Kòmanse

2 Samyèl 20

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Nan lavil Gilgal te gen yon nonm yo te rele Cheba, pitit Bikri, nan branch fanmi Benjamen an. Se te yon vakabon. Li manche twonpèt li, li rele pèp la, epi li di yo byen fò: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David! Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a! Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo! 2 Se konsa moun peyi Izrayèl yo vire do bay David pou yo swiv Cheba, pitit Bikri a. Men, moun peyi Jida yo rete ak David. Yo swiv li depi larivyè Jouden rive lavil Jerizalèm. 3 Lè David rive nan palè li lavil Jerizalèm, li pran dis fanm kay li te kite pou okipe palè a, li fèmen yo nan yon kay apa ak moun pou siveye yo. Li ba yo tou sa yo bezwen, men li pa janm kouche ak yo yonn ankò. Yo rete fèmen la tout rès lavi yo, tankou fanm ki pèdi mari yo. 4 Apre sa, wa a pale ak Amasa, li di l' konsa: -M' ba ou twa jou pou ou sanble tout mesye Jida yo. Apre sa, w'a vin ak yo devan m'. 5 Amasa pati al avèti mesye Jida yo. Men, li pa tounen dat wa a te ba li pou l' te tounen an. 6 Wa a rele Abichayi, li di l' konsa: -Cheba pral ban nou plis traka pase Absalon. Pran kòmandman lame mwen an. Pati dèyè l' anvan li gen tan jwenn yon lavil ak gwo ranpa pou l' chape anba men nou. 7 Se konsa sòlda Joab yo, keretyen yo ak peletyen yo ak tout lòt vanyan sòlda ki te nan lame wa a kite lavil Jerizalèm ak Abichayi, yo pati dèyè Cheba. 8 Lè yo rive bò gwo wòch ki nan lavil Gibeyon an, Amasa vin kontre ak yo. Joab te gen rad batay li sou li ak yon nepe nan djenn li mare nan ren l'. Joab vanse devan l'. Nepe a soti nan djenn lan, li tonbe atè. 9 Joab di Amasa: -Ban m' nouvèl ou non, zanmi. Epi li kenbe l' nan bab ak men dwat li pou l' bo li. 10 Amasa menm pa fè atansyon lòt nepe Joab te kenbe nan men gòch li a. Joab djage l' nan vant. Tout trip li soti deyò. Li mouri la menm. Konsa, Joab pa t' bezwen ba li yon dezyèm kou. Apre sa, Joab ak Abichayi, frè l' la, pati dèyè Cheba. 11 Yonn nan sòlda Joab yo te kanpe bò kadav Amasa a. Li pran rele byen fò: -Tout moun ki pou Joab ak David, se pou yo swiv Joab! 12 Men, kadav Amasa a, tou plen san, te blayi nan mitan wout la. Lè sòlda Joab la wè chak fwa yon moun rive devan kadav la li rete, li pran kadav Amasa a, li trennen l' nan yon jaden sou kote wout la, li voye yon rad sou li. 13 Lè li wete kadav la nan mitan wout la, tout lame a pase, yo pati ak Joab dèyè Cheba, pitit Bikri a. 14 Cheba bò pa l' menm te pase nan tout peyi ki pou branch fanmi Izrayèl yo, li rive lavil Abèl-Bèt Maka. Tout moun fanmi Bikri yo te sanble dèyè l', yo swiv li nan lavil la. 15 Sòlda Joab yo vin rive devan Abèl-Bèt Maka. Yo sènen lavil la, yo anpile ranblè nan pye gwo miray deyò a pou yo te ka anvayi lavil la. Apre sa, yo pran fouye anba miray la pou fè l' tonbe. 16 Te gen yon fanm nan lavil la ki te gen bon konprann. Li rete sou miray la, li di: -Ey! Ey! Tanpri, koute sa m'ap di nou! Al di Joab pou l' pwoche bò isit la. Mwen ta renmen fè yon ti pale avè l'. 17 Joab vin rive. Fanm lan mande l': -Se ou menm ki Joab la? Joab reponn: -Wi, se mwen menm. Fanm lan di l': -Se sèvis m'ap rann ou. Koute sa m'ap di ou. Joab reponn: -M'ap koute ou, wi. 18 Fanm lan di konsa: -Nan tan lontan yo te konn di: Depi ou bezwen konnen kichòy, desann lavil Abèl, al mande la. Se konsa moun te toujou regle zafè yo. 19 Lavil nou se yonn nan lavil peyi Izrayèl yo kote ki pa gen dezòd. Lèfini, li pa janm vire do bay wa a. Poukisa w'ap chache detwi l'? Se kraze ou vle kraze sa ki pou Seyè a? 20 Joab reponn li: -Sa ou kwè a se pa sa! Se pa t' nan lide m' ni pou m' te kraze, ni pou m' te detwi lavil nou an. 21 Se pa dèyè sa nou ye. Gen yon nonm yo rele Cheba, pitit gason Bikri a. Se moun mòn Efrayim li ye. Li pran lezam kont wa David. Si ou lage nonm sa a nan men m', m'ap vire do m' kite lavil la an repo. Fanm lan reponn li: -N'ap voye tèt li jete lòt bò miray la ba ou. 22 li al pale ak moun lavil yo, li di yo sa li gen lide fè. Yo koupe tèt Cheba, yo voye l' jete lòt bò miray la bay Joab. Joab fè kònen twonpèt la pou bay sòlda li yo siyal pou yo kite lavil la al fè wout yo lakay yo. Joab menm tounen lavil Jerizalèm al jwenn wa a. 23 Joab te kòmandan tout lame pèp Izrayèl la. Benaja, pitit Jeyojada, te kòmandan keretyen yo ak peletyen yo, gad pèsonèl wa a. 24 Adoram te reskonsab kòve yo. Jeozafa, pitit gason Aliyoud la, te reskonsab achiv wa a. 25 Cheva te sekretè gouvènman an. Zadòk ak Abyata te prèt. 26 Te gen yon nonm yo te rele Ira, moun lavil Jayi, ki te prèt wa David tou.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Samyèl 20:1-2

Introduction

Sheba raises an insurrection, and gains a party in Israel, 2Sam 20:1, 2Sam 20:2. David shuts up the ten concubines who were defiled by Absalom, 2Sam 20:3. Amasa is sent to assemble the men of Judah, 2Sam 20:4, 2Sam 20:5. And in the mean time Abishai is sent to pursue Sheba, 2Sam 20:6, 2Sam 20:7. Joab treacherously murders Amasa, 2Sam 20:8-12. Joab and the army continue the pursuit of Sheba, 2Sam 20:13, 2Sam 20:14. He is besieged in Abel; and, by the counsels of a wise woman, the people of Abel cut off his head, and throw it over the wall to Joab; who blows the trumpet of peace, and he and his men return to Jerusalem, 2Sam 20:15-22. Account of David's civil and military officers, 2Sam 20:23-26.

Verse 1

Sheba, the son of Bichri - As this man was a Benjamite, he probably belonged to the family of Saul; and he seems to have had considerable influence in Israel to raise such an insurrection: but we know nothing farther of him than what is related in this place.

We have no part in David - We of Israel, we of the ten tribes, are under no obligation to the house of David. Leave him, and let every man fall into the ranks under his own leader.

2 Samyèl 20:3

Verse 3

The ten women - He could not well divorce them; he could not punish them, as they were not in the transgression; he could no more be familiar with them, because they had been defiled by his son; and to have married them to other men might have been dangerous to the state: therefore he shut them up and fed them - made them quite comfortable, and they continued as widows to their death.

2 Samyèl 20:4-7

Verse 4

Then said the king to Amasa - Thus he invests him with the command of the army, and sends him to collect the men of Judah, and to come back to receive his orders in relation to Sheba, in three days. It appears that Amasa found more difficulty in collecting his country-men than was at first supposed; and this detaining him beyond the three days, David, fearing that Sheba's rebellion would get head, sent Abishai, who it appears was accompanied by Joab, to pursue after Sheba.

Amasa, it seems, got up with them at Gibeon, 2Sam 20:8, where he was treacherously murdered by the execrable Joab.

2 Samyèl 20:8-9

Verse 8

Joab's garment - It appears that this was not a military garment; and that Joab had no arms but a short sword, which he had concealed in his girdle; and this sword, or knife, was so loose in its sheath that it could be easily drawn out. It is thought farther, that Joab, in passing to Amasa, stumbled, (for so some of the versions, and able critics, understand the words it fell out). and that the sword fell down when he stumbled; that he took it up with his left hand as if he had no bad intention; and then, taking Amasa by the beard with his right hand, pretending to kiss him, he, with his sword in his left hand, ripped up his bowels. This seems to be the meaning of this very obscure verse. It is worthy of remark that in the Eastern country it is the beard, not the man, which is usually kissed.

2 Samyèl 20:10

Verse 10

In the fifth rib - I believe חמש chomesh, which we render here and elsewhere the fifth rib, means any part of the abdominal region. The Septuagint translate it την ψοαν, the groin; the Targum, the right side of the thigh, i.e., (the phrase of the Targumist being interpreted), the privy parts. That it means some part of the abdominal region, is evident from what follows, And shed out his bowels to the ground. It appears from this that, in plain English, he ripped up his belly.

2 Samyèl 20:11

Verse 11

He that favoureth Joab - As if he had said, There is now no other commander besides Joab; and Joab is steadily attached to David: let those therefore who are loyal follow Joab.

2 Samyèl 20:12-13

Verse 12

Amasa wallowed in blood - It is very likely that Amasa did not immediately die; I have known instances of persons living several hours after their bowels had been shed out.

2 Samyèl 20:14

Verse 14

Unto Abel - This is supposed to have been the capital of the district called Abilene in St. Luke's Gospel, Luk 3:1.

Beth-maachah - Is supposed to have been in the northern part of the Holy Land, on the confines of Syria, and probably in the tribe of Naphtali.

2 Samyèl 20:15

Verse 15

They cast up a bank against the city - The word סללה solelah, which we render bank, means, most probably, a battering engine of some kind, or a tower overlooking the walls, on which archers and slingers could stand and annoy the inhabitants, while others of the besiegers could proceed to sap the walls. That it cannot be a bank that stood in the trench, is evident from the circumstance thus expressed.

2 Samyèl 20:16-17

Verse 16

A wise woman - She was probably governess.

2 Samyèl 20:18

Verse 18

They shall surely ask counsel at Abel - This is a proverb, but from what it originated we know not; nor can we exactly say what it means: much must be supplied to bring it to speak sense. Abel was probably famed for the wisdom of its inhabitants; and parties who had disputes appealed to their judgment, which appears to have been in such high reputation as to be final by consent of all parties. To this the wise woman refers, and intimates to Joab that he should have proceeded in this way before he began to storm the city, and destroy the peaceable inhabitants.

2 Samyèl 20:19-20

Verse 19

I - peaceable and faithful in Israel - I am for peace, not contention of any kind; I am faithful - I adhere to David, and neither seek nor shall sanction any rebellion or anarchy in the land. Why then dost thou proceed in such a violent manner? Perhaps the woman speaks here in the name and on behalf of the city: "I am a peaceable city, and am faithful to the king."

A mother in Israel - That is, a chief city of a district; for it is very likely that the woman speaks of the city, not of herself.

2 Samyèl 20:21-22

Verse 21

His head shall be thrown to thee - Thus it appears she had great sway in the counsels of the city; and that the punishment of a state rebel was then, what it is now in this kingdom, beheading.

2 Samyèl 20:23

Verse 23

Joab was over all the host - He had murdered Amasa, and seized on the supreme command: and such was his power at present, and the service which he had rendered to the state by quelling the rebellion of Sheba, that David was obliged to continue him; and dared not to call him to account for his murders without endangering the safety of the state by a civil war.

Benaiah - over the Cherethites - Benaiah was over the archers and slingers.

See the notes on 2Sam 8:18.

2 Samyèl 20:24

Verse 24

Adoram was over the tribute - Probably the chief receiver of the taxes; or Chancellor of the Exchequer, as we term it.

Jehoshaphat - recorder - The registrar of public events.

2 Samyèl 20:25

Verse 25

Shevah was scribe - The king's secretary.

2 Samyèl 20:26

Verse 26

Ira - was a chief ruler about David - The Hebrew is כהן לדויד cohen ledavid, a priest to David; and so the Vulgate, Septuagint, Syriac, and Arabic. The Chaldee has רב rab, a prince, or chief. He was probably a sort of domestic chaplain to the king. We know that the kings of Judah had their seers, which is nearly the same: Gad was David's seer, 2Sam 24:11, and Jeduthun was the seer of King Josiah, 2Chr 35:16.

The conclusion of this chapter is very similar to the conclusion of 2Sam 8:16-18 (note), where see the notes.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.