Ezekyèl 14
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè sa a, gen kèk chèf fanmi Izrayèl yo ki te vin kote m' pou m' te fè yo konnen volonte Bondye. 2 Se konsa, Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 3 -Nonm o! Moun sa yo lage kò yo bay zidòl nèt. Yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Yo met nan tèt yo mwen pral kite yo vin mande m' konsèy? 4 Enben, pale ak yo, di yo konsa: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Tout moun nan pèp Izrayèl la ap lage kò yo bay zidòl yo nèt, yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Lèfini, y'ap vin jwenn pwofèt Bondye a! Se mwen menm menm, Seyè a, k'ap ba yo repons yo merite poutèt kantite zidòl y'ap sèvi yo. 5 Zidòl yo te fè moun pèp Izrayèl yo vire do ban mwen. Men, m'ap reponn yo pou yo ka tounen vin jwenn mwen ankò. 6 Koulye a, men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Tounen vin jwenn mwen. Vire do bay zidòl nou yo, sispann fè vye bagay derespektan sa yo. 7 Chak fwa yonn nan moun pèp Izrayèl yo osinon yonn nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp mwen an va vire do ban mwen pou li al sèvi zidòl, si li kite zidòl pran nanm li pou li fè sa ki mal, lèfini pou li konprann pou li al jwenn pwofèt Bondye a pou mande l' mande m' anyen, se mwen menm menm, Seyè a, ki pral ba li repons la. 8 M'ap kenbe tèt ak li. M'ap fè l' tounen yon egzanp pou yo mete non l' nan chante. M'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 9 Si yon pwofèt kite yo pran tèt li pou li pa pale verite, se mwen menm k'ap kite yo pran tèt li. M'ap lonje men m' sou li pou m' pini l', m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an, pèp Izrayèl la. 10 Ni pwofèt la, ni moun ki te vin jwenn li an ap peye pou sa yo fè. Y'ap resevwa menm chatiman an. 11 Konsa, moun pèp Izrayèl yo p'ap vire do ban mwen ankò. Yo pa pral avili tèt yo nan fè sa ki mal. Lè sa a, se pèp mwen y'ap ye, se mwen menm k'ap Bondye yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. 12 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 13 -Nonm o! Si moun k'ap viv nan yon peyi peche kont mwen, si yo pa kenbe pawòl yo ak mwen, m'ap lonje men m' sou yo pou m' pini yo. M'ap koupe viv yo. M'ap fè yon sèl grangou tonbe sou yo, m'ap touye ni moun, ni bèt nan peyi a. 14 Si twa moun dwat sa yo, Noe, Danèl ak Jòb, ta nan mitan yo, se yo menm ase ki t'ap sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. 15 Ou ankò, mwen ta ka voye bèt sovaj touye tout moun nan peyi a, pou fè peyi a tounen yon dezè moun pè travèse poutèt bèt sovaj sa yo. 16 Si twa moun sa yo ta nan mitan yo, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale, -yo pa ta ka sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Se yo ase ki t'ap sove. Tout peyi a t'ap tounen yon dezè. 17 Ou ankò, mwen ta ka voye lagè sou peyi a. Mwen ta ka bay lòd pou nan lagè a yo touye dènye moun ak dènye bèt. 18 Si twa mesye sa yo ta nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale, -yo pa ta ka sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ase ki ta sove. 19 Si mwen ta voye yon move maladi sou peyi a, si mwen ta move sou li jouk pou m' ta voye yon maladi san renmèd pou m' touye ni moun ni bèt, 20 epi si Noe, Danèl ak Jòb te la nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale, -yo pa ta sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Se yo ase ki ta sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat. 21 Men sa Seyè, Bondye sèl Mèt la, di ankò: M'ap voye kat pi gwo chatiman m' yo sou lavil Jerizalèm: lagè, grangou, bèt sovaj ak move maladi, pou yo touye dènye moun ak dènye bèt. 22 Men, si nou wè gen kèk moun ki chape, epi ki sove pitit gason yo ak pitit fi yo, gade yo byen lè y'a vin jwenn nou. Gade jan yo viv, gade sa yo fè. Lè sa a, n'a wè si m' pa t' gen rezon voye tout malè sa yo sou lavil Jerizalèm. 23 Wi, lè n'a wè jan moun sa yo t'ap viv ak sa yo t'ap fè, n'a konnen mwen te gen rezon fè lavil Jerizalèm sa m' te fè l' la. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Ezekyèl 14:1-2
Introduction
Here God threatens those hypocrites who pretended to worship him, while they loved and practiced idolatry, Eze 14:1-11. He declares his irreversible purpose of punishing so guilty a nation, in behalf of which no intercession of the people of God shall be of any avail. The gross idolaters of Jerusalem and Judah shall be visited with God's four sore judgments, famine, Eze 14:12-14; wild beasts, Eze 14:15, Eze 14:16; the sword, Eze 14:17, Eze 14:18; and pestilence, Eze 14:19-21. A remnant shall be delivered from the wrath coming upon the whole land, Eze 14:22, Eze 14:23.
Verse 1
Then came certain of the elders of Israel unto me - These probably came to tempt him, or get him to say something that would embroil him with the government. They were bad men, as we shall see in the third verse.
Ezekyèl 14:3
Verse 3
These men have set up their idols in their heart - Not only in their houses; in the streets; but they had them in their hearts. These were stumbling-blocks of iniquity; they fell over them, and broke the neck of their souls. And should God be inquired of by such miscreants as these?
Ezekyèl 14:4-6
Verse 4
According to the multitude of his idols - I will treat him as an idolater, as a flagrant idolater.
Ezekyèl 14:7-8
Verse 7
And cometh to a prophet - Generally supposed to mean a false prophet.
I the Lord will answer him by myself - I shall discover to him, by my own true prophet, what shall be the fruit of his ways. So, while their false prophets were assuring them of peace and prosperity, God's prophets were predicting the calamities that afterwards fell upon them. Yet they believed the false prophets in preference to the true. Ahab, about to engage with the Syrians, who had possession of Ramoth-Gilead, asked Micaiah, the prophet of the Lord, concerning the event; who told him he should lose the battle. He then inquired of Zedekiah, a false prophet, who promised him a glorious victory. Ahab believed the latter, marched against the enemy, was routed, and slain in the battle, 1Kgs 22:10, etc.
Ezekyèl 14:9
Verse 9
I the Lord have deceived that prophet - That is, he ran before he was sent; he willingly became the servant of Satan's illusions; and I suffered this to take place, because he and his followers refused to consult and serve me. I have often had occasion to remark that it is common in the Hebrew language to state a thing as done by the Lord which he only suffers or permits to be done; for so absolute and universal is the government of God, that the smallest occurrence cannot take place without his will or permission.
Ezekyèl 14:10-12
Verse 10
The punishment of the prophet - They are both equally guilty; both have left the Lord, and both shall be equally punished.
Ezekyèl 14:13
Verse 13
By trespassing grievously - Having been frequently warned, and having refused to leave their sin, and so filled up the measure of their iniquity.
Ezekyèl 14:14-20
Verse 14
Though - Noah, Daniel, and Job - The intercession even of the holiest of men shall not avert my judgments. Noah, though a righteous man, could not by his intercession preserve the old world from being drowned. Job, though a righteous man, could not preserve his children from being killed by the fall of their house. Daniel, though a righteous man, could not prevent the captivity of his country. Daniel must have been contemporary with Ezekiel. He was taken captive in the third year of Jehoiakim, Dan 1:1. After this Jehoiakim reigned eight years, 2Kgs 23:36. And this prophecy, as appears from Eze 8:1, was uttered in the sixth year of Jehoiachin's captivity, who succeeded Jehoiakim, and reigned only three months, 2Kgs 24:6, 2Kgs 24:8. Therefore at this time Daniel had been Fourteen years in captivity. See Newcome. Even at this time he had gained much public celebrity. From this account we may infer that Job was as real a person as Noah or Daniel; and of their identity no man has pretended to doubt. When God, as above, has determined to punish a nation, no intercession shall avail. Personal holiness alone can prevent these evils; but the holiness of any man can only avail for himself.
Ezekyèl 14:21
Verse 21
My four sore judgments - Sword, war. Famine, occasioned by drought. Pestilence, epidemic diseases which sweep off a great part of the inhabitants of a land. The Noisome Beast, the multiplication of wild beasts in consequence of the general destruction of the inhabitants.
Ezekyèl 14:22
Verse 22
Behold, they shall come forth unto you - Though there shall be great desolations in the land of Judea, yet a remnant shall be left that shall come here also as captives; and their account of the abominations of the people shall prove to you with what propriety I have acted in abandoning them to such general destruction. This speech is addressed to those who were already in captivity; i.e., those who had been led to Babylon with their king Jeconiah.
Ezekyèl 14:23
Verse 23
Ye shall know that I have not done without cause - There is no part of the conduct of God towards man that is not dictated by the purest principles of justice, equity, and truth. He does nothing but what is right; and whatever is right to be done, that ought to be done. In God's justice there is no severity; in God's mercy there is no caprice. He alone doth all things well; for he is the Fountain of justice and mercy.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
