Travay 10

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Nan lavil Sezare te gen yon nonm ki te rele Kònèy. Li te kaptenn yon batayon sòlda moun peyi Itali nan lame women an. 2 Kònèy te yon nonm ki t'ap sèvi Bondye jwif yo. Li menm ak tout fanmi l', yo te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil pou pòv yo pami pèp jwif la. Epi se tout tan li t'ap lapriyè Bondye. 3 Yon jou apremidi, vè twazè, li fè yon vizyon: aklè konsa, li wè yon zanj Bondye antre lakay li. Zanj lan rele li: Kònèy! 4 Li gade zanj lan, li te pè, li di l' konsa: Sak genyen, Mèt? Zanj lan reponn li: Bondye asepte lapriyè ou yo ansanm ak tout byen ou te fè pou pòv yo. Epi li chonje ou. 5 Koulye a, voye moun lavil Jope, fè y' al chache yon nonm yo rele Simon (li gen yon ti non Pyè). 6 Li fè ladesant lakay Simon, bòs tanè a, ki gen kay li bò lanmè a. 7 Fini zanj Bondye a fin pale, li ale. Kònèy rele de domestik ansanm ak yonn nan gad kò l' ki t'ap sèvi Bondye jwif yo tou. 8 Li rakonte yo tou sak te pase. Lèfini, li voye yo Jope. 9 Nan denmen, vè midi konsa, yo te nan wout toujou, men yo te prèt pou rive Jope. Menm lè sa a, Pyè moute anwo sou tèt kay la pou li al lapriyè. 10 Grangou bare l', li te anvi manje. Pandan yo t'ap pare manje pou li, li fè yon vizyon: 11 Li wè syèl la louvri epi yon bagay t'ap desann soti ladan li. Bagay la te tankou yon gwo dra mare nan kat bout li ki t'ap file desann sou latè. 12 Te gen tout kalite bèt kat pat, tout kalite bèt ki trennen sou vant ak tout kalite zwezo ladan li. 13 Li tande yon vwa ki di l' konsa: Leve non, Pyè. Touye, lè ou fini, manje. 14 Men, Pyè di: Non, Mèt. Mwen pa janm manje move manje ni manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye. 15 Menm vwa a pale ankò, li di li: Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l', ou menm, pa di l' pa bon. 16 An twa fwa sa repete. Apre sa, lamenm bagay la moute tounen nan syèl la. 17 Pyè menm pa t' konn ki sans pou l' te bay vizyon li te fè a. Men, tout tan sa a, moun Kònèy te voye yo t'ap mande ki bò kay Simon an te ye. Yo te rive devan pòt la. 18 Yo rele moun, epi yo mande: Eske se isit Simon yo rele Pyè a fè ladesant li? 19 Pyè t'ap kalkile toujou sou sans pou l' te bay vizyon an, lè Sentespri di li: Koute. Gen twa moun anba a k'ap mande pou ou. 20 Leve non, desann. Pati ak yo touswit, se mwen menm ki voye yo. 21 Pyè desann, li al jwenn mesye yo, epi l' di yo: Se mwen menm n'ap chache a. Kisak mennen nou isit la? 22 Yo reponn: Se kaptenn Kònèy ki voye nou. Nonm sa a, se yon bon gason ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp jwif la konsidere l' anpil. Enben, yon zanj Bondye te di l' pou l' te voye chache ou pou ou vin lakay li. Li bezwen tande sa ou gen pou di l' la. 23 Pyè fè yo antre. Li fè yo pase nwit lan avè li. Nan denmen, li leve, li pati ak yo. Kèk frè lavil Jope ale avè l' tou. 24 Yo rive Sezare yon jou apre. Kònèy t'ap tann yo ak tout fanmi l' ansanm ak kèk bon zanmi l' li te envite lakay li. 25 Pyè fè sa pou l' antre, Kònèy kouri vin devan l', li lage kò l' nan pye l', li bese tèt li byen ba devan li. 26 Men, Pyè fè l' leve, li di l' konsa: Kanpe non, monchè. Se yon moun mwen ye tou. 27 Pyè kontinye pale avèk li. Yo antre nan kay la epi Pyè jwenn yon bann moun ki te sanble. 28 Li di yo: Nou konnen sa pa fèt: jwif pa gen dwa mele ak moun lòt nasyon ni mete pye lakay yo. Relijyon l' pa penmèt sa. Men, Bondye fè m' konnen, mwen pa gen dwa gade pesonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye. 29 Se poutèt sa, voye ou voye rele m' lan, mwen pa fè ni yonn ni de, mwen vini. Koulye a, mwen ta renmen konnen poukisa ou voye chache m' lan. 30 Kònèy di li: Jòdi a fè kat jou, mwen te lakay mwen, mwen t'ap lapriyè vè twazè konsa nan apremidi. Mwen rete konsa, mwen wè yon nonm ki te gen yon bèl rad byen klere sou li kanpe devan mwen. 31 Epi l' di mwen: Kònèy, Bondye tande lapriyè ou, li chonje tout byen ou fè pou pòv yo. 32 Voye yon moun lavil Jope al rele Simon ki gen ti non Pyè a. Se lakay Simon, bòs tanè ki bò lanmè a, li ye. 33 Menm lè a, mwen voye chache ou, epi ou asepte vini. Koulye a, men nou tout la devan Bondye, n'ap koute tou sa Bondye ba ou lòd di nou. 34 Pyè pran lapawòl, li di: Wi, koulye a, mwen konprann sa se vre: Bondye pa gade sou figi moun. 35 Li kontan ak tout moun nan tout nasyon ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li. 36 Nou konnen mesaj Bondye te voye bay pèp Izrayèl la: li fè yo konnen bon nouvèl la ki di: Bondye voye Jezi ki Mèt tout moun pou bay tout moun kè poze. 37 Nou konnen sak te rive nan tout peyi Jide a. Bagay sa yo kòmanse nan peyi Galile, apre batèm Jan t'ap anonse a. 38 Nou konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l' sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li. 39 Nou menm k'ap pale la a, nou temwen tou sa li te fè nan peyi jwif yo ak nan Jerizalèm. Yo te touye l', yo te kloure l' sou kwa a. 40 Men sou twa jou, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò. Apre sa, li fè moun wè li vivan. 41 Se pa tout moun non ki te wè li. Se nou menm ase ki te wè li. Bondye te chwazi nou davans pou sèvi l' temwen. Wi, nou manje avè l', nou bwè avè l' apre Bondye te fè l' tounen vivan soti nan lanmò. 42 Li ban nou lòd mache fè konnen bon nouvèl la bay pèp la, pou n' fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja. 43 Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a. 44 Pyè t'ap pale toujou lè Sentespri a desann sou tout moun ki t'ap koute mesaj la. 45 Frè ki te soti lavil Jope ansanm ak Pyè yo se jwif yo te ye. Yo te sezi wè ki jan Bondye te bay moun ki pa jwif yo Sentespri l' an kantite. 46 Yo te tande moun lòt nasyon yo ap pale nan lòt lang. Yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di jan li gen pouvwa. Lè sa a Pyè di: 47 Moun sa yo resevwa Sentespri menm jan avèk nou. Koulye a, ki moun ki ka anpeche nou batize yo nan dlo tou? 48 Epi li bay lòd batize yo nan non Jezikri. Apre sa, yo mande Pyè pou l' rete pase kèk jou avèk yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Travay 10:1-2

Ac 10:1-48. Accession and Baptism of Cornelius and His Party; or, The First-fruits of the Gentiles.

We here enter on an entirely new phase of the Christian Church, the "opening of the door of faith to the Gentiles"; in other words, the recognition of Gentile, on terms of perfect equality with Jewish, discipleship without the necessity of circumcision. Some beginnings appear to have been already made in this direction (see on Ac 11:20, 21); and Saul probably acted on this principle from the first, both in Arabia and in Syria and Cilicia. But had he been the prime mover in the admission of uncircumcised Gentiles into the Church, the Jewish party, who were never friendly to him, would have acquired such strength as to bring the Church to the verge of a disastrous schism. But on Peter, "the apostle" specially "of the circumcision," was conferred the honor of initiating this great movement, as before of the first admission of Jewish believers. (See on Mt 16:19). After this, however, one who had already come upon the stage was to eclipse this "chiefest of the apostles."

1-2. Cæsarea--(See on Ac 8:40).

the Italian band--a cohort of Italians, as distinguished from native soldiers, quartered at Cæsarea, probably as a bodyguard to the Roman procurator who resided there. An ancient coin makes express mention of such a cohort in Syria. [Akerman, Numismatic Illustrations of the New Testament.]

Travay 10:3-6

3-6. saw ... evidently--"distinctly."

the ninth hour of the day--three o'clock, the hour of the evening sacrifice. But he had been "fasting until that hour" (Ac 10:30), perhaps from the sixth hour (Ac 10:9).

Travay 10:7-8

7-8. when the angel ... was departed, he called--immediately doing as directed, and thereby showing the simplicity of his faith.

a devout soldier of them that waited on him continually--of the "soldiers under him," such as the centurion at Capernaum had (Mt 8:9). Who this "devout soldier" was, can only be matter of conjecture. Da Costa [Four Witnesses] gives a number of ingenious reasons for thinking that, having attached himself henceforth to Peter--whose influence in the composition of the second Gospel is attested by the earliest tradition, and is stamped on that Gospel itself--he is no other than the Evangelist Mark.

Travay 10:9-16

9-16. upon the housetop--the flat roof, the chosen place in the East for cool retirement.

the sixth hour--noon.

Travay 10:17-24

17-24. while Peter doubted ... what this should mean, behold, the three men ... stood before the gate ... and asked--"were inquiring," that is, in the act of doing so. The preparations here made--of Peter for his Gentile visitors, as of Cornelius for him--are devoutly to be noted. But besides this, at the same moment, "the Spirit" expressly informs him that three men were inquiring for him, and bids him unhesitatingly go with them, as sent by Him.

Travay 10:25-29

25-29. as Peter was coming in, Cornelius met him--a mark of the highest respect.

fell down at his feet, and worshipped him--In the East this way of showing respect was customary not only to kings, but to others occupying a superior station; but among the Greeks and Romans it was reserved for the gods. Peter, therefore, declines it as due to no mortal [Grotius]. "Those who claim to have succeeded Peter, have not imitated this part of his conduct" [Alford] (therein only verifying 2Th 2:4, and compare Re 19:10; 22:9).

Travay 10:30-33

30-33. Four days ago--the messengers being despatched on the first; on the second reaching Joppa (Ac 10:9); starting for Cæsarea on the third; and on the fourth arriving.

Travay 10:34-35

34-35. Peter opened his mouth--(See on Mt 5:2).

Of a truth I perceive--that is, "I have it now demonstrated before mine eyes."

that God is no respecter of persons--Not, "I see there is no capricious favoritism with God," for Peter would never imagine such a thing; but (as the next clause shows), "I see that God has respect only to personal character and state in the acceptance of men, national and ecclesiastical distinctions being of no account."

Travay 10:36-38

36-38. the word ... sent unto the children of Israel--for to them (he would have them distinctly know) the Gospel was first preached, even as the facts of it took place on the special theater of the ancient economy.

preaching peace by Jesus Christ--the glorious sum of all Gospel truth (1Co 1:20-22).

he is Lord of all--exalted to embrace under the canopy of His peace, Jew and Gentile alike, whom the blood of His Cross had cemented into one reconciled and accepted family of God (Ep 2:13-18).

Travay 10:39-43

39-43. we are witnesses of all ... he did--not objects of superstitious reverence, but simply witnesses to the great historical facts on which the Gospel is founded.

slew and hanged--that is, slew by hanging.

on a tree--So Ac 5:30 (and see on Ga 3:13).

Travay 10:44-45

44-45. While Peter yet spake ... the Holy Ghost fell--by visible and audible manifestation (Ac 10:46).

Travay 10:46-48

46. heard them speak with tongues and magnify God--As on the day of Pentecost it was no empty miracle, no mere speaking of foreign languages, but utterance of "the wonderful works of God" in tongues to them unknown (Ac 2:11), so here; but more remarkable in this case, as the speakers were perhaps less familiar with the Old Testament songs of praise.

46-48. Then answered Peter, Can any man forbid water ... which have received the Holy Ghost, &c.--Mark, he does not say, They have received the Spirit, what need have they for water? but, Having the living discipleship imparted to them and visibly stamped upon them, what objection can there be to admitting them, by the seal of baptism, into the full fellowship of the Church?

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.