Egzòd 12

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Antan Moyiz ak Arawon te nan peyi Lejip la, Seyè a di yo: 2 -Se mwa sa a k'ap premye mwa pou nou nan lanne a. Se limenm k'ap anvan tout lòt mwa yo. 3 Pale tout moun pèp Izrayèl la. Di yo: sou dizyèm jou mwa sa a, n'a pran yon ti mouton pou chak fanmi, tande byen wi, yon ti mouton pou chak kay. 4 Si pa gen kont moun nan kay la pou manje tout ti mouton an, se pou yo mete tèt yo ansanm ak vwazinaj ki pi pre kay la. N'a kalkile kantite moun ki nesesè pou manje mouton an, sa chak moun ka manje. 5 Se pou ti bèt nou chwazi a yon timal ki gen ennan, epi ki pa gen ankenn enfimite, li te mèt mouton, li te mèt kabrit. 6 N'a gade l' apa jouk sou katòzyèm jou mwa a. Jou sa a, nan aswè, tout moun Izrayèl yo va touye ti bèt la anvan li fin fè nwa. 7 N'a pran ti gout nan san bèt la, n'a pase l' sou de chanbrann pòt kay la ansanm ak sou travès lento pòt la, nan kay kote n'ap manje ti bèt la. 8 Menm nwit sa a, n'a boukannen vyann lan. Apre sa, n'a manje l' avèk pen ki fèt san ledven epi ak fèy lanman. 9 Piga nou manje vyann lan ni manke kwit ni bouyi. Se boukannen pou nou boukannen l' tout ankè ak tout tonbe a. 10 Pa kite anyen pou denmen maten. Si rete rès, se pou nou boule l' nan dife. 11 Men ki jan pou nou ranje kò nou pou nou manje l': n'a mare ren nou, sapat nou nan pye nou, baton nou nan men nou. Se pou nou manje l' prese prese, paske se lè sa a Seyè a ap pase. 12 Jou lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bèt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Seyè a. 13 San nou pase sou pòt yo va make kay kote nou ye a. Lè m'a wè san an, m'a sote kay nou. Konsa, lè m'ap frape peyi Lejip la, chatiman an p'ap tonbe sou nou tou. 14 Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l' tankou yon fèt pou Seyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo. 15 Pandan sèt jou, se pou nou manje pen ki fèt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyèm jou a, si yon moun gen malè manje pen ki gen ledven ladan l', se pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la. 16 Sou premye jou a ak sou setyèm jou a, n'a reyini pou nou lapriyè. Jou sa yo, nou p'ap fè ankenn travay. Manje ase n'a fè pou tout moun manje. 17 N'a toujou fete fèt pen san ledven an, paske se jou sa a mwen te fè tout lame moun nou yo soti kite peyi Lejip. N'a toujou fete fèt sa a, de pitit an pitit tankou yon lwa ki la pou tout tan. 18 Nan premye mwa a, depi katòzyèm jou a nan aswè rive jouk sou venteyenyèm jou a nan aswè tou, se pen san ledven pou nou manje. 19 Pandan sèt jou sa yo, p'ap gen ledven lakay nou paske nenpòt moun ki va gen malè manje pen ki gen ledven, yo gen pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la, kit se yon etranje, kit se yonn nan nou. 20 Se pa pou nou manje pen ki gen ledven. Lakay nou, se pou tout moun manje pen san ledven. 21 Moyiz rele tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, li di yo: -Se pou chak moun al chache yon ti mouton osinon yon ti kabrit pou yo touye pou fèt delivrans lan pou fanmi nou. 22 Apre sa, n'a pran yon branch izòp, n'a tranpe l' nan kivèt ki gen san bèt la. N'a pase l' sou de chanbrann pòt la ak sou travès lento a. Apre sa, piga pesonn soti deyò lakay yo jouk li jou. 23 Konsa, lè Seyè a va pase nan peyi Lejip la pou touye moun peyi Lejip yo, l'a wè san an sou chanbrann yo ak sou lento a, l'ap pase devan pòt la, li p'ap kite moun ki reskonsab pou touye a antre lakay nou pou touye nou. 24 N'a fè tout bagay sa yo sèvi tankou yon lwa ki la pou tout tan, ni pou nou ni pou pitit nou yo. 25 Lè n'a antre nan peyi Seyè a pral ban nou an, jan l' te pwomèt la, se pou nou toujou fè seremoni sa a. 26 Lè timoun nou yo va mande nou sa seremoni sa a vle di, 27 n'a reponn yo: Se fèt Delivrans lan n'ap fete pou Seyè a, paske li te sote kay moun pèp Izrayèl yo nan peyi Lejip, lè li t'ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pa t' fè nou anyen. Apre tout pawòl sa yo, tout moun pèp Izrayèl yo met ajenou, yo bese tèt yo atè pou adore Seyè a. 28 Lèfini, yo leve, y' ale, yo fè tou sa Seyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a. Wi, yo fè tout bagay jan li te bay lòd la. 29 Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri. 30 Jou lannwit sa a, farawon an leve, li menm, tout chèf li yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la. Yon gwo rèl pete toupatou nan peyi Lejip, paske pa t' gen yon kay ki pa t' gen lanmò. 31 Nan mitan lannwit lan, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Leve, ale fè wout nou! Wete kò nou nan mitan pèp mwen an, nou menm ansanm ak moun pèp Izrayèl la. Ale, mwen di nou. Al fè sèvis pou Seyè a jan nou te di a. 32 Nou mèt pran mouton nou ak bèf nou yo, jan nou te di l' la. Epi mande Bondye pou l' beni mwen. 33 Moun peyi Lejip yo te cho cho dèyè moun pèp Izrayèl yo pou fè yo prese kite peyi a. Yo t'ap di: -Si nou pa ale, nou tout ap mouri! 34 Se konsa pèp Izrayèl la pran pa t' farin lan san yo pa t' ankò mete ledven ladan l'. Yo mete yo sou platin fou yo, yo vlope yo nan rad yo, yo mete yo sou zepòl yo. 35 Moun pèp Izrayèl yo te fè sa Moyiz te di yo a. Yo mande moun peyi Lejip yo bijou an ajan, bijou an lò ansanm ak rad. 36 Seyè a te fè moun peyi Lejip yo gen kè sansib pou pèp Izrayèl la. Yo ba yo tou sa yo te mande. Se konsa pèp Izrayèl la pran tout bagay moun peyi Lejip yo. 37 Moun pèp Izrayèl yo pati kite Ranmsès pou Soukòt. Te gen sisanmil (0600,000) moun konsa, san konte fanm ak timoun. Yo tout te apye. 38 Te gen anpil moun lòt peyi tou ki te pati ansanm ak yo. Te gen anpil mouton, kabrit ak bèf tou. 39 Avèk pa t' farin yo te pote soti peyi Lejip la, yo fè pen. Pen yo te san ledven, paske yo te prese mete yo deyò nan peyi Lejip la. Yo pa t' menm gen tan fè pwovizyon. 40 Moun pèp Izrayèl yo te pase katsantrantan nan peyi Lejip la. 41 Menm jou ki te fè yo katsantrantan nan peyi a, jou pou jou, tout lame moun Seyè a soti kite peyi Lejip la. 42 Se te yon jou lannwit. Seyè a te pase tout nwit la ap veye pou fè yo soti kite peyi Lejip la. Se poutèt sa, se pou yo mete nwit sa a apa pou yo fè veye pou Seyè a. Se bagay pou yo toujou fè de pitit an pitit. 43 Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa: -Men ki jan pou yo fete fèt Delivrans lan. Pou konmanse, ankenn moun lòt nasyon pa gen dwa patisipe ladan l'. 44 Domestik nou achte pou sèvis lakay nou, lè nou fin sikonsi yo, yo mèt patisipe. 45 Men, ni moun lòt nasyon ki depasaj lakay nou, ni domestik k'ap travay pou lajan pa ka patisipe nan fèt la. 46 Se pou nou manje manje Delivrans lan anndan kay. Vyann lan pa fèt pou soti deyò menm. Ni nou pa fèt pou kraze ankenn zo bèt nou touye yo. 47 Se pou tout pèp Izrayèl la nèt fete fèt sa a. 48 Si gen yon moun lòt nasyon ki rete nan peyi a epi ki ta vle fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, men sa pou nou fè: Sè pou nou sikonsi tout gason lakay li anvan. Apre sa, l'a gen dwa fete fèt Delivrans lan. y'a konsidere l' tankou moun natif natal pèp Izrayèl la. Si yon gason pa sikonsi, li pa ka patisipe nan fèt la. 49 Lòd sa a bon ni pou natif natal yo ni pou moun lòt nasyon ki rete nan peyi a nan mitan nou. 50 Tout moun pèp Izrayèl yo te swiv lòd la, yo te fè sa Seyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a. 51 Se jou sa a Seyè a te fè tout lame moun Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Egzòd 12:1

Ex 12:1-10. The Passover Instituted.

1. the Lord spake unto Moses--rather, "had spoken unto Moses and Aaron"; for it is evident that the communication here described must have been made to them on or before the tenth of the month.

Egzòd 12:2

2. this month shall be unto you the beginning of months--the first not only in order but in estimation. It had formerly been the seventh according to the reckoning of the civil year, which began in September, and continued unchanged, but it was thenceforth to stand first in the national religious year which began in March, April.

Egzòd 12:3

3. Speak ye unto all the congregation of Israel--The recent events had prepared the Israelitish people for a crisis in their affairs, and they seem to have yielded implicit obedience at this time to Moses. It is observable that, amid all the hurry and bustle of such a departure, their serious attention was to be given to a solemn act of religion.

a lamb for an house--a kid might be taken (Ex 12:5). The service was to be a domestic one, for the deliverance was to be from an evil threatened to every house in Egypt.

Egzòd 12:4

4. if the household be too little for the lamb, &c.--It appears from Josephus that ten persons were required to make up the proper paschal communion.

every man according to his eating--It is said that the quantity eaten of the paschal lamb, by each individual, was about the size of an olive.

Egzòd 12:5

5. lamb ... without blemish--The smallest deformity or defect made a lamb unfit for sacrifice--a type of Christ (He 7:26; 1Pe 1:19).

a male of the first year--Christ in the prime of life.

Egzòd 12:6

6. keep it up until the fourteenth day, &c.--Being selected from the rest of the flock, it was to be separated four days before sacrifice; and for the same length of time was Christ under examination and His spotless innocence declared before the world.

kill it in the evening--that is, the interval between the sun's beginning to decline, and sunset, corresponding to our three o'clock in the afternoon.

Egzòd 12:7

7. take of the blood, and strike it on the two side-posts, &c.--as a sign of safety to those within. The posts must be considered of tents, in which the Israelites generally lived, though some might be in houses. Though the Israelites were sinners as well as the Egyptians, God was pleased to accept the substitution of a lamb--the blood of which, being seen sprinkled on the doorposts, procured them mercy. It was to be on the sideposts and upper doorposts, where it might be looked to, not on the threshold, where it might be trodden under foot. This was an emblem of the blood of sprinkling (He 12:24; 10:29).

Egzòd 12:8

8. roast with fire--for the sake of expedition; and this difference was always observed between the cooking of the paschal lamb and the other offerings (2Ch 35:13).

unleavened bread--also for the sake of despatch (De 16:3), but as a kind of corruption (Lu 12:1) there seems to have been a typical meaning under it (1Co 5:8).

bitter herbs--literally, "bitters"--to remind the Israelites of their affliction in Egypt, and morally of the trials to which God's people are subject on account of sin.

Egzòd 12:9

9. Eat not of it raw--that is, with any blood remaining; a caveat against conformity to idolatrous practices. It was to be roasted whole, not a bone to be broken, and this pointed to Christ (Joh 19:36).

Egzòd 12:10

10. let nothing of it remain until the morning--which might be applied in a superstitious manner, or allowed to putrefy, which in a hot climate would speedily have ensued; and which was not becoming in what had been offered to God.

Egzòd 12:11

Ex 12:11-14. The Rite of the Passover.

11. thus shall ye eat it; with your loins girded, your shoes on your feet--as prepared for a journey. The first was done by the skirts of the loose outer cloth being drawn up and fastened in the girdle, so as to leave the leg and knee free for motion. As to the other, the Orientals never wear shoes indoors, and the ancient Egyptians, as appears from the monuments, did not usually wear either shoes or sandals. These injunctions seem to have applied chiefly to the first celebration of the rite.

it is the Lord's passover--called by this name from the blood-marked dwellings of the Israelites being passed over figuratively by the destroying angel.

Egzòd 12:12

12. smite ... gods of Egypt--perhaps used here for princes and grandees. But, according to Jewish tradition, the idols of Egypt were all on that night broken in pieces (see Nu 33:4; Is 19:1).

Egzòd 12:14

14. for a memorial, &c.--The close analogy traceable in all points between the Jewish and Christian passovers is seen also in the circumstance that both festivals were instituted before the events they were to commemorate had transpired.

Egzòd 12:15

Ex 12:15-51. Unleavened Bread.

15. Seven days shall ye eat unleavened bread, &c.--This was to commemorate another circumstance in the departure of the Israelites, who were urged to leave so hurriedly that their dough was unleavened (Ex 12:39), and they had to eat unleavened cakes (De 16:3). The greatest care was always taken by the Jews to free their houses from leaven--the owner searching every corner of his dwelling with a lighted candle. A figurative allusion to this is made (1Co 5:7). The exclusion of leaven for seven days would not be attended with inconvenience in the East, where the usual leaven is dough kept till it becomes sour, and it is kept from one day to another for the purpose of preserving leaven in readiness. Thus even were there none in all the country, it could be got within twenty-four hours [Harmer].

that soul shall be cut off--excommunicated from the community and privileges of the chosen people.

Egzòd 12:16

16. there shall be an holy convocation--literally, calling of the people, which was done by sound of trumpets (Nu 10:2), a sacred assembly--for these days were to be regarded as Sabbaths--excepting only that meat might be cooked on them (Ex 16:23).

Egzòd 12:17

17. ye shall observe, &c.--The seven days of this feast were to commence the day after the passover. It was a distinct festival following that feast; but although this feast was instituted like the passover before the departure, the observance of it did not take place till after.

Egzòd 12:19

19. stranger--No foreigner could partake of the passover, unless circumcised; the "stranger" specified as admissible to the privilege must, therefore, be considered a Gentile proselyte.

Egzòd 12:21-25

21-25. Then Moses called for all the elders of Israel, &c.--Here are given special directions for the observance.

Egzòd 12:26

26. when your children shall say, ... What mean ye by this service--Independently of some observances which were not afterwards repeated, the usages practised at this yearly commemorative feast were so peculiar that the curiosity of the young would be stimulated, and thus parents had an excellent opportunity, which they were enjoined to embrace, for instructing each rising generation in the origin and leading facts of the national faith.

Egzòd 12:27-28

27-28. the people bowed the head, and worshipped--All the preceding directions were communicated through the elders, and the Israelites, being deeply solemnized by the influence of past and prospective events, gave prompt and faithful obedience.

Egzòd 12:29

29. at midnight the Lord smote all the first-born in the land of Egypt--At the moment when the Israelites were observing the newly instituted feast in the singular manner described, the threatened calamity overtook the Egyptians. It is more easy to imagine than describe the confusion and terror of that people suddenly roused from sleep and enveloped in darkness--none could assist their neighbors when the groans of the dying and the wild shrieks of mourners were heard everywhere around. The hope of every family was destroyed at a stroke. This judgment, terrible though it was, evinced the equity of divine retribution. For eighty years the Egyptians had caused the male children of the Israelites to be cast into the river [Ex 1:16], and now all their own first-born fell under the stroke of the destroying angel. They were made, in the justice of God, to feel something of what they had made His people feel. Many a time have the hands of sinners made the snares in which they have themselves been entangled, and fallen into the pit which they have dug for the righteous [Pr 28:10]. "Verily there is a God that judgeth in the earth" [Psa 58:11].

Egzòd 12:30

30. there was not a house where there was not one dead--Perhaps this statement is not to be taken absolutely. The Scriptures frequently use the words "all," "none," in a comparative sense--and so in this case. There would be many a house in which there would be no child, and many in which the first-born might be already dead. What is to be understood is, that almost every house in Egypt had a death in it.

Egzòd 12:31

31. called for Moses and Aaron--a striking fulfilment of the words of Moses (Ex 11:8), and showing that they were spoken under divine suggestion.

Egzòd 12:32

32. also take your flocks, &c.--All the terms the king had formerly insisted on were now departed from; his pride had been effectually humbled. Appalling judgments in such rapid succession showed plainly that the hand of God was against him. His own family bereavement had so crushed him to the earth that he not only showed impatience to rid his kingdom of such formidable neighbors, but even begged an interest in their prayers.

Egzòd 12:34

34. people took ... their kneading-troughs--Having lived so long in Egypt, they must have been in the habit of using the utensils common in that country. The Egyptian kneading-trough was a bowl of wicker or rush work, and it admitted of being hastily wrapped up with the dough in it and slung over the shoulder in their hykes or loose upper garments.

Egzòd 12:35

35. children of Israel borrowed of the Egyptians jewels of silver--When the Orientals go to their sacred festivals, they always put on their best jewels. The Israelites themselves thought they were only going three days' journey to hold a feast unto the Lord, and in these circumstances it would be easy for them to borrow what was necessary for a sacred festival. But borrow conveys a wrong meaning. The word rendered borrow signifies properly to ask, demand, require. The Israelites had been kept in great poverty, having received little or no wages. They now insisted on full remuneration for all their labor, and it was paid in light and valuable articles adapted for convenient carriage.

Egzòd 12:36

36. the Lord gave the people favour in the sight of the Egyptians--Such a dread of them was inspired into the universal minds of the Egyptians, that whatever they asked was readily given.

spoiled the Egyptians--The accumulated earnings of many years being paid them at this moment, the Israelites were suddenly enriched, according to the promise made to Abraham (Ge 15:14), and they left the country like a victorious army laden with spoil (Psa 105:37; Eze 39:10).

Egzòd 12:37

37. The children of Israel journeyed from Rameses--now generally identified with the ancient Heroopolis, and fixed at the modern Abu-Keisheid. This position agrees with the statement that the scene of the miraculous judgments against Pharaoh was "in the field of Zoan" [Psa 78:12, 43]. And it is probable that, in expectation of their departure, which the king on one pretext or another delayed, the Israelites had been assembled there as a general rendezvous. In journeying from Rameses to Palestine, there was a choice of two routes--the one along the shores of the Mediterranean to El-Arish, the other more circuitous round the head of the Red Sea and the desert of Sinai. The latter Moses was directed to take (Ex 13:17).

to Succoth--that is, booths, probably nothing more than a place of temporary encampment. The Hebrew word signifies a covering or shelter formed by the boughs of trees; and hence, in memory of this lodgment, the Israelites kept the feast of tabernacles yearly in this manner.

six hundred thousand ... men--It appears from Nu 1:3 that the enumeration is of men above twenty years of age. Assuming, what is now ascertained by statistical tables, that the number of males above that age is as nearly as possible the half of the total number of males, the whole male population of Israel, on this computation, would amount to 1,200,000; and adding an equal number for women and children, the aggregate number of Israelites who left Egypt would be 2,400,000.

Egzòd 12:38

38. a mixed multitude went with them--literally, "a great rabble" (see also Nu 11:4; De 29:11); slaves, persons in the lowest grades of society, partly natives and partly foreigners, bound close to them as companions in misery, and gladly availing themselves of the opportunity to escape in the crowd. (Compare Zec 8:23).

Egzòd 12:40

40. the sojourning of the children of Israel ... four hundred and thirty years--The Septuagint renders it thus: "The sojourning of the children and of their fathers, which they sojourned in the land of Canaan and in the land of Egypt." These additions are important, for the period of sojourn in Egypt did not exceed two hundred fifteen years; but if we reckon from the time that Abraham entered Canaan and the promise was made in which the sojourn of his posterity in Egypt was announced, this makes up the time to four hundred thirty years.

Egzòd 12:41

41. even the selfsame day--implying an exact and literal fulfilment of the predicted period.

Egzòd 12:49

49. One law shall be to him that is homeborn, and unto the stranger--This regulation displays the liberal spirit of the Hebrew institutions. Any foreigner might obtain admission to the privileges of the nation on complying with their sacred ordinances. In the Mosaic equally as in the Christian dispensation, privilege and duty were inseparably conjoined.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.