Jeremi 3
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a di ankò: -Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l', li al fè afè ak yon lòt gason, èske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi koulye a nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Seyè a ki di sa. 2 Leve je nou, gade tèt mòn yo! Eske gen yonn ladan yo kote nou pa t' aji tankou yon fanm k'ap fè jennès? Nou rete chita sou tout bò chemen ap veye gason, tankou arab k'ap veye moun nan dezè a pou piye yo. Nou avili tout peyi a ak lenkondite nou ansanm ak mechanste nou yo. 3 Se poutèt sa pa t' gen lapli. Lapli prentan yo pa vini. Men, je nou chèch tankou jennès, nou pa janm wont. 4 Koulye a menm, n'ap vin di m': O wi, se mwen ki papa nou, nou te toujou renmen m' depi lè nou te piti. 5 Nou konnen mwen p'ap ret fache pou tout tan, mwen p'ap kenbe nou nan kè m'. Pèp Izrayèl, se sa nou te toujou di. Epi apre sa, nou lage kò nou pi rèd nan fè sa ki mal. 6 Yon lòt fwa Seyè a pale avè m' ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Seyè a di m' konsa: -Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m'. li ale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye. 7 Mwen t'ap di nan kè m': lè l'a fin fè tout bagay sa yo, l'a tounen vin jwenn mwen. Men, li pa tounen. Jida, sè l' la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', wè sa. 8 Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l' al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l' nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', pa t' pè. Li menm tou, li al lage kò l' nan jennès. 9 Li pa t' wont. Li avili tout peyi a avèk lenkondite li. li al fè sèvis pou wòch ak pyebwa. 10 Lè li fin fè tou sa, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', li tounen vin jwenn mwen. Men, se te pawòl nan bouch. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. 11 Apre sa, Seyè a di konsa: -Izrayèl te vire do ban mwen, men li te pi bon pase Jida ki te chita la ap twonpe m'. 12 Ale nan nò, w'a di moun peyi Izrayèl yo pou mwen: Nou menm moun peyi Izrayèl ki te vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Mwen gen kè sansib, mwen p'ap fache sou nou. Mwen p'ap fache sou nou pou tout tan. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. 13 Sèlman, se pou nou rekonèt sa nou fè a pa bon. Nou pa t' kenbe pawòl nou avè m', Seyè a, Bondye nou an! Nou t' al toupatou, anba tout kalite pyebwa, pou fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo. Nou pa t' koute m' lè mwen t'ap pale nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 14 Nou menm ki vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Paske, se mwen menm ki mèt nou. Mwen pral pran yon moun nan chak lavil nou yo, de moun nan chak branch fanmi, m'ap mennen nou tounen sou mòn Siyon an. 15 M'ap ban nou chèf k'ap fè tou sa m' vle yo fè. Y'a gen konesans ak bon konprann pou gouvènen nou. 16 Apre sa, lè m'a fè n' peple nan peyi a, moun p'ap pale sou Bwat Kontra Seyè a ankò. Lide yo p'ap sou li, y'ap bliye l' nèt. Yo p'ap menm wè si li pa la. Yo p'ap fè yon lòt. 17 Lè sa a, y'a rele Jerizalèm Fotèy Seyè a. Lèfini tout nasyon yo va vin sanble la pou fè sèvis pou Seyè a. Y'a sispann swiv move lide ki t'ap fè yo kenbe tèt ak mwen an. 18 Lè sa a, moun peyi Jida yo va mete tèt ansanm ak moun peyi Izrayèl yo ankò. Ansanm y'a soti kite peyi nan nò a pou yo vin nan peyi mwen te bay zansèt yo pou rele yo pa yo a. 19 Seyè a te di ankò: -Jan m' ta renmen asepte ou pou pitit mwen! Mwen ta ba ou yon peyi ki plen bèl bagay, peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi sou latè, peyi ki t'ap rele ou pa ou. Mwen t'ap di nan kè m' yo pral rele m' papa. Yo p'ap janm vire do ban mwen ankò. 20 Men, tankou yon fanm k'ap twonpe mari l', nou menm, moun peyi Izrayèl yo, nou twonpe m'. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 21 Yo tande yon sèl rèl sou tèt mòn yo: Se pèp Izrayèl la k'ap kriye, k'ap rele. Paske yo fin pèdi tèt yo, yo bliye Seyè a, Bondye yo a. 22 Tounen vin jwenn mwen non, nou tout ki te vire do bay Bondye. M'a geri nou, m'a fè nou kenbe pawòl nou yo. Nou di: Men nou! Nou tounen vin jwenn ou. Wi, se ou menm Seyè a ki Bondye nou! 23 Se pou gremesi nou t'ap fè tout bri sa yo sou tèt mòn yo. Yo pa ka fè anyen pou nou. Wi, se Seyè a, Bondye nou an, sèl ki ka sove pèp Izrayèl la. 24 Men, depi nou te tou piti, zidòl k'ap fè nou wont la fin manje dènye sa zansèt nou yo te kite pou nou: bèf, kabrit ak mouton, pitit gason ak pitit fi. 25 Se pou nou bese tèt nou jouk atè tèlman nou wont. Wont la twòp pou nou! Li kouvri nou nèt! Wi, ni nou ni zansèt nou yo, depi nou tou piti rive jouk jòdi a, n'ap fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye nou an. Nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, pou nou fè sa l' mande nou fè.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jeremi 3:1
Introduction
The first five verses of this chapter allude to the subject of the last; and contain earnest exhortations to repentance, with gracious promises of pardon, notwithstanding every aggravation of guilt, Jer 3:1-5. At the sixth verse a new section of prophecy commences, opening with a complaint against Judah for having exceeded in guilt her sister Israel, already cast off for her idolatry, Jer 3:6-11. She is cast off, but not forever; for to this same Israel, whose place of captivity (Assyria) lay to the north of Judea, pardon is promised on her repentance, together with a restoration to the Church of God, along with her sister Judah, in the latter days, Jer 3:12-20. The prophet foretells the sorrow and repentance of the children of Israel under the Gospel dispensation, Jer 3:21. God renews his gracious promises, Jer 3:22; and they again confess their sins. In this confession their not deigning to name the idol Baal, the source of their calamities, but calling him in the abstract shame, or a thing of shame, is a nice touch of the perusal extremely beautiful and natural, Jer 3:22-25.
Verse 1
If a man put away his wife - It was ever understood, by the law and practice of the country, that if a woman were divorced by her husband, and became the wife of another man, the first husband could never take her again. Now Israel had been married unto the Lord; joined in solemn covenant to him to worship and serve him only. Israel turned from following him, and became idolatrous. On this ground, considering idolatry as a spiritual whoredom, and the precept and practice of the law to illustrate this case, Israel could never more be restored to the Divine favor: but God, this first husband, in the plenitude of his mercy, is willing to receive this adulterous spouse, if she will abandon her idolatries and return unto him. And this and the following chapters are spent in affectionate remonstrances and loving exhortations addressed to these sinful people, to make them sensible of their own sin, and God's tender mercy in offering to receive them again into favor.
Jeremi 3:2
Verse 2
As the Arabian in the wilderness - They were as fully intent on the practice of their idolatry as the Arab in the desert is in lying in wait to plunder the caravans. Where they have not cover to lie in ambush, they scatter themselves about, and run hither and thither, raising themselves up on their saddles to see if they can discover, by smoke, dust, or other token, the approach of any travelers.
Jeremi 3:3
Verse 3
There hath been no latter rain - The former rain, which prepared the earth for tillage, fell in the beginning of November, or a little sooner; and the latter rain fell in the middle of April, after which there was scarcely any rain during the summer.
Jeremi 3:4
Verse 4
Wilt thou not - cry unto me, My father - Wilt thou not allow me to be thy Creator and Preserver, and cease thus to acknowledge idols? See on Jer 2:27 (note).
Jeremi 3:5
Verse 5
Will he reserve his anger for ever? - Why should not wrath be continued against thee, as thou continuest transgression against the Lord?
Jeremi 3:6
Verse 6
The Lord said also unto me in the days of Josiah the king - This is a new discourse, and is supposed to have been delivered after the eighteenth year of the reign of Josiah. Here the prophet shows the people of Judah the transgressions, idolatry, obstinacy, and punishment of their brethren, the ten tribes, whom he calls to return to the Lord, with the most gracious promises of restoration to their own country, their reunion with their brethren of Judah, and every degree of prosperity in consequence. He takes occasion also to show the Jews how much more culpable they were than the Israelites, because they practiced the same iniquities while they had the punishment and ruin of the others before their eyes. He therefore exhorts them to return to God with all their hearts, that they might not fall into the same condemnation. See the following verses.
Jeremi 3:7
Verse 7
And I said - By the prophets Elijah, Elisha, Hosea, Amos, etc.; for all these prophesied to that rebellious people, and exhorted them to return to the Lord.
Jeremi 3:8
Verse 8
I had put her away - Given them up into the hands of the Assyrians.
Jeremi 3:9-10
Verse 9
The lightness of her whoredom - The grossness of her idolatry: worshipping objects the most degrading, with rites the most impure.
Jeremi 3:11
Verse 11
Backsliding Israel hath justified herself more - She was less offensive in my eyes, and more excusable, than treacherous Judah. So it is said, Luk 18:14, the humbled publican went down to his house justified rather than the boasting Pharisee. The one was more to be pitied than the other, and more likely to receive the mercy of God.
Jeremi 3:12-13
Verse 12
Proclaim these words toward the north - The countries where the ten tribes were then in captivity, Mesopotamia, Assyria, Media, etc., see 2Kgs 17:6; these lay north of Judea. How tender and compassionate are the exhortations in this and the following verses! Could these people believe that God had sent the prophet and yet prefer the land of their bondage to the blessings of freedom in their own country, and the approbation of their God?
Jeremi 3:14
Verse 14
I will take you one of a city, and two of a family - If there should be but one of a city left, or one willing to return, and two only of a whole tribe, yet will I receive these, and bring them back from captivity into their own land. I have heard these words most sinfully applied to show the nature of a fancied eternal decree of election, that has appointed in several cases one only out of a whole city, and two out of a whole family, to be eternally saved, leaving the rest, according to the decree of reprobation, to perish everlastingly! And yet these persons, who spoke thus of the Fountain of eternal goodness and mercy, professed to believe in Him who by the grace of God tasted death for every man.
Jeremi 3:15
Verse 15
I win give you pastors according to mine heart - The pastor means either the king or the prophet; and the pastors here promised may be either kings or prophets, or both. These shall be according to God's own heart; they shall be of his own choosing and shall be qualified by himself: and in consequence they shall feed the people with knowledge, דעה deah that Divine truth concerning the true God and the best interests of man, which was essentially necessary to their salvation; and understanding השכיל haskeil, the full interpretation of every point, that in receiving the truth they might become wise, holy, and happy.
Jeremi 3:16
Verse 16
The ark of the covenant of the Lord - This symbol of the Divine presence, given to the Jews as a token and pledge of God's dwelling among them, shall be no longer necessary, and shall no longer exist; for in the days of the Messiah, to which this promise seems to relate, God's worship shall not be confined either to one place or to one people. The temple of God shall be among men, and every where God be adored through Christ Jesus.
Neither shall that be done any more - The ark shall be no more established, nor carried from place to place, nor shall men go to visit it. All its ceremonies and importance shall cease; and, if lost, shall never be rebuilt.
Jeremi 3:17
Verse 17
They shall call Jerusalem the throne of the Lord - The new Jerusalem, the universal Church of Christ, shall be God's throne: and wherever he is acknowledged as the Lamb of God who takes away the sin of the world, there God sits on his throne, and holds his court.
Jeremi 3:18
Verse 18
The house of Judah shall walk with the house of Israel - That is, in those days in which the Jews shall be brought in with the fullness of the Gentiles.
Out of the land of the north - From Chaldea. This prophecy has two aspects: one refers to the return from the Babylonish captivity; the other, to the glorious days of Christianity. But the words may refer to that gathering together of the Jews, not only from Chaldea, but from the countries of their dispersion over the face of the whole earth, and uniting them in the Christian Church.
Jeremi 3:19-20
Verse 19
How shalt I put thee among the children - As if he had said, How can ye be accounted a holy seed, who are polluted? How can ye be united to the people of God, who walk in the path of sinners? How can ye be taken to heaven, who are unholy within, and unrighteous without?
And I said, Thou shalt call me, My father - This is the answer to the above question. They could not be put among the children unless they became legal members of the heavenly family: and they could not become members of this family unless they abandoned idolatry, and took the Lord for their portion. Nor could they be continued in the privileges of the heavenly family, unless they no more turned away from their heavenly Father.
Jeremi 3:21
Verse 21
A voice was heard upon the high places - Here the Israelites are represented as assembled together to bewail their idolatry and to implore mercy. While thus engaged, they hear the gracious call of Jehovah: -
Jeremi 3:22-23
Verse 22
Return, ye backsliding children - This they gladly receive, and with one voice make their confession to him: "Behold, we come unto thee, for thou art Jehovah our God;" and thence to the end of the chapter, show the reasons why they return unto God.
1. Because he is the true God.
2. Because the idols did not profit them: they could give no help in time of trouble.
3. Because it is the prerogative of God alone to give salvation.
4. Because they had no kind of prosperity since they had abandoned the worship of their Maker. And this was not only their case, but it was the case of their forefathers, who all suffered in consequence of their idolatry and disobedience.
5. These reasons are concluded with a hearty confession of sin, at the thought of which they are confounded; for the remembrance of their sin was grievous to them, and the burden was intolerable. This confession ended, God appears in the next chapter with gracious promises, and proper directions how they are to return, and how to conduct themselves in future.
Jeremi 3:24-25
Verse 24
For shame hath devoured - The word shame, here and in Jer 11:13; Hos 9:10, is supposed to signify Baal, the idol which they worshipped. That thing or shame which has brought you into contempt, confusion, and ruin. Sooner or later every sinner must be ashamed of his conduct; next, confounded; and, lastly, ruined by it, unless by true faith and hearty repentance he returns to the Lord.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
