1 Samyèl 11

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Yon mwa konsa apre bagay sa yo fin pase, Nakach, moun peyi Amon, moute al atake lavil Jabès nan peyi Galarad. Li sènen lavil la. Mesye lavil Jabès yo di Nakach konsa: -Ann siyen yon kontra. N'ap asepte ou pou chèf. 2 Men, Nakach reponn yo: -M'ap siyen kontra a avèk nou, men sou yon sèl kondisyon: m'ap pete je dwat nou tout. Konsa, m'a fè tout pèp Izrayèl la wont. 3 Chèf lavil Jabès la di li: -Ban nou sèt jou pou nou voye mesaje bay tout pèp la nan tout peyi Izrayèl la. Si pa gen pesonn pou sove nou, lè sa a n'a rann tèt nou ba ou. 4 Mesaje yo rive lavil Gibeya kote Sayil te rete a. Lè yo bay pèp la mesaj la, tout moun pete rele byen fò. 5 Sayil t'ap antre sot nan jaden ak bèf li yo. Li mande sa ki genyen, pouki tout moun t'ap rele konsa. Yo di l' sa moun lavil Jabès yo te vin di yo. 6 Tande li tande koze a, lespri Bondye desann sou li, epi li fè gwo kòlè. 7 Li pran de bèf, li koupe yo an moso, epi li voye mesaje pote moso vyann bèf yo nan tout peyi Izrayèl la avèk mesaj sa a: -Tout moun ki va derefize mache dèyè Sayil ak Samyèl nan batay la, n'ap koupe bèf yo an moso tankou bèf sa a. Seyè a voye yon sèl lapè sou pèp la. Yo tout leve avèk menm lide nan tèt yo, yo vin jwenn Sayil. 8 Sayil sanble yo bò lavil Bezèk pou l' pase yo enspeksyon: Te gen twasan mil (0300.000) sòlda ki te moun pèp Izrayèl ak trantmil (030.000) ki te moun fanmi Jida. 9 Yo rele mesaje ki te soti lavil Jabès yo, yo di yo: -Men sa n'a di moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad: Denmen, vè midi, n'a vin delivre nou. Lè moun lavil Jabès yo resevwa mesaj la yo te kontan anpil. 10 Yo voye di Nakach: -Denmen n'ap rann tèt nou ba ou. Lè sa a, w'a fè sa ou vle avèk nou. 11 Nan denmen maten Sayil pran sòlda yo, li fè twa gwoup. Epi anvan solèy leve, yo kouri antre nan kan moun Amon yo, yo atake yo, yo bat yo. Li te midi yo t'ap touye moun toujou. Sa ki pa t' mouri yo kouri chape kò yo grenn pa grenn. 12 Lè sa a, pèp Izrayèl la di Samyèl konsa: -Kote moun ki t'ap di Sayil pa ka wa nou? Lage yo nan men nou pou nou touye yo. 13 Men, Sayil di yo konsa: -Nou p'ap touye pesonn jòdi a. Paske jòdi a se jou Seyè a delivre pèp Izrayèl la. 14 Epi Samyèl di yo: -Leve non. Ann al lavil Gilgal. Lè n'a rive la, n'a fè seremoni pou renmèt li pouvwa a. 15 Se konsa tout moun moute lavil Gilgal. Yo fè Sayil wa devan lotèl Seyè a. Yo touye bèt yo te ofri pou di Bondye mèsi. Sayil fè gwo fèt ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo lavil Gilgal.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

1 Samyèl 11:1

1Sa 11:1-4. Nahash Offers Them of Jabesh-gilead a Reproachful Condition.

1. Then Nahash the Ammonite came up--Nahash ("serpent"); (see Jud 8:3). The Ammonites had long claimed the right of original possession in Gilead. Though repressed by Jephthah (Jud 11:33), they now, after ninety years, renew their pretensions; and it was the report of their threatened invasion that hastened the appointment of a king (1Sa 12:12).

Make a covenant with us, and we will serve thee--They saw no prospect of aid from the western Israelites, who were not only remote, but scarcely able to repel the incursions of the Philistines from themselves.

1 Samyèl 11:2

2. thrust out all your right eyes--literally, "scoop" or "hollow out" the ball. This barbarous mutilation is the usual punishment of usurpers in the East, inflicted on chiefs; sometimes, also, even in modern history, on the whole male population of a town. Nahash meant to keep the Jabeshites useful as tributaries, whence he did not wish to render them wholly blind, but only to deprive them of their right eye, which would disqualify them for war. Besides, his object was, through the people of Jabesh-gilead, to insult the Israelitish nation.

1 Samyèl 11:3-4

3-4. send messengers unto all the coasts of Israel--a curious proof of the general dissatisfaction that prevailed as to the appointment of Saul. Those Gileadites deemed him capable neither of advising nor succoring them; and even in his own town the appeal was made to the people--not to the prince.

1Sa 11:5-11. They Send to Saul, and Are Delivered.

1 Samyèl 11:7

7. he took a yoke of oxen, and hewed them in pieces--(see Jud 19:29). This particular form of war-summons was suited to the character and habits of an agricultural and pastoral people. Solemn in itself, the denunciation that accompanied it carried a terrible threat to those that neglected to obey it. Saul conjoins the name of Samuel with his own, to lend the greater influence to the measure, and to strike greater terror unto all contemners of the order. The small contingent furnished by Judah suggests that the disaffection to Saul was strongest in that tribe.

1 Samyèl 11:8

8. Bezek--This place of general muster was not far from Shechem, on the road to Beth-shan, and nearly opposite the ford for crossing to Jabesh-gilead. The great number on the muster-roll showed the effect of Saul's wisdom and promptitude.

1 Samyèl 11:11

11. on the morrow, that Saul put the people in three companies--Crossing the Jordan in the evening, Saul marched his army all night, and came at daybreak on the camp of the Ammonites, who were surprised in three different parts, and totally routed. This happened before the seven days' truce expired.

1Sa 11:12-15. Saul Confirmed King.

1 Samyèl 11:12-15

12-15. the people said ..., Who is he that said, Shall Saul reign over us?--The enthusiastic admiration of the people, under the impulse of grateful and generous feelings, would have dealt summary vengeance on the minority who opposed Saul, had not he, either from principle or policy, shown himself as great in clemency as in valor. The calm and sagacious counsel of Samuel directed the popular feelings into a right channel, by appointing a general assembly of the militia, the really effective force of the nation, at Gilgal, where, amid great pomp and religious solemnities, the victorious leader was confirmed in his kingdom [1Sa 11:15].

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.