2 Wa 7
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Elize reponn li: —Koute sa Seyè a voye di ou: Denmen, vè lè sa a, nan pòtay lavil Samari a, moun pral achte dis liv bon farin frans osinon ven liv lòj pou yon grenn pyès ajan. 2 Gadkò wa a reponn pwofèt la, li di l': —Seyè a ta mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa ou di a pa ka fèt. Elize di li: —Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'! 3 Bò pòtay lavil Samari a, te gen kat gason ki te gen move maladi po. Yonn di lòt konsa: —Poukisa pou n' rete isit la ap tann lanmò? 4 Si nou di n'ap antre lavil la, avèk grangou ki gen la a, n'ap mouri. Si nou di n'ap rete isit la, n'ap mouri tou. Pito n' al pran yon chans nan kan lame Siri a. Si yo fè pa nou, n'a viv. Men, si yo touye nou, n'a tou mouri mouri nou. 5 Se konsa, solèy te fèk kouche lè mesye yo leve, yo pati pou kan lame Siri a. Lè yo rive toupre kan an, yo pa wè pesonn. 6 Seyè a te fè sòlda lame Siri yo tande yon bann bri, ou ta di yon pakèt cha lagè, kavalye sou chwal ak yon gwo lame k'ap mache vini sou yo. Tout sòlda peyi Siri yo te konprann se wa peyi Izrayèl la ki te pran kontak ak wa peyi Et la ansanm ak wa peyi Lejip la pou vin atake yo. 7 Se konsa, solèy te fèk kouche jou sa a lè yo leve yo kouri met deyò. Yo kite tant yo, chwal yo, bourik yo. Yo chape kò yo kite kan an jan l' te ye a. 8 Lè kat mesye yo rive nan kan an, yo antre nan yon premye tant, yo manje, yo bwè. Yo pase men yo pran lò, ajan, rad yo jwenn, yo soti al sere yo. Lèfini, yo tounen, yo antre nan yon dezyèm tant, yo fè menm bagay la. 9 Men lè sa a, yonn di lòt konsa: —Sa n'ap fè a pa bon non! Nou gen bon nouvèl konsa, nou pa ka kenbe l' pou nou ase. Si nou tann denmen maten pou n' al di moun yo sa, ou mèt sèten y'ap ban nou tò. Pito n' ale koulye a. Ann al bay nouvèl la kay wa a! 10 Se konsa, yo tounen lavil Samari, yo rele gad ki t'ap fè pòs nan pòtay lavil la. Yo ba yo nouvèl la, yo di yo: —Nou t al nan kan moun Siri yo. Nou pa jwenn pesonn, nou pa tande pesonn ap pale. Chwal ak bourik sèlman nou jwenn mare nan kòd. Ata tant yo te la jan yo te moute yo. 11 Faksyonnè ki t'ap fè pòs nan pòtay lavil la bay nouvèl la byen fò. Konsa, nouvèl la gaye jouk li rive anndan palè a. 12 Se te nan mitan lannwit. Wa a leve sot nan kabann li, li di chèf li yo: —Mwen pral esplike nou sa sòlda peyi Siri yo gen dèyè tèt yo kifè yo fè sa. Yo konnen jan grangou ap bat nou isit la. Yo soti kite kan an, y' al kache nan plenn lan. Yo konprann nou pral soti kite lavil la pou n' al dèyè manje. Lè sa a, y'a tonbe sou nou, y'a pran nou tou vivan, y'a antre nan lavil la. 13 Men, yonn nan chèf li yo di l' konsa: —Poukisa nou pa voye kèk moun ak senk chwal ki rete yo pou y' al wè sa ki pase. Kit yo tounen vivan, kit yo mouri, yo p'ap pi mal ni pi byen pase rès moun Izrayèl yo ki rete isit la. Wè pa wè, y' ap pase tankou sa ki mouri deja yo. 14 Se konsa yo chwazi kèk moun, wa a voye yo ak de cha lagè pou y' al wè sa ki rive nan kan lame peyi Siri a. 15 Mesye yo pati, yo rive jouk bò larivyè Jouden an. Sou tout wout la, yo wè rad ak yon bann lòt bagay sòlda peyi Siri yo te jete lè yo t'ap kouri met deyò a. Yo tounen, yo fè rapò yo bay wa a. 16 Menm lè a, pèp la kouri soti al piye kan lame peyi Siri yo. Jan Seyè a te di l' la, yo vann dis liv bon farin frans pou yon pyès ajan, ven liv lòj pou menm pri a. 17 Men, wa a te mete chèf gadkò li a ap veye pòtay lavil la. Se konsa pèp la pilonnen l' anba pye yo lè y'ap pase nan pòtay lavil la. Li mouri jan Elize te di l' sa lè wa a te vin wè l' la. 18 Lè sa a, Elize t'ap pale ak wa a li te di l' konsa: Denmen lè konsa, nan pòtay lavil Samari y'ap vann dis liv bon farin frans pou yon pyès ajan ak ven liv lòj pou menm pri a. 19 Se konsa chèf gadkò a te di Seyè a te mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa Elize di a pa ka fèt. Elize menm te reponn li, li te di l': Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'. 20 Se sa menm ki rive l'. Li mouri pilonnen anba pye pèp la lè y'ap pase nan pòtay lavil la.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Wa 7:1
Introduction
Elisha foretells abundant relief to the besieged inhabitants of Samaria, 2Kgs 7:1. One of the lords questions the possibility of it; and is assured that he shall see it on the morrow, but not taste of it, 2Kgs 7:2. Four lepers, perishing with hunger, go to the camp of the Syrians to seek relief and find it totally deserted, 2Kgs 7:3-5. How the Syrians were alarmed, and fled, 2Kgs 7:6, 2Kgs 7:7. The lepers begin to take the spoil, but at last resolve to carry the good news to the city, 2Kgs 7:8-11. The king, suspecting some treachery, sends some horsemen to scour the country, and see whether the Syrians are not somewhere concealed; they return, and confirm the report that the Syrians are totally fled, 2Kgs 7:12-15. The people go out and spoil the camp, in consequence of which provisions become as plentiful as Elisha had foretold, 2Kgs 7:16. The unbelieving lord, having the charge of the gate committed to him, is trodden to death by the crowd, 2Kgs 7:17-20.
Verse 1
To-morrow about this time - This was in reply to the desponding language of the king, and to vindicate himself from the charge of being author of this calamity. See the end of the preceding chapter, 2Kgs 6:33 (note).
A measure of fine flour - for a shekel - A seah of fine flour: the seah was about two gallons and a half; the shekel, two shillings and four-pence at the lowest computation. A wide difference between this and the price of the ass's head mentioned above.
2 Wa 7:2
Verse 2
Then a lord - שליש shalish. This word, as a name of office, occurs often, and seems to point out one of the highest offices in the state. So unlikely was this prediction to be fulfilled, that he thought God must pour out wheat and barley from heaven before it could have a literal accomplishment.
But shalt not eat thereof - This was a mere prediction of his death, but not as a judgment for his unbelief; any person in his circumstances might have spoken as he did. He stated in effect that nothing but a miracle could procure the plenty predicted, and by a miracle alone was it done; and any person in his place might have been trodden to death by the crowd in the gate of Samaria.
2 Wa 7:3-4
Verse 3
There were four leprous men - The Gemara in Sota, R. Sol. Jarchi, and others, say that these four lepers were Gehazi and his three sons.
At the entering in of the gate - They were not permitted to mingle in civil society.
2 Wa 7:5
Verse 5
The uttermost part of the camp - Where the Syrian advanced guards should have been.
2 Wa 7:6-11
Verse 6
The Lord had made the - Syrians to hear a noise - This threw them into confusion; they imagined that they were about to be attacked by powerful auxiliaries, which the king of Israel had hired against them.
2 Wa 7:12
Verse 12
The king arose in the night - This king had made a noble defense; he seems to have shared in all the sufferings of the besieged, and to have been ever at his post. Even in vile Ahab there were some good things!
They know that we be hungry - This was a very natural conclusion; the Syrians by the closest blockade could not induce them to give up the city, but knowing that they were in a starving condition, they might make use of such a stratagem as that imagined by the king, in order to get possession of the city.
2 Wa 7:13
Verse 13
And one of his servants answered - This is a very difficult verse, and the great variety of explanations given of it cast but little light on the subject. I am inclined to believe, with Dr. Kennicott, that there is an interpolation here which puzzles, if not destroys, the sense. "Several instances," says he, "have been given of words improperly repeated by Jewish transcribers, who have been careless enough to make such mistakes, and yet cautious not to alter or erase, for fear of discovery. This verse furnishes another instance in a careless repetition of seven Hebrew words, thus: - הנשארים אשר נשארו בה הנם ככל ההמון ישראל אשר נשארו בה הנם ככל המון ישראל אשר תמי
The exact English of this verse is this: And the servant said, Let them take now five of the remaining horses, which remain in it; behold they are as all the multitude of Israel, which [remain in it; behold they are as all the multitude of Israel which] are consumed; and let us send and see. "Whoever considers that the second set of these seven words is neither in the Septuagint nor Syriac versions, and that those translators who suppose these words to be genuine alter them to make them look like sense, will probably allow them to have been at first an improper repetition; consequently to be now an interpolation strangely continued in the Hebrew text." They are wanting in more than forty of Kennicott's and De Rossi's MSS. In some others they are left without points; in others they have been written in, and afterwards blotted out; and in others four, in others five, of the seven words are omitted. De Rossi concludes thus: Nec verba haec legunt Lxx., Vulg., Syrus simplex, Syrus Heptaplaris Parisiensis, Targum. They stand on little authority, and the text should be read, omitting the words enclosed by brackets, as above.
They are consumed - The words אשר תמו asher tamu should be translated, which are perfect; i.e., fit for service. The rest of the horses were either dead of the famine, killed for the subsistence of the besieged, or so weak as not to be able to perform such a journey.
2 Wa 7:14
Verse 14
They took - two chariot horses - They had at first intended to send five; probably they found on examination that only two were effective. But if they sent two chariots, each would have two horses, and probably a single horse for crossing the country.
2 Wa 7:15-16
Verse 15
All the way was full of garments and vessels - A manifest proof of the hurry and precipitancy with which they fled.
2 Wa 7:17-20
Verse 17
And the people trode upon him - This officer being appointed by the king to have the command of the gate, the people rushing out to get spoil, and in to carry it to their houses, he was borne down by the multitude and trodden to death. This also was foreseen by the spirit of prophecy. The literal and exact fulfillment of such predictions must have acquired the prophet a great deal of credit in Israel.
Dr. Lightfoot remarks that, between the first and last year of Jehoram son of Jehoshaphat, there are very many occurrences mentioned which are not referred nor fixed to their proper year; and, therefore, they must be calculated in a gross sum, as coming to pass in one of these years. These are the stories contained in chapters 4, 5, 6, and 7, of this book; and in 2Chr 21:6-19. They may be calculated thus: In the first year of Jehoram, Elisha, returning out of Moab into the land of Israel, multiplies the widow's oil; he is lodged in Shunem, and assures his hostess of a child. The seven years' famine was then begun, and he gives the Shunammite warning of its continuance.
The second year she bears her child in the land of the Philistines, 2Kgs 8:2. And Elisha resides among the disciples of the prophets at Gilgal, heals the poisoned pottage, and feeds one hundred men with twenty barley loaves and some ears of corn. That summer he cures Naaman of his leprosy, the only cure of this kind done till Christ came.
The third year he makes iron to swim, prevents the Syrians' ambushments, strikes those with blindness who were sent to seize him, and sends them back to their master.
The fourth year Jehoshaphat dies, and Edom rebels and shakes off the yoke laid upon them by David: Libnah also rebels.
The fifth year Samaria is besieged by Ben-hadad, the city is most grievously afflicted; and, after being nearly destroyed by famine, it is suddenly relieved by a miraculous interference of God, which had been distinctly foretold by Elisha.
The sixth year the Philistines and Arabians oppress Jehoram, king of Judah, and take captive his wives and children, leaving only one son behind.
The seventh year Jehoram falls into a grievous sickness, so that his bowels fall out, 2Chr 21:19. And in the same year the seven years' famine ends about the time of harvest; and at that harvest, the Shunammite's son dies, and is restored to life by Elisha, though the story of his birth and death is related together; and yet some years must have passed between them. Not long after this the Shunammite goes to the king to petition to be restored to her own land, which she had left in the time of the famine, and had sojourned in the land of the Philistines.
This year Elisha is at Damascus, Ben-hadad falls sick; Hazael stifles him with a wet cloth, and reigns in his stead. All these things Dr. Lightfoot supposes happened between A.M. 3110 and 3117. - See Lightfoot's Works, vol. i., p. 88. In examining the facts recorded in these books, we shall always find it difficult, and sometimes impossible, to ascertain the exact chronology. The difficulty is increased by a custom common among these annalists, the giving the whole of a story at once, though several incidents took place at the distance of some years from the commencement of the story: as they seem unwilling to have to recur to the same history in the chronological order of its facts.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
