Deteronòm 32
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Ou menm syèl, tande sa mwen pral di la a! Koute byen, ou menm latè, pawòl ki pral soti nan bouch mwen! 2 Sa m'ap di a pral tonbe tankou grenn lapli! Pawòl mwen yo pral tankou lawouze k'ap tonbe sou latè. Pawòl nan bouch mwen pral tankou bèl lapli k'ap tonbe sou jenn plant yo, tankou yon ti lapli nò k'ap tonbe sou zèb gazon. 3 Mwen pral fè lwanj Seyè a! Rekonèt jan Bondye nou an gen pouvwa! 4 Se Seyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè ankenn lenjistis. 5 Se yo menm, pèp li a, ki pa kenbe pawòl yo, bagay yon bon pitit Bondye pa ta janm fè. Se yon bann mechan k'ap mache twonpe moun. 6 Se konsa nou di Seyè a mèsi pou sa l' fè pou nou, bann moun fou san konprann? Se pa li ki papa nou? Se pa li ki kreye nou? Se pa li ki fè nou sa nou ye a? Se pa li ki ban nou lavi? 7 Chonje tan lontan! Repase tèt nou sou tan lontan! Mande papa nou pou li di nou sak te pase. Mande granmoun lontan yo rakonte nou istwa tan lontan. 8 Lè Bondye ki anwo nan syèl la t'ap bay chak nasyon pòsyon ki pou yo, lè li t'ap bay kote pou chak moun rete sou latè, li fikse fwontyè tout peyi dapre kantite moun li te mete sou latè. 9 Men, li chwazi pitit Jakòb yo pou li. Se yo ki pèp pa l' la menm. 10 Li te jwenn yo nan dezè a, kote moun pa rete, kote van an ap soufle san rete. Li pran yo nan bra l', li pran swen yo, li pwoteje yo tankou de grenn je nan tèt li. 11 Tankou malfini k'ap moutre pitit li vole, Seyè a ap plane anwo pitit li yo. Li louvri zèl li yo pou li ka pran swen yo, li pote yo sou do l' pou yo pa tonbe. 12 Seyè a sèl chèf yo. Li pa bezwen lòt bondye pou ede l'. 13 Li fè yo mache an grannèg sou tèt mòn peyi a. Li fè yo manje grenn bwa nan savann. Yo jwenn siwo myèl nan tou wòch pou yo bwè. Pye oliv yo donnen nan wòch karyann. 14 Bèf yo ak mouton yo ap bay lèt an kantite. Y'a manje vyann mouton gra, vyann belye Bazan ak vyann bouk kabrit. Y'a manje pi bon kalite farin frans, y'a bwè ji rezen pou diven. 15 Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a. 16 Y' al adore bondye lòt nasyon. Yo fè Seyè a fè jalouzi, y' al fè sa ki mal, yo fè l' fè kòlè. 17 Y' al ofri bèt pou yo touye bay zidòl ki pa bondye tout bon, yon kalite bondye yo pa t' janm konnen anvan, lòt bondye ki fèk parèt, bondye zansèt yo pa t' janm gen krentif. 18 Yo bliye Bondye ki te pwoteje yo, Bondye ki papa yo a. Yo pa chonje Bondye ki te fè yo, Bondye ki te ba yo lavi a. 19 Lè Seyè a wè sa, li fache. Li fè kòlè sou pitit gason l' yo ak sou pitit fi l' yo! 20 Li di: mwen pral vire do m' ba yo. M'a wè sa ki pral rive yo. Se yon bann moun ki plen vis, yon bann pitit ou pa ka fin fye nèt. 21 Yo fè m' fè jalouzi, y' al adore yon bondye ki pa bondye tout bon. Yo fè m' fè kòlè, y' al fè sèvis pou zidòl ki pa vo anyen. Enben, mwen menm, mwen pral fè yo fè jalouzi pou yon pèp ki pa menm yon pèp. M'ap fè yo fè kòlè pou yon nasyon moun ki san konprann. 22 Lè m' an kòlè, se tankou yon gwo dife k'ap flanbe. Mwen boule tou sa ki sou latè. Mwen desann byen fon kote mò yo ye anba tè a. M'ap mete dife jouk nan rasin mòn yo. 23 M'ap fè yon seri malè tonbe sou yo. M'ap voye tout flèch mwen yo sou yo. 24 Y'a mouri grangou. Lafyèb va fini ak yo. Move maladi va minen yo. M'a voye bèt nan bwa atake yo. M'a voye sèpan ak pwazon venen pou touye yo. 25 Nan lari, y'a touye pitit pitit gason yo nan goumen. Moun ki anndan kay va sitèlman pè, kè yo va rete. Jenn gason ak jenn fi va mouri menm jan an tou. Depi timoun nan tete jouk granmoun cheve blan, pesonn p'ap chape. 26 Mwen te di mwen tapral detwi yo nèt, pou pesonn pa janm chonje yo ankò sou latè. 27 Men, mwen pa ta vle kite lènmi yo pran pye sou yo. Mwen pa ta renmen pou moun ki pa vle wè m' yo mete nan tèt yo se yo menm ak fòs kouraj yo ki fè sa, pou yo pa di: Seyè a pa gen anyen pou l' wè nan sa. 28 Pèp Izrayèl la, se yon pèp ki pèdi bonnanj yo. Yo pa gen konprann. 29 Si yo te gen konprann, yo ta louvri je yo, yo ta wè sa ki pral rive yo. 30 Kouman ou ta vle pou yon sèl grenn lènmi fè mil ladan yo kouri, pou de grenn lènmi fè dimil ladan yo kraze rak? Se sèlman paske Seyè a lage yo, paske moun ki te konn pwoteje yo a vire do ba yo. 31 Lènmi yo konn byen pwòp bondye k'ap pwoteje yo a pa ka parèt devan Bondye pèp Izrayèl la. 32 Ou ta di se menm ras moun Sodòm ak Gomò yo ye. Yo tankou pye rezen k'ap donnen rezen anmè, rezen ki plen pwazon. 33 Diven yo tankou pwazon nan bouch sèpan, venen nan bouch sèpan aspik k'ap touye moun frèt. 34 Seyè a konnen tou sa lènmi te fè pèp la. L'ap tann lè a rive pou l' pini yo. 35 Se Seyè a k'ap tire revanj sou yo, se li k'ap fè yo peye sa yo fè a, lè lè a va rive pou yo tonbe. Jou pou yo detwi yo a pa lwen. Sa ki pare pou yo a fin rive. 36 Seyè a pral pran defans pèp li a, lè l'a wè tout fòs yo fin desann. Li pral gen pitye pou sèvitè l' yo, lè l'a wè pa gen anpil ankò ki rete, ni anndan peyi a, ni deyò. 37 Lè sa a, Seyè a va mande: -Kote bondye yo a, sa ki te konn pwoteje yo a? bondye yo te konn al jwenn pou pran defans yo a? 38 Se pa yo ki te konn manje grès bèt nou te konn ofri yo? Se pa yo ki te konn bwè diven nou te konn vide sou lòtèl yo? Se pou yo vin koulye a, se pou yo vin delivre nou! Se pou yo kouri vin pwoteje nou! 39 Se mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt bondye pase mwen menm. Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m' vle. Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon. Pa gen moun ki ka delivre pesonn anba men mwen. 40 Men m'ap leve men m' anlè, mwen fè sèman: Menm jan nou wè m' vivan pou tout tan an, 41 lè m'a file bèl nepe klere mwen an, lè m'a soti pou m' rann jistis, m'a tire revanj mwen sou lènmi m' yo, m'a bay moun ki pa vle wè m' yo sa yo merite. 42 Flèch mwen yo pral tranpe nan san, nan san moun blese yo ak san prizonye yo. Nepe mwen ap koupe moun san gad dèyè, l'ap koupe tèt tout chèf lènmi yo. 43 Nou menm nasyon ki sou latè, fè kè nou kontan ak pèp Bondye chwazi a! Paske Seyè a pral tire revanj pou lanmò sèvitè l' yo. L'a bay moun ki pa vle wè l' yo sa yo merite. L'a wete tout vye bagay ki t'ap fèt nan peyi pèp li a. 44 Moyiz ak Jozye, pitit gason Noun lan, te repete tout pawòl chante sa a byen fò pou tout pèp la te tande. 45 Lè Moyiz fin bay pèp Izrayèl la tout pawòl sa yo, 46 li di yo konsa: -Se pou nou koute tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. Y'a sèvi m' temwen mwen te fè nou konnen yo. Nou menm, n'a pase pitit nou yo lòd pou yo kenbe yo, pou yo swiv tout pawòl ki nan lalwa Bondye a. 47 Paske, se pa pawòl nou ka pran konsa konsa. Se lavi yo ye pou nou. Se yo menm k'ap fè nou viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a fin janbe lòt bò larivyè Jouden an. 48 Menm jou sa a, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 49 -Ale nan chenn mòn Abarim yo, ki nan peyi Moab anfas lavil Jeriko a. Moute sou mòn Nebo. Antan ou la, w'a voye je ou, w'a gade, w'a wè peyi Kanaran an, peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo pou yo rete a. 50 Ou pral mouri sou mòn kote ou pral moute a, ou pral jwenn moun pa ou yo ki deja mouri, menm jan sa te rive Arawon, frè ou la, ki te mouri sou mòn Or la, epi ki te al jwenn moun pa l' yo ki deja mouri. 51 Nou tou de, nou pa t' fè sa m' te di nou fè devan pèp Izrayèl la, lè yo te bò sous dlo Meriba yo, bò lavil Kadès, nan dezè Zin lan. Nou te manke m' respe devan tout pèp Izrayèl la. 52 Se poutèt sa, w'a rete byen lwen, w'a wè peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo anba nan pye ou. Men ou menm, ou p'ap mete pye ou ladan l'.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Deteronòm 32:1
De 32:1-43. Moses' Song, Which Sets Forth the Perfections of God.
1. Give ear, O ye heavens; ... hear, O earth--The magnificence of the exordium, the grandeur of the theme, the frequent and sudden transitions, the elevated strain of the sentiments and language, entitle this song to be ranked amongst the noblest specimens of poetry to be found in the Scriptures.
Deteronòm 32:2-3
Deteronòm 32:4
4. He is the Rock--a word expressive of power and stability. The application of it in this passage is to declare that God had been true to His covenant with their fathers and them. Nothing that He had promised had failed; so that if their national experience had been painfully checkered by severe and protracted trials, notwithstanding the brightest promises, that result was traceable to their own undutiful and perverse conduct; not to any vacillation or unfaithfulness on the part of God (Jas 1:17), whose procedure was marked by justice and judgment, whether they had been exalted to prosperity or plunged into the depths of affliction.
Deteronòm 32:5
5. They have corrupted themselves--that is, the Israelites by their frequent lapses and their inveterate attachment to idolatry.
their spot is not the spot of his children--This is an allusion to the marks which idolaters inscribe on their foreheads or their arms with paint or other substances, in various colors and forms--straight, oval, or circular, according to the favorite idol of their worship.
Deteronòm 32:6
6. is not he thy father that hath bought thee--or emancipated thee from Egyptian bondage.
and made thee--advanced the nation to unprecedented and peculiar privileges.
Deteronòm 32:8-9
8-9. When the most High divided to the nations their inheritance--In the division of the earth, which Noah is believed to have made by divine direction (Ge 10:5; De 2:5-9; Ac 17:26, 27), Palestine was reserved by the wisdom and goodness of Heaven for the possession of His peculiar people and the display of the most stupendous wonders. The theater was small, but admirably suited for the convenient observation of the human race--at the junction of the two great continents of Asia and Africa, and almost within sight of Europe. From this spot as from a common center the report of God's wonderful works, the glad tidings of salvation through the obedience and sufferings of His own eternal Son, might be rapidly and easily wafted to every part of the globe.
he set the bounds of the people according to the number of the children of Israel--Another rendering, which has received the sanction of eminent scholars, has been proposed as follows: "When the Most High divided to the nations their inheritance, when He separated the sons of Adam and set the bounds of every people, the children of Israel were few in numbers, when the Lord chose that people and made Jacob His inheritance" (compare De 30:5; Ge 34:30; Psa 105:9-12).
Deteronòm 32:10
10. found him in a desert land--took him into a covenant relation at Sinai, or rather "sustained," "provided for him" in a desert land.
a waste howling wilderness--a common Oriental expression for a desert infested by wild beasts.
Deteronòm 32:11
11. As an eagle ... fluttereth over her young--This beautiful and expressive metaphor is founded on the extraordinary care and attachment which the female eagle cherishes for her young. When her newly fledged progeny are sufficiently advanced to soar in their native element, she, in their first attempts at flying, supports them on the tip of her wing, encouraging, directing, and aiding their feeble efforts to longer and sublimer flights. So did God take the most tender and powerful care of His chosen people; He carried them out of Egypt and led them through all the horrors of the wilderness to the promised inheritance.
Deteronòm 32:13-14
13-14. He made him ride on the high places, &c.--All these expressions seem to have peculiar reference to their home in the trans-jordanic territory, that being the extent of Palestine that they had seen at the time when Moses is represented as uttering these words. "The high places" and "the fields" are specially applicable to the tablelands of Gilead as are the allusions to the herds and flocks, the honey of the wild bees which hive in the crevices of the rocks, the oil from the olive as it grew singly or in small clumps on the tops of hills where scarcely anything else would grow, the finest wheat (Psa 81:16; 147:14), and the prolific vintage.
Deteronòm 32:15
15. But Jeshurun waxed fat, and kicked--This is a poetical name for Israel. The metaphor here used is derived from a pampered animal, which, instead of being tame and gentle, becomes mischievous and vicious, in consequence of good living and kind treatment. So did the Israelites conduct themselves by their various acts of rebellion, murmuring, and idolatrous apostasy.
Deteronòm 32:17
17. They sacrificed unto devils--(See on Le 17:7).
Deteronòm 32:21
21. those which are not a people--that is, not favored with such great and peculiar privileges as the Israelites (or, rather poor, despised heathens). The language points to the future calling of the Gentiles.
Deteronòm 32:23
23. I will spend mine arrows upon them--War, famine, pestilence (Psa 77:17) are called in Scripture the arrows of the Almighty.
Deteronòm 32:29
29. Oh, ... that they would consider their latter end--The terrible judgments, which, in the event of their continued and incorrigible disobedience, would impart so awful a character to the close of their national history.
Deteronòm 32:32
32. vine of Sodom ... grapes of gall--This fruit, which the Arabs call "Lot's Sea Orange," is of a bright yellow color and grows in clusters of three or four. When mellow, it is tempting in appearance, but on being struck, explodes like a puffball, consisting of skin and fiber only.
Deteronòm 32:44-47
44-47. Moses ... spake all the words of this song in the ears, &c.--It has been beautifully styled "the Song of the Dying Swan" [Lowth]. It was designed to be a national anthem, which it should be the duty and care of magistrates to make well known by frequent repetition, to animate the people to right sentiments towards a steadfast adherence to His service.
Deteronòm 32:48-51
48-51. Get thee up ... and die ... Because ye trespassed ... at Meribah--(See on Nu 20:13).
Deteronòm 32:52
52. thou shalt see the land, but thou shalt not go thither--(Nu 27:12). Notwithstanding so severe a disappointment, not a murmur of complaint escapes his lips. He is not only resigned but acquiescing; and in the near prospect of his death, he pours forth the feelings of his devout heart in sublime strains and eloquent blessings.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
