Kòmanse

2 Samyèl 19

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Yo voye di Joab jan wa a t'ap kriye, jan li te pran lapenn pou Absalon ki mouri a. 2 Jou sa a, sòlda David yo pa t' fè fèt pou genyen yo genyen batay la. Yo tout te kagou, paske yo te pran nouvèl jan wa a te nan gwo lapenn pou lanmò pitit li a. 3 Yo antre nan lavil la san fè ankenn bri, tankou sòlda ki wont paske yo kouri pou lagè. 4 Wa a menm te kouvri tèt li, li t'ap rele: -Woy! Gason m' lan! Absalon, pitit gason m' lan! Absalon, pitit gason m' lan! 5 Joab al jwenn wa a nan chanm li, li di l' konsa: -Jan ou fè sa jòdi a ou fè tout sòlda ou yo wont. Yo menm ki te sove lavi ou ansanm ak lavi pitit gason ak pitit fi ou yo, lavi madanm ak fanm kay ou yo. 6 Ou moutre jan ou renmen moun ki rayi ou, men ou pa vle wè moun ki renmen ou. Ou fè wè jan chèf lame ak sòlda k'ap goumen pou ou yo pa di ou anyen. Jòdi a mwen wè monwa ta pi kontan si Absalon te vivan, epi nou tout nou te mouri. 7 Koulye a, monwa, leve non! Al pale ak moun pa ou yo pou ankouraje yo. Si ou pa fè sa, mwen fè sèman devan Bondye, denmen maten p'ap gen yon moun k'ap kanpe avè ou ankò. Malè sa a pral pi rèd pase tout malè ki janm tonbe sou ou depi ou te jenn gason rive jounen jòdi a. 8 Wa a leve vre, li vin chita bò pòtay lavil la. Lè sòlda yo vin konn sa, yo tout vin sanble bò kote l'. Moun peyi Izrayèl yo menm te kouri ale chak moun lakay yo. 9 Nan tou peyi Izrayèl la, moun t'ap diskite, yo t'ap di: -Wa David te delivre nou anba men lènmi nou yo. Li te sove nou anba men moun peyi Filisti yo. Men koulye a, li kouri kite peyi a poutèt Absalon. 10 Nou te fè /seremoni pou mete Absalon wa peyi a. Men li mouri nan lagè. Sa ki kenbe nou koulye a pou nou fè wa David tounen ankò? 11 Antan wa a lakay li, li vin konnen tou sa pèp la t'ap di. Lamenm, li voye yon mesaj bay Zadòk ak Abyata, li di yo: -Pale ak chèf fanmi moun peyi Jida yo. Mande yo poukisa se pa yo menm premye moun ki chache fè wa a tounen lakay li. 12 Di yo se fanmi m' yo ye, menm ras avè m'. Poukisa se yo menm dènye moun ki pou fè m' tounen nan palè a? 13 n'a pale ak Amasa, n'a di l' pou mwen se fanmi m' li ye. Depi jòdi a, mwen mete l' alatèt lame mwen an nan plas Joab. Si mwen pa kenbe pawòl, se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen! 14 Lè tout moun peyi Jida yo tande pawòl David yo, yo tonbe dakò ak li. Yo mete tèt yo ansanm, yo voye di l': -Ou mèt tounen ansanm ak tout moun pa ou yo. 15 Wa a leve, li pran wout pou l' tounen. Li rive bò larivyè Jouden an. Tout moun peyi Jida yo, bò pa yo, kite lavil Gilgal, y' al kontre wa a. Yo ede l' janbe larivyè a. 16 Se konsa yon nonm nan branch fanmi Benjamen an, Chimeyi, pitit Gera a, moun lavil Baourim, te kouri al kontre wa David bò larivyè Jouden an ansanm ak yo. 17 Te gen mil (01000) gason nan branch fanm Benjamen an avè l'. Ziba, domestik fanmi Sayil la, te la tou ansanm ak kenz pitit gason l' yo ak vin moun k'ap travay avèk li yo. Yo tout kouri al kontre wa a bò larivyè Jouden an. 18 Yo janbe larivyè a, yo ede moun wa yo janbe pas la. Yo fè tou sa wa a te mande yo fè. Lè wa a fè sa pou l' janbe tou, Chimeyi lage kò l' atè devan wa a. 19 Li di l' konsa: -Monwa, tanpri! Pa kenbe m' nan kè! Bliye sa m' te fè ou jou ou t'ap kite lavil Jerizalèm lan. Tanpri, pa kenbe m' nan kè! 20 Mwen konnen sa m' te fè a te mal, monwa. Ou wè jòdi a, premye moun nan tout branch fanmi Jozèf la ki kouri vin resevwa ou, se mwen menm. 21 Lè sa a, Abichayi, pitit gason Sewouya a, pale, li di konsa: -Sa pa ka anpeche yo touye Chimeyi, paske li te bay moun Bondye te chwazi pou wa a madichon. 22 Men David reponn li: -Pa antre nan koze a. Sa pa gade ou, pitit Sewouya! Poukisa jòdi a ou vle kenbe tèt avè m'? Mwen pa vle yo touye pesonn nan moun peyi Izrayèl yo, paske jòdi a mwen konnen se mwen menm ki wa peyi Izrayèl la vre. 23 Apre sa, wa a di Chimeyi konsa: -Mwen fè ou sèman, yo p'ap touye ou! 24 Mefibochèt, pitit pitit Sayil la, te vin kontre wa a tou. Depi jou wa David te kite lavil Jerizalèm lan jouk jou li te tounen san danje san malè a, Mefibochèt pa t' koupe bab li, ni li pa t' lave pye l', ni li pa t' lave rad sou li. 25 Lè Mefibochèt rive lavil Jerizalèm pou li al resevwa wa a, wa a di l': -Mefibochèt, poukisa ou pa t' pati ansanm avè m'? 26 Mefibochèt reponn li: -Monwa, se domestik mwen an ki woule m'. Ou konnen m' enfim. Mwen te mande domestik mwen an pou l' te sele fenmèl bourik mwen an pou m' te ka ale ansanm avèk monwa. 27 Domestik la al ba ou manti sou mwen. Men, monwa, mèt mwen, ou tankou yon zanj Bondye. Ou mèt fè sa ou vle avè m'. 28 Tout moun nan fanmi Sayil, granpapa m' lan, te merite pou ou te touye yo vre. Men monwa, ou ban m' dwa pou m' manje sou menm tab avè ou. Mwen pa gen dwa mande monwa ankenn lòt favè ankò. 29 Wa reponn li: -Ou pa bezwen di anyen ankò! Mwen pran desizyon m' deja. W'a antann ou ak Ziba pou nou pataje tè Sayil yo. 30 Mefibochèt di wa a: -Ziba te mèt pran tout pou li. Sa ki pi enpòtan pou mwen, se wè pou m' wè wa a tounen san danje san malè nan palè li. 31 Bazilayi, moun lavil Gilgal, te desann soti lavil Wogelim rive larivyè Jouden ansanm ak wa a. Li janbe lòt bò larivyè a ansanm ak wa a. Lè li fin janbe, li di wa a orevwa pou l' te tounen lakay li. 32 Bazilayi te yon vye granmoun, li te gen katrevenzan. Li te rich anpil. Se li menm ki te bay wa a tout pwovizyon li te bezwen lè wa a te lavil Manayim. 33 Wa a di l' konsa: -Ann ale ansanm avè m' lavil Jerizalèm non. M'a pran swen ou. 34 Men Bazilayi reponn li: -Monwa, mwen pa rete anpil tan ankò pou m' viv. M' pa wè poukisa pou m' ale ansanm avè ou lavil Jerizalèm. 35 Mwen deja gen katreven lanne sou tèt mwen. Anyen pa di m' anyen ankò. M' pa pran gou ni sa m'ap manje, ni sa m'ap bwè. M' pa tande vwa gason ak fi k'ap chante yo ankò. M' pral tounen yon chay pou monwa. 36 Epitou, mwen pa merite tout rekonpans sa a. Se annik yon ti bout chemen m' te vle fè avè ou lòt bò larivyè Jouden an. 37 Tanpri, kite m' tounen lakay mwen. Konsa, m'a mouri toupre tonm fanmi mwen. Men Chimkam, pitit mwen, ki va sèvi ou. Ou mèt pran l' avè ou, monwa. W'a fè sa ou wè ki pi bon pou li. 38 Wa a reponn li: -Bon. M'ap pran l' avè m'. M'a fè pou li tou sa ou menm w'a wè ki bon pou li. Nenpòt kisa w'a mande m', m'a fè l' pou ou. 39 Apre sa, tout moun yo janbe lòt bò larivyè Jouden an. Lè wa a fin janbe, li bo Bazilayi, li rele benediksyon Bondye sou li. Bazilayi tounen lakay li apre sa. 40 Tout moun peyi Jida yo ak mwatye nan moun peyi Izrayèl yo janbe lòt bò larivyè Jouden an ansanm ak wa a. Wa a desanm lavil Gilga. Chimkam te ale avè l'. 41 Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo al jwenn wa a, yo di l' konsa: -Monwa, poukisa frè nou yo, moun peyi Jida yo, te vin pran ou, yo fè ou janbe larivyè Jouden ansanm ak tout fanmi ou ak tout moun pa ou yo? 42 Moun Jida yo reponn: -Nou fè l' paske wa a pi fanmi moun Jida yo pase li fanmi moun Izrayèl yo. Sa ki gen la a atò pou nou fache? Li pa janm peye manje pou nou ki fanmi l', ni li pa janm fè nou kado anyen. 43 Lamenm, moun peyi Izrayèl yo reponn moun peyi Jida yo: -Nou gen dis fwa plis dwa pase moun Jida yo sou wa a, menm si se fanmi yo li ye. Poukisa nou menm moun Jida yo, nou meprize moun peyi Izrayèl yo konsa? Pa bliye se nou menm premye moun ki te pale koze fè wa a tounen an. Men moun peyi Jida yo pale pi fò, yo fèmen bouch moun peyi Izrayèl yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Samyèl 19:1

Introduction

David continues his lamentation for his son, and the people are greatly discouraged, 2Sam 19:1-4. Joab reproves and threatens him with the general defection of the people, 2Sam 19:5-7. David lays aside his mourning, and shows himself to the people, who are thereby encouraged, 2Sam 19:8. The tribes take counsel to bring the king back to Jerusalem, 2Sam 19:9-12. He makes Amasa captain of the host in place of Joab, 2Sam 19:13. The king, returning, is met by Judah at Gilgal, 2Sam 19:14, 2Sam 19:15. Shimei comes to meet David, and entreats for his life, which David grants, 2Sam 19:16-23. Mephibosheth also meets him, and shows how he had been slandered by Ziba, 2Sam 19:24-30. David is met by Barzillai, and between them there is an affecting interview, 2Sam 19:31-40. Contention between the men of Judah and the men of Israel, about bringing back the king, 2Sam 19:41-43.

2 Samyèl 19:2-3

Verse 2

The victory - was turned into mourning - Instead of rejoicing that a most unnatural and ruinous rebellion had been quashed, the people mourned over their own success, because they saw their king so immoderately afflicted for the loss of his worthless son.

2 Samyèl 19:4

Verse 4

The king covered his face - This was the custom of mourners.

O my son Absalom - Calmet has properly remarked that the frequent repetition of the name of the defunct, is common in the language of lamentation. Thus Virgil, act. v., ver. 51: - - Daphnin que team tollemus ad astra;

Daphnin ad astra feremus: amavit nos quoque Daphnis. "With yours, my song I cheerfully shall join,

To raise your Daphnis to the powers Divine.

Daphnis I'll raise unto the powers above,

For dear to me was Daphnis' well tried love."

See the notes on the preceding chapter, 2 Samuel 18 (note).

2 Samyèl 19:5-7

Verse 5

Thou hast shamed this day - Joab's speech to David on his immoderate grief for the death of his rebellious son is not only remarkable for the insolence of office, but also for good sense and firmness. Every man who candidly considers the state of the case, must allow that David acted imprudently at least; and that Joab's firm reproof was necessary to arouse him to a sense of his duty to his people. But still, in his manner, Joab had far exceeded the bonds of that reverence which a servant owes to his master, or a subject to his prince. Joab was a good soldier, but in every respect a bad man, and a dangerous subject.

2 Samyèl 19:8-10

Verse 8

The king - sat in the gate - The place where justice was administered to the people.

2 Samyèl 19:11-13

Verse 11

Speak unto the elders of Judah - David was afraid to fall out with this tribe: they were in possession of Jerusalem, and this was a city of great importance to him. They had joined Absalom in his rebellion; and doubtless were now ashamed of their conduct. David appears to take no notice of their infidelity, but rather to place confidence in them, that their confidence in him might be naturally excited: and, to oblige them yet farther, purposes to make Amasa captain of the host in the place of Joab.

2 Samyèl 19:14-15

Verse 14

And he bowed the heart of all the men of Judah - The measures that he pursued were the best calculated that could be to accomplish this salutary end. Appear to distrust those whom you have some reason to suspect, and you increase their caution and distrust. Put as much confidence in them as you safely can, and this will not fail to excite their confidence towards you.

2 Samyèl 19:16-17

Verse 16

Shimei the son of Gera - It appears that Shimei was a powerful chieftain in the land; for he had here, in his retinue, no less than a thousand men.

2 Samyèl 19:18-19

Verse 18

There went over a ferry-boat - This is the first mention of any thing of the kind. Some think a bridge or raft is what is here intended.

2 Samyèl 19:20-23

Verse 20

For thy servant doth know that I have sinned - This was all he could do; his subsequent conduct alone could prove his sincerity. On such an avowal as this David could not but grant him his life.

2 Samyèl 19:24-26

Verse 24

Neither dressed his feet - He had given the fullest proof of his sincere attachment to David and his cause; and by what he had done, amply refuted the calumnies of his servant Ziba.

2 Samyèl 19:27-28

Verse 27

The king is as an angel of God - As if he had said, I state my case plainly and without guile; thou art too wise not to penetrate the motives from which both myself and servant have acted. I shall make no appeal; with whatsoever thou determinest I shall rest contented.

2 Samyèl 19:29-31

Verse 29

I have said, Thou and Ziba divide the land - At first, David gave the land of Saul to Mephibosheth; and Ziba, his sons, and his servants, were to work that land; and to Mephibosheth, as the lord, he was to give the half of the produce. Ziba met David in his distress with provisions, and calumniated Mephibosheth: David, too slightly trusting to his misrepresentation, and supposing that Mephibosheth was actually such a traitor as Ziba represented him, made him on the spot a grant of his master's land. Now he finds that he has acted too rashly, and therefore confirms the former grant; i.e. that Ziba should cultivate the ground, and still continue to give to Mephibosheth, as the lord, the half of the produce. This was merely placing things in statu quo, and utterly annulling the gift that he had made to Ziba. But why did he leave this treacherous man any thing? Answer,

1. He was one of the domestics of Saul, and David wished to show kindness to that house.

2. He had supplied him with the necessaries of life when he was in the greatest distress; and he thinks proper to continue him in his old office, by way of remuneration.

But it was certainly too great a compensation for his services, however then important, when all the circumstances are considered.

2 Samyèl 19:32-34

Verse 32

Barzillai was a very aged man - This venerable person had given full proof of his attachment to David by the supplies he had given him when he lay at Mahanaim, where his case was all but desperate; the sincerity of his congratulations now none can suspect. David's offer to him was at once noble and liberal: he wished to compensate such a man, and he wished to have at hand such a friend.

2 Samyèl 19:35-36

Verse 35

Can thy servant taste what I eat - Here is at once an affecting description of the infirmities of old age; and a correct account of the mode of living at an Eastern court in ancient times.

Barzillai was fourscore years old; his ear was become dull of hearing, and his relish for his food was gone: he therefore appears to have been not only an old man, but an infirm old man. Besides delicate meats and drinks, we find that vocal music constituted a principal part of court entertainments: male and female singers made a necessary appendage to these banquets, as they do in most Eastern courts to the present day. As David was a most sublime poet, and emphatically styled the sweet singer of Israel, he no doubt had his court well supplied with vocal as well as instrumental performers; and, probably, with poets and poetesses; for it is not likely that he was the only poet of his time, though he undoubtedly was the most excellent.

2 Samyèl 19:37-38

Verse 37

Thy servant Chimham - It is generally understood that this was Barzillai's son; and this is probable from 1Kgs 2:7, where, when David was dying, he said, Show kindness to the sons of Barzillai: and it is very probable that this Chimham was one of them. In Jer 41:17 mention is made of the habitation of Chimham, which was near to Bethlehem; and it is reasonably conjectured that David had left that portion, which was probably a part of his paternal estate, to this son of Barzillai.

2 Samyèl 19:39-41

Verse 39

The king kissed Barzillai, and blessed him - The kiss was the token of friendship and farewell; the blessing was a prayer to God for his prosperity, probably a prophetical benediction.

2 Samyèl 19:42

Verse 42

Wherefore then be ye angry for this matter? - We have not done this for our own advantage; we have gained nothing by it; we did it through loyal attachment to our king.

2 Samyèl 19:43

Verse 43

We have ten parts in the king, and - more right - We are ten tribes to one, or we are ten times so many as you; and consequently should have been consulted in this business.

The words of the men of Judah were fiercer than the words of the men of Israel - They had more weight, for they had more reason on their side.

It is pleasant when every province, canton, district, and county, vie with each other in personal attachment to the prince, and loyal attachment to his government. From such contentions as these civil wars are never likely to arise. And how blessed it must be for the country where the king merits all this! where the prince is the pastor and father of his people, and in all things the minister of and to them for good!

It is criminal in the prince not to endeavor to deserve the confidence and love of his people; and it is highly criminal in the people not to repay such endeavors with the most loyal and affectionate attachment.

Where the government is not despotic, the king acts by the counsels of his ministers, and while he does so he is not chargeable with miscarriages and misfortunes; they either came through bad counsels, or directly thwarting providences. On this ground is that political maxim in our laws formed, the king can do no wrong. Sometimes God will have things otherwise than the best counsels have determined, because he sees that the results will, on the whole, be better for the peace and prosperity of that state. "God is the only Ruler of princes." And as the peace of the world depends much on civil government, hence kings and civil governors are peculiar objects of the Almighty's care. Wo to him who labors to bring about a general disaffection; as such things almost invariably end in general disappointment and calamity. It is much easier to unsettle than to settle; to pull down than to build up.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.