1 Samyèl 12
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Samyèl di moun pèp Izrayèl yo: -Nou wè mwen fè tou sa nou te mande m' fè. Mwen ban nou yon wa pou gouvènen nou. 2 Koulye a nou gen yon wa alatèt nou. Mwen menm, poutèt pa m', mwen fin granmoun, cheve m' fin blan, se pitit gason m' yo ki la avèk nou. Depi mwen jenn gason rive jòdi a m'ap mache alatèt nou. 3 Koulye a, men mwen! Se pou nou di m' devan Seyè a, devan wa li chwazi a, sa mwen janm fè nou. Eske mwen janm pran bèf osinon bourik yonn nan nou? Eske mwen janm pwofite sou pesonn? Eske mwen janm aji mal ak pesonn? Eske mwen janm pran lajan nan men pesonn pou m' kache anyen pou li? Si mwen janm fè bagay konsa, m'ap renmèt sa m' te pran an. 4 Pèp la reponn: -Ou pa janm aji mal ak nou. Ou pa janm pwofite sou nou ni ou pa janm pran lajan nan men pesonn. 5 Samyèl di yo: -Jòdi a, Seyè a ansanm ak wa li chwazi a temwen nou pa jwenn anyen pou nou repwoche m'. Pèp la reponn: -Seyè a temwen! 6 Samyèl di yo: -Seyè a temwen sa nou di a, li menm ki te voye Moyiz ak Arawon pou fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip la. 7 Koulye a, nou menm, vin kanpe la devan lotèl Seyè a pou m' akize nou. Pou konmanse, m'ap fè nou chonje tout bèl bagay Seyè a te fè pou nou ak pou zansèt nou yo. 8 Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout fanmi li. Lè moun peyi Lejip yo pran maltrete zansèt nou yo, zansèt nou yo rele mande Seyè a sekou. Lè sa a, Seyè a voye Moyiz ak Arawon ki fè yo soti kite peyi Lejip la epi ki mennen yo vin rete isit la. 9 Men yo bliye Seyè a, Bondye yo a. Lè sa a, Bondye lage yo nan men Sisera, chèf lame lavil Azò a, nan men moun Filisti yo ak nan men wa peyi Moab ki leve fè lagè ak yo. 10 Yo rele mande Seyè a sekou, yo di konsa: Nou te fè sa ki mal, paske nou te vire do bay Seyè a, n' al sèvi yon bann zidòl yo rele Baal ak Astate. Koulye a, tanpri, delivre nou anba men lènmi nou yo, n'a sèvi ou. 11 Lè sa a, Seyè a voye Jewoubaal, Abdon, Jefte ak mwen menm, Samyèl, li delivre nou anba men lènmi nou yo ki te tout bò kote nou yo, li fè nou viv ak kè poze. 12 Epi lè nou wè Nakach, wa moun peyi Amon yo, te pare pou l' atake nou, atout nou te konnen se Seyè a, Bondye nou an, ki wa nou, nou di m': Non! nou pa vle sa ankò. Se yon wa nou vle pou gouvènen nou. 13 Koulye a, men wa nou te chwazi a. Nou te mande yon wa, Seyè a ban nou li. 14 Tansèlman, Seyè a, Bondye nou an, va kanpe avèk nou si nou gen krentif pou li, si nou sèvi l', si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa li mande nou fè, si nou menm ansanm ak wa k'ap gouvènen nou an nou fè volonte li nan tou sa n'ap fè. 15 Men, si nou pa koute sa Seyè a di nou, si nou pa fè tou sa li mande nou fè, l'ap leve dèyè nou ansanm ak tout wa nou an. 16 Bon, koulye a, rete kanpe kote nou ye a, nou pral wè bèl bagay Seyè a pral fè devan je nou. 17 Nou pa nan sezon lapli, pa vre? Nou nan sezon chechrès, sezon pou ranmase ble nan jaden nou? Bon! Mwen pral lapriyè Seyè a, li pral voye loraj ak lapli. Lè sa a, n'a konnen, n'a wè ki kalite gwo peche nou te fè devan Seyè a, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou. 18 Samyèl lapriyè Seyè a. Jou sa a, Seyè a voye loraj ak lapli. Tout pèp la pran tranble, yo te vin pè Seyè a ansanm ak Samyèl. 19 Yo tout di Samyèl konsa: -Tanpri, mèt, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou pa mouri. Paske nou mete sou peche nou te fè deja yo, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou. 20 Samyèl di pèp la konsa: -Nou pa bezwen pè! Malgre nou fè bagay mal sa a, pa vire do bay Seyè a. Sèvi l' ak tout kè nou. 21 Pa vire do ba li pou n' al sèvi sa ki pa Bondye. Yo pa ka ede nou, yo pa ka sove nou, paske yo menm yo pa anyen. 22 Bondye ap kenbe pawòl li. Li te pwomèt li p'ap voye nou jete, paske li soti pou l' fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'. 23 Mwen menm, mande Bondye padon! mwen p'ap sispann lapriyè pou nou. Se ta yon gwo peche mwen ta fè devan Seyè a si m' ta fè sa. M'a moutre nou jan pou nou viv byen, jan pou nou mache dwat devan Seyè a. 24 Gen krentif pou Seyè a. Sèvi l' tout bon ak tout kè nou. Chonje tout bèl bagay sa yo li fè pou nou! 25 Mentou, si nou fè sa ki mal, ni nou, ni wa nou an, n'ap mouri.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Samyèl 12:1
Introduction
Samuel, grown old, testifies his integrity before the people, which they confirm, 1Sam 12:1-5. He reproves them for their ingratitude and disobedience; and gives a summary of the history of their fathers, 1Sam 12:6-12. He exhorts them to future obedience, and calls for a sign from heaven to confirm his authority, and to show them their disobedience: God sends an extraordinary thunder and rain, 1Sam 12:13-19. He warns them against idolatry, and exhorts to obedience, and promises to intercede for them, 1Sam 12:20-23. Sums up their duty, and concludes with a solemn warning, 1Sam 12:24, 1Sam 12:25.
Verse 1
And Samuel said - It is very likely that it was at this public meeting Samuel delivered the following address; no other time seems to be given for it, and this is the most proper that could be chosen.
1 Samyèl 12:2
Verse 2
My sons are with you - It is generally agreed that these words intimate that Samuel had deprived them of their public employ, and reduced them to a level with the common people.
Have walked before you from my childhood - He had been a long, steady, and immaculate servant of the public.
1 Samyèl 12:3
Verse 3
Witness against me - Did ever a minister of state, in any part of the world, resign his office with so much self-consciousness of integrity, backed with the universal approbation of the public? No man was oppressed under his government, no man defrauded! He had accumulated no riches for himself; he had procured none for his friends; nor had one needy dependant been provided for out of the public purse. He might have pardoned his own sons, who had acted improperly, before he quitted the government; but though he was the most tender of parents, he would not, but abandoned them to national justice, with only a tacit solicitation of mercy: Behold, my sons are with you! They have acted improperly; I deprived them of their authority; they are amenable to you for their past conduct; I have walked uprightly and disinterestedly among you; they have not followed my steps: but can you forgive them for their father's sake? As a minister of justice, he abandons them to their fate; as a tender father, he indirectly and modestly pleads for them on the ground of his own services. Had he not acted thus in both these relations, he would have been unworthy of that character which he so deservedly bears.
1 Samyèl 12:4-6
Verse 4
They said, Thou hast not defrauded - Of what minister or governor can any nation under heaven say such things?
1 Samyèl 12:7
Verse 7
Now therefore stand still - I have arraigned myself before God and you; I now arraign you before God.
1 Samyèl 12:8
Verse 8
The Lord sent Moses and Aaron - He shows them that through all their history God had ever raised them up deliverers, when their necessities required such interference.
1 Samyèl 12:9-10
Verse 9
The hand of Sisera - See these transactions in the book of Judges, Jdg 4:2 (note).
1 Samyèl 12:11
Verse 11
Jerubbaal - That is, Gideon. And Bedan: instead of Bedan, whose name occurs nowhere else as a judge or deliverer of Israel, the Septuagint have Barak; the same reading is found in the Syriac and Arabic. The Targum has Samson. Many commentators are of this opinion; but Calmet thinks that Jair is intended, who judged Israel twenty-two years, Jdg 10:3. Instead of Samuel the Syriac and Arabic have Samson; and it is most natural to suppose that Samuel does not mention himself in this place. St. Paul's authority confirms these alterations: The time would fail me, says he, to tell of Gideon, of Barak, of Samson, of Jephthah, of David, etc.
1 Samyèl 12:12-13
Verse 12
When ye saw that Nahash - This was not the first time they had demanded a king; see before, 1Sam 8:5. But at the crisis mentioned here they became more importunate; and it was in consequence of this that the kingdom was a second time confirmed to Saul. Saul was elected at Mizpeh, he was confirmed at Gilgal.
1 Samyèl 12:14-15
Verse 14
If ye will fear the Lord, etc. - On condition that ye rebel no more, God will take you and your king under his merciful protection, and he and his kingdom shall be confirmed and continued.
1 Samyèl 12:16
Verse 16
This great thing - This unusual occurrence.
1 Samyèl 12:17
Verse 17
Is it not wheat harvest to-day? - That is, This is the time of wheat harvest. According to St. Jerome, who spent several years in the promised land, this harvest commenced about the end of June or beginning of July, in which he says he never saw rain in Judea: Nunquam enim in fine mensis Junii, sive in mense Julio, in his provinciis, maximeque in Judea, pluvias vidimus. - Hier. in Amo 4:7; where he refers to this very history. What occurred now hardly ever occurs there but in the winter months.
1 Samyèl 12:18
Verse 18
The Lord sent thunder and rain that day - This was totally unusual; and, as it came at the call of Samuel, was a most evident miracle.
Greatly feared the Lord - They dreaded His terrible majesty; and they feared Samuel, perceiving that he had so much power with God.
1 Samyèl 12:19
Verse 19
Pray for thy servants - that we die not - As they knew they had rebelled against God, they saw that they had every thing to fear from his justice and power.
We have added unto all our sins this evil - It is no sin to have a king; a good king is one of the greatest blessings of God's providence; but it is a sin to put a man in the place of God. Is it not strange that they did not now attempt to repair their fault? They might have done it, but they did not; they acknowledged their sin, but did not put it away. This is the general way of mankind. "God help us, we are all sinners!" is the general language of all people: but though to be a sinner is to be in the most solemn and awful circumstances, yet they are contented to bear the character, heedless of the consequences!
1 Samyèl 12:20
Verse 20
Ye have done all this wickedness - That is, although ye have done all this wickedness: what was past God would pass by, provided they would be obedient in future.
1 Samyèl 12:21
Verse 21
After vain things - That is, idols; which he calls here התהו hattohu, the same expression found Gen 1:2. The earth was תהו tohu; it was waste, empty, and formless: so idols; they are confusion, and things of naught, for an idol is nothing in the world, it is not the representative of any intelligent being.
1 Samyèl 12:22
Verse 22
The Lord will not forsake his people - He will not as yet cast you off, though you have deserved it. His purpose in preserving them in their land and religion was not yet accomplished. It was not however for their sake that he would not cast them off, but for his own great name's sake. He drew his reasons from himself.
1 Samyèl 12:23
Verse 23
God forbid that I should sin - They had earnestly begged him, 1Sam 12:19, to pray to God for them, that they might not die; and he tells them that he should consider himself a sinner, should he cease to be their intercessor.
But I will teach you the good and the right way - I will show you, as long as I am with you, what true religion is; it is the way to happiness and heaven. It is right - there is no crookedness in it; it is good - there is no evil in it.
1 Samyèl 12:24
Verse 24
Only fear the Lord - Know, respect, and reverence him.
Serve him - Consider him your Lord and Master; consider yourselves his servants.
In truth - Be ever honest, ever sincere; with all your heart - have every affection engaged in the work of obedience; act not merely from a principle of duty, but also from a pious, affectionate sense of obligation. Act towards your God as an affectionate child should act towards a tender and loving parent.
Consider how great things - Review the history of your fathers, review your own life; see what interpositions of power, mercy, goodness, and truth, God has displayed in your behalf! Has he not daily loaded you with his benefits?
1 Samyèl 12:25
Verse 25
Ye shall be consumed - If ye do wickedly you shall be destroyed, your kingdom destroyed, and your king destroyed. Here they had set before them life and good, death and evil. Never was a people more fully warned, and never did a people profit less by the warning; and they continue to this day monuments of God's justice and forbearance. Reader, What art thou? Perhaps a similar monument. Consider therefore what great things God has done for thee.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
