Detewonòm 16

Bib Sen An (BSA) · Kreyòl Ayisyen

1 “Obsève mwa Abib lan pou selebre Pak a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nan mwa Abib lan, SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti an Égypte nan nwit lan. 2 Nou va fè sakrifis Pak a SENYÈ a, Bondye nou an, soti nan bann mouton avèk twoupo a, kote SENYÈ a chwazi pou etabli non Li an. 3 “Nou p ap manje pen ak ledven avè l. Sèt jou, nou va manje nan li pen san ledven, pen afliksyon an (paske nou te sòti nan peyi Égypte la prese prese), pou nou kab sonje tout jou sa a tout lavi nou, jou ke nou te sòti nan peyi Égypte la. 4 Pandan sèt jou, p ap gen ledven k ap parèt pami nou nan tout tèritwa nou yo; ni okenn nan chè ke nou sakrifye nan aswè premye jou a, p ap rete tout nwit lan pou rive maten. 5 “Nou pa kapab fè sakrifis Pak la nan nenpòt nan vil ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo, 6 men kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an, nou va fè sakrifis Pak la nan aswè, nan lè solèy kouche, nan menm lè jou ke nou te sòti an Égypte la. 7 Nou va kwit e manje li nan plas ke SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi a. Nan maten, nou va retounen nan tant yo. 8 Sis jou, nou va manje pen san ledven an. Konsa, nan setyèm jou a, va genyen yon konvokasyon solanèl a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay nan li. 9 “Nou va kontwole sèt semèn pou kont nou. Nou va kòmanse konte sèt semèn yo soti nan lè nou kòmanse mete kouto nan grenn sereyal la. 10 Epi nou va selebre Fèt Semèn a SENYÈ yo, Bondye nou an, avèk don a yon ofrann bòn volonte nan men nou, ke nou va bay selon jan SENYÈ a beni nou. 11 Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè avèk sèvant nou yo, Levit ki nan vil nou an, e etranje avèk òfelen ak vèv ki nan mitan nou yo, nan kote ke SENYÈ Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an. 12 Nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e nou va fè atansyon pou obsève tout lwa sa yo. 13 “Nou va selebre Fèt Tonèl yo sèt jou apre nou fin fè antre, tout grenn jaden ak sitèn diven an. 14 Nou va rejwi nan fèt nou, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo, Levit la ak etranje a, òfelen ak vèv ki nan vil nou yo. 15 Sèt jou, nou va selebre yon fèt a SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a chwazi a, akoz SENYÈ Bondye nou an, va beni nou nan rekòlt nou yo ak nan tout travay men nou yo, pou nou kab vin ranpli nèt avèk jwa. 16 “Twa fwa pa ane, tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ, Bondye nou an, kote Li chwazi a, nan Fèt Pen San Ledven an, nan Fèt Semèn yo, nan Fèt Tonèl yo, e yo p ap parèt devan SENYÈ a men vid. 17 Chak moun va bay jan li kapab, selon benediksyon SENYÈ a, te bannou an. 18 “Nou va chwazi pou nou menm jij avèk ofisye nan tout vil ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou yo, selon tribi yo, e yo va jije pèp la avèk jijman ki dwat. 19 Nou p ap tòde jistis la. Nou p ap fè patipri, e nou p ap pran anyen anba tab; paske afè anba tab avegle zye a saj yo, e pèvèti pawòl a sila ki dwat yo. 20 Lajistis e se sèl lajistis nou va swiv, pou nou kapab viv e posede peyi ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou an. 21 “Nou pa pou plante pou kont nou yon Ashera, ni okenn kalite pyebwa akote lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, ke nou va fè pou tèt nou. 22 Nou pa pou etabli pou kont nou okenn wòch sakre ke SENYÈ Bondye nou an, rayi.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Detewonòm 16:1-2

Introduction

The month of Abib to be observed, Deu 16:1. The feast of the passover and of unleavened bread, Deu 16:2-8. The feast of weeks, Deu 16:9-12. The feast of tabernacles, Deu 16:13-15. All the males to appear before the Lord thrice in the year, none to come empty, each to give according to his ability, Deu 16:16, Deu 16:17. Judges and officers to be made in all their cities, Deu 16:18. Strict justice shall be executed, Deu 16:19, Deu 16:20. No grove to be planted near the altar of God, nor any image to be set up, Deu 16:21, Deu 16:22.

Verse 1

Keep the passover - A feast so called because the angel that destroyed the firstborn of the Egyptians, seeing the blood of the appointed sacrifice sprinkled on the lintels and door-posts of the Israelites' houses, passed over Them, and did not destroy any of their firstborn. See the notes on Exo 12:2, and Exo 12:3 (note), etc.

Detewonòm 16:3-10

Verse 3

Bread of affliction - Because, being baked without leaven, it was unsavoury, and put them in mind of their afflictive bondage in Egypt.

Detewonòm 16:11-15

Verse 11

Thou shalt rejoice - The offerings of the Israelites were to be eaten with festivity, communicated to their friends with liberality, and bestowed on the poor with great generosity, that they might partake with them in these repasts with joy before the Lord. To answer these views it was necessary to eat the flesh while it was fresh, as in that climate putrefaction soon took place; therefore they were commanded to let nothing remain until the morning, Deu 16:4. This consideration is sufficient to account for the command here, without having recourse to those moral and evangelical reasons that are assigned by the learned and devout Mr.

Ainsworth for the command. How beneficent and cheerful is the design of this institution! - Harmer, vol. i., p. 396.

Detewonòm 16:16-17

Verse 16

Three times in a year - See Exo 23:14 (note), where all the Jewish feasts are explained. See also Lev 23:34 (note).

Detewonòm 16:18-20

Verse 18

Judges and officers shalt thou make - Judges, שפטים shophetim, among the Hebrews, were probably the same as our magistrates or justices of the peace. Officers, שטרים shoterim, seem to have been the same as our inquest sergeants, beadles, etc., whose office it was to go into the houses, shops, etc., and examine weights, measures, and the civil conduct of the people. When they found any thing amiss, they brought the person offending before the magistrate, and he was punished by the officer on the spot. They seem also to have acted as heralds in the army, Deu 20:5. See also Rab. Maimon in Sanhedrin. In China, for all minor offenses, the person when found guilty is punished on the spot, in the presence of the magistrate or mandarin of justice.

Detewonòm 16:21-22

Verse 21

Thou shalt not plant thee a grove, etc. - We have already seen that groves were planted about idol temples for the purpose of the obscene worship performed in them. (See on Deu 12:3 (note)). On this account God would have no groves or thickets about his altar, that there might be no room for suspicion that any thing contrary to the strictest purity was transacted there. Every part of the Divine worship was publicly performed, for the purpose of general edification.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.