Kòmanse

Ezekyèl 41

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Apre sa, nonm lan fè m' antre nan tanp lan, nan gwo pyès mitan tanp lan, kote ki apa pou Bondye a. Li mezire koridò kote pou antre ladan l' lan. Li jwenn li te gen dis pye longè, 2 dizwit pye lajè. Miray ki chak bò yo te gen wit pye epesè. Li mezire chanm lan anndan anndan, li jwenn swasantwit pye longè ak trannkat pye lajè. 3 Apre sa, li antre nan dènye pyès dèyè nèt la, li mezire papòt ki bay sou li a. Li te gen twa pye pwofondè, dis pye lajè. Miray chak bò yo te gen douz pye epesè. 4 Li mezire chanm lan. Li te kare kare, trannkat pye chak bò. Chanm sa a te dèyè chanm mitan an. Apre sa, li di m': Isit la se kote yo met apa nèt pou Bondye a. 5 Nonm lan mezire epesè miray anndan tanp lan, li jwenn dis pye. Sou kote Tanp lan, nan mitan miray anndan an ak miray deyò a, te gen yon seri ti pyès ki te fè wonn li. Chak pyès te kare kare, sèt pye chak bò. 6 Te gen trant chanm anba. Chak chanm sa yo te gen de lòt anwo yo: trant chanm nan premye etaj la, trant lòt chanm nan dezyèm etaj la. Epesè miray deyò Tanp lan te pi piti nan premye etaj la pase anba. Li te pi piti toujou nan dezyèm etaj la pase nan premye a. Konsa, chanm yo te chita sou miray la san yo pa t' bezwen makònen avè l'. 7 Lè ou rete deyò w'ap gade, ou wè de miray Tanp lan sanble yo te menm epesè depi anba jouk anwo. Apiye sou miray deyò Tanp lan, te gen de eskalye byen laj pou soti nan chanm anba yo pou moute nan premye etaj la jouk li rive nan dezyèm etaj lan. 8 Mwen wè te gen yon teras wit pye lajè ki te fè wonn Tanp lan. Li te menm wotè ak pòtay pyès ki sou kote de miray Tanp lan, ki vle di dis pye pi wo pase fondasyon Tanp lan. 9 Miray deyò pyès sou kote yo te gen wit pye epesè. Se sou teras la yo pase pou antre nan pyès sou kote yo. Ant teras la 10 ak rès batiman an, te gen yon koulwa trannkat pye lajè, ki te fè wonn Tanp lan. 11 Te gen yon pòt ki louvri sou pyès sou kote yo bò nò a ak yon pòt ki louvri sou pyès sou kote yo bò sid la. Miray ki te fèmen koulwa a te gen wit pye epesè sou tout longè l'. 12 Nan fon lakou dèyè Tanp lan, bò solèy kouche, te gen yon gwo kay sansenkant pye lajè, sanswasannsèz pye longè. Miray li yo te nèf pye epesè toutotou. 13 Nonm lan mezire Tanp lan sou deyò. Li te gen sanswasantwit pye longè. Soti depi dèyè Tanp lan, travèse espas vid la, rive nan dènye bout kay ki bò solèy kouche a, li jwenn sanswasantwit pye tou. 14 Li mezire tout fasad devan Tanp lan avèk de espas vid chak bò yo, sa ba li sanswasantwit pye tou. 15 Li mezire longè kay ki bò solèy kouche a, avèk de galeri yo, yonn chak bò. Sa ba li tou sanswasantwit pye. 16 Premye pyès devan an, pyès mitan an ak pyès dèyè a ki apa nèt pou Bondye a te gen gwo moso planch plake sou tout palisad yo, depi planche a rive nan fennèt yo. Fennèt yo te fèmen ak yon griyay. 17 Sou tout miray anndan Tanp lan, depi anba rive depase wotè pòt yo, yo te travay planch yo 18 pou fè pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben. Pòtre yo te fè wonn chanm lan nèt, yon pye palmis, yon zanj cheriben, yonn dèyè lòt. Pòtre zanj yo te gen de figi, 19 yon figi moun k'ap gade pye palmis ki sou bò sa a, yon figi lyon k'ap gade pye palmis ki sou lòt bò a. Se konsa pòtre yo te ye sou tout miray la nèt. 20 Depi planche a rive depase wotè pòt yo, sou tout miray la, te gen pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben. 21 Gwo poto ki te devan Tanp lan te kare kare. Devan premye pyès Tanp lan te gen yon bagay ki te sanble 22 yon lotèl an bwa. Li te gen senk pye wotè. Anwo lotèl la te kare kare, kat pye chak bò. Pye lotèl la ki te nan kat kwen yo, pyès anba a ak kat sou kote yo, tout te fèt an bwa. Nonm lan di m' konsa: Se tab sa a ki kanpe devan prezans Seyè a. 23 Te gen yon pòt de batan nan bout koridò antre a ki louvri sou pyès mitan an ak yon lòt pòt pi devan ki louvri sou pyès dèyè nèt la. 24 Chak pòt te gen de batan ki te louvri nan mitan. 25 Yo te travay bwa pòt yo tou. Yo te fè pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben sou tout pòt yo tankou pou miray yo. Yo te mete yon ti twati an bwa ki soti sou deyò devan pòt premye pyès Tanp lan. 26 Sou miray pyès devan an, te gen fennèt ak griyay. Tout mi yo te dekore ak pòtre pye palmis.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Ezekyèl 41:1

Introduction

In this chapter the prophet gives us a circumstantial account of the measures, parts, chambers, and ornaments of the temple, vv. 1-26.

Verse 1

To the temple - He had first described the courts and the porch. See chap. 40.

Ezekyèl 41:2-3

Verse 2

The breadth of the door - This was the door, or gate, of the sanctuary, (see gates 3, in the plan), and this doorway was filled up with folding gates. The measurements are exactly the same as those of Solomon's temple. See 1Kgs 6:2, 1Kgs 6:17.

Ezekyèl 41:4-5

Verse 4

The length thereof, twenty cubits - This is the measurement of the sanctuary, or holy of holies. See G in the plan. This also was the exact measurement of Solomon's temple, see 1Kgs 6:20. This, and the other resemblances here, sufficiently prove that Ezekiel's temple and that of Solomon were on the same plan; and that the latter temple was intended to be an exact resemblance of the former.

Ezekyèl 41:6

Verse 6

The side chambers were three - We find by Joseph. Antiq. 8:3, 2, that round Solomon's temple were chambers three stories high, each story consisting of thirty chambers. It is supposed that twelve were placed to the north of the temple, twelve to the south, and six to the east.

Entered into the wall - The beams were admitted into the outer wall, but they rested on projections of the inner wall.

Ezekyèl 41:7-8

Verse 7

An enlarging, and a winding about - Perhaps a winding staircase that-widened upward as the inner wall decreased in thickness; this wall being six cubits thick; as high as the first story, five from the floor of the second story to that of the third, and four from the floor to the ceiling of the third story: and thus there was a rest of one cubit in breadth to support the stories. - Newcome.

Ezekyèl 41:9-10

Verse 9

The thickness of the wall - See LLL in the plan.

The place of the side chambers - A walk, or gallery of communication along the chambers, five cubits broad, Eze 41:11.

Ezekyèl 41:11

Verse 11

And the doors - See the plan, aa. bb.

Ezekyèl 41:12

Verse 12

The length thereof ninety cubits - The temple, with the buildings which surrounded it, was eighty-one cubits long; add ten cubits for the vestibule, or five for the breadth of the separate place, and five for its wall; in all, ninety cubits. See the plan, LHIL. By the separate place I suppose the temple itself is meant.

Ezekyèl 41:13

Verse 13

So he measured the house - The temple, taken from the wall which encompassed it from the western side to the vestibule, was one hundred and one cubits; five for the separate place, nine for the wall and the chambers attached to the temple, sixty for the sanctuary and the holy place, ten for the vestibule, and twelve for the two great walls on the west and east of the temple; in all, one hundred and one cubits, See the plan, GHI.

Ezekyèl 41:14-17

Verse 14

The breadth of the face of the house - That is, the front. See the plan, FRR.

Ezekyèl 41:18-19

Verse 18

A palm tree was between a cherub and a cherub - That is, the palm trees and the cherubs were alternated; and each cherub had two faces, one of a lion and the other of a man; one of which was turned to the palm tree on the right, the other to the palm tree on the left.

Ezekyèl 41:20-21

Verse 20

From the ground unto above the door - The temple was thirty cubits high, 1Kgs 6:2, the gate was fourteen cubits, chap. Eze 40:48. The palm trees and the cherubim were the same height as the gate or door. The windows were above the door.

Ezekyèl 41:22-24

Verse 22

The altar of wood - This was the altar of incense, and was covered with plates of gold.

Ezekyèl 41:25-26

Verse 25

There were thick planks - The wood, or planks, were thick and strong; for the cherubim and palm trees were carved in relief out of their substance, and unless they had been of considerable thickness, this could not have been done.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.