (Jr 10:19, 20; 9:1, 10; Is 15:5; compare Lu 19:41).

at my very heart--Hebrew, "at the walls of my heart"; the muscles round the heart. There is a climax, the "bowels," the pericardium, the "heart" itself.

maketh ... noise--moaneth [Henderson].

alarm--the battle shout.

Jeremi 4:20

20. Destruction ... cried--Breach upon breach is announced (Psa 42:7; Eze 7:26). The war "trumpet" ... the battle shout ... the "destructions" ... the havoc throughout "the whole land" ... the spoiling of the shepherds' "tents" (Jr 10:20; or, "tents" means cities, which should be overthrown as easily as tents [Calvin]), form a gradation.

Jeremi 4:21

21. Judah in perplexity asks, How long is this state of things to continue?

Jeremi 4:22

22. Jehovah's reply; they cannot be otherwise than miserable, since they persevere in sin. The repetition of clauses gives greater force to the sentiment.

wise ... evil ... to do good ... no knowledge--reversing the rule (Ro 16:19) "wise unto ... good, simple concerning evil."

Jeremi 4:23

23. Graphic picture of the utter desolation about to visit Palestine. "I beheld, and lo!" four times solemnly repeated, heightens the awful effect of the scene (compare Is 24:19; 34:11).

without form and void--reduced to the primeval chaos (Ge 1:2).

Jeremi 4:24

24. mountains--(Is 5:25).

moved lightly--shook vehemently.

Jeremi 4:25

25. no man ... birds--No vestige of the human, or of the feathered creation, is to be seen (Eze 38:20; Zep 1:3).

Jeremi 4:26

26. fruitful place--Hebrew, Carmel.

a wilderness--Hebrew, "the wilderness," in contrast to "the fruitful place"; the great desert, where Carmel was, there is now the desert of Arabia [Maurer].

cities--in contrast to the fruitful place or field.

Jeremi 4:28

28. For this--on account of the desolations just described (Is 5:30; Ho 4:3).

not repent--(Nu 23:19).

Jeremi 4:29

29. whole city--Jerusalem: to it the inhabitants of the country had fled for refuge; but when it, too, is likely to fall, they flee out of it to hide in the "thickets." Henderson translates, "every city."

noise--The mere noise of the hostile horsemen shall put you to flight.

Jeremi 4:30

30. when thou art spoiled--rather, "thou, O destroyed one" [Maurer].

rentest ... face with painting--Oriental women paint their eyes with stibium, or antimony, to make them look full and sparkling, the black margin causing the white of the eyes to appear the brighter by contrast (2Ki 9:30). He uses the term "distendest" in derision of their effort to make their eyes look large [Maurer]; or else, "rentest," that is, dost lacerate by puncturing the eyelid in order to make the antimony adhere [Rosenmuller]. So the Jews use every artifice to secure the aid of Egypt against Babylon.

face--rather, thy eyes (Eze 23:40).

Jeremi 4:31

31. anguish--namely, occasioned by the attack of the enemy.

daughter of Zion--There is peculiar beauty in suppressing the name of the person in trouble, until that trouble had been fully described [Henderson].

bewaileth herself--rather, "draweth her breath short" [Horsley]; "panteth."

spreadeth ... hands--(La 1:17).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.